Liv Miche / Michee / Micah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Miche 1     

1 Men mesaj Seyè a te bay Miche, moun lavil Morechèt, sou rèy Jotam, Akaz ak Ezekyas ki te wa nan peyi jida. Men vizyon ki gen rapò ak Samari ak Jerizalèm Seyè a te fè Miche wè.
Koute byen, nou menm tout nasyon yo. Pare zòrèy nou, nou tout k’ap viv sou latè. Seyè a, Bondye a, pral akize nou. Tande! Li rete nan tanp ki apa pou li a, l’ap pale.
Seyè a ap soti kote li rete a, l’ap desann, l’ap mache sou tèt mòn yo.
Mòn yo ap fonn anba pye l’ tankou lasi nan dife. Y’ap koule desann nan fon yo tankou lavalas k’ap desann mòn.
Tou sa ap rive paske pèp Izrayèl la fè bagay ki mal, paske pitit Jakòb yo fè sa yo pa t’ dwe fè. Ki moun ki reskonsab sa pèp Izrayèl la fè a? Se pa moun Samari, kapital peyi a? Ki moun k’ap fè idolatri nan peyi Jida a? Se pa moun lavil Jerizalèm?
Se konsa Seyè a di: M’ap fè lavil Samari tounen yon bann mazi nan plenn lan, yon jaden pou plante rezen. M’ap voye tout miray li yo jete nan fon. Se fondasyon kay yo ase k’ap rete pou moun wè.
Y’ap kraze tout zidòl yo an miyèt moso. Y’ap boule tou sa yo te ofri bay zidòl yo nan dife. M’ap fè kay zidòl yo tounen pil wòch. Pèp la te vire do bay Bondye lè yo t’ap fè zidòl sa yo, ou ta di madan marye k’ap fè jennès. Koulye a, y’ap peye pou vire yo te vire do bay Bondye a.
 Lèfini, Miche di: Se poutèt sa m’ap plenn, m’ap kriye. M’ap pwonmennen mache pye atè, toutouni, pou m’ fè wè lapenn mwen. M’ap rele tankou frize, m’ap wouke tankou chen.
Pa gen renmèd pou maladi moun lavil Samari yo. Li kontaminen peyi Jida a. Li gen tan rive jouk nan pòtay kapital peyi pèp mwen an. Li gen tan rive lavil Jerizalèm.
10 Pa kite moun lavil Gat yo konnen sa ki rive nou! Pa kite moun Akò yo wè nou ap kriye! Woule kò nou atè nan pousyè, nou menm moun Betleafra.
11 Pase pase nou, toutouni, tèt bese, nou menm moun lavil Safi. Moun ki rete nan ti bouk Zaanan an pa ka mete tèt yo deyò. Lè w’a tande jan moun Betaezèl yo ap plenn, w’a konnen ou p’ap jwenn pwoteksyon bò la ankò.
12 Moun Mawòt yo nan lapenn. Pa gen sekou pou yo ankò, paske Seyè a fè malè a rive nan papòt lavil Jerizalèm.
13 Nou menm, moun lavil Lakis, nou mèt pare bon chwal pou cha nou yo. Se nou menm an premye nan peyi Izrayèl ki te konmanse ap fè sa ki mal. Se nou menm ki lakòz moun lavil Jerizalèm yo ap fè peche konsa.
14 Koulye a, nou menm moun peyi Jida, nou mèt di moun lavil Morechèt Gat yo orevwa, paske moun lavil Akzib yo bay manti, yo p’ap pote ankenn sekou bay wa Izrayèl yo.
15 Kanta pou nou menm, moun lavil Marecha, mwen menm Seyè a, m’ap fè lènmi pran lavil la nan men nou. Grannèg nan peyi Izrayèl yo pral kache nan twou wòch Adoulam lan.
16 Nou menm moun Jida, reziyen nou, paske sa fè kè nou fè nou mal pou nou wè sa timoun nou renmen anpil yo ap fè. Mare ren nou tankou moun ki nan lapenn, paske y’ap depòte timoun nou yo ale byen lwen nou.+

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Michee 1     

1 La parole de l’Éternel fut adressée à Michée, de Moréscheth, au temps de Jotham, d’Achaz, d’Ézéchias, rois de Juda, prophétie sur Samarie et Jérusalem.
Écoutez, vous tous, peuples! Sois attentive, terre, et ce qui est en toi! Que le Seigneur, l’Éternel, soit témoin contre vous, Le Seigneur qui est dans le palais de sa sainteté!
Car voici, l’Éternel sort de sa demeure, Il descend, il marche sur les hauteurs de la terre.
Sous lui les montagnes se fondent, Les vallées s’entr’ouvent, Comme la cire devant le feu, Comme l’eau qui coule sur une pente.
Et tout cela à cause du crime de Jacob, A cause des péchés de la maison d’Israël! Quel est le crime de Jacob? n’est-ce pas Samarie? Quels sont les hauts lieux de Juda? n’est-ce pas Jérusalem?…
Je ferai de Samarie un monceau de pierres dans les champs, Un lieu pour planter de la vigne; Je précipiterai ses pierres dans la vallée, Je mettrai à nu ses fondements.
Toutes ses images taillées seront brisées, Tous ses salaires impurs seront brûlés au feu, Et je ravagerai toutes ses idoles: Recueillies avec le salaire de la prostitution, Elles deviendront un salaire de prostitutions…
C’est pourquoi je pleurerai, je me lamenterai, Je marcherai déchaussé et nu, Je pousserai des cris comme le chacal, Et des gémissements comme l’autruche.
Car sa plaie est douloureuse; Elle s’étend jusqu’à Juda, Elle pénètre jusqu’à la porte de mon peuple, Jusqu’à Jérusalem.
10 Ne l’annoncez point dans Gath, Ne pleurez point dans Acco! Je me roule dans la poussière à Beth Leaphra.
11 Passe, habitante de Schaphir, dans la nudité et la honte! L’habitante de Tsaanan n’ose sortir, Le deuil de Beth Haëtsel vous prive de son abri.
12 L’habitante de Maroth tremble pour son salut, Car le malheur est descendu de la part de l’Éternel Jusqu’à la porte de Jérusalem.
13 Attelle les coursiers à ton char, Habitante de Lakisch! Tu as été pour la fille de Sion une première cause de péché, Car en toi se sont trouvés les crimes d’Israël.
14 C’est pourquoi tu renonceras à Moréschet Gath; Les maisons d’Aczib seront une source trompeuse Pour les rois d’Israël.
15 Je t’amènerai un nouveau maître, habitante de Maréscha; La gloire d’Israël s’en ira jusqu’à Adullam.
16 Rase-toi, coupe ta chevelure, A cause de tes enfants chéris! Rends-toi chauve comme l’aigle, Car ils s’en vont en captivité loin de toi!

Louis Segond {LSG}

Micah 1     

1 The word of the Lord that came to Micah the Morasthite in the days of Jotham, Ahaz, and Hezekiah, kings of Judah, which he saw concerning Samaria and Jerusalem.
Hear, all ye people; hearken, O earth, and all that therein is: and let the Lord God be witness against you, the Lord from his holy temple.
For, behold, the Lord cometh forth out of his place, and will come down, and tread upon the high places of the earth.
And the mountains shall be molten under him, and the valleys shall be cleft, as wax before the fire, and as the waters that are poured down a steep place.
For the transgression of Jacob is all this, and for the sins of the house of Israel. What is the transgression of Jacob? is it not Samaria? and what are the high places of Judah? are they not Jerusalem?
Therefore I will make Samaria as an heap of the field, and as plantings of a vineyard: and I will pour down the stones thereof into the valley, and I will discover the foundations thereof.
And all the graven images thereof shall be beaten to pieces, and all the hires thereof shall be burned with the fire, and all the idols thereof will I lay desolate: for she gathered it of the hire of an harlot, and they shall return to the hire of an harlot.
Therefore I will wail and howl, I will go stripped and naked: I will make a wailing like the dragons, and mourning as the owls.
For her wound is incurable; for it is come unto Judah; he is come unto the gate of my people, even to Jerusalem.
10 Declare ye it not at Gath, weep ye not at all: in the house of Aphrah roll thyself in the dust.
11 Pass ye away, thou inhabitant of Saphir, having thy shame naked: the inhabitant of Zaanan came not forth in the mourning of Bethezel; he shall receive of you his standing.
12 For the inhabitant of Maroth waited carefully for good: but evil came down from the Lord unto the gate of Jerusalem.
13 O thou inhabitant of Lachish, bind the chariot to the swift beast: she is the beginning of the sin to the daughter of Zion: for the transgressions of Israel were found in thee.
14 Therefore shalt thou give presents to Moreshethgath: the houses of Achzib shall be a lie to the kings of Israel.
15 Yet will I bring an heir unto thee, O inhabitant of Mareshah: he shall come unto Adullam the glory of Israel.
16 Make thee bald, and poll thee for thy delicate children; enlarge thy baldness as the eagle; for they are gone into captivity from thee.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}