Liv Levitik / Lévitique / Leviticus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Levitik 14

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Men regleman w’a bay pou yo swiv lè y’ap fè sèvis pou moun ki geri apre yo te gen move maladi po. Jou pou yo rekonèt moun lan geri a, y’a mennen l’ bay prèt la.
Prèt la va pran l’, l’a soti ansanm avè l’ lòt bò limit kan kote moun rete a. L’a egzaminen l’ byen egzaminen, pou l’ wè si malad la geri vre.
Prèt la va bay lòd pou yo pote pou moun ki te malad la de zwazo tou vivan epi ki bon pou moun k’ap fè sèvis pou Bondye, ansanm ak yon moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.
Apre sa, prèt la va bay lòd pou yo touye premye zwazo a anwo yon bòl an tè plen dlo fre.
L’a pran lòt zwazo a tou vivan ansanm ak bwa sèd la, moso twal kamwazi a ak ti branch izòp la, l’a plonje yo nan san zwazo yo te touye anwo dlo fre a.
Apre sa, l’a voye san an sèt fwa sou moun ki te gen move maladi po a epi l’a di moun lan nan kondisyon ankò pou fè sèvis Bondye. L’a lage zwazo vivan an pou l’ vole al fè wout li nan bwa.
Moun ki te malad la va lave rad ki te sou li yo, l’a kale tèt li nèt, l’a benyen nan gwo dlo, epi l’a nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò. Apre sa, l’a antre nan kan kote moun rete a, men li p’ap antre lakay li pandan sèt jou.
Sou setyèm jou a, l’a kale tèt li ankò, l’a koupe tout bab li, tout plim je l’ ak tout plim ki sou tout rès kò li. L’a lave rad ki te sou li a, l’a lave kò l’ nan gwo dlo. Apre sa, l’a nan kondisyon pou l’ fè sèvis Bondye.
10  Sou wityèm jou a, l’a pran de ti belye ki pa gen ankenn enfimite ak yon ti fenmèl mouton ki gen ennan epi ki pa gen ankenn enfimite. L’a pran tou de mamit farin melanje ak lwil oliv epi yon boutèy demi lit plen lwil oliv.
11 Prèt k’ap fè sèvis la va mennen moun lan ansanm ak ofrann li yo devan Seyè a, jouk nan papòt Tant Randevou a.
12 Rive la, prèt la va pran yonn nan ti belye yo, l’a ofri l’ ansanm ak demi lit lwil la bay Seyè a pou peye pou sa moun lan te fè ki mal. L’a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann espesyal pou Seyè a.
13 L’a touye ti mouton an kote yo konn touye bèt yo ofri pou mande padon an osinon pou boule nèt la, nan kote yo mete apa pou sèvis Bondye a. L’a fè sa konsa paske bèt moun yo ofri pou peye pou sa yo fè ki mal la osinon pou mande Bondye padon an, se pou prèt la li ye. Se yon ofrann yo mete apa nèt pou Seyè a.
14 Apre sa, prèt la va pran ti gout nan san ti mouton an, l’a pase l’ sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
15 Prèt la va pran ti gout lwil nan boutèy la, l’a vide l’ nan pla men gòch li.
16 L’a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l’a voye ti gout lwil sèt fwa devan lotèl Bondye a.
17 L’a pran ti gout nan lwil ki nan pla men gòch li a, l’a mete l’ menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
18 Lèfini, l’a vide rès lwil ki nan pla men l’ lan sou tèt moun lan. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.
19 Apre sa, prèt la va fè ofrann pou peye sa moun lan fè ki mal. L’a fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun ki te malad la. L’a touye bèt pou yo boule nèt la.
20 L’a mete l’ sou lotèl la ansanm ak farin ble melanje ak lwil la. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande padon pou moun lan, epi moun lan va nan kondisyon ankò pou l’ fè sèvis Bondye.
21  Si moun lan pòv epi li pa gen anpil mwayen, l’a pote yon sèl ti mouton pou yo ofri pou peye pou sa moun lan te fè ki mal la. L’a pote twaka mamit farin sèlman melanje ak lwil oliv ak yon boutèy demi lit plen lwil.
22 L’a pote de ti toutrèl tou osinon de ti pijon, jan mwayen li va penmèt li, yonn pou sèvi ofrann pou mande padon, lòt la pou boule nèt pou Seyè a.
23 Sou wityèm jou a, l’a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a, pou prèt la fè sèvis pou mete l’ nan kondisyon pou li ka sèvi Seyè a ankò.
24 Prèt la va pran ti mouton li ofri pou peye pou sa moun lan fè ki mal la ansanm ak boutèy lwil la, l’a balanse yo devan Seyè a tankou yon ofrann.
25 Apre sa, l’a touye ti mouton an, l’a pran ti gout nan san li l’a mete sou pwent tete zòrèy dwat moun ki te malad la, sou gwo pous men dwat li ak sou gwo zòtèy pye dwat li.
26 Prèt la va vide ti gout lwil nan pla men gòch li,
27 l’a tranpe yon dwèt men dwat li nan lwil ki nan pla men gòch li a. Avèk dwèt la, l’a voye lwil la sèt fwa devan lotèl Seyè a.
28 Apre sa, l’a pran nan lwil ki nan men gòch li a, l’a mete l’ menm kote li te mete san ti mouton an, ki vle di sou pwent tete zòrèy dwat moun lan, sou gwo pous men dwat li a ak sou gwo zòtèy pye dwat li a.
29 Lèfini, l’a vide rès lwil ki nan pla men gòch li a sou tèt moun lan. Se konsa l’a fè sèvis pou mande Bondye padon devan lotèl Seyè a.
30 Apre sa, l’a ofri toutrèl yo, osinon pijon yo, dapre sa mwayen moun lan te penmèt li,
31 yonn pou mande padon pou peche, lòt la pou yo boule nèt ansanm ak ofrann farin ble a. Se konsa prèt la va fè sèvis pou mande Bondye padon pou moun lan.
32 Men regleman pou yo swiv lè yon moun ki gen move maladi po pa gen dekwa pou l’ ofri tou sa li te dwe ofri pou sèvis ki pou mete l’ nan kondisyon pou fè sèvis Bondye ankò.
33  Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
34 -Lè n’a fin antre nan peyi Kanaran an, peyi m’ap ban nou pou rele nou pa nou an, si mwen voye salpèt sou yonn nan kay kote nou rete yo, men sa pou nou fè.
35 Mèt kay la va al jwenn prèt la, l’a di l’: Gen yon bagay tankou salpèt ki parèt sou miray kay mwen an.
36 Prèt la va bay lòd pou yo mete tou sa ki nan kay la deyò anvan li vin egzaminen kay la. Konsa, tou sa ki te nan kay la ka toujou sèvi pou moun k’ap sèvi Bondye. Apre sa, prèt la va vini, l’a antre nan kay la pou egzaminen l’.
37 L’a egzaminen tout miray yo. Si li wè gen kèk kote ki manje nan miray la, epi ki gen ti koulè vèt osinon wouj,
38 prèt la va soti nan kay la, l’a fèmen l’ akle pou sèt jou.
39 Sou setyèm jou a, prèt la va tounen, l’a egzaminen miray kay la ankò. Si li wè tach la gaye sou miray kay la,
40 prèt la va bay lòd pou yo wete wòch kote yo te jwenn salpèt la, y’a voye wòch yo jete yon kote andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.
41 Apre sa, l’a fè yo grate tout anndan kay la, epi y’a jete tout vye kras mòtye yo te grate a andeyò lavil la, menm kote yo mete bagay ki pa ka sèvi nan sèvis Bondye.
42 Y’a pran lòt wòch ranplase wòch yo te wete yo epi y’a rekrepi kay la.
43 Si salpèt la parèt ankò apre yo fin wete wòch malad yo, apre yo fin grate kay la epi yo rekrepi l’,
44 prèt la va tounen vin gade. Si li wè salpèt la gaye nan kay la, la konnen kay la gen yon move maladi sou miray li. Moun k’ap sèvi Bondye pa ka rete ladan l’.
45 Lè sa a, y’a demoli kay la nèt epi y’a pran wòch, bwa, mòtye ki te nan kay la, y’a voye yo jete andeyò lavil la, kote yo mete bagay ki pa ka sèvi pou sèvis Bondye.
46 Tout moun ki te antre anndan kay la lè kay la te fèmen an p’ap nan kondisyon pou sèvi Bondye jouk aswè rive.
47 Tout moun ki te kouche osinon ki te manje anndan kay la va gen pou lave rad ki te sou yo.
48 Lè prèt la vin gade a, si li te jwenn salpèt la disparèt nèt apre yo te fin rekrepi kay la, prèt la va fè konnen kay la nan bon kondisyon ankò pou moun k’ap sèvi Bondye ka rete ladan l’, paske salpèt la disparèt nèt.
49 Apre sa, prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la. L’a pran de zwazo, kèk moso bwa sèd, yon moso twal kamwazi ak yon ti branch izòp.
50 L’a touye yonn nan ti zwazo yo anwo yon bòl an tè plen dlo fre.
51 Apre sa, l’a pran bwa sèd la, ti branch izòp la, moso twal kamwazi a ansanm ak lòt zwazo ki vivan an, l’a plonje yo nan san premye zwazo a ki melanje ak dlo fre a. Apre sa, l’a voye san an sèt fwa sou kay la.
52 Se konsa prèt la va fè sèvis pou wete peche nan kay la, avèk san zwazo a, dlo fre a, zwazo vivan an, bwa sèd la, ti branch izòp la, epi moso twal kamwazi a.
53 Apre sa, l’a lage ti zwazo vivan an pou l’ vole al fè wout li nan bwa andeyò lavil la. Se konsa l’a fè sèvis pou mande Bondye padon pou kay la epi kay la va nan bon kondisyon pou moun k’ap sèvi Bondye ka rete ladan l’ ankò.
54  Men regleman pou nou swiv lè yon moun gen move maladi po osinon pyas,
55 lè kanni tonbe sou rad osinon lè salpèt parèt nan yon kay,
56 lè yon moun gen yon kote sou po l’ ki anfle osinon lè li gen yon bouton ou ankò yon tach ki parèt sou po l’.
57 Se konsa n’a konnen lè yon bagay nan bon kondisyon osinon lè li pa nan bon kondisyon pou moun k’ap sèvi Bondye. Se tout regleman yo sa pou move maladi po.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Lévitique 14

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Voici quelle sera la loi sur le lépreux, pour le jour de sa purification. On l’amènera devant le sacrificateur.
Le sacrificateur sortira du camp, et il examinera le lépreux. Si le lépreux est guéri de la plaie de la lèpre,
le sacrificateur ordonnera que l’on prenne, pour celui qui doit être purifié, deux oiseaux vivants et purs, du bois de cèdre, du cramoisi et de l’hysope.
Le sacrificateur ordonnera qu’on égorge l’un des oiseaux sur un vase de terre, sur de l’eau vive.
Il prendra l’oiseau vivant, le bois de cèdre, le cramoisi et l’hysope; et il les trempera, avec l’oiseau vivant, dans le sang de l’oiseau égorgé sur l’eau vive.
Il en fera sept fois l’aspersion sur celui qui doit être purifié de la lèpre. Puis il le déclarera pur, et il lâchera dans les champs l’oiseau vivant.
Celui qui se purifie lavera ses vêtements, rasera tout son poil, et se baignera dans l’eau; et il sera pur. Ensuite il pourra entrer dans le camp, mais il restera sept jours hors de sa tente.
Le septième jour, il rasera tout son poil, sa tête, sa barbe, ses sourcils, il rasera tout son poil; il lavera ses vêtements, et baignera son corps dans l’eau, et il sera pur.
10 Le huitième jour, il prendra deux agneaux sans défaut et une brebis d’un an sans défaut, trois dixièmes d’un épha de fleur de farine en offrande pétrie à l’huile, et un log d’huile.
11 Le sacrificateur qui fait la purification présentera l’homme qui se purifie et toutes ces choses devant l’Éternel, à l’entrée de la tente d’assignation.
12 Le sacrificateur prendra l’un des agneaux, et il l’offrira en sacrifice de culpabilité, avec le log d’huile; il les agitera de côté et d’autre devant l’Éternel.
13 Il égorgera l’agneau dans le lieu où l’on égorge les victimes expiatoires et les holocaustes, dans le lieu saint; car, dans le sacrifice de culpabilité, comme dans le sacrifice d’expiation, la victime est pour le sacrificateur; c’est une chose très sainte.
14 Le sacrificateur prendra du sang de la victime de culpabilité; il en mettra sur le lobe de l’oreille droite de celui qui se purifie, sur le pouce de sa main droite et sur le gros orteil de son pied droit.
15 Le sacrificateur prendra du log d’huile, et il en versera dans le creux de sa main gauche.
16 Le sacrificateur trempera le doigt de sa main droite dans l’huile qui est dans le creux de sa main gauche, et il fera avec le doigt sept fois l’aspersion de l’huile devant l’Éternel.
17 Le sacrificateur mettra de l’huile qui lui reste dans la main sur le lobe de l’oreille droite de celui qui se purifie, sur le pouce de sa main droite et sur le gros orteil de son pied droit, par-dessus le sang de la victime de culpabilité.
18 Le sacrificateur mettra ce qui lui reste d’huile dans la main sur la tête de celui qui se purifie; et le sacrificateur fera pour lui l’expiation devant l’Éternel.
19 Puis le sacrificateur offrira le sacrifice d’expiation; et il fera l’expiation pour celui qui se purifie de sa souillure.
20 Ensuite il égorgera l’holocauste. Le sacrificateur offrira sur l’autel l’holocauste et l’offrande; et il fera pour cet homme l’expiation, et il sera pur.
21 S’il est pauvre et que ses ressources soient insuffisantes, il prendra un seul agneau, qui sera offert en sacrifice de culpabilité, après avoir été agité de côté et d’autre, et avec lequel on fera pour lui l’expiation. Il prendra un seul dixième de fleur de farine pétrie à l’huile pour l’offrande, et un log d’huile.
22 Il prendra aussi deux tourterelles ou deux jeunes pigeons, selon ses ressources, l’un pour le sacrifice d’expiation, l’autre pour l’holocauste.
23 Le huitième jour, il apportera pour sa purification toutes ces choses au sacrificateur, à l’entrée de la tente d’assignation, devant l’Éternel.
24 Le sacrificateur prendra l’agneau pour le sacrifice de culpabilité, et le log d’huile; et il les agitera de côté et d’autre devant l’Éternel.
25 Il égorgera l’agneau du sacrifice de culpabilité. Le sacrificateur prendra du sang de la victime de culpabilité; il en mettra sur le lobe de l’oreille droite de celui qui se purifie, sur le pouce de sa main droite et sur le gros orteil de son pied droit.
26 Le sacrificateur versera de l’huile dans le creux de sa main gauche.
27 Le sacrificateur fera avec le doigt de sa main droite sept fois l’aspersion de l’huile qui est dans sa main gauche, devant l’Éternel.
28 Le sacrificateur mettra de l’huile qui est dans sa main sur le lobe de l’oreille droite de celui qui se purifie, sur le pouce de sa main droite et sur le gros orteil de son pied droit, à la place où il a mis du sang de la victime de culpabilité.
29 Le sacrificateur mettra ce qui lui reste d’huile dans la main sur la tête de celui qui se purifie, afin de faire pour lui l’expiation devant l’Éternel.
30 Puis il offrira l’une des tourterelles ou l’un des jeunes pigeons qu’il a pu se procurer,
31 l’un en sacrifice d’expiation, l’autre en holocauste, avec l’offrande; et le sacrificateur fera pour celui qui se purifie l’expiation devant l’Éternel.
32 Telle est la loi pour la purification de celui qui a une plaie de lèpre, et dont les ressources sont insuffisantes.
33 L’Éternel parla à Moïse et à Aaron, et dit:
34 Lorsque vous serez entrés dans le pays de Canaan, dont je vous donne la possession; si je mets une plaie de lèpre sur une maison du pays que vous posséderez,
35 celui à qui appartiendra la maison ira le déclarer au sacrificateur, et dira: J’aperçois comme une plaie dans ma maison.
36 Le sacrificateur, avant d’y entrer pour examiner la plaie, ordonnera qu’on vide la maison, afin que tout ce qui y est ne devienne pas impur. Après cela, le sacrificateur entrera pour examiner la maison.
37 Le sacrificateur examinera la plaie. S’il voit qu’elle offre sur les murs de la maison des cavités verdâtres ou rougeâtres, paraissant plus enfoncées que le mur,
38 il sortira de la maison, et, quand il sera à la porte, il fera fermer la maison pour sept jours.
39 Le sacrificateur y retournera le septième jour. S’il voit que la plaie s’est étendue sur les murs de la maison,
40 il ordonnera qu’on ôte les pierres attaquées de la plaie, et qu’on les jette hors de la ville, dans un lieu impur.
41 Il fera râcler tout l’intérieur de la maison; et l’on jettera hors de la ville, dans un lieu impur, la poussière qu’on aura râclée.
42 On prendra d’autres pierres, que l’on mettra à la place des premières; et l’on prendra d’autre mortier, pour recrépir la maison.
43 Si la plaie revient et fait éruption dans la maison, après qu’on a ôté les pierres, râclé et recrépi la maison,
44 le sacrificateur y retournera. S’il voit que la plaie s’est étendue dans la maison, c’est une lèpre invétérée dans la maison: elle est impure.
45 On abattra la maison, les pierres, le bois, et tout le mortier de la maison; et l’on portera ces choses hors de la ville dans un lieu impur.
46 Celui qui sera entré dans la maison pendant tout le temps qu’elle était fermée sera impur jusqu’au soir.
47 Celui qui aura couché dans la maison lavera ses vêtements. Celui qui aura mangé dans la maison lavera aussi ses vêtements.
48 Si le sacrificateur, qui est retourné dans la maison, voit que la plaie ne s’est pas étendue, après que la maison a été recrépie, il déclarera la maison pure, car la plaie est guérie.
49 Il prendra, pour purifier la maison, deux oiseaux, du bois de cèdre, du cramoisi et de l’hysope.
50 Il égorgera l’un des oiseaux sur un vase de terre, sur de l’eau vive.
51 Il prendra le bois de cèdre, l’hysope, le cramoisi et l’oiseau vivant; il les trempera dans le sang de l’oiseau égorgé et dans l’eau vive, et il en fera sept fois l’aspersion sur la maison.
52 Il purifiera la maison avec le sang de l’oiseau, avec de l’eau vive, avec l’oiseau vivant, avec le bois de cèdre, l’hysope et le cramoisi.
53 Il lâchera l’oiseau vivant hors de la ville, dans les champs. C’est ainsi qu’il fera pour la maison l’expiation, et elle sera pure.
54 Telle est la loi pour toute plaie de lèpre et pour la teigne,
55 pour la lèpre des vêtements et des maisons,
56 pour les tumeurs, les dartres et les taches:
57 elle enseigne quand une chose est impure, et quand elle est pure. Telle est la loi sur la lèpre.

Louis Segond {LSG}

Leviticus 14

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
This shall be the law of the leper in the day of his cleansing: He shall be brought unto the priest:
And the priest shall go forth out of the camp; and the priest shall look, and, behold, if the plague of leprosy be healed in the leper;
Then shall the priest command to take for him that is to be cleansed two birds alive and clean, and cedar wood, and scarlet, and hyssop:
And the priest shall command that one of the birds be killed in an earthen vessel over running water:
As for the living bird, he shall take it, and the cedar wood, and the scarlet, and the hyssop, and shall dip them and the living bird in the blood of the bird that was killed over the running water:
And he shall sprinkle upon him that is to be cleansed from the leprosy seven times, and shall pronounce him clean, and shall let the living bird loose into the open field.
And he that is to be cleansed shall wash his clothes, and shave off all his hair, and wash himself in water, that he may be clean: and after that he shall come into the camp, and shall tarry abroad out of his tent seven days.
But it shall be on the seventh day, that he shall shave all his hair off his head and his beard and his eyebrows, even all his hair he shall shave off: and he shall wash his clothes, also he shall wash his flesh in water, and he shall be clean.
10 And on the eighth day he shall take two he lambs without blemish, and one ewe lamb of the first year without blemish, and three tenth deals of fine flour for a meat offering, mingled with oil, and one log of oil.
11 And the priest that maketh him clean shall present the man that is to be made clean, and those things, before the Lord, at the door of the tabernacle of the congregation:
12 And the priest shall take one he lamb, and offer him for a trespass offering, and the log of oil, and wave them for a wave offering before the Lord:
13 And he shall slay the lamb in the place where he shall kill the sin offering and the burnt offering, in the holy place: for as the sin offering is the priest’s, so is the trespass offering: it is most holy:
14 And the priest shall take some of the blood of the trespass offering, and the priest shall put it upon the tip of the right ear of him that is to be cleansed, and upon the thumb of his right hand, and upon the great toe of his right foot:
15 And the priest shall take some of the log of oil, and pour it into the palm of his own left hand:
16 And the priest shall dip his right finger in the oil that is in his left hand, and shall sprinkle of the oil with his finger seven times before the Lord:
17 And of the rest of the oil that is in his hand shall the priest put upon the tip of the right ear of him that is to be cleansed, and upon the thumb of his right hand, and upon the great toe of his right foot, upon the blood of the trespass offering:
18 And the remnant of the oil that is in the priest’s hand he shall pour upon the head of him that is to be cleansed: and the priest shall make an atonement for him before the Lord.
19 And the priest shall offer the sin offering, and make an atonement for him that is to be cleansed from his uncleanness; and afterward he shall kill the burnt offering:
20 And the priest shall offer the burnt offering and the meat offering upon the altar: and the priest shall make an atonement for him, and he shall be clean.
21 And if he be poor, and cannot get so much; then he shall take one lamb for a trespass offering to be waved, to make an atonement for him, and one tenth deal of fine flour mingled with oil for a meat offering, and a log of oil;
22 And two turtledoves, or two young pigeons, such as he is able to get; and the one shall be a sin offering, and the other a burnt offering.
23 And he shall bring them on the eighth day for his cleansing unto the priest, unto the door of the tabernacle of the congregation, before the Lord.
24 And the priest shall take the lamb of the trespass offering, and the log of oil, and the priest shall wave them for a wave offering before the Lord:
25 And he shall kill the lamb of the trespass offering, and the priest shall take some of the blood of the trespass offering, and put it upon the tip of the right ear of him that is to be cleansed, and upon the thumb of his right hand, and upon the great toe of his right foot:
26 And the priest shall pour of the oil into the palm of his own left hand:
27 And the priest shall sprinkle with his right finger some of the oil that is in his left hand seven times before the Lord:
28 And the priest shall put of the oil that is in his hand upon the tip of the right ear of him that is to be cleansed, and upon the thumb of his right hand, and upon the great toe of his right foot, upon the place of the blood of the trespass offering:
29 And the rest of the oil that is in the priest’s hand he shall put upon the head of him that is to be cleansed, to make an atonement for him before the Lord.
30 And he shall offer the one of the turtledoves, or of the young pigeons, such as he can get;
31 Even such as he is able to get, the one for a sin offering, and the other for a burnt offering, with the meat offering: and the priest shall make an atonement for him that is to be cleansed before the Lord.
32 This is the law of him in whom is the plague of leprosy, whose hand is not able to get that which pertaineth to his cleansing.
33 And the Lord spake unto Moses and unto Aaron, saying,
34 When ye be come into the land of Canaan, which I give to you for a possession, and I put the plague of leprosy in a house of the land of your possession;
35 And he that owneth the house shall come and tell the priest, saying, It seemeth to me there is as it were a plague in the house:
36 Then the priest shall command that they empty the house, before the priest go into it to see the plague, that all that is in the house be not made unclean: and afterward the priest shall go in to see the house:
37 And he shall look on the plague, and, behold, if the plague be in the walls of the house with hollow strakes, greenish or reddish, which in sight are lower than the wall;
38 Then the priest shall go out of the house to the door of the house, and shut up the house seven days:
39 And the priest shall come again the seventh day, and shall look: and, behold, if the plague be spread in the walls of the house;
40 Then the priest shall command that they take away the stones in which the plague is, and they shall cast them into an unclean place without the city:
41 And he shall cause the house to be scraped within round about, and they shall pour out the dust that they scrape off without the city into an unclean place:
42 And they shall take other stones, and put them in the place of those stones; and he shall take other morter, and shall plaister the house.
43 And if the plague come again, and break out in the house, after that he hath taken away the stones, and after he hath scraped the house, and after it is plaistered;
44 Then the priest shall come and look, and, behold, if the plague be spread in the house, it is a fretting leprosy in the house; it is unclean.
45 And he shall break down the house, the stones of it, and the timber thereof, and all the morter of the house; and he shall carry them forth out of the city into an unclean place.
46 Moreover he that goeth into the house all the while that it is shut up shall be unclean until the even.
47 And he that lieth in the house shall wash his clothes; and he that eateth in the house shall wash his clothes.
48 And if the priest shall come in, and look upon it, and, behold, the plague hath not spread in the house, after the house was plaistered: then the priest shall pronounce the house clean, because the plague is healed.
49 And he shall take to cleanse the house two birds, and cedar wood, and scarlet, and hyssop:
50 And he shall kill the one of the birds in an earthen vessel over running water:
51 And he shall take the cedar wood, and the hyssop, and the scarlet, and the living bird, and dip them in the blood of the slain bird, and in the running water, and sprinkle the house seven times:
52 And he shall cleanse the house with the blood of the bird, and with the running water, and with the living bird, and with the cedar wood, and with the hyssop, and with the scarlet:
53 But he shall let go the living bird out of the city into the open fields, and make an atonement for the house: and it shall be clean.
54 This is the law for all manner of plague of leprosy, and scall,
55 And for the leprosy of a garment, and of a house,
56 And for a rising, and for a scab, and for a bright spot:
57 To teach when it is unclean, and when it is clean: this is the law of leprosy.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}