Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 15   

1 Yon bon repons dous ap kalme yon moun ki ankòlè. Men, si ou reponn li rèd, w’ap fè l’ pi eksite.
 Pawòl ki soti nan bouch moun ki gen bon konprann fè ou anvi konnen tou. Men, pawòl ki soti nan bouch moun san konprann, se pawòl san sans.
 Je Seyè a toupatou, l’ap veye tout moun, bon kou mechan.
 Bon pawòl yon zanmi bay lavi. Men, move pawòl demanbre.
 Moun fou pa koute lè papa yo ap pale yo. Men, moun ki gen bon konprann koute lè y’ap rale zòrèy yo.
 Moun ki mache dwat ap toujou gen sa yo bezwen an kantite lakay yo. Men, tou sa mechan yo genyen se tèt chaje pou yo.
 Lè moun ki gen bon konprann yo ap pale, se konesans y’ap bay. Men, se pa menm bagay pou moun ki san konprann yo.
 Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l’ plezi anpil lè moun k’ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l’.
 Seyè a pa ka sipòte jan mechan yo ap viv la. Men, li renmen moun k’ap fè sa ki dwat devan li.
10  Moun ki fè sa ki mal mèt pare tann pinisyon yo. Men, moun ki pa ka sipòte pou yo pini yo pa lwen mouri.
11  Seyè a konnen sa k’ap pase nan twou san fon an ak nan peyi kote mò yo ye a. Ou pa bezwen mande si l’ pa konnen sa k’ap pase nan kè moun.
12  Moun k’ap pase moun nan betiz pa renmen moun rale zòrèy yo. Yo pa janm mande moun ki gen bon konprann konsèy.
13  Lè kè ou kontan, yo wè sa sou figi ou. Lè ou nan lapenn, ou kagou.
14  Yon moun ki gen konprann toujou ap chache gen konesans. Men, moun sòt pran plezi nan pale koze san sans.
15  Lè ou nan lafliksyon, chak jou se pwoblèm. Men, lè kè ou kontan, lavi se yon fèt pou ou.
16  Pito ou pa gen anpil byen men ou gen krentif pou Bondye pase pou ou rich epi pou ou nan tèt chaje.
17  Pito ou manje mayi moulen blanch ak moun ki renmen ou pase pou ou manje vyann ou byen gra ak moun ki rayi ou.
18  Yon moun ki gen san wo toujou ap pouse dife. Men, moun ki pa fè kòlè fasil toujou ap mete lapè.
19  Lè ou parese, ou wè pwoblèm toupatou. Men, pou moun ki pa pè travay, pa gen pwoblèm ki pou rete l’.
20  Yon pitit byen elve fè kè papa l’ kontan. Men, yon moun ki san konprann meprize manman l’.
21  Moun ki san konprann kontan lè y’ap aji tankou moun fou. Men, moun ki gen konprann ap toujou fè sa ki dwat.
22  Lè ou pa pran konsèy, plan travay ou p’ap mache. Lè ou pran konsèy nan men anpil moun, ou mèt sèten travay ou ap mache byen.
23  Ala kontan ou kontan lè ou jwenn yon bon repons pou ou bay! Ala bon sa bon lè ou jwenn yon pawòl ki tonbe daplon!
24  Moun ki gen konprann, se yon chemen moute y’ap swiv, chemen lavi a. Yo pa pran chemen desann, chemen lanmò a.
25  Seyè a ap disparèt moun awogan yo ansanm ak tout fanmi yo. Men, l’ap pwoteje kay fanm ki pèdi mari yo.
26  Seyè a pa ka sipòte lide mechan yo gen nan tèt yo. Men, sa fè l’ plezi pou l’ tande pawòl moun ki san repwòch.
27  Moun k’ap kouri dèyè lajan, se traka y’ap chache bay fanmi yo. Men, moun ki refize kite yo achte l’ ap viv lontan.
28  Yon moun ki dwat kalkile anvan li bay repons. Men, mechan yo prese bay move pawòl.
29  Lè mechan yo ap lapriyè, Seyè a pa sou bò yo. Men, li pare zòrèy li pou l’ koute sa moun ki mache dwat yo ap di l’.
30  Ou kontan lè ou wè moun ki kontan wè ou. Ou santi w’ap viv lè ou resevwa bon nouvèl.
31  Moun ki koute lè y’ap rale zòrèy yo pou byen yo va jwenn yon plas nan sosyete moun ki gen bon konprann.
32  Moun ki refize mache sou prigad yo rayi tèt yo. Men, moun ki asepte lè yo rale zòrèy yo ap vin gen plis konprann.
33  Lè ou gen krentif pou Bondye, ou deja konprann anpil bagay. Lè ou soumèt devan Bondye, moun va fè lwanj ou.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 15

1 Une réponse douce calme la fureur, Mais une parole dure excite la colère.
La langue des sages rend la science aimable, Et la bouche des insensés répand la folie.
Les yeux de l’Éternel sont en tout lieu, Observant les méchants et les bons.
La langue douce est un arbre de vie, Mais la langue perverse brise l’âme.
L’insensé dédaigne l’instruction de son père, Mais celui qui a égard à la réprimande agit avec prudence.
Il y a grande abondance dans la maison du juste, Mais il y a du trouble dans les profits du méchant.
Les lèvres des sages répandent la science, Mais le coeur des insensés n’est pas droit.
Le sacrifice des méchants est en horreur à l’Éternel, Mais la prière des hommes droits lui est agréable.
La voie du méchant est en horreur à l’Éternel, Mais il aime celui qui poursuit la justice.
10 Une correction sévère menace celui qui abandonne le sentier; Celui qui hait la réprimande mourra.
11 Le séjour des morts et l’abîme sont devant l’Éternel; Combien plus les coeurs des fils de l’homme!
12 Le moqueur n’aime pas qu’on le reprenne, Il ne va point vers les sages.
13 Un coeur joyeux rend le visage serein; Mais quand le coeur est triste, l’esprit est abattu.
14 Un coeur intelligent cherche la science, Mais la bouche des insensés se plaît à la folie.
15 Tous les jours du malheureux sont mauvais, Mais le coeur content est un festin perpétuel.
16 Mieux vaut peu, avec la crainte de l’Éternel, Qu’un grand trésor, avec le trouble.
17 Mieux vaut de l’herbe pour nourriture, là où règne l’amour, Qu’un boeuf engraissé, si la haine est là.
18 Un homme violent excite des querelles, Mais celui qui est lent à la colère apaise les disputes.
19 Le chemin du paresseux est comme une haie d’épines, Mais le sentier des hommes droits est aplani.
20 Un fils sage fait la joie de son père, Et un homme insensé méprise sa mère.
21 La folie est une joie pour celui qui est dépourvu de sens, Mais un homme intelligent va le droit chemin.
22 Les projets échouent, faute d’une assemblée qui délibère; Mais ils réussissent quand il y a de nombreux conseillers.
23 On éprouve de la joie à donner une réponse de sa bouche; Et combien est agréable une parole dite à propos!
24 Pour le sage, le sentier de la vie mène en haut, Afin qu’il se détourne du séjour des morts qui est en bas.
25 L’Éternel renverse la maison des orgueilleux, Mais il affermit les bornes de la veuve.
26 Les pensées mauvaises sont en horreur à l’Éternel, Mais les paroles agréables sont pures à ses yeux.
27 Celui qui est avide de gain trouble sa maison, Mais celui qui hait les présents vivra.
28 Le coeur du juste médite pour répondre, Mais la bouche des méchants répand des méchancetés.
29 L’Éternel s’éloigne des méchants, Mais il écoute la prière des justes.
30 Ce qui plaît aux yeux réjouit le coeur; Une bonne nouvelle fortifie les membres.
31 L’oreille attentive aux réprimandes qui mènent à la vie Fait son séjour au milieu des sages.
32 Celui qui rejette la correction méprise son âme, Mais celui qui écoute la réprimande acquiert l’intelligence.
33 La crainte de l’Éternel enseigne la sagesse, Et l’humilité précède la gloire.
Louis Segond {LSG}

Proverbs 15  

1 A soft answer turneth away wrath: but grievous words stir up anger.
The tongue of the wise useth knowledge aright: but the mouth of fools poureth out foolishness.
The eyes of the Lord are in every place, beholding the evil and the good.
A wholesome tongue is a tree of life: but perverseness therein is a breach in the spirit.
A fool despiseth his father’s instruction: but he that regardeth reproof is prudent.
In the house of the righteous is much treasure: but in the revenues of the wicked is trouble.
The lips of the wise disperse knowledge: but the heart of the foolish doeth not so.
The sacrifice of the wicked is an abomination to the Lord: but the prayer of the upright is his delight.
The way of the wicked is an abomination unto the Lord: but he loveth him that followeth after righteousness.
10 Correction is grievous unto him that forsaketh the way: and he that hateth reproof shall die.
11 Hell and destruction are before the Lord: how much more then the hearts of the children of men?
12 A scorner loveth not one that reproveth him: neither will he go unto the wise.
13 A merry heart maketh a cheerful countenance: but by sorrow of the heart the spirit is broken.
14 The heart of him that hath understanding seeketh knowledge: but the mouth of fools feedeth on foolishness.
15 All the days of the afflicted are evil: but he that is of a merry heart hath a continual feast.
16 Better is little with the fear of the Lord than great treasure and trouble therewith.
17 Better is a dinner of herbs where love is, than a stalled ox and hatred therewith.
18 A wrathful man stirreth up strife: but he that is slow to anger appeaseth strife.
19 The way of the slothful man is as an hedge of thorns: but the way of the righteous is made plain.
20 A wise son maketh a glad father: but a foolish man despiseth his mother.
21 Folly is joy to him that is destitute of wisdom: but a man of understanding walketh uprightly.
22 Without counsel purposes are disappointed: but in the multitude of counsellors they are established.
23 A man hath joy by the answer of his mouth: and a word spoken in due season, how good is it!
24 The way of life is above to the wise, that he may depart from hell beneath.
25 The Lord will destroy the house of the proud: but he will establish the border of the widow.
26 The thoughts of the wicked are an abomination to the Lord: but the words of the pure are pleasant words.
27 He that is greedy of gain troubleth his own house; but he that hateth gifts shall live.
28 The heart of the righteous studieth to answer: but the mouth of the wicked poureth out evil things.
29 The Lord is far from the wicked: but he heareth the prayer of the righteous.
30 The light of the eyes rejoiceth the heart: and a good report maketh the bones fat.
31 The ear that heareth the reproof of life abideth among the wise.
32 He that refuseth instruction despiseth his own soul: but he that heareth reproof getteth understanding.
33 The fear of the Lord is the instruction of wisdom; and before honour is humility.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}