Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 12     

1 Pèp Efrayim lan ap fè yon bann bagay ki p’ap rapòte yo anyen. Y’ap kouri siyen kontra ak moun k’ap fini ak yo. Tout lajounen y’ap plede bay manti sou manti. Se fè mechanste. Yo fè kontra avèk peyi Lasiri, y’ap fè kòmès lwil avèk peyi Lejip.
Seyè a gen yon kont pou l’ regle ak moun Jida yo tou. Li pral pini moun Jakòb yo dapre ajisman yo. Li pral fè yo peye sa yo fè a.
Depi nan vant manman l’, Jakòb, zansèt yo, t’ap goumen ak Ezaou, frè jimo li a. Lè li vin gran li goumen ak Bondye.
Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l’. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l’.
Se te Seyè ki gen tout pouvwa a. Seyè, se konsa yo rele li.
Konsa, nou menm pitit pitit Jakòb yo, tounen vin jwenn Bondye nou. Pa janm sispann renmen l’. Fè sa ki dwat devan je li. Pran pasyans! Toujou konte sou Bondye.
 Seyè a di ankò: -Moun Izrayèl yo tankou moun Kanaran yo. Y’ap sèvi avèk fo mamit. Yo renmen fè mache nwa.
Y’ap plede di: Nou fin rich. Nou fè yon bèl kòb. Men, nou travay di tou. Pesonn pa ka di nou te fè ankenn bagay mal pou n’ gen tout lajan sa a!
Men, mwen menm, se Seyè a, Bondye nou an mwen ye. Se mwen ki te mennen nou depi lè nou te moute kite peyi Lejip la. M’a pral fè nou rete anba tant twal ankò, jan nou te konn fè l’ lè mwen te vin jwenn nou nan dezè a.
10 Mwen te pale ak pwofèt yo. Se mwen ki fè yo fè anpil vizyon. Mwen fè yo bay pèp la anpil avètisman pou mwen.
11 Pèp la ap adore zidòl lavil Galarad. Men, sa p’ap sèvi yo anyen. Y’ap ofri towo bèf lavil Gilgal. Men, lotèl yo ap tounen pil wòch nan jaden y’ap pare.
12 Jakòb, zansèt nou an, te blije al kache nan peyi Aram. Lè l’ te la, li te travay pou moun pou l’ te ka jwenn yon fanm pou l’ marye. Wi, li te fè metye gadò mouton pou l’ te ka jwenn yon fanm.
13 Seyè a voye yon pwofèt pou fè pèp Izrayèl la soti kite peyi Lejip. Li fè menm pwofèt la pran swen yo.
14 Men, pèp Efrayim lan te fè bagay ki te fè Seyè a fache anpil. Se poutèt sa, l’ap fè yo peye krim yo fè a. L’ap fè yo peye wont yo te fè l’ wont la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 12 

1 12:2) Éphraïm se repaît de vent, et poursuit le vent d’orient; Chaque jour il multiplie le mensonge et la violence; Il fait alliance avec l’Assyrie, Et on porte de l’huile en Égypte.
(12:3) L’Éternel est aussi en contestation avec Juda, Et il punira Jacob pour sa conduite, Il lui rendra selon ses oeuvres.
(12:4) Dans le sein maternel Jacob saisit son frère par le talon, Et dans sa vigueur, il lutta avec Dieu.
(12:5) Il lutta avec l’ange, et il fut vainqueur, Il pleura, et lui adressa des supplications. Jacob l’avait trouvé à Béthel, Et c’est là que Dieu nous a parlé.
(12:6) L’Éternel est le Dieu des armées; Son nom est l’Éternel.
(12:7) Et toi, reviens à ton Dieu, Garde la piété et la justice, Et espère toujours en ton Dieu.
(12:8) Éphraïm est un marchand qui a dans sa main des balances fausses, Il aime à tromper.
(12:9) Et Éphraïm dit: A la vérité, je me suis enrichi, J’ai acquis de la fortune; Mais c’est entièrement le produit de mon travail; On ne trouvera chez moi aucune iniquité, rien qui soit un crime.
(12:10) Et moi, je suis l’Éternel, ton Dieu, dès le pays d’Égypte; Je te ferai encore habiter sous des tentes, comme aux jours de fêtes.
10 (12:11) J’ai parlé aux prophètes, J’ai multiplié les visions, Et par les prophètes j’ai proposé des paraboles.
11 (12:12) Si Galaad n’est que néant, ils seront certainement anéantis. Ils sacrifient des boeufs dans Guilgal: Aussi leurs autels seront comme des monceaux de pierres Sur les sillons des champs.
12 (12:13) Jacob s’enfuit au pays d’Aram, Israël servit pour une femme, Et pour une femme il garda les troupeaux.
13 (12:14) Par un prophète l’Éternel fit monter Israël hors d’Égypte, Et par un prophète Israël fut gardé.
14 (12:15) Éphraïm a irrité l’Éternel amèrement: Son Seigneur rejettera sur lui le sang qu’il a répandu, Il fera retomber sur lui la honte qui lui appartient.

Louis Segond {LSG}

Hosea 12

1 Ephraim feedeth on wind, and followeth after the east wind: he daily increaseth lies and desolation; and they do make a covenant with the Assyrians, and oil is carried into Egypt.
The Lord hath also a controversy with Judah, and will punish Jacob according to his ways; according to his doings will he recompense him.
He took his brother by the heel in the womb, and by his strength he had power with God:
Yea, he had power over the angel, and prevailed: he wept, and made supplication unto him: he found him in Bethel, and there he spake with us;
Even the Lord God of hosts; the Lord is his memorial.
Therefore turn thou to thy God: keep mercy and judgment and wait on thy God continually.
He is a merchant, the balances of deceit are in his hand: he loveth to oppress.
And Ephraim said, Yet I am become rich, I have found me out substance: in all my labours they shall find none iniquity in me that were sin.
And I that am the Lord thy God from the land of Egypt will yet make thee to dwell in tabernacles, as in the days of the solemn feast.
10 I have also spoken by the prophets, and I have multiplied visions, and used similitudes, by the ministry of the prophets.
11 Is there iniquity in Gilead? surely they are vanity: they sacrifice bullocks in Gilgal; yea, their altars are as heaps in the furrows of the fields.
12 And Jacob fled into the country of Syria, and Israel served for a wife, and for a wife he kept sheep.
13 And by a prophet the Lord brought Israel out of Egypt, and by a prophet was he preserved.
14 Ephraim provoked him to anger most bitterly: therefore shall he leave his blood upon him, and his reproach shall his Lord return unto him.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}