Liv Mak / Marc / Mark

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Mak 11            

Yo t’ap pwoche bò Jerizalèm, bò bouk Betfaje ak Betani, yo te rive sou mòn Oliv l’a. Lè sa a, Jezi voye de nan disip li yo.
Li di yo: -Ale nan bouk ki devan nou an. Lè n’a rive, n’a jwenn yon jenn ti bourik mare. Pesonn poko janm moute sou li. Lage l’, mennen l’ ban mwen.
Nenpòt moun ki mande nou poukisa n’ap fè sa, nou mèt reponn: Se Mèt la ki bezwen li. L’ap voye ti bourik la tounen touswit.
Lè disip yo ale, yo jwenn jenn ti bourik la mare deyò nan lari a, devan pòt yon kay. Yo lage li.
Kèk moun ki te la di yo konsa: -Sa n’ap fè la a? Pouki n’ap lage ti bourik la?
Disip yo reponn jan Jezi te di yo reponn lan. Epi moun yo kite yo ale.
Yo mennen ti bourik la bay Jezi; yo mete rad sou do li, epi Jezi moute chita.
Anpil moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt ki te koupe branch bwa nan jaden pou mete atè nan chemen an.
Ni moun ki t’ap mache devan Jezi yo, ni moun ki t’ap mache dèyè l’ yo, yo tout t’ap rele byen fò: -Lwanj pou Bondye! Benediksyon pou moun ki vini nan non Mèt la.
10 Wi, benediksyon pou gouvènman k’ap vini an, pou gouvènman wa David, papa nou. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!
11 Jezi antre lavil Jerizalèm; li ale nan tanp lan. Li voye je l’ sou tout bagay. Apre sa, li ale Betani avèk douz disip li yo paske li te fin ta.
12  Nan denmen, antan yo t’ap soti Betani, Jezi te grangou.
13 Depi byen lwen, li wè yon pye fig frans ki te plen fèy. li al wè si li ta jwenn kèk fig frans sou li. Men, lè li rive kote l’, se fèy ase li jwenn, paske se pa t’ sezon fig frans.
14 Lè sa a, Jezi pale ak pye fig frans lan, li di li: -Pesonn p’ap janm manje fig ou donnen ankò. Disip yo te tande sa l’ te di a.
15 Apre sa, yo rive Jerizalèm, Jezi antre nan tanp lan. Li pran chase tout moun ki t’ap vann ak tout moun ki t’ap achte nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t’ap chanje lajan yo ansanm ak chèz moun ki t’ap vann pijon yo.
16 Li pa t’ pèmèt pesonn travèse tanp lan ak bagay nan men yo.
17 Li t’ap moutre moun yo anpil bagay, li di yo: -Men sa ki ekri, pa vre: y’a rele kay mwen an kay kote moun tout nasyon ka vin lapriyè. Men nou menm, nou fè l’ tounen yon kachèt pou vòlò.
18 Lè chèf prèt yo avèk dirèktè lalwa yo tande sa, yo t’ap chache yon jan pou yo fè touye l’; paske yo te vin pè l’, lèfini, pawòl li t’ap moutre moun yo te aji anpil sou foul moun yo.
19 Lè solèy fin kouche, Jezi soti kite lavil la ansanm ak disip li yo.
20 Nan denmen maten, byen bonè, antan yo t’ap pase sou wout la, disip yo wè pye fig frans la cheche jouk nan rasen.
21 Pyè vin chonje sak te pase. Li di Jezi konsa: -Mèt, gade pye fig frans ou te madichonnen an. Li cheche wi.
22 Lè sa a, Jezi pran lapawòl, li di yo: -Se pou nou toujou gen konfyans nan Bondye.
23 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: si yon moun di mòn sa a: Wete kò ou la, al jete ou nan lanmè, si l’ pa gen doutans nan kè l’ menm, si l’ gen fèm konviksyon sa l’ di a gen pou rive, la wè l’ rive vre.
24 Se pou sa mwen di nou: Tou sa n’ap mande lè n’ap lapriyè, si nou gen fèm konviksyon nou resevwa l’ deja, n’a wè sa rive vre.
25 Lè nou kanpe poun lapriyè, si nou gen yon moun nan kè nou, padonnen l’, pou Papa nou ki nan syèl la ka padonnen peche nou yo tou.
26 Men, si nou pa padonnen lòt moun yo, Papa nou ki nan syèl la p’ap padonnen peche nou yo tou.
27  Se konsa, yo tounen lavil Jerizalèm ankò. Pandan Jezi t’ap pwonmennen nan tanp lan, chèf prèt yo, dirèktè lalwa yo ak chèf fanmi yo te vin bò kote li.
28 Yo di l’ konsa: -Ki dwa ou genyen pou w’ap fè tout bagay sa yo? Kilès ki ba ou otorite pou fè yo?
29 Jezi reponn yo: -Mwen pral poze nou yon sèl keksyon tou. Si nou reponn mwen, m’a di nou ak ki otorite m’ap fè bagay sa yo.
30 Ki moun ki te voye Jan batize moun: Bondye osinon moun? Reponn mwen non.
31 Men, yonn t’ap di lòt konsa: -Si nou reponn: Se Bondye ki voye l’, la mande nou poukisa nou pa t’ kwè li.
32 Si nou reponn: Se moun ki voye l’… oum! Yo te pè pèp la, paske tout moun sa yo te pran Jan Batis pou yon bon pwofèt.
33 Lè sa a yo reponn Jezi: -Nou pa konnen. Jezi di yo: -Enben, mwen menm tou, mwen p’ap di nou avèk ki otorite mwen fè bagay sa yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Marc 11           

1 Lorsqu’ils approchèrent de Jérusalem, et qu’ils furent près de Bethphagé et de Béthanie, vers la montagne des oliviers, Jésus envoya deux de ses disciples,
en leur disant: Allez au village qui est devant vous; dès que vous y serez entrés, vous trouverez un ânon attaché, sur lequel aucun homme ne s’est encore assis; détachez-le, et amenez-le.
Si quelqu’un vous dit: Pourquoi faites-vous cela? répondez: Le Seigneur en a besoin. Et à l’instant il le laissera venir ici.
les disciples, étant allés, trouvèrent l’ânon attaché dehors près d’une porte, au contour du chemin, et ils le détachèrent.
Quelques-uns de ceux qui étaient là leur dirent: Que faites-vous? pourquoi détachez-vous cet ânon?
Ils répondirent comme Jésus l’avait dit. Et on les laissa aller.
Ils amenèrent à Jésus l’ânon, sur lequel ils jetèrent leurs vêtements, et Jésus s’assit dessus.
Beaucoup de gens étendirent leurs vêtements sur le chemin, et d’autres des branches qu’ils coupèrent dans les champs.
Ceux qui précédaient et ceux qui suivaient Jésus criaient: Hosanna! Béni soit celui qui vient au nom du Seigneur!
10 Béni soit le règne qui vient, le règne de David, notre père! Hosanna dans les lieux très hauts!
11 Jésus entra à Jérusalem, dans le temple. Quand il eut tout considéré, comme il était déjà tard, il s’en alla à Béthanie avec les douze.
12 Le lendemain, après qu’ils furent sortis de Béthanie, Jésus eut faim.
13 Apercevant de loin un figuier qui avait des feuilles, il alla voir s’il y trouverait quelque chose; et, s’en étant approché, il ne trouva que des feuilles, car ce n’était pas la saison des figues.
14 Prenant alors la parole, il lui dit: Que jamais personne ne mange de ton fruit! Et ses disciples l’entendirent.
15 Ils arrivèrent à Jérusalem, et Jésus entra dans le temple. Il se mit à chasser ceux qui vendaient et qui achetaient dans le temple; il renversa les tables des changeurs, et les sièges des vendeurs de pigeons;
16 et il ne laissait personne transporter aucun objet à travers le temple.
17 Et il enseignait et disait: N’est-il pas écrit: Ma maison sera appelée une maison de prière pour toutes les nations? Mais vous, vous en avez fait une caverne de voleurs.
18 Les principaux sacrificateurs et les scribes, l’ayant entendu, cherchèrent les moyens de le faire périr; car ils le craignaient, parce que toute la foule était frappée de sa doctrine.
19 Quand le soir fut venu, Jésus sortit de la ville.
20 Le matin, en passant, les disciples virent le figuier séché jusqu’aux racines.
21 Pierre, se rappelant ce qui s’était passé, dit à Jésus: Rabbi, regarde, le figuier que tu as maudit a séché.
22 Jésus prit la parole, et leur dit: Ayez foi en Dieu.
23 Je vous le dis en vérité, si quelqu’un dit à cette montagne: Ote-toi de là et jette-toi dans la mer, et s’il ne doute point en son coeur, mais croit que ce qu’il dit arrive, il le verra s’accomplir.
24 C’est pourquoi je vous dis: Tout ce que vous demanderez en priant, croyez que vous l’avez reçu, et vous le verrez s’accomplir.
25 Et, lorsque vous êtes debout faisant votre prière, si vous avez quelque chose contre quelqu’un, pardonnez, afin que votre Père qui est dans les cieux vous pardonne aussi vos offenses.
26 Mais si vous ne pardonnez pas, votre Père qui est dans les cieux ne vous pardonnera pas non plus vos offenses.
27 Ils se rendirent de nouveau à Jérusalem, et, pendant que Jésus se promenait dans le temple, les principaux sacrificateurs, les scribes et les anciens, vinrent à lui,
28 et lui dirent: Par quelle autorité fais-tu ces choses, et qui t’a donné l’autorité de les faire?
29 Jésus leur répondit: Je vous adresserai aussi une question; répondez-moi, et je vous dirai par quelle autorité je fais ces choses.
30 Le baptême de Jean venait-il du ciel, ou des hommes? Répondez-moi.
31 Mais ils raisonnèrent ainsi entre eux: Si nous répondons: Du ciel, il dira: Pourquoi donc n’avez-vous pas cru en lui?
32 Et si nous répondons: Des hommes… Ils craignaient le peuple, car tous tenaient réellement Jean pour un prophète.
33 Alors ils répondirent à Jésus: Nous ne savons. Et Jésus leur dit: Moi non plus, je ne vous dirai pas par quelle autorité je fais ces choses.

Louis Segond {LSG}

Mark 11    

1 And when they came nigh to Jerusalem, unto Bethphage and Bethany, at the mount of Olives, he sendeth forth two of his disciples,
And saith unto them, Go your way into the village over against you: and as soon as ye be entered into it, ye shall find a colt tied, whereon never man sat; loose him, and bring him.
And if any man say unto you, Why do ye this? say ye that the Lord hath need of him; and straightway he will send him hither.
And they went their way, and found the colt tied by the door without in a place where two ways met; and they loose him.
And certain of them that stood there said unto them, What do ye, loosing the colt?
And they said unto them even as Jesus had commanded: and they let them go.
And they brought the colt to Jesus, and cast their garments on him; and he sat upon him.
And many spread their garments in the way: and others cut down branches off the trees, and strawed them in the way.
And they that went before, and they that followed, cried, saying, Hosanna; Blessed is he that cometh in the name of the Lord:
10 Blessed be the kingdom of our father David, that cometh in the name of the Lord: Hosanna in the highest.
11 And Jesus entered into Jerusalem, and into the temple: and when he had looked round about upon all things, and now the eventide was come, he went out unto Bethany with the twelve.
12 And on the morrow, when they were come from Bethany, he was hungry:
13 And seeing a fig tree afar off having leaves, he came, if haply he might find any thing thereon: and when he came to it, he found nothing but leaves; for the time of figs was not yet.
14 And Jesus answered and said unto it, No man eat fruit of thee hereafter for ever. And his disciples heard it.
15 And they come to Jerusalem: and Jesus went into the temple, and began to cast out them that sold and bought in the temple, and overthrew the tables of the moneychangers, and the seats of them that sold doves;
16 And would not suffer that any man should carry any vessel through the temple.
17 And he taught, saying unto them, Is it not written, My house shall be called of all nations the house of prayer? but ye have made it a den of thieves.
18 And the scribes and chief priests heard it, and sought how they might destroy him: for they feared him, because all the people was astonished at his doctrine.
19 And when even was come, he went out of the city.
20 And in the morning, as they passed by, they saw the fig tree dried up from the roots.
21 And Peter calling to remembrance saith unto him, Master, behold, the fig tree which thou cursedst is withered away.
22 And Jesus answering saith unto them, Have faith in God.
23 For verily I say unto you, That whosoever shall say unto this mountain, Be thou removed, and be thou cast into the sea; and shall not doubt in his heart, but shall believe that those things which he saith shall come to pass; he shall have whatsoever he saith.
24 Therefore I say unto you, What things soever ye desire, when ye pray, believe that ye receive them, and ye shall have them.
25 And when ye stand praying, forgive, if ye have ought against any: that your Father also which is in heaven may forgive you your trespasses.
26 But if ye do not forgive, neither will your Father which is in heaven forgive your trespasses.
27 And they come again to Jerusalem: and as he was walking in the temple, there come to him the chief priests, and the scribes, and the elders,
28 And say unto him, By what authority doest thou these things? and who gave thee this authority to do these things?
29 And Jesus answered and said unto them, I will also ask of you one question, and answer me, and I will tell you by what authority I do these things.
30 The baptism of John, was it from heaven, or of men? answer me.
31 And they reasoned with themselves, saying, If we shall say, From heaven; he will say, Why then did ye not believe him?
32 But if we shall say, Of men; they feared the people: for all men counted John, that he was a prophet indeed.
33 And they answered and said unto Jesus, We cannot tell. And Jesus answering saith unto them, Neither do I tell you by what authority I do these things.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}