Liv SÒM

SÒM  1  |  2  |  3  10  11  12  13  14  15  16  17  18  19  20  21  22  23  24 25  26  27  28  |   29  |  30   |  31  32  33 34  35  36  37  38  39  |  40  41  42  43  44  45 46  47  48  |  49  50  |  51 52  53  54  55  56  57  58  |  59 60  61  62  63  64 65  66  |  67  68  69  70 71  72  73  74  75  76  77  78  79  80  81  82  83 84  85  86  |  87  88  89 90  91  |  92  93  94  95 96  97  98  99   |  100  101 102  |  103  |  104  |  105  |  106  |  107  |  108  |  109  |  110  |  111  |  112 113 114  |  115  |  116 117  118  |  119  |  120  |  121  |  122 123  |  124  |  125  |  126  |  127  |  128 129  |  130  |  131  |  132  |  133  |  134  |  135  |  136  |  137  |  138  |  139  |  140  |  141  |  142  |  143  |  144  |  145  |  146  |  147  |  148 149  |  150  |   

Sòm 1            Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

1 Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k’ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k’ap pase Bondye nan betiz,
men ki pran tout plezi l’ nan lalwa Seyè a, k’ap repase l’ nan tèt li lajounen kou lannwit.
Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l’ rive. Fèy li p’ap janm fennen. Tou sa l’ fè soti byen.
 Men, se p’ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van an ap gaye.
Se poutèt sa, jou jijman an, mechan yo p’ap ka leve tèt yo devan Bondye, moun ki fè mal yo p’ap chita ansanm ak moun ki fè byen yo.
Paske, Seyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}