Liv 1Istwa /1Chroniques /1Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Istwa 5

1 Men moun branch fanmi Woubenn, premye pitit Izrayèl la. Se Woubenn ki te premye pitit gason, men li te pèdi dwa premye pitit li paske li te kouche ak yonn nan madanm papa l’ yo. Se pitit Jozèf yo, yon lòt pitit Izrayèl, yo te bay dwa premye pitit la. Tansèlman, yo pa t’ pote non Jozèf la sou rejis tankou premye pitit.
Lèfini, se branch fanmi Jida a ki te vin pi fò. Se li menm ki bay yon chèf pou gouvènen tout branch fanmi yo. Men tout jan, se Jozèf yo te bay dwa premye pitit la.
Woubenn, pi gran nan pitit gason Izrayèl yo, te gen kat pitit gason: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami.
Joèl te papa Chemaja, Chemaja te papa Gòg, Gòg te papa Chimeyi,
Chimeyi te papa Mika, Mika te papa Reaja, Reaja te papa Baal.
Baal te papa Bera, yonn nan chèf fanmi Woubenn yo. Se li menm Tiglat-Pilesè, wa peyi Lasiri a, te depòte.
Men lis lòt chèf fanmi Woubenn yo dapre rejis kote yo te ekri non yo. N’ap konmanse ak pi ansyen an. Te gen Jeyèl, Zakari,
Bela, pitit Aza, pitit pitit Chema nan branch fanmi Joèl. Se yo ki te rete nan zòn Awoyè, rive Nebo ak Baal Meon sou nan nò.
Yo te gen anpil mouton ak kabrit nan tout peyi Galarad la. Se konsa yo pran tout peyi a depi bò dezè a rive jouk bò larivyè Lefrat bò solèy leve.
10 Sou rèy wa Sayil, moun Woubenn yo atake moun Aga yo. Yo bat yo, yo pran tout tè moun yo ki sou bò solèy leve nan peyi Galarad.
11 Branch fanmi Gad la te rete sou bò nò moun branch fanmi Woubenn yo, nan peyi Bazan, rive Salka sou bò solèy leve.
12 Joèl te vin an premye. Apre li te gen Chafam, Janayi ak Chafat nan peyi Bazan.
13 Lòt moun nan fanmi an te fè sèt branch. Men non branch fanmi yo, dapre non zansèt yo: Mikayèl, Mechoulam, Cheba, Jorayi, Jakan, Zya ak Ebè.
14 Yo tout te pitit Abikayil ki te pitit Ouri. Ouri te pitit Jawoja ki te pitit Galarad. Galarad te pitit Mikayèl ki te pitit Jechichayi. Jechichayi te pitit Jakdo ki te pitit Bouz.
15 Aki, pitit Abdyèl, pitit pitit Gouni, te zansèt tout fanmi sa yo.
16 Yo te rete nan peyi Bazan ak nan peyi Galarad, nan lavil yo ak nan tout savann patiraj peyi Sawon an.
17 Se sou rèy Jotam, wa peyi Jida, ak Jewoboram, wa peyi Izrayèl, yo te fè rejis sa yo.
18  Branch fanmi Woubenn lan, branch fanmi Gad la ak mwatye branch fanmi Manase a te gen antou karannkatmil sètsanswasant (44.760) sòlda, tout vanyan gason, ki konn sèvi ak pwotèj an fè ak nepe, ak banza. Yo te abil nan fè lagè.
19 Yo fè lagè ak moun Aga yo ki te rete lavil Jetou, lavil Nafich ak lavil Nodab.
20 Yo pa t’ pou kont yo nan batay la. Yo te mete konfyans yo nan Bondye. Pandan batay la, yo lapriyè mande l’ konkou. Bondye reponn yo, li lage tout moun Aga yo ansanm ak tout moun ki te avèk moun Aga yo nan men yo.
21 Yo pran senkantmil (50.000) chamo, desansenkantmil (250.000) mouton ak kabrit, demil (2.000) bourik nan men lènmi yo. Yo fè sanmil (100.000) prizonye.
22 Yo touye anpil ladan lènmi yo paske batay la se Bondye menm ki t’ap mennen l’ pou yo. Se konsa yo rete nan zòn sa a jouk jou yo depòte yo.
23 Moun mwatye branch fanmi Manase ki sou bò solèy leve larivyè Jouden an te rete nan zòn ki soti Bazan moute nan nò rive Baalèmòn, lavil Sini ak mòn Emon. Yo te peple anpil.
24 Men non chèf fanmi yo: Efè, Icheyi, Eliyèl, Azryèl, Jeremi, Odavya ak Jadyèl. Mesye sa yo te vanyan sòlda, chèf fanmi yo. Tout moun t’ap nonmen non yo.
25 Men, pèp la te vire do bay Bondye zansèt yo a, y’ al kouri fè sèvis pou bondye lòt nasyon Bondye te disparèt pou fè plas pou yo.
26 Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

1 Chroniques 5 

1 Fils de Ruben, premier-né d’Israël. -Car il était le premier-né; mais, parce qu’il souilla la couche de son père, son droit d’aînesse fut donné aux fils de Joseph, fils d’Israël; toutefois Joseph ne dut pas être enregistré dans les généalogies comme premier-né.
Juda fut, à la vérité, puissant parmi ses frères, et de lui est issu un prince; mais le droit d’aînesse est à Joseph.
Fils de Ruben, premier-né d’Israël: Hénoc, Pallu, Hetsron et Carmi.
Fils de Joël: Schemaeja, son fils; Gog, son fils; Schimeï, son fils;
Michée, son fils; Reaja, son fils; Baal, son fils;
Beéra, son fils, que Tilgath Pilnéser, roi d’Assyrie, emmena captif: il était prince des Rubénites.
Frères de Beéra, d’après leurs familles, tels qu’ils sont enregistrés dans les généalogies selon leurs générations: le premier, Jeïel; Zacharie;
Béla, fils d’Azaz, fils de Schéma, fils de Joël. Béla habitait à Aroër, et jusqu’à Nebo et à Baal Meon;
à l’orient, il habitait jusqu’à l’entrée du désert depuis le fleuve de l’Euphrate, car leurs troupeaux étaient nombreux dans le pays de Galaad.
10 Du temps de Saül, ils firent la guerre aux Hagaréniens, qui tombèrent entre leurs mains; et ils habitèrent dans leurs tentes, sur tout le côté oriental de Galaad.
11 Les fils de Gad habitaient vis-à-vis d’eux, dans le pays de Basan, jusqu’à Salca.
12 Joël, le premier, Schapham, le second, Jaenaï, et Schaphath, en Basan.
13 Leurs frères, d’après les maisons de leurs pères: Micaël, Meschullam, Schéba, Joraï, Jaecan, Zia et Éber, sept.
14 Voici les fils d’Abichaïl, fils de Huri, fils de Jaroach, fils de Galaad, fils de Micaël, fils de Jeschischaï, fils de Jachdo, fils de Buz;
15 Achi, fils d’Abdiel, fils de Guni, était chef des maisons de leurs pères.
16 Ils habitaient en Galaad, en Basan, et dans les villes de leur ressort, et dans toutes les banlieues de Saron jusqu’à leurs extrémités.
17 Ils furent tous enregistrés dans les généalogies, du temps de Jotham, roi de Juda, et du temps de Jéroboam, roi d’Israël.
18 Les fils de Ruben, les Gadites et la demi-tribu de Manassé avaient de vaillants hommes, portant le bouclier et l’épée, tirant de l’arc, et exercés à la guerre, au nombre de quarante-quatre mille sept cent soixante, en état d’aller à l’armée.
19 Ils firent la guerre aux Hagaréniens, à Jethur, à Naphisch et à Nodab.
20 Ils reçurent du secours contre eux, et les Hagaréniens et tous ceux qui étaient avec eux furent livrés entre leurs mains. Car, pendant le combat, ils avaient crié à Dieu, qui les exauça, parce qu’ils s’étaient confiés en lui.
21 Ils prirent leurs troupeaux, cinquante mille chameaux, deux cent cinquante mille brebis, deux mille ânes, et cent mille personnes;
22 car il y eut beaucoup de morts, parce que le combat venait de Dieu. Et ils s’établirent à leur place jusqu’au temps où ils furent emmenés captifs.
23 Les fils de la demi-tribu de Manassé habitaient dans le pays, depuis Basan jusqu’à Baal Hermon et à Senir, et à la montagne d’Hermon; ils étaient nombreux.
24 Voici les chefs des maisons de leurs pères: Épher, Jischeï, Éliel, Azriel, Jérémie, Hodavia et Jachdiel, vaillants hommes, gens de renom, chefs des maisons de leurs pères.
25 Mais ils péchèrent contre le Dieu de leurs pères, et ils se prostituèrent après les dieux des peuples du pays, que Dieu avait détruits devant eux.
26 Le Dieu d’Israël excita l’esprit de Pul, roi d’Assyrie, et l’esprit de Tilgath Pilnéser, roi d’Assyrie, et Tilgath Pilnéser emmena captifs les Rubénites, les Gadites et la demi-tribu de Manassé, et il les conduisit à Chalach, à Chabor, à Hara, et au fleuve de Gozan, où ils sont demeurés jusqu’à ce jour.
Louis Segond {LSG}

1 Chronicles 5

1 Now the sons of Reuben the firstborn of Israel, (for he was the firstborn; but forasmuch as he defiled his father’s bed, his birthright was given unto the sons of Joseph the son of Israel: and the genealogy is not to be reckoned after the birthright.
For Judah prevailed above his brethren, and of him came the chief ruler; but the birthright was Joseph’s:)
The sons, I say, of Reuben the firstborn of Israel were, Hanoch, and Pallu, Hezron, and Carmi.
The sons of Joel; Shemaiah his son, Gog his son, Shimei his son,
Micah his son, Reaia his son, Baal his son,
Beerah his son, whom Tilgathpilneser king of Assyria carried away captive: he was prince of the Reubenites.
And his brethren by their families, when the genealogy of their generations was reckoned, were the chief, Jeiel, and Zechariah,
And Bela the son of Azaz, the son of Shema, the son of Joel, who dwelt in Aroer, even unto Nebo and Baalmeon:
And eastward he inhabited unto the entering in of the wilderness from the river Euphrates: because their cattle were multiplied in the land of Gilead.
10 And in the days of Saul they made war with the Hagarites, who fell by their hand: and they dwelt in their tents throughout all the east land of Gilead.
11 And the children of Gad dwelt over against them, in the land of Bashan unto Salcah:
12 Joel the chief, and Shapham the next, and Jaanai, and Shaphat in Bashan.
13 And their brethren of the house of their fathers were, Michael, and Meshullam, and Sheba, and Jorai, and Jachan, and Zia, and Heber, seven.
14 These are the children of Abihail the son of Huri, the son of Jaroah, the son of Gilead, the son of Michael, the son of Jeshishai, the son of Jahdo, the son of Buz;
15 Ahi the son of Abdiel, the son of Guni, chief of the house of their fathers.
16 And they dwelt in Gilead in Bashan, and in her towns, and in all the suburbs of Sharon, upon their borders.
17 All these were reckoned by genealogies in the days of Jotham king of Judah, and in the days of Jeroboam king of Israel.
18 The sons of Reuben, and the Gadites, and half the tribe of Manasseh, of valiant men, men able to bear buckler and sword, and to shoot with bow, and skilful in war, were four and forty thousand seven hundred and threescore, that went out to the war.
19 And they made war with the Hagarites, with Jetur, and Nephish, and Nodab.
20 And they were helped against them, and the Hagarites were delivered into their hand, and all that were with them: for they cried to God in the battle, and he was intreated of them; because they put their trust in him.
21 And they took away their cattle; of their camels fifty thousand, and of sheep two hundred and fifty thousand, and of asses two thousand, and of men an hundred thousand.
22 For there fell down many slain, because the war was of God. And they dwelt in their steads until the captivity.
23 And the children of the half tribe of Manasseh dwelt in the land: they increased from Bashan unto Baalhermon and Senir, and unto mount Hermon.
24 And these were the heads of the house of their fathers, even Epher, and Ishi, and Eliel, and Azriel, and Jeremiah, and Hodaviah, and Jahdiel, mighty men of valour, famous men, and heads of the house of their fathers.
25 And they transgressed against the God of their fathers, and went a whoring after the gods of the people of the land, whom God destroyed before them.
26 And the God of Israel stirred up the spirit of Pul king of Assyria, and the spirit of Tilgathpilneser king of Assyria, and he carried them away, even the Reubenites, and the Gadites, and the half tribe of Manasseh, and brought them unto Halah, and Habor, and Hara, and to the river Gozan, unto this day.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}