Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 15

1 Lè sa a, Moyiz ak moun pèp Izrayèl yo chante yon chante pou Seyè a. Men sa chante a di: -M’ap chante pou Seyè a, paske li genyen batay la. Li voye chwal yo ak tout kavalye yo jete nan lanmè.
Seyè a, se tout fòs mwen. Se pou li m’ap chante. Se li menm ki delivre m’. Se Bondye mwen li ye, m’ap fè lwanj li. Se Bondye zansèt mwen yo, m’ap di jan li gen pouvwa.
Seyè a, se yon vanyan sòlda. Se Seyè yo rele l’.
Li voye cha farawon yo ansanm ak tout lame l’ a jete nan lanmè. Li fè pi bon sòlda li yo mouri neye nan lanmè Wouj la.
Lanm lanmè a kouvri yo. Yo fè fon tankou ròch.
Seyè, fòs bra dwat ou se kokenn zafè! Seyè, fòs bra dwat ou kraze lènmi an!
Jan ou gen anpil pouvwa sa a, Seyè! Ou kraze moun k’ap goumen avè ou yo. Ou fè yon sèl kòlè, ou boule yo tankou dife nan pay.
Nan kolè ou, ou soufle. Souf ou fè dlo a ranmase kò l’. Lanm yo kanpe dwat tankou yon miray. Dlo a vin di nan mitan lanmè a.
Lènmi an te di: M’ap kouri dèyè yo, m’ap pran yo. M’ap separe tout richès yo, m’ap pran tou sa m’ vle. M’ap rale nepe mwen, avèk fòs ponyèt mwen, m’ap disparèt yo.
10 Ou annik fè yon ti van leve, lanmè a kouvri yo. Lanmè a te move, yo desann nan fon tankou plon.
11 Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?
12 Ou annik lonje men dwat ou, tè a vale yo tou vivan.
13 Paske ou gen bon kè, ou mennen pèp ou delivre a, avèk fòs ponyèt ou, ou mennen yo nan peyi ki apa pou ou a.
14 Lòt pèp yo pran nouvèl sa ki pase, yo pran tranble tèlman yo pè. Yon sèl vant fè mal pran moun Filisti yo.
15 Ata chèf peyi Edon yo te pè anpil. Vanyan gason peyi Moab yo pran tranble. Tout moun nan peyi Kanaran pèdi kouraj.
16 Yon sèl kè kase, yon sèl sezisman pran yo. Avèk fòs ponyèt ou, ou fè yo rete rèd san yo pa kapab fè anyen. Ou fè yo rete konsa jouk pèp ou a fin pase, Seyè, wi, jouk pèp ou delivre a fin pase!
17 Wa mennen yo, w’a plante yo sou mòn ki pou ou a, Seyè, sou mòn kote ou pare pou kay ou a, kay ou bati pou ou a, Seyè.
18 Seyè a ap gouvènen pou tout tan.
19 Chwal farawon yo ansanm ak tout cha ak kavalye yo te tonbe nan lanmè. Seyè a fè dlo a tounen nan plas li. Dlo a kouvri yo tout. Men, moun pèp Izrayèl yo menm te mache nan fon lanmè a tankou sou tè sèk.
20 Miryam, sè Arawon an, te yon pwofèt. Li pran yon tanbouren nan men l’, tout medam yo t’ap mache dèyè l’, yo t’ap bat tanbouren, yo t’ap danse.
21 Miryam t’ap chante pou yo, li t’ap di moun pèp Izrayèl yo: Annou chante pou Seyè a! Paske li genyen yon bèl batay! Li voye chwal yo jete nan fon lanmè ak tout kavalye yo sou yo.
22  Moyiz fè moun Izrayèl yo pati kite bò lanmè Wouj la. Yo mete tèt yo sou bò dezè Chou a. Yo t’ap mache depi twa jou nan dezè a san yo pa jwenn gout dlo pou yo bwè.
23 Yo rive yon kote ki rele Mara. Men, yo pa t’ kapab bwè dlo ki te la a, paske li te twò anmè. Se poutèt sa yo rele kote a Mara.
24 Pèp la pran bougonnen sou do Moyiz nan dezè a. Yo mande l’: -Atò, kisa pou nou bwè koulye a?
25 Moyiz rele Seyè a, li lapriyè nan pye l’. Seyè a moutre l’ yon kalite pyebwa. Moyiz lage branch bwa a nan dlo a, dlo a vin dous. Se la Seyè a te ba yo lòd ak regleman pou yo swiv. Se la li t’ap chache sonde yo.
26 Li di yo: -Se mwen menm ki Seyè a, Bondye nou an. Si nou koute m’ lè m’ pale nou, si nou fè tout sa ki dwat devan mwen, si nou louvri zòrèy nou pou swiv kòmandman mwen yo, pou nou kenbe lòd mwen ban nou, mwen p’ap voye malè sou nou, jan mwen te fè moun peyi Lejip yo. Se mwen menm, Seyè a, k’ap geri nou.
27 Apre sa, yo rive Elim, yon kote ki te gen douz sous dlo ak swasanndis pye dat. Yo rete la, yo moute tant yo bò dlo a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 15

1 Alors Moïse et les enfants d’Israël chantèrent ce cantique à l’Éternel. Ils dirent: Je chanterai à l’Éternel, car il a fait éclater sa gloire; Il a précipité dans la mer le cheval et son cavalier.
L’Éternel est ma force et le sujet de mes louanges; C’est lui qui m’a sauvé. Il est mon Dieu: je le célébrerai; Il est le Dieu de mon père: je l’exalterai.
L’Éternel est un vaillant guerrier; L’Éternel est son nom.
Il a lancé dans la mer les chars de Pharaon et son armée; Ses combattants d’élite ont été engloutis dans la mer Rouge.
Les flots les ont couverts: Ils sont descendus au fond des eaux, comme une pierre.
Ta droite, ô Éternel! a signalé sa force; Ta droite, ô Éternel! a écrasé l’ennemi.
Par la grandeur de ta majesté Tu renverses tes adversaires; Tu déchaînes ta colère: Elle les consume comme du chaume.
Au souffle de tes narines, les eaux se sont amoncelées, Les courants se sont dressés comme une muraille, Les flots se sont durcis au milieu de la mer.
L’ennemi disait: Je poursuivrai, j’atteindrai, Je partagerai le butin; Ma vengeance sera assouvie, Je tirerai l’épée, ma main les détruira.
10 Tu as soufflé de ton haleine: La mer les a couverts; Ils se sont enfoncés comme du plomb, Dans la profondeur des eaux.
11 Qui est comme toi parmi les dieux, ô Éternel? Qui est comme toi magnifique en sainteté, Digne de louanges, Opérant des prodiges?
12 Tu as étendu ta droite: La terre les a engloutis.
13 Par ta miséricorde tu as conduit, Tu as délivré ce peuple; Par ta puissance tu le diriges Vers la demeure de ta sainteté.
14 Les peuples l’apprennent, et ils tremblent: La terreur s’empare des Philistins;
15 Les chefs d’Édom s’épouvantent; Un tremblement saisit les guerriers de Moab; Tous les habitants de Canaan tombent en défaillance.
16 La crainte et la frayeur les surprendront; Par la grandeur de ton bras Ils deviendront muets comme une pierre, Jusqu’à ce que ton peuple soit passé, ô Éternel! Jusqu’à ce qu’il soit passé, Le peuple que tu as acquis.
17 Tu les amèneras et tu les établiras sur la montagne de ton héritage, Au lieu que tu as préparé pour ta demeure, ô Éternel! Au sanctuaire, Seigneur! que tes mains ont fondé.
18 L’Éternel régnera éternellement et à toujours.
19 Car les chevaux de Pharaon, ses chars et ses cavaliers sont entrés dans la mer, Et l’Éternel a ramené sur eux les eaux de la mer; Mais les enfants d’Israël ont marché à sec au milieu de la mer.
20 Marie, la prophétesse, soeur d’Aaron, prit à la main un tambourin, et toutes les femmes vinrent après elle, avec des tambourins et en dansant.
21 Marie répondait aux enfants d’Israël: Chantez à l’Éternel, car il a fait éclater sa gloire; Il a précipité dans la mer le cheval et son cavalier.
22 Moïse fit partir Israël de la mer Rouge. Ils prirent la direction du désert de Schur; et, après trois journées de marche dans le désert, ils ne trouvèrent point d’eau.
23 Ils arrivèrent à Mara; mais ils ne purent pas boire l’eau de Mara parce qu’elle était amère. C’est pourquoi ce lieu fut appelé Mara.
24 Le peuple murmura contre Moïse, en disant: Que boirons-nous?
25 Moïse cria à l’Éternel; et l’Éternel lui indiqua un bois, qu’il jeta dans l’eau. Et l’eau devint douce. Ce fut là que l’Éternel donna au peuple des lois et des ordonnances, et ce fut là qu’il le mit à l’épreuve.
26 Il dit: Si tu écoutes attentivement la voix de l’Éternel, ton Dieu, si tu fais ce qui est droit à ses yeux, si tu prêtes l’oreille à ses commandements, et si tu observes toutes ses lois, je ne te frapperai d’aucune des maladies dont j’ai frappé les Égyptiens; car je suis l’Éternel, qui te guérit.
27 Ils arrivèrent à Élim, où il y avait douze sources d’eau et soixante-dix palmiers. Ils campèrent là, près de l’eau.

Louis Segond {LSG}

Exodus 15

1 Then sang Moses and the children of Israel this song unto the Lord, and spake, saying, I will sing unto the Lord, for he hath triumphed gloriously: the horse and his rider hath he thrown into the sea.
The Lord is my strength and song, and he is become my salvation: he is my God, and I will prepare him an habitation; my father’s God, and I will exalt him.
The Lord is a man of war: the Lord is his name.
Pharaoh’s chariots and his host hath he cast into the sea: his chosen captains also are drowned in the Red sea.
The depths have covered them: they sank into the bottom as a stone.
Thy right hand, O Lord, is become glorious in power: thy right hand, O Lord, hath dashed in pieces the enemy.
And in the greatness of thine excellency thou hast overthrown them that rose up against thee: thou sentest forth thy wrath, which consumed them as stubble.
And with the blast of thy nostrils the waters were gathered together, the floods stood upright as an heap, and the depths were congealed in the heart of the sea.
The enemy said, I will pursue, I will overtake, I will divide the spoil; my lust shall be satisfied upon them; I will draw my sword, my hand shall destroy them.
10 Thou didst blow with thy wind, the sea covered them: they sank as lead in the mighty waters.
11 Who is like unto thee, O Lord, among the gods? who is like thee, glorious in holiness, fearful in praises, doing wonders?
12 Thou stretchedst out thy right hand, the earth swallowed them.
13 Thou in thy mercy hast led forth the people which thou hast redeemed: thou hast guided them in thy strength unto thy holy habitation.
14 The people shall hear, and be afraid: sorrow shall take hold on the inhabitants of Palestina.
15 Then the dukes of Edom shall be amazed; the mighty men of Moab, trembling shall take hold upon them; all the inhabitants of Canaan shall melt away.
16 Fear and dread shall fall upon them; by the greatness of thine arm they shall be as still as a stone; till thy people pass over, O Lord, till the people pass over, which thou hast purchased.
17 Thou shalt bring them in, and plant them in the mountain of thine inheritance, in the place, O Lord, which thou hast made for thee to dwell in, in the Sanctuary, O Lord, which thy hands have established.
18 The Lord shall reign for ever and ever.
19 For the horse of Pharaoh went in with his chariots and with his horsemen into the sea, and the Lord brought again the waters of the sea upon them; but the children of Israel went on dry land in the midst of the sea.
20 And Miriam the prophetess, the sister of Aaron, took a timbrel in her hand; and all the women went out after her with timbrels and with dances.
21 And Miriam answered them, Sing ye to the Lord, for he hath triumphed gloriously; the horse and his rider hath he thrown into the sea.
22 So Moses brought Israel from the Red sea, and they went out into the wilderness of Shur; and they went three days in the wilderness, and found no water.
23 And when they came to Marah, they could not drink of the waters of Marah, for they were bitter: therefore the name of it was called Marah.
24 And the people murmured against Moses, saying, What shall we drink?
25 And he cried unto the Lord; and the Lord shewed him a tree, which when he had cast into the waters, the waters were made sweet: there he made for them a statute and an ordinance, and there he proved them,
26 And said, If thou wilt diligently hearken to the voice of the Lord thy God, and wilt do that which is right in his sight, and wilt give ear to his commandments, and keep all his statutes, I will put none of these diseases upon thee, which I have brought upon the Egyptians: for I am the Lord that healeth thee.
27 And they came to Elim, where were twelve wells of water, and threescore and ten palm trees: and they encamped there by the waters.
 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}