Liv Sofoni / Sophonie / Zephaniah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sofoni 3       

1 Madichon pou moun lavil Jerizalèm! Yo vire kont Bondye, yo lage kò yo nan dezòd, lèfini y’ap peze moun parèy yo.
Yo pa t’ koute Seyè a. Yo pa t’ pran pinisyon Bondye a pou anyen. Yo pa t’ mete konfyans yo nan Seyè a ankò, yo pa t’ vin mande Bondye yo a konsèy ankò.
Nan lavil la, chèf yo tankou lyon ki grangou. Jij yo tankou chen mawon ki soti apre solèy kouche. Yo tèlman akrèk, yo pa kite yon ti zo pou denmen maten.
Pwofèt yo pa serye. Pesonn pa ka fye yo. Prèt yo menm pa respekte bagay ki apa pou Bondye. Yo fè lalwa Bondye a di sa yo vle.
Men Seyè a la nan lavil la. Li pa nan patipri. Li p’ap fè lenjistis. Chak maten, li bay santans li. Depi bajou kase, li la l’ap rann jistis. Men, moun k’ap fè sa ki mal yo pa gen nen nan figi yo.
Seyè a di: -Mwen disparèt nasyon yo. Mwen kraze gwo fò nan kwen miray ranpa yo. Mwen pa kite yon moun ap mache nan lari. Yo piye lavil yo. Yo pa kite yon moun vivan ladan yo.
Mwen te kwè pèp mwen an ta gen yon ti krentif pou mwen. Leson an ta sèvi yo. Yo pa ta janm bliye sa m’ te fè yo pase. Men, se lè sa a yo lage kò yo pi rèd nan fè sa ki mal.
 Seyè a di: -Nou mèt tann mwen! Nou mèt tann jou pou m’ kanpe akize nasyon yo! Mwen fin pran desizyon mwen: m’ap sanble tout nasyon yo ak tout peyi yo pou m’ fè yo santi jan m’ fache, jan m’ ankòlè sou yo. Paske nan kòlè mwen, mwen pral boule tout latè.
Lè sa a, m’a chanje pawòl ki nan bouch nasyon yo. Se mwen menm yo tout yo pral lapriyè. Yo pral mete tèt yo ansanm pou yo sèvi m’.
10 Moun ap soti byen lwen lòt bò larivyè peyi Letiopi yo, y’ap vin ansanm ak moun pèp mwen an ki te gaye toupatou, y’ap pote ofrann yo ban mwen.
11 Jou sa a, nou menm pèp mwen an, nou p’ap bezwen wont tou sa nou te fè lè nou te vire do ban mwen an. Mwen wete tout moun ki gen lògèy nan mitan nou, tout moun k’ap gonfle lestonmak yo sou moun. Nou va sispann kenbe tèt avè m’ sou mòn ki apa pou mwen an.
12 Men, moun m’a kite nan lavil la se pòv malere yo ki pa kite lògèy vire tèt yo. Se anba zèl mwen y’a vin chache pwoteksyon.
13 Ti ponyen moun ki va rete nan pèp Izrayèl la p’ap nan fè moun mal, yo p’ap nan bay manti, yo p’ap nan twonpe moun. Y’a manje, y’a dòmi, anyen p’ap fè yo pè.
14  Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou!
15 Seyè a wete tout moun ki t’ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Seyè a, wa pèp Izrayèl la, l’a nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!
16 Jou sa a, y’a di moun lavil Jerizalèm yo: Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, nou pa bezwen pè. Pa dekouraje!
17 Seyè a, Bondye nou an, l’a nan mitan nou! Se yon vanyan gason. Se li menm k’ap delivre nou. Li kontan wè sa n’ap fè. L’ap mete ou kanpe ankò paske li renmen ou. W’ap fè kè l’ kontan. li ap chante
18 tankou lè gen fèt: Seyè a di: -Mwen wete sa ki t’ap fè nou pè a. Mwen wete wont ki te sou nou an.
19 Jou sa a, m’a pini tout moun ki t’ap peze nou yo. M’a sove moun k’ap bwete yo, m’a fè moun yo te depòte yo tounen lakay yo. Nan tout peyi kote moun t’ap fè yo wont mwen pral fè yo fè lwanj pou yo, tout moun pral nonmen non yo.
20 Lè sa a, m’a fè nou tounen lakay nou. Wi, m’a fè nou sanble ankò nan peyi nou an. M’a fè moun toupatou sou latè fè lwanj nou, y’a nonmen non nou. N’a wè m’a fè peyi nou an kanpe ankò. Se Seyè a menm ki di sa.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Sophonie 3       

1 Malheur à la ville rebelle et souillée, A la ville pleine d’oppresseurs!
Elle n’écoute aucune voix, Elle n’a point égard à la correction, Elle ne se confie pas en l’Éternel, Elle ne s’approche pas de son Dieu.
Ses chefs au milieu d’elle sont des lions rugissants; Ses juges sont des loups du soir qui ne gardent rien pour le matin.
Ses prophètes sont téméraires, infidèles; Ses sacrificateurs profanent les choses saintes, violent la loi.
L’Éternel est juste au milieu d’elle, Il ne commet point d’iniquité; Chaque matin il produit à la lumière ses jugements, Sans jamais y manquer; Mais celui qui est inique ne connaît pas la honte.
J’ai exterminé des nations; leurs tours sont détruites; J’ai dévasté leurs rues, plus de passants! Leurs villes sont ravagées, plus d’hommes, plus d’habitants!
Je disais: Si du moins tu voulais me craindre, Avoir égard à la correction, Ta demeure ne serait pas détruite, Tous les châtiments dont je t’ai menacée n’arriveraient pas; Mais ils se sont hâtés de pervertir toutes leurs actions.
Attendez-moi donc, dit l’Éternel, Au jour où je me lèverai pour le butin, Car j’ai résolu de rassembler les nations, De rassembler les royaumes, Pour répandre sur eux ma fureur, Toute l’ardeur de ma colère; Car par le feu de ma jalousie tout le pays sera consumé.
Alors je donnerai aux peuples des lèvres pures, Afin qu’ils invoquent tous le nom de l’Éternel, Pour le servir d’un commun accord.
10 D’au delà des fleuves de l’Éthiopie Mes adorateurs, mes dispersés, m’apporteront des offrandes.
11 En ce jour-là, tu n’auras plus à rougir de toutes tes actions Par lesquelles tu as péché contre moi; Car alors j’ôterai du milieu de toi ceux qui triomphaient avec arrogance, Et tu ne t’enorgueilliras plus sur ma montagne sainte.
12 Je laisserai au milieu de toi un peuple humble et petit, Qui trouvera son refuge dans le nom de l’Éternel.
13 Les restes d’Israël ne commettront point d’iniquité, Ils ne diront point de mensonges, Et il ne se trouvera pas dans leur bouche une langue trompeuse; Mais ils paîtront, ils se reposeront, et personne ne les troublera.
14 Pousse des cris de joie, fille de Sion! Pousse des cris d’allégresse, Israël! Réjouis-toi et triomphe de tout ton coeur, fille de Jérusalem!
15 L’Éternel a détourné tes châtiments, Il a éloigné ton ennemi; Le roi d’Israël, l’Éternel, est au milieu de toi; Tu n’as plus de malheur à éprouver.
16 En ce jour-là, on dira à Jérusalem: Ne crains rien! Sion, que tes mains ne s’affaiblissent pas!
17 L’Éternel, ton Dieu, est au milieu de toi, comme un héros qui sauve; Il fera de toi sa plus grande joie; Il gardera le silence dans son amour; Il aura pour toi des transports d’allégresse.
18 Je rassemblerai ceux qui sont dans la tristesse, loin des fêtes solennelles, Ceux qui sont sortis de ton sein; L’opprobre pèse sur eux.
19 Voici, en ce temps-là, j’agirai contre tous tes oppresseurs; Je délivrerai les boiteux et je recueillerai ceux qui ont été chassés, Je ferai d’eux un sujet de louange et de gloire Dans tous les pays où ils sont en opprobre.
20 En ce temps-là, je vous ramènerai; En ce temps-là, je vous rassemblerai; Car je ferai de vous un sujet de gloire et de louange Parmi tous les peuples de la terre, Quand je ramènerai vos captifs sous vos yeux, Dit l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Zephaniah 3        

1 Woe to her that is filthy and polluted, to the oppressing city!
She obeyed not the voice; she received not correction; she trusted not in the Lord; she drew not near to her God.
Her princes within her are roaring lions; her judges are evening wolves; they gnaw not the bones till the morrow.
Her prophets are light and treacherous persons: her priests have polluted the sanctuary, they have done violence to the law.
The just Lord is in the midst thereof; he will not do iniquity: every morning doth he bring his judgment to light, he faileth not; but the unjust knoweth no shame.
I have cut off the nations: their towers are desolate; I made their streets waste, that none passeth by: their cities are destroyed, so that there is no man, that there is none inhabitant.
I said, Surely thou wilt fear me, thou wilt receive instruction; so their dwelling should not be cut off, howsoever I punished them: but they rose early, and corrupted all their doings.
Therefore wait ye upon me, saith the Lord, until the day that I rise up to the prey: for my determination is to gather the nations, that I may assemble the kingdoms, to pour upon them mine indignation, even all my fierce anger: for all the earth shall be devoured with the fire of my jealousy.
For then will I turn to the people a pure language, that they may all call upon the name of the Lord, to serve him with one consent.
10 From beyond the rivers of Ethiopia my suppliants, even the daughter of my dispersed, shall bring mine offering.
11 In that day shalt thou not be ashamed for all thy doings, wherein thou hast transgressed against me: for then I will take away out of the midst of thee them that rejoice in thy pride, and thou shalt no more be haughty because of my holy mountain.
12 I will also leave in the midst of thee an afflicted and poor people, and they shall trust in the name of the Lord.
13 The remnant of Israel shall not do iniquity, nor speak lies; neither shall a deceitful tongue be found in their mouth: for they shall feed and lie down, and none shall make them afraid.
14 Sing, O daughter of Zion; shout, O Israel; be glad and rejoice with all the heart, O daughter of Jerusalem.
15 The Lord hath taken away thy judgments, he hath cast out thine enemy: the king of Israel, even the Lord, is in the midst of thee: thou shalt not see evil any more.
16 In that day it shall be said to Jerusalem, Fear thou not: and to Zion, Let not thine hands be slack.
17 The Lord thy God in the midst of thee is mighty; he will save, he will rejoice over thee with joy; he will rest in his love, he will joy over thee with singing.
18 I will gather them that are sorrowful for the solemn assembly, who are of thee, to whom the reproach of it was a burden.
19 Behold, at that time I will undo all that afflict thee: and I will save her that halteth, and gather her that was driven out; and I will get them praise and fame in every land where they have been put to shame.
20 At that time will I bring you again, even in the time that I gather you: for I will make you a name and a praise among all people of the earth, when I turn back your captivity before your eyes, saith the Lord.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}