Liv Travay / Actes / Acts

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Travay 27               

Lè yo deside pou fè n’ pati nan batiman pou peyi Itali, yo renmèt Pòl ansanm ak kèk lòt prizonye nan men Jiliyis, kòmandan yon batayon lame Wòm lan yo te rele Batayon Seza.
Nou anbake sou yon batiman ki te soti lavil Adramit ki tapral fè lakòt nan Lazi. Epi nou pati. Aristak, yon moun lavil Tesalonik nan peyi Masedwan, te avèk nou.
Nan denmen nou rive lavil Sidon. Jiliyis te boule byen ak Pòl, li te ba l’ pèmisyon pou li al wè zanmi l’ yo pou li al chache sa l’ te bezwen.
Apre nou kite Sidon, nou pase sou bò dwat lil Chip, nou lonje kòt la sou anwo, paske van an te kontrè pou nou lòt bò a.
Nou travèse lanmè a devan Silisi ak Panfili, nou rive lavil Mira nan Lisi.
Antan nou la, kòmandan an jwenn yon batiman ki te soti lavil Aleksandri tapral an Itali. Li fè nou anbake sou li.
Pandan plizyè jou nou vwayaje ti pa ti pa. Se pa ti traka anvan nou te ka rive devan lavil Nid. Van an pa t’ ban nou chans pou n’ al pi lwen nan k’ap sa a. Nou te blije desann, pase devan k’ap Salmone, vire anba lil Krèt.
Nou lonje kòt la avèk anpil traka jouk nou rive yon kote yo rele Bon Pò, toupre lavil Laze.
Nou te deja pèdi anpil tan, jou pou jwif yo te fè jèn yo te deja pase. Lè sa a se te gwo danje pou moun vwayaje.
10 Se poutèt sa Pòl ba yo konsèy sa a: Mesye, mwen wè vwayaj la pral gen gwo danje ladan li: n’ap pèdi chay la ansanm ak batiman an. Ata moun ka mouri tou.
11 Men, kòmandan women an te gen plis konfyans nan pawòl kaptenn lan ak amatè batiman an pase nan pawòl Pòl.
12  Pò a pa t’ bon pou yo te rete pase sezon fredi a tou: se poutèt sa pifò moun ki te abò a te vle pati. Yo t’ap pran chans rive Finiks, yon lòt pò nan lil Krèt la ki bay sou lanmè nan direksyon siwa nòwa. Konsa, yo ta ka pase sezon fredi a la.
13 Lè yo wè yon ti van swèt leve, yo te kwè yo te kapab rive Finiks. Yo leve lank, yo pran lonje kòt lil la.
14 Men, yon lòt moman, yon gwo van yo rele nòde desann soti nan mòn lil la.
15 Li pran trennen batiman an. pa t’ gen mwayen kenbe tèt ak li. Nou te blije kite l’ pote n’ ale.
16 Nou pase bò anba yon ti zile yo rele Kloda. La, nou pran yon ti souf. Se pa ti traka anvan nou resi sove ti kannòt bò a.
17 Yo rale l’ moute abò. Apre sa, yo pran mare kèk kòd, yo sentre batiman an byen sentre. Yo te pè tou pou batiman an pa t’ al chwe sou yon fon plat ki nan mitan lanmè a devan peyi Libi. Yo desann vwal yo. Se konsa nou kite van an bwote nou.
18 Gwo van an t’ap bat nou pi rèd. Nan denmen, nou te blije jete chay yo nan dlo.
19 Nan denmen ankò, marin yo voye tout aparèj batiman an jete nan dlo ak pwòp men yo.
20 Pandan plizyè jou nou pa wè ni solèy, ni zetwal. Van an menm t’ap soufle byen fò toujou. Lè n’ wè sa, nou pèdi tout espwa sove.
21  Moun ki te abò yo pa t’ manje anyen depi lontan. Pòl kanpe devan yo, li di yo konsa: Mesye, nou te dwe koute mwen. Nou pa t’ dwe soti kite Krèt. Nou ta egzante tout danje sa yo ak tout pèt sa yo.
22 Men, koulye a, m’ap di nou pran kouraj. Pesonn p’ap mouri. Se batiman an ase k’ap pèdi.
23 Yè oswa, Bondye m’ap sèvi a, li menm ki mèt mwen, li voye yon zanj li bò kote m’,
24 li di mwen: Pa pè, Pòl. Fòk ou konparèt devan Seza. Epi Bondye fè favè sa a pou ou: li ba ou lavi tout moun k’ap vwayaje ansanm avèk ou yo.
25 Se poutèt sa, mesye, pran kouraj. Mwen gen konfyans nan Bondye. Sa gen pou l’ rive jan li di m’ lan.
26 Men, nou pral chwe sou yon zile.
27 Sa te fè katòz nwit deja. Van an t’ap bwote nou toujou sou lanmè Mediterane a. Vè menwi konsa, marin yo vin santi nou t’ap pwoche bò yon tè.
28 Yo mare yon sonn nan yon liy, yo lage l’ nan fon. Yo jwenn dlo a te gen vin bras. Pi devan ankò yo lage liy lan, yo jwenn kenz bras ase.
29 Yo te pè pou batiman an pa moute sou resif. Yo lage kat lank nan dèyè batiman an. Yo t’ap tann solèy la leve.
30 Marin yo menm t’ap chache chape kò yo. Yo desann ti kannòt bò a nan dlo, yo pran pretès yo tapral mare kèk lank devan batiman an.
31 Men, Pòl di kòmandan women an ak sòlda yo: Si moun sa yo pa rete nan batiman an, nou yonn p’ap sove.
32 Lè sa a, sòlda yo koupe kòd ki te mare ti kannòt bò a, yo kite l’ ale.
33 Anvan solèy leve, Pòl mande tout moun pou yo manje yon ti manje. Li di yo: Mezanmi, jòdi a fè katòz jou depi nou rete la san manje, n’ap tann.
34 Tanpri, koulye a, mete kichòy nan vant nou. N’a byen bezwen l’ pou nou sove. Ata yon branch cheve nou p’ap pèdi.
35 Lè li fin di sa, Pòl pran pen, li di Bondye mèsi devan yo tout, li kase pen an, epi l’ kòmanse manje.
36 Tout moun reprann kouraj; yo menm tou yo manje.
37 Te gen desanswasannsèz (276) moun antou abò batiman an.
38 Lè yo fin manje kont yo, yo jete rès ble a nan lanmè pou deleste batiman an.
39 Lè solèy leve, marin yo pa t’ rekonèt tè a. Men, yo wè yon lans ak yon bèl plaj. Yo fè lide pran chans ale fè tè la.
40 Yo demare lank yo, yo lage yo nan lanmè. Yo demare kòd ki te kenbe zaviwon ki te sèvi yo gouvènay la. Yo moute fòk la pou van an pouse batiman an tou dwat devan yo. Yo mete k’ap sou plaj la.
41 Men, batiman an moute sou yon ban sab nan mitan de kouran, li chwe. Devan batiman an te antre kole nan sab la, dèyè a menm gwo lanm yo t’ap fin kraze li.
42 Sòlda yo te vle touye prizonye yo pou okenn ladan yo pa t’ naje sove.
43 Men, kòmandan women an ki te vle sove Pòl di yo non pa fè sa. Li bay lòd pou tout moun ki konn naje jete kò yo nan dlo anvan pou y’ al atè.
44 Lòt moun yo va swiv apre, y’a kenbe kèk planch osinon kèk moso nan batiman an. Se konsa nou tout nou rive atè anbyen, san lòt donmaj ni malè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Actes 27              

1 Lorsqu’il fut décidé que nous nous embarquerions pour l’Italie, on remit Paul et quelques autres prisonniers à un centenier de la cohorte Auguste, nommé Julius.
Nous montâmes sur un navire d’Adramytte, qui devait côtoyer l’Asie, et nous partîmes, ayant avec nous Aristarque, Macédonien de Thessalonique.
Le jour suivant, nous abordâmes à Sidon; et Julius, qui traitait Paul avec bienveillance, lui permit d’aller chez ses amis et de recevoir leurs soins.
Partis de là, nous longeâmes l’île de Chypre, parce que les vents étaient contraires.
Après avoir traversé la mer qui baigne la Cilicie et la Pamphylie, nous arrivâmes à Myra en Lycie.
Et là, le centenier, ayant trouvé un navire d’Alexandrie qui allait en Italie, nous y fit monter.
Pendant plusieurs jours nous naviguâmes lentement, et ce ne fut pas sans difficulté que nous atteignîmes la hauteur de Cnide, où le vent ne nous permit pas d’aborder. Nous passâmes au-dessous de l’île de Crète, du côté de Salmone.
Nous la côtoyâmes avec peine, et nous arrivâmes à un lieu nommé Beaux Ports, près duquel était la ville de Lasée.
Un temps assez long s’était écoulé, et la navigation devenait dangereuse, car l’époque même du jeûne était déjà passée.
10 C’est pourquoi Paul avertit les autres, en disant: O hommes, je vois que la navigation ne se fera pas sans péril et sans beaucoup de dommage, non seulement pour la cargaison et pour le navire, mais encore pour nos personnes.
11 Le centenier écouta le pilote et le patron du navire plutôt que les paroles de Paul.
12 Et comme le port n’était pas bon pour hiverner, la plupart furent d’avis de le quitter pour tâcher d’atteindre Phénix, port de Crète qui regarde le sud-ouest et le nord-ouest, afin d’y passer l’hiver.
13 Un léger vent du sud vint à souffler, et, se croyant maîtres de leur dessein, ils levèrent l’ancre et côtoyèrent de près l’île de Crète.
14 Mais bientôt un vent impétueux, qu’on appelle Euraquilon, se déchaîna sur l’île.
15 Le navire fut entraîné, sans pouvoir lutter contre le vent, et nous nous laissâmes aller à la dérive.
16 Nous passâmes au-dessous d’une petite île nommée Clauda, et nous eûmes de la peine à nous rendre maîtres de la chaloupe;
17 après l’avoir hissée, on se servit des moyens de secours pour ceindre le navire, et, dans la crainte de tomber sur la Syrte, on abaissa les voiles. C’est ainsi qu’on se laissa emporter par le vent.
18 Comme nous étions violemment battus par la tempête, le lendemain on jeta la cargaison à la mer,
19 et le troisième jour nous y lançâmes de nos propres mains les agrès du navire.
20 Le soleil et les étoiles ne parurent pas pendant plusieurs jours, et la tempête était si forte que nous perdîmes enfin toute espérance de nous sauver.
21 On n’avait pas mangé depuis longtemps. Alors Paul, se tenant au milieu d’eux, leur dit: O hommes, il fallait m’écouter et ne pas partir de Crète, afin d’éviter ce péril et ce dommage.
22 Maintenant je vous exhorte à prendre courage; car aucun de vous ne périra, et il n’y aura de perte que celle du navire.
23 Un ange du Dieu à qui j’appartiens et que je sers m’est apparu cette nuit,
24 et m’a dit: Paul, ne crains point; il faut que tu comparaisses devant César, et voici, Dieu t’a donné tous ceux qui naviguent avec toi.
25 C’est pourquoi, ô hommes, rassurez-vous, car j’ai cette confiance en Dieu qu’il en sera comme il m’a été dit.
26 Mais nous devons échouer sur une île.
27 La quatorzième nuit, tandis que nous étions ballottés sur l’Adriatique, les matelots, vers le milieu de la nuit, soupçonnèrent qu’on approchait de quelque terre.
28 Ayant jeté la sonde, ils trouvèrent vingt brasses; un peu plus loin, ils la jetèrent de nouveau, et trouvèrent quinze brasses.
29 Dans la crainte de heurter contre des écueils, ils jetèrent quatre ancres de la poupe, et attendirent le jour avec impatience.
30 Mais, comme les matelots cherchaient à s’échapper du navire, et mettaient la chaloupe à la mer sous prétexte de jeter les ancres de la proue,
31 Paul dit au centenier et aux soldats: Si ces hommes ne restent pas dans le navire, vous ne pouvez être sauvés.
32 Alors les soldats coupèrent les cordes de la chaloupe, et la laissèrent tomber.
33 Avant que le jour parût, Paul exhorta tout le monde à prendre de la nourriture, disant: C’est aujourd’hui le quatorzième jour que vous êtes dans l’attente et que vous persistez à vous abstenir de manger.
34 Je vous invite donc à prendre de la nourriture, car cela est nécessaire pour votre salut, et il ne se perdra pas un cheveux de la tête d’aucun de vous.
35 Ayant ainsi parlé, il prit du pain, et, après avoir rendu grâces à Dieu devant tous, il le rompit, et se mit à manger.
36 Et tous, reprenant courage, mangèrent aussi.
37 Nous étions, dans le navire, deux cent soixante-seize personnes en tout.
38 Quand ils eurent mangé suffisamment, ils allégèrent le navire en jetant le blé à la mer.
39 Lorsque le jour fut venu, ils ne reconnurent point la terre; mais, ayant aperçu un golfe avec une plage, ils résolurent d’y pousser le navire, s’ils le pouvaient.
40 Ils délièrent les ancres pour les laisser aller dans la mer, et ils relâchèrent en même temps les attaches des gouvernails; puis ils mirent au vent la voile d’artimon, et se dirigèrent vers le rivage.
41 Mais ils rencontrèrent une langue de terre, où ils firent échouer le navire; et la proue, s’étant engagée, resta immobile, tandis que la poupe se brisait par la violence des vagues.
42 Les soldats furent d’avis de tuer les prisonniers, de peur que quelqu’un d’eux ne s’échappât à la nage.
43 Mais le centenier, qui voulait sauver Paul, les empêcha d’exécuter ce dessein. Il ordonna à ceux qui savaient nager de se jeter les premiers dans l’eau pour gagner la terre,
44 et aux autres de se mettre sur des planches ou sur des débris du navire. Et ainsi tous parvinrent à terre sains et saufs.

Louis Segond {LSG}

Acts 27      

1 And when it was determined that we should sail into Italy, they delivered Paul and certain other prisoners unto one named Julius, a centurion of Augustus’ band.
And entering into a ship of Adramyttium, we launched, meaning to sail by the coasts of Asia; one Aristarchus, a Macedonian of Thessalonica, being with us.
And the next day we touched at Sidon. And Julius courteously entreated Paul, and gave him liberty to go unto his friends to refresh himself.
And when we had launched from thence, we sailed under Cyprus, because the winds were contrary.
And when we had sailed over the sea of Cilicia and Pamphylia, we came to Myra, a city of Lycia.
And there the centurion found a ship of Alexandria sailing into Italy; and he put us therein.
And when we had sailed slowly many days, and scarce were come over against Cnidus, the wind not suffering us, we sailed under Crete, over against Salmone;
And, hardly passing it, came unto a place which is called The fair havens; nigh whereunto was the city of Lasea.
Now when much time was spent, and when sailing was now dangerous, because the fast was now already past, Paul admonished them,
10 And said unto them, Sirs, I perceive that this voyage will be with hurt and much damage, not only of the lading and ship, but also of our lives.
11 Nevertheless the centurion believed the master and the owner of the ship, more than those things which were spoken by Paul.
12 And because the haven was not commodious to winter in, the more part advised to depart thence also, if by any means they might attain to Phenice, and there to winter; which is an haven of Crete, and lieth toward the south west and north west.
13 And when the south wind blew softly, supposing that they had obtained their purpose, loosing thence, they sailed close by Crete.
14 But not long after there arose against it a tempestuous wind, called Euroclydon.
15 And when the ship was caught, and could not bear up into the wind, we let her drive.
16 And running under a certain island which is called Clauda, we had much work to come by the boat:
17 Which when they had taken up, they used helps, undergirding the ship; and, fearing lest they should fall into the quicksands, strake sail, and so were driven.
18 And we being exceedingly tossed with a tempest, the next day they lightened the ship;
19 And the third day we cast out with our own hands the tackling of the ship.
20 And when neither sun nor stars in many days appeared, and no small tempest lay on us, all hope that we should be saved was then taken away.
21 But after long abstinence Paul stood forth in the midst of them, and said, Sirs, ye should have hearkened unto me, and not have loosed from Crete, and to have gained this harm and loss.
22 And now I exhort you to be of good cheer: for there shall be no loss of any man’s life among you, but of the ship.
23 For there stood by me this night the angel of God, whose I am, and whom I serve,
24 Saying, Fear not, Paul; thou must be brought before Caesar: and, lo, God hath given thee all them that sail with thee.
25 Wherefore, sirs, be of good cheer: for I believe God, that it shall be even as it was told me.
26 Howbeit we must be cast upon a certain island.
27 But when the fourteenth night was come, as we were driven up and down in Adria, about midnight the shipmen deemed that they drew near to some country;
28 And sounded, and found it twenty fathoms: and when they had gone a little further, they sounded again, and found it fifteen fathoms.
29 Then fearing lest we should have fallen upon rocks, they cast four anchors out of the stern, and wished for the day.
30 And as the shipmen were about to flee out of the ship, when they had let down the boat into the sea, under colour as though they would have cast anchors out of the foreship,
31 Paul said to the centurion and to the soldiers, Except these abide in the ship, ye cannot be saved.
32 Then the soldiers cut off the ropes of the boat, and let her fall off.
33 And while the day was coming on, Paul besought them all to take meat, saying, This day is the fourteenth day that ye have tarried and continued fasting, having taken nothing.
34 Wherefore I pray you to take some meat: for this is for your health: for there shall not an hair fall from the head of any of you.
35 And when he had thus spoken, he took bread, and gave thanks to God in presence of them all: and when he had broken it, he began to eat.
36 Then were they all of good cheer, and they also took some meat.
37 And we were in all in the ship two hundred threescore and sixteen souls.
38 And when they had eaten enough, they lightened the ship, and cast out the wheat into the sea.
39 And when it was day, they knew not the land: but they discovered a certain creek with a shore, into the which they were minded, if it were possible, to thrust in the ship.
40 And when they had taken up the anchors, they committed themselves unto the sea, and loosed the rudder bands, and hoised up the mainsail to the wind, and made toward shore.
41 And falling into a place where two seas met, they ran the ship aground; and the forepart stuck fast, and remained unmoveable, but the hinder part was broken with the violence of the waves.
42 And the soldiers’ counsel was to kill the prisoners, lest any of them should swim out, and escape.
43 But the centurion, willing to save Paul, kept them from their purpose; and commanded that they which could swim should cast themselves first into the sea, and get to land:
44 And the rest, some on boards, and some on broken pieces of the ship. And so it came to pass, that they escaped all safe to land.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}