Liv Jan / Jean / John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jan 16              

Mwen di nou sa pou nou pa dekouraje lè sa rive.
Y’a mete nou deyò nan sinagòg yo. Yon lè, moun k’ap touye nou yo va met nan tèt yo se sèvis y’ap rann Bondye lè yo fè sa.
Y’ap fè tou sa paske yo pa konnen ni Papa a ni mwen menm.
Men, mwen di nou sa, se pou lè lè a va rive pou yo fè nou sa nou ka chonje mwen te di nou sa. Mwen pa t’ di nou tou sa anvan, paske mwen te la avèk nou.
Men koulye a, mwen pral jwenn moun ki te voye m’ lan, epi nou yonn pa mande m’ kote m’ prale?
Men, paske mwen pale konsa ak nou, kè nou kase.
 Men, m’ap di nou laverite: li pi bon pou nou si m’ ale. Paske, si m’ pa ale, moun ki gen pou vin ankouraje nou an p’ap vin jwenn nou. Men, lè m’ ale, m’a voye l’ ban nou.
Li menm, lè la vini, la moutre moun lemonn yo jan yo nan lerè sou keksyon peche, sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, sou keksyon jijman Bondye.
Yo nan lerè sou keksyon peche a, paske yo pa mete konfyans yo nan mwen.
10 Yo nan lerè sou keksyon sa ki dwat devan Bondye, paske mwen pral jwenn Papa a, nou p’ap wè m’ ankò.
11 Yo nan lerè sou keksyon jijman Bondye a, paske chèf k’ap dominen lemonn lan fin jije deja.
12 Mwen gen anpil lòt bagay ankò pou m’ di nou, men nou pa ka konprann yo koulye a.
13 Men, li menm Lespri k’ap moutre verite a, lè la vini, la mennen nou nan tout verite a. Paske li p’ap pale pawòl pa li. Men, tou sa la tande, se sa la di nou: la fè nou konnen bagay ki gen pou rive.
14 Li pral fè yo wè pouvwa mwen, paske la pran sa ki pou mwen pou l’ fè nou konnen yo.
15 Tou sa ki pou Papa a se pou mwen yo ye tou. Se poutèt sa mwen di nou la pran sa ki pou mwen pou l’ fè nou konnen yo.
16  Talè konsa nou p’ap wè m’; talè konsa n’a wè m’ ankò.
17 Kèk disip li yo pran pale, yonn t’ap di lòt: Sa sa vle di sa l’ap di nou la a: Talè konsa nou p’ap wè m’, talè konsa n’a wè m’ ankò? Sa l’ vle di la a: Paske mwen pral jwenn Papa a?
18 Kisa sa vle di menm: Talè konsa? Nou pa konprann sa l’ vle di.
19 Jezi menm te konnen yo te vle poze l’ keksyon. Li di yo: Mwen di nou: Talè konsa nou p’ap wè m’, talè konsa tou n’a wè m’ ankò. Eske se sou sa nou yonn ap poze lòt keksyon an?
20 Sa m’ap di nou la a, se vre wi: nou pral kriye, nou pral plenn, men moun k’ap viv dapre prensip ki nan lemonn yo pral kontan. Nou pral gen lapenn, men lapenn nou pral tounen kè kontan.
21 Lè yon fanm gen tranche, kè l’ sere, paske lè a rive pou l’ soufri. Men, lè pitit la fin fèt, li bliye tout soufrans li yo tèlman li kontan dapre yon lòt timoun vin sou latè.
22 Konsa tou, koulye a nou nan lapenn. Men, mwen gen pou m’ wè nou ankò. Lè sa a, kè nou pral kontan, pesonn p’ap ka wete kontantman sa a nan kè nou.
23  Jou sa a, nou p’ap poze m’ keksyon sou anyen. Sa m’ap di nou la a, se vre wi: nenpòt bagay nou mande Papa a nan non mwen, la ban nou li.
24 Jouk koulye a, nou poko mande anyen nan non mwen. Mande, n’a jwenn pou nou ka kontan nèt ale.
25 Mwen di nou tou sa an parabòl. Yon lè, mwen p’ap bezwen pale an parabòl ak nou ankò, men m’ap pale nou kareman sou Papa a.
26 Jou sa a, n’a mande Papa a sa nou vle nan non mwen, mwen pa di m’ap lapriyè Papa a pou nou,
27 paske Papa a li menm, li renmen nou. Li renmen nou paske nou renmen m’, paske nou kwè mwen soti nan Papa a.
28  Mwen soti nan Papa a, mwen vin sou latè. Koulye a, m’ap wete kò m’ sou latè a, mwen pral jwenn Papa a.
29 Disip yo di li: Se koulye a w’ap pale kare. Ou pa pale an parabòl.
30 Koulye a nou konnen ou konn tout bagay. Ou pa bezwen pesonn mande ou anyen. Se poutèt sa nou kwè ou soti nan Bondye.
31 Jezi reponn yo: Nou sèten nou kwè koulye a?
32 Gade, lè a ap rive, li rive deja, kote nou pral gaye, chak moun pral kouri bò pa yo: nou pral kite m’ pou kont mwen. Men, mwen pa pou kont mwen, paske Papa a la avèk mwen.
33 Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n’ soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jean 16             

1 Je vous ai dit ces choses, afin qu’elles ne soient pas pour vous une occasion de chute.
Ils vous excluront des synagogues; et même l’heure vient où quiconque vous fera mourir croira rendre un culte à Dieu.
Et ils agiront ainsi, parce qu’ils n’ont connu ni le Père ni moi.
Je vous ai dit ces choses, afin que, lorsque l’heure sera venue, vous vous souveniez que je vous les ai dites. Je ne vous en ai pas parlé dès le commencement, parce que j’étais avec vous.
Maintenant je m’en vais vers celui qui m’a envoyé, et aucun de vous ne me demande: Où vas-tu?
Mais, parce que je vous ai dit ces choses, la tristesse a rempli votre coeur.
Cependant je vous dis la vérité: il vous est avantageux que je m’en aille, car si je ne m’en vais pas, le consolateur ne viendra pas vers vous; mais, si je m’en vais, je vous l’enverrai.
Et quand il sera venu, il convaincra le monde en ce qui concerne le péché, la justice, et le jugement:
en ce qui concerne le péché, parce qu’ils ne croient pas en moi;
10 la justice, parce que je vais au Père, et que vous ne me verrez plus;
11 le jugement, parce que le prince de ce monde est jugé.
12 J’ai encore beaucoup de choses à vous dire, mais vous ne pouvez pas les porter maintenant.
13 Quand le consolateur sera venu, l’Esprit de vérité, il vous conduira dans toute la vérité; car il ne parlera pas de lui-même, mais il dira tout ce qu’il aura entendu, et il vous annoncera les choses à venir.
14 Il me glorifiera, parce qu’il prendra de ce qui est à moi, et vous l’annoncera.
15 Tout ce que le Père a est à moi; c’est pourquoi j’ai dit qu’il prend de ce qui est à moi, et qu’il vous l’annoncera.
16 Encore un peu de temps, et vous ne me verrez plus; et puis encore un peu de temps, et vous me verrez, parce que je vais au Père.
17 Là-dessus, quelques-uns de ses disciples dirent entre eux: Que signifie ce qu’il nous dit: Encore un peu de temps, et vous ne me verrez plus; et puis encore un peu de temps, et vous me verrez? et: Parce que je vais au Père?
18 Ils disaient donc: Que signifie ce qu’il dit: Encore un peu de temps? Nous ne savons de quoi il parle.
19 Jésus, connut qu’ils voulaient l’interroger, leur dit: Vous vous questionnez les uns les autres sur ce que j’ai dit: Encore un peu de temps, et vous ne me verrez plus; et puis encore un peu de temps, et vous me verrez.
20 En vérité, en vérité, je vous le dis, vous pleurerez et vous vous lamenterez, et le monde se réjouira: vous serez dans la tristesse, mais votre tristesse se changera en joie.
21 La femme, lorsqu’elle enfante, éprouve de la tristesse, parce que son heure est venue; mais, lorsqu’elle a donné le jour à l’enfant, elle ne se souvient plus de la souffrance, à cause de la joie qu’elle a de ce qu’un homme est né dans le monde.
22 Vous donc aussi, vous êtes maintenant dans la tristesse; mais je vous reverrai, et votre coeur se réjouira, et nul ne vous ravira votre joie.
23 En ce jour-là, vous ne m’interrogerez plus sur rien. En vérité, en vérité, je vous le dis, ce que vous demanderez au Père, il vous le donnera en mon nom.
24 Jusqu’à présent vous n’avez rien demandé en mon nom. Demandez, et vous recevrez, afin que votre joie soit parfaite.
25 Je vous ai dit ces choses en paraboles. L’heure vient où je ne vous parlerai plus en paraboles, mais où je vous parlerai ouvertement du Père.
26 En ce jour, vous demanderez en mon nom, et je ne vous dis pas que je prierai le Père pour vous;
27 car le Père lui-même vous aime, parce que vous m’avez aimé, et que vous avez cru que je suis sorti de Dieu.
28 Je suis sorti du Père, et je suis venu dans le monde; maintenant je quitte le monde, et je vais au Père.
29 Ses disciples lui dirent: Voici, maintenant tu parles ouvertement, et tu n’emploies aucune parabole.
30 Maintenant nous savons que tu sais toutes choses, et que tu n’as pas besoin que personne t’interroge; c’est pourquoi nous croyons que tu es sorti de Dieu.
31 Jésus leur répondit: Vous croyez maintenant.
32 Voici, l’heure vient, et elle est déjà venue, où vous serez dispersés chacun de son côté, et où vous me laisserez seul; mais je ne suis pas seul, car le Père est avec moi.
33 Je vous ai dit ces choses, afin que vous ayez la paix en moi. Vous aurez des tribulations dans le monde; mais prenez courage, j’ai vaincu le monde.

Louis Segond {LSG}

John 16     

1 These things have I spoken unto you, that ye should not be offended.
They shall put you out of the synagogues: yea, the time cometh, that whosoever killeth you will think that he doeth God service.
And these things will they do unto you, because they have not known the Father, nor me.
But these things have I told you, that when the time shall come, ye may remember that I told you of them. And these things I said not unto you at the beginning, because I was with you.
But now I go my way to him that sent me; and none of you asketh me, Whither goest thou?
But because I have said these things unto you, sorrow hath filled your heart.
Nevertheless I tell you the truth; It is expedient for you that I go away: for if I go not away, the Comforter will not come unto you; but if I depart, I will send him unto you.
And when he is come, he will reprove the world of sin, and of righteousness, and of judgment:
Of sin, because they believe not on me;
10 Of righteousness, because I go to my Father, and ye see me no more;
11 Of judgment, because the prince of this world is judged.
12 I have yet many things to say unto you, but ye cannot bear them now.
13 Howbeit when he, the Spirit of truth, is come, he will guide you into all truth: for he shall not speak of himself; but whatsoever he shall hear, that shall he speak: and he will shew you things to come.
14 He shall glorify me: for he shall receive of mine, and shall shew it unto you.
15 All things that the Father hath are mine: therefore said I, that he shall take of mine, and shall shew it unto you.
16 A little while, and ye shall not see me: and again, a little while, and ye shall see me, because I go to the Father.
17 Then said some of his disciples among themselves, What is this that he saith unto us, A little while, and ye shall not see me: and again, a little while, and ye shall see me: and, Because I go to the Father?
18 They said therefore, What is this that he saith, A little while? we cannot tell what he saith.
19 Now Jesus knew that they were desirous to ask him, and said unto them, Do ye enquire among yourselves of that I said, A little while, and ye shall not see me: and again, a little while, and ye shall see me?
20 Verily, verily, I say unto you, That ye shall weep and lament, but the world shall rejoice: and ye shall be sorrowful, but your sorrow shall be turned into joy.
21 A woman when she is in travail hath sorrow, because her hour is come: but as soon as she is delivered of the child, she remembereth no more the anguish, for joy that a man is born into the world.
22 And ye now therefore have sorrow: but I will see you again, and your heart shall rejoice, and your joy no man taketh from you.
23 And in that day ye shall ask me nothing. Verily, verily, I say unto you, Whatsoever ye shall ask the Father in my name, he will give it you.
24 Hitherto have ye asked nothing in my name: ask, and ye shall receive, that your joy may be full.
25 These things have I spoken unto you in proverbs: but the time cometh, when I shall no more speak unto you in proverbs, but I shall shew you plainly of the Father.
26 At that day ye shall ask in my name: and I say not unto you, that I will pray the Father for you:
27 For the Father himself loveth you, because ye have loved me, and have believed that I came out from God.
28 I came forth from the Father, and am come into the world: again, I leave the world, and go to the Father.
29 His disciples said unto him, Lo, now speakest thou plainly, and speakest no proverb.
30 Now are we sure that thou knowest all things, and needest not that any man should ask thee: by this we believe that thou camest forth from God.
31 Jesus answered them, Do ye now believe?
32 Behold, the hour cometh, yea, is now come, that ye shall be scattered, every man to his own, and shall leave me alone: and yet I am not alone, because the Father is with me.
33 These things I have spoken unto you, that in me ye might have peace. In the world ye shall have tribulation: but be of good cheer; I have overcome the world.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}