Liv Ézayi / Ésaïe / Isaiah

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ézayi 54  

1 Jerizalèm, ou menm ki pa t’ kapab fè pitit, rele, fè fèt! Ou menm ki pa t’ janm konnen doulè tranche, chante, danse, fè kè ou kontan! Paske fanm gason pa t’ okipe a ap gen plis pitit pase fanm mari l’ pa t’ janm kite l’ la. Se Seyè a menm ki di sa.
Laji kote w’ap moute tant ou pou ou viv la! Louvri twal tant ou yo. Ou pa bezwen jennen. Lonje kòd ou yo, ranfòse pikèt ou yo!
Ou pral louvri lakou ou sou bò dwat ak sou bò gòch pou fè plas. Moun ou yo pral tounen nan peyi moun lòt nasyon yo te pran nan men yo. Yo pral plen tout lavil ki te rete san moun yo.
Ou pa bezwen pè! Yo p’ap derespekte ou ankò! Ou pa bezwen bese tèt ou, yo p’ap fè ou wont ankò! Ou pral bliye bagay lèd ou te fè lè ou te jenn marye a. Ou p’ap chonje lè ou te rete pou kont ou tankou yon fanm ki pèdi mari l’.
Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l’. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l’.
 Ou tankou yon madanm mari l’ kite l’, epi ki nan gwo lapenn. Ou tankou yon madanm mari l’ te renmen depi lè l’ te jenn gason, men li vire do kite l’. Seyè a rele ou tounen vin jwenn li.
Men sa Bondye ou la di ou: -Mwen te kite ou pou yon ti tan. Men, m’ap tounen avè ou ankò paske mwen renmen ou anpil.
Kòlè te fè m’ pèdi tèt mwen. Mwen te vire do ba ou. Men, kè m’ fè m’ mal pou ou. M’ap moutre ou jan m’ toujou renmen ou. Se Seyè k’ap delivre ou la ki di ou sa.
Menm jan nan tan Noe, mwen te pwomèt mwen p’ap janm kite gwo inondasyon rive ankò sou latè. Konsa tou, mwen pwomèt koulye a m’ p’ap janm fache sou nou ankò. Mwen p’ap rele dèyè nou, mwen p’ap pini nou ankò.
10 Ou te mèt wè mòn yo ap souke, ti mòn yo ap tranble, mwen p’ap janm sispann renmen ou. M’ap toujou kenbe kontra mwen te pase pou m’ te toujou byen avè ou la. Se Seyè ki renmen ou lan ki di ou sa.
11  Seyè a di ankò: -Ou menm lavil Jerizalèm ki nan gwo lapenn, ki san sekou, ki san pesonn pou konsole ou, mwen pral poze bèl wòch pyè ak yon mòtye koulè pou fondasyon ou. Mwen pral rebati ou sou pyè safi.
12 M’ap bati fò ou yo ak pyè ribi, pòtay ou yo ak pyè malachi, miray ranpa ou yo ak bèl wòch pyè ki koute chè.
13 Se Seyè a menm ki pral moutre pitit ou yo tout bagay. Yo pral viv alèz ak kè poze.
14 Ou pral kanpe fèm paske tout moun ap mache dwat lakay ou. Pa fè mechanste. Ou pa bezwen pè pesonn. Ou pa bezwen gen kè sote. Anyen p’ap rive ou.
15 Si yo atake ou, sa p’ap soti nan mwen. Nenpòt moun ki va fè ou lagè pral tonbe devan ou.
16 Se mwen menm ki kreye bòs fòjon k’ap chofe dife chabon pou fè tout kalite zam. Se mwen menm tou ki fè lwijanboje yo pou kraze brize.
17 Men, tout zam y’a fè pou sèvi kont ou yo p’ap fè ou anyen. W’a gen repons nan bouch ou pou tout moun ki va akize ou nan tribinal. Se sa m’ap fè pou tout sèvitè m’ yo. Se mwen k’ap defann kòz yo. Se Seyè a menm ki di sa!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ésaïe 54

1 Réjouis-toi, stérile, toi qui n’enfantes plus! Fais éclater ton allégresse et ta joie, toi qui n’as plus de douleurs! Car les fils de la délaissée seront plus nombreux Que les fils de celle qui est mariée, dit l’Éternel.
Élargis l’espace de ta tente; Qu’on déploie les couvertures de ta demeure: Ne retiens pas! Allonge tes cordages, Et affermis tes pieux!
Car tu te répandras à droite et à gauche; Ta postérité envahira des nations, Et peuplera des villes désertes.
Ne crains pas, car tu ne seras point confondue; Ne rougis pas, car tu ne seras pas déshonorée; Mais tu oublieras la honte de ta jeunesse, Et tu ne te souviendras plus de l’opprobre de ton veuvage.
Car ton créateur est ton époux: L’Éternel des armées est son nom; Et ton rédempteur est le Saint d’Israël: Il se nomme Dieu de toute la terre;
Car l’Éternel te rappelle comme une femme délaissée et au coeur attristé, Comme une épouse de la jeunesse qui a été répudiée, dit ton Dieu.
Quelques instants je t’avais abandonnée, Mais avec une grande affection je t’accueillerai;
Dans un instant de colère, je t’avais un moment dérobé ma face, Mais avec un amour éternel j’aurai compassion de toi, Dit ton rédempteur, l’Éternel.
Il en sera pour moi comme des eaux de Noé: J’avais juré que les eaux de Noé ne se répandraient plus sur la terre; Je jure de même de ne plus m’irriter contre toi Et de ne plus te menacer.
10 Quand les montagnes s’éloigneraient, Quand les collines chancelleraient, Mon amour ne s’éloignera point de toi, Et mon alliance de paix ne chancellera point, Dit l’Éternel, qui a compassion de toi.
11 Malheureuse, battue de la tempête, et que nul ne console! Voici, je garnirai tes pierres d’antimoine, Et je te donnerai des fondements de saphir;
12 Je ferai tes créneaux de rubis, Tes portes d’escarboucles, Et toute ton enceinte de pierres précieuses.
13 Tous tes fils seront disciples de l’Éternel, Et grande sera la postérité de tes fils.
14 Tu seras affermie par la justice; Bannis l’inquiétude, car tu n’as rien à craindre, Et la frayeur, car elle n’approchera pas de toi.
15 Si l’on forme des complots, cela ne viendra pas de moi; Quiconque se liguera contre toi tombera sous ton pouvoir.
16 Voici, j’ai créé l’ouvrier qui souffle le charbon au feu, Et qui fabrique une arme par son travail; Mais j’ai créé aussi le destructeur pour la briser.
17 Toute arme forgée contre toi sera sans effet; Et toute langue qui s’élèvera en justice contre toi, Tu la condamneras. Tel est l’héritage des serviteurs de l’Éternel, Tel est le salut qui leur viendra de moi, Dit l’Éternel.

Louis Segond {LSG}

Isaiah 54 

1 Sing, O barren, thou that didst not bear; break forth into singing, and cry aloud, thou that didst not travail with child: for more are the children of the desolate than the children of the married wife, saith the Lord.
Enlarge the place of thy tent, and let them stretch forth the curtains of thine habitations: spare not, lengthen thy cords, and strengthen thy stakes;
For thou shalt break forth on the right hand and on the left; and thy seed shall inherit the Gentiles, and make the desolate cities to be inhabited.
Fear not; for thou shalt not be ashamed: neither be thou confounded; for thou shalt not be put to shame: for thou shalt forget the shame of thy youth, and shalt not remember the reproach of thy widowhood any more.
For thy Maker is thine husband; the Lord of hosts is his name; and thy Redeemer the Holy One of Israel; The God of the whole earth shall he be called.
For the Lord hath called thee as a woman forsaken and grieved in spirit, and a wife of youth, when thou wast refused, saith thy God.
For a small moment have I forsaken thee; but with great mercies will I gather thee.
In a little wrath I hid my face from thee for a moment; but with everlasting kindness will I have mercy on thee, saith the Lord thy Redeemer.
For this is as the waters of Noah unto me: for as I have sworn that the waters of Noah should no more go over the earth; so have I sworn that I would not be wroth with thee, nor rebuke thee.
10 For the mountains shall depart, and the hills be removed; but my kindness shall not depart from thee, neither shall the covenant of my peace be removed, saith the Lord that hath mercy on thee.
11 O thou afflicted, tossed with tempest, and not comforted, behold, I will lay thy stones with fair colours, and lay thy foundations with sapphires.
12 And I will make thy windows of agates, and thy gates of carbuncles, and all thy borders of pleasant stones.
13 And all thy children shall be taught of the Lord; and great shall be the peace of thy children.
14 In righteousness shalt thou be established: thou shalt be far from oppression; for thou shalt not fear: and from terror; for it shall not come near thee.
15 Behold, they shall surely gather together, but not by me: whosoever shall gather together against thee shall fall for thy sake.
16 Behold, I have created the smith that bloweth the coals in the fire, and that bringeth forth an instrument for his work; and I have created the waster to destroy.
17 No weapon that is formed against thee shall prosper; and every tongue that shall rise against thee in judgment thou shalt condemn. This is the heritage of the servants of the Lord, and their righteousness is of me, saith the Lord.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}