Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 12 

1 Moyiz te marye ak yon fanm peyi Etiopi. Miryam ak Arawon t’ap pale Moyiz mal sou sa.
Yo t’ap di konsa: -Eske se sèlman Moyiz Seyè a te pran pou pale ak pèp la? Eske li pa konn pale ak nou pou pèp la tou? Seyè a tande sa yo t’ap di a.
Men Moyiz se yon nonm ki pa t’ grandizè. pa t’ gen pase l’ sou latè.
 Seyè a rete konsa li pale ak Moyiz, Arawon ak Miryam, li di yo: -Nou twa sa yo, soti non. Ale nan Tant Randevou a. Yo twa a ale vre.
Seyè a desann nan yon gwo nwaj ki te gen fòm yon poto. Li kanpe nan papòt tant lan, li rele Arawon ak Miryam ki pwoche vin jwenn li.
Li di yo konsa: -Tande byen sa m’ap di nou la a. Lè gen yon pwofèt nan mitan nou, se nan vizyon mwen fè l’ wè mwen, se nan rèv mwen pale avè l’.
Men, se pa menm bagay la ak Moyiz, sèvitè m’ lan. Li se sèl moun mwen fè konfyans nan mitan tout pèp la.
Mwen pale avè l’ aklè, mwen pa ba li parabòl. Mwen fè l’ wè mwen. Ki jan nou fè penmèt nou pale Moyiz, sèvitè m’ lan, mal?
Seyè a te fè yon sèl fache sou yo, epi l’ ale.
10  Nwaj la leve anwo tant lan, l’ ale. Menm lè a, yon sèl maladi tonbe sou Miryam: tout po kò l’ vin blanch kou koton. Arawon gade Miryam, li wè Miryam te kouvri ak bouton sou tout po li.
11 Arawon di Moyiz konsa: -Tanpri, mèt mwen. Pa kite nou peye pou sa nou fè a. Tèt nou pa t’ la!
12 Tanpri, pa kite Miryam tounen tankou yon tibebe ki fèt tou mouri ak tout mwatye nan kò l’ manje.
13 Se konsa, Moyiz rele nan pye Bondye, li di l’ konsa: -Bondye, tanpri, geri l’ non!
14 Men, Seyè a di Moyiz: -Si se te papa l’ ki te krache nan figi l’, li t’ap blije pote wont la pandan sèt jou, pa vre? Enben, se pou yo fèmen l’ pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Apre sa, y’a kite l’ tounen.
15 Yo fèmen Miryam pou kont li pandan sèt jou yon kote andeyò limit kan an. Pèp la pa t’ leve pati toutotan yo pa t’ kite Miryam tounen nan kan an ankò.
16 Apre sa, pèp la kite Azewòt kote yo te ye a, yo pati al moute tant yo nan dezè Paran an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres

1 Marie et Aaron parlèrent contre Moïse au sujet de la femme éthiopienne qu’il avait prise, car il avait pris une femme éthiopienne.
Ils dirent: Est-ce seulement par Moïse que l’Éternel parle? N’est-ce pas aussi par nous qu’il parle?
Et l’Éternel l’entendit. Or, Moïse était un homme fort patient, plus qu’aucun homme sur la face de la terre.
Soudain l’Éternel dit à Moïse, à Aaron et à Marie: Allez, vous trois, à la tente d’assignation. Et ils y allèrent tous les trois.
L’Éternel descendit dans la colonne de nuée, et il se tint à l’entrée de la tente. Il appela Aaron et Marie, qui s’avancèrent tous les deux.
Et il dit: Écoutez bien mes paroles! Lorsqu’il y aura parmi vous un prophète, c’est dans une vision que moi, l’Éternel, je me révélerai à lui, c’est dans un songe que je lui parlerai.
Il n’en est pas ainsi de mon serviteur Moïse. Il est fidèle dans toute ma maison.
Je lui parle bouche à bouche, je me révèle à lui sans énigmes, et il voit une représentation de l’Éternel. Pourquoi donc n’avez-vous pas craint de parler contre mon serviteur, contre Moïse?
La colère de l’Éternel s’enflamma contre eux. Et il s’en alla.
10 La nuée se retira de dessus la tente. Et voici, Marie était frappée d’une lèpre, blanche comme la neige. Aaron se tourna vers Marie; et voici, elle avait la lèpre.
11 Alors Aaron dit à Moïse: De grâce, mon seigneur, ne nous fais pas porter la peine du péché que nous avons commis en insensés, et dont nous nous sommes rendus coupables!
12 Oh! qu’elle ne soit pas comme l’enfant mort-né, dont la chair est à moitié consumée quand il sort du sein de sa mère!
13 Moïse cria à l’Éternel, en disant: O Dieu, je te prie, guéris-la!
14 Et l’Éternel dit à Moïse: Si son père lui avait craché au visage, ne serait-elle pas pendant sept jours un objet de honte? Qu’elle soit enfermée sept jours en dehors du camp; après quoi, elle y sera reçue.
15 Marie fut enfermée sept jours en dehors du camp; et le peuple ne partit point, jusqu’à ce que Marie y fut rentrée.
16 Après cela, le peuple partit de Hatséroth, et il campa dans le désert de Paran.
Louis Segond {LSG}

Numbers

1 And Miriam and Aaron spake against Moses because of the Ethiopian woman whom he had married: for he had married an Ethiopian woman.
And they said, Hath the Lord indeed spoken only by Moses? hath he not spoken also by us? And the Lord heard it.
(Now the man Moses was very meek, above all the men which were upon the face of the earth.)
And the Lord spake suddenly unto Moses, and unto Aaron, and unto Miriam, Come out ye three unto the tabernacle of the congregation. And they three came out.
And the Lord came down in the pillar of the cloud, and stood in the door of the tabernacle, and called Aaron and Miriam: and they both came forth.
And he said, Hear now my words: If there be a prophet among you, I the Lord will make myself known unto him in a vision, and will speak unto him in a dream.
My servant Moses is not so, who is faithful in all mine house.
With him will I speak mouth to mouth, even apparently, and not in dark speeches; and the similitude of the Lord shall he behold: wherefore then were ye not afraid to speak against my servant Moses?
And the anger of the Lord was kindled against them; and he departed.
10 And the cloud departed from off the tabernacle; and, behold, Miriam became leprous, white as snow: and Aaron looked upon Miriam, and, behold, she was leprous.
11 And Aaron said unto Moses, Alas, my lord, I beseech thee, lay not the sin upon us, wherein we have done foolishly, and wherein we have sinned.
12 Let her not be as one dead, of whom the flesh is half consumed when he cometh out of his mother’s womb.
13 And Moses cried unto the Lord, saying, Heal her now, O God, I beseech thee.
14 And the Lord said unto Moses, If her father had but spit in her face, should she not be ashamed seven days? let her be shut out from the camp seven days, and after that let her be received in again.
15 And Miriam was shut out from the camp seven days: and the people journeyed not till Miriam was brought in again.
16 And afterward the people removed from Hazeroth, and pitched in the wilderness of Paran.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}