Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 6 

1 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
-Pale ak moun pèp Izrayèl yo, w’a di yo: Lè yon gason osinon yon fanm fè yon ve espesyal, ve nazareyen yo, pou li viv apa nèt pou Seyè a,
se pou l’ rete san li pa bwè diven ni okenn bweson ki gen alkòl ladan l’. Ni li p’ap bwè vinèg ki fèt ak diven ni okenn lòt bweson fèmante, ni li p’ap bwè ji rezen. Ata rezen fre osinon rezen chèch li p’ap ka manje.
Pandan tout tan l’ap viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa manje anyen ki soti nan pye rezen, pa menm grenn rezen an ak po a.
Pandan tout tan li fè ve pou l’ viv apa pou Bondye tankou yon nazareyen an, li pa gen dwa koupe cheve nan tèt li, ni fè labab. Se pou l’ kenbe ve a pandan tout tan l’ap viv apa nèt pou Bondye a, jouk lè tan ve a bout. Se pou l’ kite cheve nan tèt li pouse byen long san li pa janm koupe yo.
Pandan tout tan l’ap viv apa pou Bondye a, piga li janm pwoche bò yon kadav moun mouri,
pa menm kadav papa l’, osinon kadav manman l’, kadav frè l’, osinon kadav sè li. Li pa fèt pou li pwoche bò kadav moun mouri pou li pa mete tèt li nan kondisyon pou l’ pa ka sèvi Bondye, paske avèk cheve ki nan tèt l’ a, sa vle di l’ap viv apa nèt pou Bondye.
Pandan tout tan l’ap viv apa pou Bondye a, se pou l’ rete apa nèt pou Bondye.
Si yon moun rete konsa, li tonbe li mouri devan yon nazareyen, devan yon moun ki t’ap viv apa nèt pou Seyè a san koupe cheve nan tèt li, nazareyen an ap twouve l’ nan kondisyon pou l’ pa ka sèvi Bondye ankò. Se pou l’ tann sèt jou anvan l’a nan kondisyon pou l’ ka fè sèvis Bondye ankò. Jou sa a, l’a koupe tout cheve nan tèt li.
10 Sou wityèm jou a, l’a pran de toutrèl osinon de pijon, l’a pote yo bay prèt la devan pòt Tant Randevou a.
11 Prèt la va ofri yo bay Seyè a, yonn pou repare sa li te fè ki mal la, lòt la pou yo boule sou lotèl la. Se konsa l’a ofri bèt pou yo touye pou peche moun lan fè a akòz kontak li te gen avèk kadav moun mouri a.
12 Nonm lan va refè ve li te fè pou l’ viv apa nèt pou Bondye a. Tou sa li te fè anvan an pa vo anyen ankò, paske ve li te fè a gate. Epi l’a pote yon ti mouton ki poko gen ennan pou yo ofri pou repare sa li te fè ki mal la.
13 Men sèvis yon nazareyen va fè lè tan pou l’ kenbe ve l’ te fè a bout. Y’a mennen l’ devan pòt Tant Randevou a.
14 L’a ofri twa bèt ki san okenn enfimite bay Seyè a: yon ti belye mouton ki poko gen ennan, yon ti fenmèl mouton ki poko gen ennan ak yon gwo belye mouton. Ti belye mouton an va sèvi ofrann pou boule nèt pou Seyè a, ti fenmèl mouton va sèvi ofrann pou wete peche, ak gwo belye mouton an va sèvi ofrann pou di Bondye mèsi.
15 L’a ofri tou yon panyen pen san ledven: pen gwo mit fèt avèk farin frans melanje ak lwil oliv ak ti pen plat ak lwil pase sou yo, ansanm ak ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo.
16 Prèt la va ofri yo pou li devan lotèl Seyè a. L’a fè sèvis pou repare sa moun lan te fè ki mal la, epi l’a boule ofrann l’ a nan dife.
17 L’a touye belye mouton an, l’a ofri l’ pou di Bondye mèsi ansanm ak panyen pen san ledven an. Lèfini, l’a fè ofrann grenn jaden ak ofrann diven ki mache ak yo a.
18 Lè sa a, nazareyen an va koupe tout cheve nan tèt li devan pòt Tant Randevou a, l’a pran cheve yo, l’a mete yo nan dife kote ofrann pou di Bondye mèsi a ap boule.
19 Apre nazareyen an fin fè sa, prèt la va pran jigo mouton yo te kwit la, yon pen gwo mit ak yon ti pen plat nan panyen an, l’a mete tou sa nan pla men nazareyen an.
20 Lèfini, prèt la va balanse yo tankou yon ofrann devan Seyè a: pòsyon sa yo va yon bagay yo mete apa pou Bondye, y’a rete pou prèt la anplis vyann pwatrin lan ak jigo ki te pou li deja a. Apre sa, nazareyen an gen dwa bwè diven.
21 Se tout regleman yo sa pou moun ki fè ve nazareyen yo swiv. Y’a fè ofrann yo bay Seyè a dapre ve yo te fè pou yo viv apa nèt pou Seyè a. Men, si yon moun pwomèt pou li ofri lòt bagay anplis sa yo mande l’ la a, se pou l’ fè tou sa li te pwomèt pou l’ fè a.
22  Seyè a di Moyiz konsa:
23 -Pale ak Arawon ansanm ak pitit gason l’ yo. W’a di yo men sa pou nou di lè n’ap beni pèp Izrayèl la:
24 Se pou Seyè a beni nou, se pou l’ pran swen nou.
25 Se pou Seyè a fè nou santi li la avèk nou, se pou l’ gen pitye pou nou.
26 Se pou Seyè a fè nou wè jan li renmen nou, se pou l’ ban nou kè poze.
27 Se konsa y’a nonmen non m’, y’a lapriyè nan pye m’ pou pèp Izrayèl la, epi m’a beni yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 6

1 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
Parle aux enfants d’Israël, et tu leur diras: Lorsqu’un homme ou une femme se séparera des autres en faisant voeu de naziréat, pour se consacrer à l’Éternel,
il s’abstiendra de vin et de boisson enivrante; il ne boira ni vinaigre fait avec du vin, ni vinaigre fait avec une boisson enivrante; il ne boira d’aucune liqueur tirée des raisins, et il ne mangera point de raisins frais ni de raisins secs.
Pendant tout le temps de son naziréat, il ne mangera rien de ce qui provient de la vigne, depuis les pépins jusqu’à la peau du raisin.
Pendant tout le temps de son naziréat, le rasoir ne passera point sur sa tête; jusqu’à l’accomplissement des jours pour lesquels il s’est consacré à l’Éternel, il sera saint, il laissera croître librement ses cheveux.
Pendant tout le temps qu’il a voué à l’Éternel, il ne s’approchera point d’une personne morte;
il ne se souillera point à la mort de son père, de sa mère, de son frère ou de sa soeur, car il porte sur sa tête la consécration de son Dieu.
Pendant tout le temps de son naziréat, il sera consacré à l’Éternel.
Si quelqu’un meurt subitement près de lui, et que sa tête consacrée devienne ainsi souillée, il se rasera la tête le jour de sa purification, il se la rasera le septième jour.
10 Le huitième jour, il apportera au sacrificateur deux tourterelles ou deux jeunes pigeons, à l’entrée de la tente d’assignation.
11 Le sacrificateur sacrifiera l’un comme victime expiatoire, et l’autre comme holocauste, et il fera pour lui l’expiation de son péché à l’occasion du mort. Le naziréen sanctifiera ainsi sa tête ce jour-là
12 Il consacrera de nouveau à l’Éternel les jours de son naziréat, et il offrira un agneau d’un an en sacrifice de culpabilité; les jours précédents ne seront point comptés, parce que son naziréat a été souillé.
13 Voici la loi du naziréen. Le jour où il aura accompli le temps de son naziréat, on le fera venir à l’entrée de la tente d’assignation.
14 Il présentera son offrande à l’Éternel: un agneau d’un an et sans défaut pour l’holocauste, une brebis d’un an et sans défaut pour le sacrifice d’expiation, et un bélier sans défaut pour le sacrifice d’actions de grâces;
15 une corbeille de pains sans levain, de gâteaux de fleur de farine pétris à l’huile, et de galettes sans levain arrosées d’huile, avec l’offrande et la libation ordinaires.
16 Le sacrificateur présentera ces choses devant l’Éternel, et il offrira sa victime expiatoire et son holocauste;
17 il offrira le bélier en sacrifice d’actions de grâces à l’Éternel, outre la corbeille de pains sans levain, avec l’offrande et la libation.
18 Le naziréen rasera, à l’entrée de la tente d’assignation, sa tête consacrée; il prendra les cheveux de sa tête consacrée, et il les mettra sur le feu qui est sous le sacrifice d’actions de grâces.
19 Le sacrificateur prendra l’épaule cuite du bélier, un gâteau sans levain de la corbeille, et une galette sans levain; et il les posera sur les mains du naziréen, après qu’il aura rasé sa tête consacrée.
20 Le sacrificateur les agitera de côté et d’autre devant l’Éternel: c’est une chose sainte, qui appartient au sacrificateur, avec la poitrine agitée et l’épaule offerte par élévation. Ensuite, le naziréen pourra boire du vin.
21 Telle est la loi pour celui qui fait voeu de naziréat; telle est son offrande à l’Éternel pour son naziréat, outre ce que lui permettront ses ressources. Il accomplira ce qui est ordonné pour le voeu qu’il a fait, selon la loi de son naziréat.
22 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
23 Parle à Aaron et à ses fils, et dis: Vous bénirez ainsi les enfants d’Israël, vous leur direz:
24 Que l’Éternel te bénisse, et qu’il te garde!
25 Que l’Éternel fasse luire sa face sur toi, et qu’il t’accorde sa grâce!
26 Que l’Éternel tourne sa face vers toi, et qu’il te donne la paix!
27 C’est ainsi qu’ils mettront mon nom sur les enfants d’Israël, et je les bénirai.
Louis Segond {LSG}

Numbers 6

1 And the Lord spake unto Moses, saying,
Speak unto the children of Israel, and say unto them, When either man or woman shall separate themselves to vow a vow of a Nazarite, to separate themselves unto the Lord:
He shall separate himself from wine and strong drink, and shall drink no vinegar of wine, or vinegar of strong drink, neither shall he drink any liquor of grapes, nor eat moist grapes, or dried.
All the days of his separation shall he eat nothing that is made of the vine tree, from the kernels even to the husk.
All the days of the vow of his separation there shall no razor come upon his head: until the days be fulfilled, in the which he separateth himself unto the Lord, he shall be holy, and shall let the locks of the hair of his head grow.
All the days that he separateth himself unto the Lord he shall come at no dead body.
He shall not make himself unclean for his father, or for his mother, for his brother, or for his sister, when they die: because the consecration of his God is upon his head.
All the days of his separation he is holy unto the Lord.
And if any man die very suddenly by him, and he hath defiled the head of his consecration; then he shall shave his head in the day of his cleansing, on the seventh day shall he shave it.
10 And on the eighth day he shall bring two turtles, or two young pigeons, to the priest, to the door of the tabernacle of the congregation:
11 And the priest shall offer the one for a sin offering, and the other for a burnt offering, and make an atonement for him, for that he sinned by the dead, and shall hallow his head that same day.
12 And he shall consecrate unto the Lord the days of his separation, and shall bring a lamb of the first year for a trespass offering: but the days that were before shall be lost, because his separation was defiled.
13 And this is the law of the Nazarite, when the days of his separation are fulfilled: he shall be brought unto the door of the tabernacle of the congregation:
14 And he shall offer his offering unto the Lord, one he lamb of the first year without blemish for a burnt offering, and one ewe lamb of the first year without blemish for a sin offering, and one ram without blemish for peace offerings,
15 And a basket of unleavened bread, cakes of fine flour mingled with oil, and wafers of unleavened bread anointed with oil, and their meat offering, and their drink offerings.
16 And the priest shall bring them before the Lord, and shall offer his sin offering, and his burnt offering:
17 And he shall offer the ram for a sacrifice of peace offerings unto the Lord, with the basket of unleavened bread: the priest shall offer also his meat offering, and his drink offering.
18 And the Nazarite shall shave the head of his separation at the door of the tabernacle of the congregation, and shall take the hair of the head of his separation, and put it in the fire which is under the sacrifice of the peace offerings.
19 And the priest shall take the sodden shoulder of the ram, and one unleavened cake out of the basket, and one unleavened wafer, and shall put them upon the hands of the Nazarite, after the hair of his separation is shaven:
20 And the priest shall wave them for a wave offering before the Lord: this is holy for the priest, with the wave breast and heave shoulder: and after that the Nazarite may drink wine.
21 This is the law of the Nazarite who hath vowed, and of his offering unto the Lord for his separation, beside that that his hand shall get: according to the vow which he vowed, so he must do after the law of his separation.
22 And the Lord spake unto Moses, saying,
23 Speak unto Aaron and unto his sons, saying, On this wise ye shall bless the children of Israel, saying unto them,
24 The Lord bless thee, and keep thee:
25 The Lord make his face shine upon thee, and be gracious unto thee:
26 The Lord lift up his countenance upon thee, and give thee peace.
27 And they shall put my name upon the children of Israel, and I will bless them.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}