Liv Jan / Jean / John

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jan 1              

1 Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou.
Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman.
Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t’ gen anyen ki te fèt san Pawòl la.
Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè.
 Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pa t’ resevwa li.
Bondye te voye yon nonm ki te rele Jan.
Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesaj li a te ka kwè.
Se pa li menm ki te limyè a. Li te vin pou sèvi temwen pou pale sou limyè a.
Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k’ap klere tout moun.
10 Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn; men, moun ki nan lemonn pa t’ rekonèt li.
11 Li vin nan peyi l’; men tout moun nan peyi l’ pa t’ resevwa li.
12 Men, sa ki te resevwa l’ yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye.
13 Yo pa t’ vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t’ soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo.
14 Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a.
15  Se li menm Jan Batis t’ap pale a, lè l’ te di byen fò: Men moun mwen t’ap pale nou an, lè m’ te di nou: L’ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m’, paske li te la anvan mwen.
16 Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l’ yo. Li ban nou favè sou favè.
17 Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.
18 Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k’ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye.
19  Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l’ ki moun li ye.
20 Jan pa t’ refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: Se pa mwen ki Kris la.
21 Yo mande li: Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: Non, mwen pa Eli. Yo di li: Ou se pwofèt la? Li reponn yo: Non.
22 Lè sa a yo di li: Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n’ pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye?
23 Jan reponn: Mwen se vwa nonm k’ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.)
24 Gen nan moun yo te voye bò kot Jan yo ki te soti lakay farizyen yo.
25 Yo mande li: Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w’ap batize moun?
26 Jan reponn yo: Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen.
27 L’ap vin apre m’, men mwen pa bon ase pou m’ ta demare kòd sapat li.
28 Tout bagay sa yo t’ap pase kote yo rele Betani an, lòt bò larivyè Jouden kote Jan t’ap batize a.
29  Nan denmen, Jan wè Jezi ki t’ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k’ap wete peche moun sou tout latè.
30 Men moun mwen t’ap pale nou an, lè m’ te di nou gen yon nonm k’ap vin apre m’ men ki gen plis pouvwa pase m’, paske li te la anvan mwen.
31 Mwen pa t’ konnen ki moun sa tapral ye. Men, mwen vin batize nou nan dlo pou moun pèp Izrayèl yo te ka rekonèt li.
32 Jan di yo ankò: Mwen wè Lespri Bondye a desann sot nan syèl la tankou yon ti pijon, li rete sou tèt li.
33 Lè sa a, mwen pa t’ ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m’ batize nan dlo a, te di m’: Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri.
34 Jan di yo ankò: Mwen wè sa ak je m’, se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre.
35 Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo.
36 Li wè Jezi ki t’ap pase, li di: Men ti mouton Bondye a.
37  De patizan yo tande sa Jan t’ap di a, yo pran swiv Jezi.
38 Jezi vire tèt li gade, li wè yo t’ap swiv li. Li mande yo: Sa n’ap chache? Yo mande li: Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.)
39 Li reponn yo: Vini non, n’a wè. Y’ ale vre. Yo wè kote l’ te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.)
40 Andre, frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi.
41 Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la).
42 Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l’, li di: Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y’a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.)
43  Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen.
44 (Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.)
45 Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la.
46 Natanayèl di li: Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt? Filip reponn li: Vini non, wa wè.
47 Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l’, li di sou li: Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li.
48 Natanayèl mande li: Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan.
49 Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la!
50 Jezi reponn li: Paske mwen di ou mwen te wè ou anba fig frans lan, poutèt sa ase ou kwè? Ou gen pou wè bagay pi gwo pase sa.
51 Apre sa, li di yo: Sa m’ap di nou la a, se vre wi: N’a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k’ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Jean 1              

1 Au commencement était la Parole, et la Parole était avec Dieu, et la Parole était Dieu.
Elle était au commencement avec Dieu.
Toutes choses ont été faites par elle, et rien de ce qui a été fait n’a été fait sans elle.
En elle était la vie, et la vie était la lumière des hommes.
La lumière luit dans les ténèbres, et les ténèbres ne l’ont point reçue.
Il y eut un homme envoyé de Dieu: son nom était Jean.
Il vint pour servir de témoin, pour rendre témoignage à la lumière, afin que tous crussent par lui.
Il n’était pas la lumière, mais il parut pour rendre témoignage à la lumière.
Cette lumière était la véritable lumière, qui, en venant dans le monde, éclaire tout homme.
10 Elle était dans le monde, et le monde a été fait par elle, et le monde ne l’a point connue.
11 Elle est venue chez les siens, et les siens ne l’ont point reçue.
12 Mais à tous ceux qui l’ont reçue, à ceux qui croient en son nom, elle a donné le pouvoir de devenir enfants de Dieu, lesquels sont nés,
13 non du sang, ni de la volonté de la chair, ni de la volonté de l’homme, mais de Dieu.
14 Et la parole a été faite chair, et elle a habité parmi nous, pleine de grâce et de vérité; et nous avons contemplé sa gloire, une gloire comme la gloire du Fils unique venu du Père.
15 Jean lui a rendu témoignage, et s’est écrié: C’est celui dont j’ai dit: Celui qui vient après moi m’a précédé, car il était avant moi.
16 Et nous avons tous reçu de sa plénitude, et grâce pour grâce;
17 car la loi a été donnée par Moïse, la grâce et la vérité sont venues par Jésus Christ.
18 Personne n’a jamais vu Dieu; le Fils unique, qui est dans le sein du Père, est celui qui l’a fait connaître.
19 Voici le témoignage de Jean, lorsque les Juifs envoyèrent de Jérusalem des sacrificateurs et des Lévites, pour lui demander: Toi, qui es-tu?
20 Il déclara, et ne le nia point, il déclara qu’il n’était pas le Christ.
21 Et ils lui demandèrent: Quoi donc? es-tu Élie? Et il dit: Je ne le suis point. Es-tu le prophète? Et il répondit: Non.
22 Ils lui dirent alors: Qui es-tu? afin que nous donnions une réponse à ceux qui nous ont envoyés. Que dis-tu de toi-même?
23 Moi, dit-il, je suis la voix de celui qui crie dans le désert: Aplanissez le chemin du Seigneur, comme a dit Ésaïe, le prophète.
24 Ceux qui avaient été envoyés étaient des pharisiens.
25 Ils lui firent encore cette question: Pourquoi donc baptises-tu, si tu n’es pas le Christ, ni Élie, ni le prophète?
26 Jean leur répondit: Moi, je baptise d’eau, mais au milieu de vous il y a quelqu’un que vous ne connaissez pas, qui vient après moi;
27 je ne suis pas digne de délier la courroie de ses souliers.
28 Ces choses se passèrent à Béthanie, au delà du Jourdain, où Jean baptisait.
29 Le lendemain, il vit Jésus venant à lui, et il dit: Voici l’Agneau de Dieu, qui ôte le péché du monde.
30 C’est celui dont j’ai dit: Après moi vient un homme qui m’a précédé, car il était avant moi.
31 Je ne le connaissais pas, mais c’est afin qu’il fût manifesté à Israël que je suis venu baptiser d’eau.
32 Jean rendit ce témoignage: J’ai vu l’Esprit descendre du ciel comme une colombe et s’arrêter sur lui.
33 Je ne le connaissais pas, mais celui qui m’a envoyé baptiser d’eau, celui-là m’a dit: Celui sur qui tu verras l’Esprit descendre et s’arrêter, c’est celui qui baptise du Saint Esprit.
34 Et j’ai vu, et j’ai rendu témoignage qu’il est le Fils de Dieu.
35 Le lendemain, Jean était encore là, avec deux de ses disciples;
36 et, ayant regardé Jésus qui passait, il dit: Voilà l’Agneau de Dieu.
37 Les deux disciples l’entendirent prononcer ces paroles, et ils suivirent Jésus.
38 Jésus se retourna, et voyant qu’ils le suivaient, il leur dit: Que cherchez-vous? Ils lui répondirent: Rabbi (ce qui signifie Maître), où demeures-tu?
39 Venez, leur dit-il, et voyez. Ils allèrent, et ils virent où il demeurait; et ils restèrent auprès de lui ce jour-là. C’était environ la dixième heure.
40 André, frère de Simon Pierre, était l’un des deux qui avaient entendu les paroles de Jean, et qui avaient suivi Jésus.
41 Ce fut lui qui rencontra le premier son frère Simon, et il lui dit: Nous avons trouvé le Messie (ce qui signifie Christ).
42 Et il le conduisit vers Jésus. Jésus, l’ayant regardé, dit: Tu es Simon, fils de Jonas; tu seras appelé Céphas (ce qui signifie Pierre).
43 Le lendemain, Jésus voulut se rendre en Galilée, et il rencontra Philippe. Il lui dit: Suis-moi.
44 Philippe était de Bethsaïda, de la ville d’André et de Pierre.
45 Philippe rencontra Nathanaël, et lui dit: Nous avons trouvé celui de qui Moïse a écrit dans la loi et dont les prophètes ont parlé, Jésus de Nazareth, fils de Joseph.
46 Nathanaël lui dit: Peut-il venir de Nazareth quelque chose de bon? Philippe lui répondit: Viens, et vois.
47 Jésus, voyant venir à lui Nathanaël, dit de lui: Voici vraiment un Israélite, dans lequel il n’y a point de fraude.
48 D’où me connais-tu? lui dit Nathanaël. Jésus lui répondit: Avant que Philippe t’appelât, quand tu étais sous le figuier, je t’ai vu.
49 Nathanaël répondit et lui dit: Rabbi, tu es le Fils de Dieu, tu es le roi d’Israël.
50 Jésus lui répondit: Parce que je t’ai dit que je t’ai vu sous le figuier, tu crois; tu verras de plus grandes choses que celles-ci.
51 Et il lui dit: En vérité, en vérité, vous verrez désormais le ciel ouvert et les anges de Dieu monter et descendre sur le Fils de l’homme.

Louis Segond {LSG}

John 1     

1 In the beginning was the Word, and the Word was with God, and the Word was God.
The same was in the beginning with God.
All things were made by him; and without him was not any thing made that was made.
In him was life; and the life was the light of men.
And the light shineth in darkness; and the darkness comprehended it not.
There was a man sent from God, whose name was John.
The same came for a witness, to bear witness of the Light, that all men through him might believe.
He was not that Light, but was sent to bear witness of that Light.
That was the true Light, which lighteth every man that cometh into the world.
10 He was in the world, and the world was made by him, and the world knew him not.
11 He came unto his own, and his own received him not.
12 But as many as received him, to them gave he power to become the sons of God, even to them that believe on his name:
13 Which were born, not of blood, nor of the will of the flesh, nor of the will of man, but of God.
14 And the Word was made flesh, and dwelt among us, (and we beheld his glory, the glory as of the only begotten of the Father,) full of grace and truth.
15 John bare witness of him, and cried, saying, This was he of whom I spake, He that cometh after me is preferred before me: for he was before me.
16 And of his fulness have all we received, and grace for grace.
17 For the law was given by Moses, but grace and truth came by Jesus Christ.
18 No man hath seen God at any time, the only begotten Son, which is in the bosom of the Father, he hath declared him.
19 And this is the record of John, when the Jews sent priests and Levites from Jerusalem to ask him, Who art thou?
20 And he confessed, and denied not; but confessed, I am not the Christ.
21 And they asked him, What then? Art thou Elias? And he saith, I am not. Art thou that prophet? And he answered, No.
22 Then said they unto him, Who art thou? that we may give an answer to them that sent us. What sayest thou of thyself?
23 He said, I am the voice of one crying in the wilderness, Make straight the way of the Lord, as said the prophet Esaias.
24 And they which were sent were of the Pharisees.
25 And they asked him, and said unto him, Why baptizest thou then, if thou be not that Christ, nor Elias, neither that prophet?
26 John answered them, saying, I baptize with water: but there standeth one among you, whom ye know not;
27 He it is, who coming after me is preferred before me, whose shoe’s latchet I am not worthy to unloose.
28 These things were done in Bethabara beyond Jordan, where John was baptizing.
29 The next day John seeth Jesus coming unto him, and saith, Behold the Lamb of God, which taketh away the sin of the world.
30 This is he of whom I said, After me cometh a man which is preferred before me: for he was before me.
31 And I knew him not: but that he should be made manifest to Israel, therefore am I come baptizing with water.
32 And John bare record, saying, I saw the Spirit descending from heaven like a dove, and it abode upon him.
33 And I knew him not: but he that sent me to baptize with water, the same said unto me, Upon whom thou shalt see the Spirit descending, and remaining on him, the same is he which baptizeth with the Holy Ghost.
34 And I saw, and bare record that this is the Son of God.
35 Again the next day after John stood, and two of his disciples;
36 And looking upon Jesus as he walked, he saith, Behold the Lamb of God!
37 And the two disciples heard him speak, and they followed Jesus.
38 Then Jesus turned, and saw them following, and saith unto them, What seek ye? They said unto him, Rabbi, (which is to say, being interpreted, Master,) where dwellest thou?
39 He saith unto them, Come and see. They came and saw where he dwelt, and abode with him that day: for it was about the tenth hour.
40 One of the two which heard John speak, and followed him, was Andrew, Simon Peter’s brother.
41 He first findeth his own brother Simon, and saith unto him, We have found the Messias, which is, being interpreted, the Christ.
42 And he brought him to Jesus. And when Jesus beheld him, he said, Thou art Simon the son of Jona: thou shalt be called Cephas, which is by interpretation, A stone.
43 The day following Jesus would go forth into Galilee, and findeth Philip, and saith unto him, Follow me.
44 Now Philip was of Bethsaida, the city of Andrew and Peter.
45 Philip findeth Nathanael, and saith unto him, We have found him, of whom Moses in the law, and the prophets, did write, Jesus of Nazareth, the son of Joseph.
46 And Nathanael said unto him, Can there any good thing come out of Nazareth? Philip saith unto him, Come and see.
47 Jesus saw Nathanael coming to him, and saith of him, Behold an Israelite indeed, in whom is no guile!
48 Nathanael saith unto him, Whence knowest thou me? Jesus answered and said unto him, Before that Philip called thee, when thou wast under the fig tree, I saw thee.
49 Nathanael answered and saith unto him, Rabbi, thou art the Son of God; thou art the King of Israel.
50 Jesus answered and said unto him, Because I said unto thee, I saw thee under the fig tree, believest thou? thou shalt see greater things than these.
51 And he saith unto him, Verily, verily, I say unto you, Hereafter ye shall see heaven open, and the angels of God ascending and descending upon the Son of man.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}