Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 21

1 Seyè a fè Sara favè, jan l’ te di l’ la. Li fè sa l’ te pwomèt li a rive vre.
Sara vin ansent. Atout li te fin vye granmoun lan, li fè yon pitit gason pou Abraram, nan dat Bondye te di l’ la.
Abraram rele pitit gason Sara te fè pou li a Izarak.
Ti gason an te gen wit jou lè Abraram sikonsi l’, jan Bondye te ba li lòd la.
Abraram te gen santan sou tèt li lè Izarak, pitit li a, te fèt.
Sara di konsa. Bondye fè m’ bagay ki fè m’ ri. tout moun ki tande sa pral ri avè m’ tou.
Apre sa, li di ankò: -Ki moun ki ta di Abraram yon jou Sara gen pou bay timoun tete? Men, atout li fin vye a, mwen fè yon pitit gason pou li.
Ti gason an grandi, li sevre. Jou yo sevre l’ la, Abraram fè yon gwo fèt.
 Yon jou Izmayèl, pitit Aga, fanm peyi Lejip la te fè pou Abraram lan t’ap jwe ak Izarak, pitit Sara a. Sara wè sa.
10 Li di Abraram konsa: -Mete sèvant la deyò ansanm ak tout pitit li a, paske pitit sèvant sa a pa gen dwa eritye ak Izarak, pitit mwen an.
11 Pawòl sa a te fè Abraram lapenn anpil, paske Izmayèl te pitit li tou.
12 Men, Bondye di Abraram konsa-Ou pa bezwen pran lapenn pou ti gason an ak pou Aga, sèvant ou a. Ou mèt fè tout sa Sara di ou fè a, paske se Izarak ki pral ba ou pitit pitit mwen pwomèt ou yo.
13 M’ap bay pitit sèvant lan anpil pitit pitit. M’ap fè l’ tounen yon nasyon, paske se pitit ou li ye tou.
14  Nan denmen Abraram leve bonè, li pran pen ak yon sak an po bèt plen dlo, li bay Aga. Li ede l’ mete yo sou tèt li. Li ba li pitit la, li fè l’ ale kite kay la. Aga pati, li mache, li mache, jouk li pèdi nan dezè Bècheba a.
15 Lè dlo nan sak la fini, li kite pitit la anba yon touf raje.
16 li ale, li chita pi devan, yon bon ti distans, li di nan kè l’ -Mwen pa ka rete ap gade pitit mwen an ap mouri konsa. Pandan li chita konsa, pitit la pran rele.
17 Bondye tande rèl pitit la. Zanj Bondye a rete nan syèl la, li pale ak Aga, li di l’ konsa-Sa ou genyen, Aga? Ou pa bezwen pè. Kote Bondye ye a, li tande rèl ti pitit la.
18 Leve non, pran ti pitit la, kenbe l’. M’ap fè pitit pitit li yo tounen yon gwo nasyon.
19 Bondye louvri je Aga. Aga wè yon pi. li ale, li plen sak an po a dlo. Li bay ti pitit la bwè dlo kont kò l’.
20 Bondye te avèk ti pitit la. Li grandi, li rete nan dezè a. Li te rive konn tire flèch nan banza ak anpil ladrès.
21 Se nan dezè Paran li te rete. Manman l’ te chwazi yon madanm pou li nan jenn fi peyi Lejip yo.
22  Lè sa a, Abimelèk ale ansanm avek Pikòl, kòmandan lame li a, li pale ak Abraram. Li di l’ konsa-Bondye avè ou nan tout sa w’ap fè.
23 Koulye a, fè sèman, isit la menm, devan Bondye, ou p’ap janm twonpe ni mwen menm, ni pitit mwen yo, ni pitit pitit mwen yo. Mwen te aji byen avè ou. Pwomèt w’ap aji byen avè m’ tou, epi w’ap sèvi byen ak tout moun nan peyi kote ou rete a.
24 Abraram reponn. -M’ fè sèman.
25 Men Abraram te fè Abimelèk repwòch pou yon pi li domestik Abimelèk yo te pran pa fòs.
26 Abimelèk di l’ -Mwen pa konnen ki moun ki fè sa. Ni tou, ou pa t’ janm di m’ anyen sou sa. Se koulye a m’ap tande koze a.
27 Abraram pran kèk mouton ak kèk bèf li bay Abimelèk. Konsa, yo pase kontra yonn ak lòt.
28 Abraram pran sèt mouton nan bann mouton l’ yo, li mete yo sou kote.
29 Abimelèk mande l’ -Poukisa ou mete sèt mouton sa yo sou kote.
30 Abraram reponn li-Asepte sèt mouton sa yo. Si ou asepte yo, sa vle di ou rekonèt devan tout moun se mwen menm ki te fouye pi a.
31 Se poutèt sa yo rele anplasman an Bècheba, paske se la menm yo te sèmante yonn bay lòt.
32 Se Bècheba yo te pase kontra yonn ak lòt. Apre sa, Abimelèk leve, li tounen nan peyi moun Filisti yo, ansanm ak Pikòl, kòmandan lame li a.
33  Se la Bècheba Abraram plante yon pye tonmaren. Lèfini li fè sèvis pou Seyè a, Bondye ki la pou tout tan an.
34 Apre sa, Abraram rete kèk lanne ankò nan peyi Filisti a.
Kreyol / Français / English

Genèse 21

 1 L’Éternel se souvint de ce qu’il avait dit à Sara, et l’Éternel accomplit pour Sara ce qu’il avait promis.
Sara devint enceinte, et elle enfanta un fils à Abraham dans sa vieillesse, au temps fixé dont Dieu lui avait parlé.
Abraham donna le nom d’Isaac au fils qui lui était né, que Sara lui avait enfanté.
Abraham circoncit son fils Isaac, âgé de huit jours, comme Dieu le lui avait ordonné.
Abraham était âgé de cent ans, à la naissance d’Isaac, son fils.
Et Sara dit: Dieu m’a fait un sujet de rire; quiconque l’apprendra rira de moi.
Elle ajouta: Qui aurait dit à Abraham: Sara allaitera des enfants? Cependant je lui ai enfanté un fils dans sa vieillesse.
L’enfant grandit, et fut sevré; et Abraham fit un grand festin le jour où Isaac fut sevré.
Sara vit rire le fils qu’Agar, l’Égyptienne, avait enfanté à Abraham;
10 et elle dit à Abraham: Chasse cette servante et son fils, car le fils de cette servante n’héritera pas avec mon fils, avec Isaac.
11 Cette parole déplut fort aux yeux d’Abraham, à cause de son fils.
12 Mais Dieu dit à Abraham: Que cela ne déplaise pas à tes yeux, à cause de l’enfant et de ta servante. Accorde à Sara tout ce qu’elle te demandera; car c’est d’Isaac que sortira une postérité qui te sera propre.
13 Je ferai aussi une nation du fils de ta servante; car il est ta postérité.
14 Abraham se leva de bon matin; il prit du pain et une outre d’eau, qu’il donna à Agar et plaça sur son épaule; il lui remit aussi l’enfant, et la renvoya. Elle s’en alla, et s’égara dans le désert de Beer Schéba.
15 Quand l’eau de l’outre fut épuisée, elle laissa l’enfant sous un des arbrisseaux,
16 et alla s’asseoir vis-à-vis, à une portée d’arc; car elle disait: Que je ne voie pas mourir mon enfant! Elle s’assit donc vis-à-vis de lui, éleva la voix et pleura.
17 Dieu entendit la voix de l’enfant; et l’ange de Dieu appela du ciel Agar, et lui dit: Qu’as-tu, Agar? Ne crains point, car Dieu a entendu la voix de l’enfant dans le lieu où il est.
18 Lève-toi, prends l’enfant, saisis-le de ta main; car je ferai de lui une grande nation.
19 Et Dieu lui ouvrit les yeux, et elle vit un puits d’eau; elle alla remplir d’eau l’outre, et donna à boire à l’enfant.
20 Dieu fut avec l’enfant, qui grandit, habita dans le désert, et devint tireur d’arc.
21 Il habita dans le désert de Paran, et sa mère lui prit une femme du pays d’Égypte.
22 En ce temps-là, Abimélec, accompagné de Picol, chef de son armée, parla ainsi à Abraham: Dieu est avec toi dans tout ce que tu fais.
23 Jure-moi maintenant ici, par le nom de Dieu, que tu ne tromperas ni moi, ni mes enfants, ni mes petits-enfants, et que tu auras pour moi et le pays où tu séjournes la même bienveillance que j’ai eue pour toi.
24 Abraham dit: Je le jurerai.
25 Mais Abraham fit des reproches à Abimélec, au sujet d’un puits d’eau, dont s’étaient emparés de force les serviteurs d’Abimélec.
26 Abimélec répondit: J’ignore qui a fait cette chose-là; tu ne m’en as point informé, et moi, je ne l’apprends qu’aujourd’hui.
27 Et Abraham prit des brebis et des boeufs, qu’il donna à Abimélec; et ils firent tous deux alliance.
28 Abraham mit à part sept jeunes brebis.
29 Et Abimélec dit à Abraham: Qu’est-ce que ces sept jeunes brebis, que tu as mises à part?
30 Il répondit: Tu accepteras de ma main ces sept brebis, afin que cela me serve de témoignage que j’ai creusé ce puits.
31 C’est pourquoi on appelle ce lieu Beer Schéba; car c’est là qu’ils jurèrent l’un et l’autre.
32 Ils firent donc alliance à Beer Schéba. Après quoi, Abimélec se leva, avec Picol, chef de son armée; et ils retournèrent au pays des Philistins.
33 Abraham planta des tamariscs à Beer Schéba; et là il invoqua le nom de l’Éternel, Dieu de l’éternité.
34 Abraham séjourna longtemps dans le pays des Philistins.
Kreyol / Français / English

Genesis 21

1 And the Lord visited Sarah as he had said, and the Lord did unto Sarah as he had spoken.
For Sarah conceived, and bare Abraham a son in his old age, at the set time of which God had spoken to him.
And Abraham called the name of his son that was born unto him, whom Sarah bare to him, Isaac.
And Abraham circumcised his son Isaac being eight days old, as God had commanded him.
And Abraham was an hundred years old, when his son Isaac was born unto him.
And Sarah said, God hath made me to laugh, so that all that hear will laugh with me.
And she said, Who would have said unto Abraham, that Sarah should have given children suck? for I have born him a son in his old age.
And the child grew, and was weaned: and Abraham made a great feast the same day that Isaac was weaned.
And Sarah saw the son of Hagar the Egyptian, which she had born unto Abraham, mocking.
10 Wherefore she said unto Abraham, Cast out this bondwoman and her son: for the son of this bondwoman shall not be heir with my son, even with Isaac.
11 And the thing was very grievous in Abraham’s sight because of his son.
12 And God said unto Abraham, Let it not be grievous in thy sight because of the lad, and because of thy bondwoman; in all that Sarah hath said unto thee, hearken unto her voice; for in Isaac shall thy seed be called.
13 And also of the son of the bondwoman will I make a nation, because he is thy seed.
14 And Abraham rose up early in the morning, and took bread, and a bottle of water, and gave it unto Hagar, putting it on her shoulder, and the child, and sent her away: and she departed, and wandered in the wilderness of Beersheba.
15 And the water was spent in the bottle, and she cast the child under one of the shrubs.
16 And she went, and sat her down over against him a good way off, as it were a bow shot: for she said, Let me not see the death of the child. And she sat over against him, and lift up her voice, and wept.
17 And God heard the voice of the lad; and the angel of God called to Hagar out of heaven, and said unto her, What aileth thee, Hagar? fear not; for God hath heard the voice of the lad where he is.
18 Arise, lift up the lad, and hold him in thine hand; for I will make him a great nation.
19 And God opened her eyes, and she saw a well of water; and she went, and filled the bottle with water, and gave the lad drink.
20 And God was with the lad; and he grew, and dwelt in the wilderness, and became an archer.
21 And he dwelt in the wilderness of Paran: and his mother took him a wife out of the land of Egypt.
22 And it came to pass at that time, that Abimelech and Phichol the chief captain of his host spake unto Abraham, saying, God is with thee in all that thou doest:
23 Now therefore swear unto me here by God that thou wilt not deal falsely with me, nor with my son, nor with my son’s son: but according to the kindness that I have done unto thee, thou shalt do unto me, and to the land wherein thou hast sojourned.
24 And Abraham said, I will swear.
25 And Abraham reproved Abimelech because of a well of water, which Abimelech’s servants had violently taken away.
26 And Abimelech said, I wot not who hath done this thing; neither didst thou tell me, neither yet heard I of it, but to day.
27 And Abraham took sheep and oxen, and gave them unto Abimelech; and both of them made a covenant.
28 And Abraham set seven ewe lambs of the flock by themselves.
29 And Abimelech said unto Abraham, What mean these seven ewe lambs which thou hast set by themselves?
30 And he said, For these seven ewe lambs shalt thou take of my hand, that they may be a witness unto me, that I have digged this well.
31 Wherefore he called that place Beersheba; because there they sware both of them.
32 Thus they made a covenant at Beersheba: then Abimelech rose up, and Phichol the chief captain of his host, and they returned into the land of the Philistines.
33 And Abraham planted a grove in Beersheba, and called there on the name of the Lord, the everlasting God.
34 And Abraham sojourned in the Philistines’ land many days.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}