Liv Oze / Osée / Hosea

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Oze 7     

1 Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun.
Men, yo pa janm mete nan tèt yo m’ap toujou chonje tou sa yo fè. Men, yo kanpe nan mitan tout mechanste yo la devan je mwen.
Nan mechanste yo, y’ap fè fèt pou wa a. Y’ap woule chèf yo, antan y’ap fè konplo.
Se yon bann trèt yo ye. Yo pa kenbe pawòl yo. Yo tankou yon fou yo fin chofe byen chofe. Boulanje a fè yo sispann chofe fou a, l’ap tann pat li fin bat la leve anvan li anfounen l’.
Konsa, jou y’ap fè fèt pou wa a, chèf yo malad anba diven, wa a menm bay lanmen ak ipokrit yo.
Wi, lè y’ap fè konplo se tankou yon fou k’ap chofe. Tout lannwit, chalè a ap moute. Sa yo gen sou kè yo a ap kouve. Nan maten, bagay la pete tankou flanm dife.
Yo gen yon chalè k’ap soti sou yo, cho tankou yon fou byen chofe. Yo devore moun k’ap gouvènen yo. Wa yo tonbe yonn apre lòt. Pa gen yon moun ki rele m’ mande sekou.
 Moun Efrayim yo pa pi bon pase yon pen ki kwit yon sèl bò. Yo pèdi valè yo. Moun Efrayim yo melanje ak moun lòt nasyon ki toupatou bò kote yo.
Moun lòt nasyon yo fin souse tout fòs yo. Yo menm yo pa konn sa. Yo gen tan fini, yo prèt pou mouri tankou vye granmoun cheve blan, yo pa menm wè sa.
10 Se awogans moun Izrayèl yo k’ap fè yo kondannen yo. Men, malgre tou sa ki rive yo, yo pa tounen vin jwenn mwen, mwen menm Seyè a, Bondye yo a. Yo pa chache kote m’ ye.
11 Moun Efrayim yo fin egare, yo tankou pijon ki pèdi bann yo, yo pa konn sa y’ap fè. Yon lè, se Lejip yo rele vin ede yo. Yon lòt lè, yo kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo.
12 Men, antan yo prale konsa, mwen pare yon pèlen pou yo, mwen pran yo tankou zwazo k’ap vole nan syèl. M’ap pini yo pou mechanste yo fè yo.
13 Madichon pou yo! Yo kouri vire do ban mwen. Y’ap fini nèt. Yo pa kenbe pawòl yo ak mwen. Yo leve dèyè mwen. Mwen te vle sove yo, men y’ap fè manti sou mwen.
14 Lè yo kouche sou kabann yo ap plenn, yo pa lapriyè m’ ak tout kè yo. Lè yo bezwen farin ak diven, y’ap kòche kò yo ak kouto tankou moun lòt nasyon yo, yo trayi m’.
15 Atout se mwen menm ki te mennen yo, ki te ba yo fòs, yo fè konplo sou mwen.
16 Yo vire do ban mwen pou y’ al dèyè lòt bondye. Yo tankou yon banza ki pa ka sèvi ankò. Chèf yo ap pale ak twòp awogans. Se poutèt sa, yo pral mouri nan lagè. Lè sa a, moun peyi Lejip yo pral pase yo nan kont rizib yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Osée 7 

1 Lorsque je voulais guérir Israël, L’iniquité d’Éphraïm et la méchanceté de Samarie se sont révélées, Car ils ont agi frauduleusement; Le voleur est arrivé, la bande s’est répandue au dehors.
Ils ne se disent pas dans leur coeur Que je me souviens de toute leur méchanceté; Maintenant leurs oeuvres les entourent, Elles sont devant ma face.
Ils réjouissent le roi par leur méchanceté, Et les chefs par leurs mensonges.
Ils sont tous adultères, Semblables à un four chauffé par le boulanger: Il cesse d’attiser le feu Depuis qu’il a pétri la pâte jusqu’à ce qu’elle soit levée.
Au jour de notre roi, Les chefs se rendent malades par les excès du vin; Le roi tend la main aux moqueurs.
Ils appliquent aux embûches leur coeur pareil à un four; Toute la nuit dort leur boulanger, Et au matin le four brûle comme un feu embrasé.
Ils sont tous ardents comme un four, Et ils dévorent leurs juges; Tous leurs rois tombent: Aucun d’eux ne m’invoque.
Éphraïm se mêle avec les peuples, Éphraïm est un gâteau qui n’a pas été retourné.
Des étrangers consument sa force, Et il ne s’en doute pas; La vieillesse s’empare de lui, Et il ne s’en doute pas.
10 L’orgueil d’Israël témoigne contre lui; Ils ne reviennent pas à l’Éternel, leur Dieu, Et ils ne le cherchent pas, malgré tout cela.
11 Éphraïm est comme une colombe stupide, sans intelligence; Ils implorent l’Égypte, ils vont en Assyrie.
12 S’ils partent, j’étendrai sur eux mon filet, Je les précipiterai comme les oiseaux du ciel; Je les châtierai, comme ils en ont été avertis dans leur assemblée.
13 Malheur à eux, parce qu’ils me fuient! Ruine sur eux, parce qu’ils me sont infidèles! Je voudrais les sauver, Mais ils disent contre moi des paroles mensongères.
14 Ils ne crient pas vers moi dans leur coeur, Mais ils se lamentent sur leur couche; Ils se rassemblent pour avoir du blé et du moût, Et ils s’éloignent de moi.
15 Je les ai châtiés, j’ai fortifié leurs bras; Et ils méditent le mal contre moi.
16 Ce n’est pas au Très Haut qu’ils retournent; Ils sont comme un arc trompeur. Leurs chefs tomberont par l’épée, A cause de l’insolence de leur langue. C’est ce qui les rendra un objet de risée dans le pays d’Égypte.

Louis Segond {LSG}

Hosea 7

1 When I would have healed Israel, then the iniquity of Ephraim was discovered, and the wickedness of Samaria: for they commit falsehood; and the thief cometh in, and the troop of robbers spoileth without.
And they consider not in their hearts that I remember all their wickedness: now their own doings have beset them about; they are before my face.
They make the king glad with their wickedness, and the princes with their lies.
They are all adulterers, as an oven heated by the baker, who ceaseth from raising after he hath kneaded the dough, until it be leavened.
In the day of our king the princes have made him sick with bottles of wine; he stretched out his hand with scorners.
For they have made ready their heart like an oven, whiles they lie in wait: their baker sleepeth all the night; in the morning it burneth as a flaming fire.
They are all hot as an oven, and have devoured their judges; all their kings are fallen: there is none among them that calleth unto me.
Ephraim, he hath mixed himself among the people; Ephraim is a cake not turned.
Strangers have devoured his strength, and he knoweth it not: yea, gray hairs are here and there upon him, yet he knoweth not.
10 And the pride of Israel testifieth to his face: and they do not return to the Lord their God, nor seek him for all this.
11 Ephraim also is like a silly dove without heart: they call to Egypt, they go to Assyria.
12 When they shall go, I will spread my net upon them; I will bring them down as the fowls of the heaven; I will chastise them, as their congregation hath heard.
13 Woe unto them! for they have fled from me: destruction unto them! because they have transgressed against me: though I have redeemed them, yet they have spoken lies against me.
14 And they have not cried unto me with their heart, when they howled upon their beds: they assemble themselves for corn and wine, and they rebel against me.
15 Though I have bound and strengthened their arms, yet do they imagine mischief against me.
16 They return, but not to the most High: they are like a deceitful bow: their princes shall fall by the sword for the rage of their tongue: this shall be their derision in the land of Egypt.     
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}