Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 22

1 Lè Seyè a te fin delivre David anba men Sayil ak anba men tout lènmi li yo, David chante chante sa a pou Seyè a.
 Li di konsa: -Seyè, se ou menm ki twou wòch kote m’ kache a. Se ou menm ki sèvi m’ ranpa. Se ou menm ki delivre m’.
Ou se Bondye mwen, se ou menm ki pwoteje m’. Se nan ou mwen mete tout konfyans mwen. Se ou ki tout defans mwen. Se fòs ou k’ap sove m’. Se anba zèl ou m’ jwenn kote pou m’ kache. Se ou ki delivrans mwen. Se ou ki delivre m’ anba mechan yo.
Mwen rele Seyè a, li delivre m’ anba lènmi m’ yo. Lwanj pou Seyè a!
Lanmò te fin vlope m’, mwen te pè lè m’ wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.
Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kote m’ vire, mwen wè lanmò devan m’.
Nan mizè mwen te ye a mwen rele Seyè a, Mwen mande Bondye mwen sekou. Kote l’ chita lakay li a, li tande vwa mwen. Rèl mwen rive jouk nan zòrèy li.
Lè sa a, latè pran tranble, li souke. Fondasyon syèl la pran tranble. Yon sèl frison pran yo, paske Bondye te an kòlè.
Lafimen t’ap soti nan twou nen li. Yon gwo flanm dife ak moso chabon tou limen t’ap soti nan bouch li.
10 Li bese syèl la, li desann ak yon gwo nwaj nwa anba pye li.
11 Li moute sou do yon zanj cheriben, li t’ap vole. Yon kouran van t’ap pouse l’ ale.
12 Li te kache kò l’ nan fènwa. Yon gwo nwaj pwès plen dlo te vlope l’ toupatou.
13 Anpil chabon dife tou limen t’ap soti nan gwo limyè ki t’ap klere devan li an.
14 Seyè a pran gwonde nan syèl la. Bondye ki anwo nan syèl la fè tout moun tande vwa li.
15 Li voye flèch li yo, li gaye tout lènmi m’ yo, li fè yo tout kouri ak kout zèklè.
16 Lè ou an kòlè, Seyè, van soti ak fòs nan twou nen ou. Lè konsa, moun wè fon lanmè a, fondasyon latè a parèt aklè.
17 Seyè a rete nan syèl la, li lonje men l’, li pran m’. Li rale m’ soti nan mitan gwo dlo yo.
18 Li delivre m’ anba gwo lènmi m’ yo, anba tout moun sa yo ki te rayi m’, epi ki te pi fò pase m’.
19 Lè m’ te nan tray, yo pwofite atake m’. Men, Seyè a te kenbe m’.
20 Li wete m’ nan move pa a. Li delivre m’ paske li renmen m’.
21 Seyè a ban m’ sa m’ merite, paske li wè m’ mache dwat devan li. Li ban m’ benediksyon paske li wè mwen inonsan.
22 Mwen te obeyi lalwa Seyè a, mwen pa janm vire do bay Bondye.
23 Mwen fè tou sa ki nan lalwa li, mwen pa janm dezobeyi kòmandman li yo.
24 Li konnen mwen pa antò. Mwen kenbe kò m’ pou m’ pa fè sa ki mal.
25 Se konsa li ban m’ sa m’ merite, paske mwen mache dwat devan li, paske li wè mwen inonsan.
26 Ou menm, Seyè, ou kenbe pawòl ou ak moun ki kenbe pawòl yo, ou bon ak moun ki bon.
27 Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.
28 Ou sove moun ki soumèt yo devan ou. Men, ou annik gade moun ki gen lògèy yo, ou desann yo.
29 Seyè, ou se limyè mwen. Se ou ki wete m’ nan fènwa kote m’ te ye a.
30 Avè ou, mwen fonse sou bann lènmi m’ yo ki ame jouk nan dan. Avè ou, mwen eskalade miray ki sèvi yo defans.
31 Bondye o! Tou sa ou fè bon nèt ale. Ou pa gen de pawòl. Ou pwoteje tout moun ki chache pwoteksyon anba zèl ou.
32 Ki moun ki Bondye si se pa Seyè a? Ki moun ki defans nou si se pa Bondye nou an?
33 Se Bondye ki pwoteje m’ avè fòs li. Li fè m’ mennen yon lavi san repwòch.
34 Li asire pye m’ tankou pye kabrit, li fè m’ mache sou mòn yo san m’ pa tonbe.
35 Li moutre m’ jan pou m’ goumen. Li ban m’ fòs pou m’ sèvi ak pi gwo banza ki genyen.
36 Se ou menm, Seyè, ki pwoteje m’. Se ou ki sove m’. Si m’ kapab leve kanpe, se paske ou renmen m’.
37 Ou pa kite yo bare wout mwen. Mwen pa janm pèdi pye.
38 Mwen kouri dèyè lènmi m’ yo, mwen bat yo. Mwen pa tounen toutan mwen pa fin kraze yo nèt.
39 Mwen jete yo atè, m’ kraze yo, yo pa ka leve. Yo tonbe, mwen mete pye m’ sou kou yo.
40 Ou ban m’ kont fòs pou m’ goumen. Ou fè lènmi m’ yo mande m’ padon.
41 Ou fè yo kouri devan m’. Mwen disparèt tout moun ki rayi m’ yo.
42 Y’ap mande sekou, men pa gen moun ki ka sove yo. Y’ap rele Seyè a, men li pa reponn yo.
43 Mwen kraze yo fè yo tounen pousyè. M’ pilonnen yo, m’ mache sou yo tankou sou labou nan lari.
44 Ou delivre m’ anba pèp rebèl sa a. Ou fè m’ rete chèf pou m’ gouvènen tout nasyon yo tou. Pèp mwen pa t’ konnen, se yo menm k’ap sèvi m’.
45 Moun lòt peyi yo ap achte figi m’. Kou yo tande vwa m’, yo obeyi m’.
46 Yo pèdi tout kouraj yo. Yo soti kote yo te kache a, y’ap tranble kou fèy bwa.
47 Konpliman pou Seyè a! Lwanj pou moun ki pran defans mwen an! Se Bondye ki delivre m’, se li menm ki pwoteje m’. Ann fè konnen jan li gen pouvwa!
48 Se Bondye ki pran revanj mwen. Se li ki mete pèp yo anba pye mwen.
49 Ou sove m’ anba men lènmi m’ yo. Ou wete m’ anba men moun ki t’ap konbat mwen yo. Ou delivre m’ anba ansasen yo.
50 Se poutèt sa m’a fè moun lòt nasyon yo konnen ki moun ou ye. m’a chante pou fè lwanj ou.
51 Bondye delivre wa li a anpil fwa. Li moutre jan li pa janm sispann renmen David, moun li chwazi a, ansanm ak pitit pitit li yo pou tout tan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Samuel 22

1 David adressa à l’Éternel les paroles de ce cantique, lorsque l’Éternel l’eut délivré de la main de tous ses ennemis et de la main de Saül.
Il dit: L’Éternel est mon rocher, ma forteresse, mon libérateur.
Dieu est mon rocher, où je trouve un abri, Mon bouclier et la force qui me sauve, Ma haute retraite et mon refuge. O mon Sauveur! tu me garantis de la violence.
Je m’écrie: Loué soit l’Éternel! Et je suis délivré de mes ennemis.
Car les flots de la mort m’avaient environné, Les torrents de la destruction m’avaient épouvanté;
Les liens du sépulcre m’avaient entouré, Les filets de la mort m’avaient surpris.
Dans ma détresse, j’ai invoqué l’Éternel, J’ai invoqué mon Dieu; De son palais, il a entendu ma voix, Et mon cri est parvenu à ses oreilles.
La terre fut ébranlée et trembla, Les fondements des cieux frémirent, Et ils furent ébranlés, parce qu’il était irrité.
Il s’élevait de la fumée dans ses narines, Et un feu dévorant sortait de sa bouche: Il en jaillissait des charbons embrasés.
10 Il abaissa les cieux, et il descendit: Il y avait une épaisse nuée sous ses pieds.
11 Il était monté sur un chérubin, et il volait, Il paraissait sur les ailes du vent.
12 Il faisait des ténèbres une tente autour de lui, Il était enveloppé d’amas d’eaux et de sombres nuages.
13 De la splendeur qui le précédait S’élançaient des charbons de feu.
14 L’Éternel tonna des cieux, Le Très Haut fit retentir sa voix;
15 Il lança des flèches et dispersa mes ennemis, La foudre, et les mit en déroute.
16 Le lit de la mer apparut, Les fondements du monde furent découverts, Par la menace de l’Éternel, Par le bruit du souffle de ses narines.
17 Il étendit sa main d’en haut, il me saisit, Il me retira des grandes eaux;
18 Il me délivra de mon adversaire puissant, De mes ennemis qui étaient plus forts que moi.
19 Ils m’avaient surpris au jour de ma détresse, Mais l’Éternel fut mon appui.
20 Il m’a mis au large, Il m’a sauvé, parce qu’il m’aime.
21 L’Éternel m’a traité selon ma droiture, Il m’a rendu selon la pureté de mes mains;
22 Car j’ai observé les voies de l’Éternel, Et je n’ai point été coupable envers mon Dieu.
23 Toutes ses ordonnances ont été devant moi, Et je ne me suis point écarté de ses lois.
24 J’ai été sans reproche envers lui, Et je me suis tenu en garde contre mon iniquité.
25 Aussi l’Éternel m’a rendu selon ma droiture, Selon ma pureté devant ses yeux.
26 Avec celui qui est bon tu te montres bon, Avec l’homme droit tu agis selon ta droiture,
27 Avec celui qui est pur tu te montres pur, Et avec le pervers tu agis selon sa perversité.
28 Tu sauves le peuple qui s’humilie, Et de ton regard, tu abaisses les orgueilleux.
29 Oui, tu es ma lumière, ô Éternel! L’Éternel éclaire mes ténèbres.
30 Avec toi je me précipite sur une troupe en armes, Avec mon Dieu je franchis une muraille.
31 Les voies de Dieu sont parfaites, La parole de l’Éternel est éprouvée; Il est un bouclier pour tous ceux qui se confient en lui.
32 Car qui est Dieu, si ce n’est l’Éternel? Et qui est un rocher, si ce n’est notre Dieu?
33 C’est Dieu qui est ma puissante forteresse, Et qui me conduit dans la voie droite.
34 Il rend mes pieds semblables à ceux des biches, Et il me place sur mes lieux élevés.
35 Il exerce mes mains au combat, Et mes bras tendent l’arc d’airain.
36 Tu me donnes le bouclier de ton salut, Et je deviens grand par ta bonté.
37 Tu élargis le chemin sous mes pas, Et mes pieds ne chancellent point.
38 Je poursuis mes ennemis, et je les détruis; Je ne reviens pas avant de les avoir anéantis.
39 Je les anéantis, je les brise, et ils ne se relèvent plus; Ils tombent sous mes pieds.
40 Tu me ceins de force pour le combat, Tu fais plier sous moi mes adversaires.
41 Tu fais tourner le dos à mes ennemis devant moi, Et j’extermine ceux qui me haïssent.
42 Ils regardent autour d’eux, et personne pour les sauver! Ils crient à l’Éternel, et il ne leur répond pas!
43 Je les broie comme la poussière de la terre, Je les écrase, je les foule, comme la boue des rues.
44 Tu me délivres des dissensions de mon peuple; Tu me conserves pour chef des nations; Un peuple que je ne connaissais pas m’est asservi.
45 Les fils de l’étranger me flattent, Ils m’obéissent au premier ordre.
46 Les fils de l’étranger sont en défaillance, Ils tremblent hors de leurs forteresses.
47 Vive l’Éternel est vivant, et béni soit mon rocher! Que Dieu, le rocher de mon salut, soit exalté,
48 Le Dieu qui est mon vengeur, Qui m’assujettit les peuples,
49 Et qui me fait échapper à mes ennemis! Tu m’élèves au-dessus de mes adversaires, Tu me délivres de l’homme violent.
50 C’est pourquoi je te louerai parmi les nations, ô Éternel! Et je chanterai à la gloire de ton nom.
51 Il accorde de grandes délivrances à son roi, Et il fait miséricorde à son oint, A David, et à sa postérité, pour toujours.
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 22

1 And David spake unto the Lord the words of this song in the day that the Lord had delivered him out of the hand of all his enemies, and out of the hand of Saul:
And he said, The Lord is my rock, and my fortress, and my deliverer;
The God of my rock; in him will I trust: he is my shield, and the horn of my salvation, my high tower, and my refuge, my saviour; thou savest me from violence.
I will call on the Lord, who is worthy to be praised: so shall I be saved from mine enemies.
When the waves of death compassed me, the floods of ungodly men made me afraid;
The sorrows of hell compassed me about; the snares of death prevented me;
In my distress I called upon the Lord, and cried to my God: and he did hear my voice out of his temple, and my cry did enter into his ears.
Then the earth shook and trembled; the foundations of heaven moved and shook, because he was wroth.
There went up a smoke out of his nostrils, and fire out of his mouth devoured: coals were kindled by it.
10 He bowed the heavens also, and came down; and darkness was under his feet.
11 And he rode upon a cherub, and did fly: and he was seen upon the wings of the wind.
12 And he made darkness pavilions round about him, dark waters, and thick clouds of the skies.
13 Through the brightness before him were coals of fire kindled.
14 The Lord thundered from heaven, and the most High uttered his voice.
15 And he sent out arrows, and scattered them; lightning, and discomfited them.
16 And the channels of the sea appeared, the foundations of the world were discovered, at the rebuking of the Lord, at the blast of the breath of his nostrils.
17 He sent from above, he took me; he drew me out of many waters;
18 He delivered me from my strong enemy, and from them that hated me: for they were too strong for me.
19 They prevented me in the day of my calamity: but the Lord was my stay.
20 He brought me forth also into a large place: he delivered me, because he delighted in me.
21 The Lord rewarded me according to my righteousness: according to the cleanness of my hands hath he recompensed me.
22 For I have kept the ways of the Lord, and have not wickedly departed from my God.
23 For all his judgments were before me: and as for his statutes, I did not depart from them.
24 I was also upright before him, and have kept myself from mine iniquity.
25 Therefore the Lord hath recompensed me according to my righteousness; according to my cleanness in his eye sight.
26 With the merciful thou wilt shew thyself merciful, and with the upright man thou wilt shew thyself upright.
27 With the pure thou wilt shew thyself pure; and with the froward thou wilt shew thyself unsavoury.
28 And the afflicted people thou wilt save: but thine eyes are upon the haughty, that thou mayest bring them down.
29 For thou art my lamp, O Lord: and the Lord will lighten my darkness.
30 For by thee I have run through a troop: by my God have I leaped over a wall.
31 As for God, his way is perfect; the word of the Lord is tried: he is a buckler to all them that trust in him.
32 For who is God, save the Lord? and who is a rock, save our God?
33 God is my strength and power: and he maketh my way perfect.
34 He maketh my feet like hinds’ feet: and setteth me upon my high places.
35 He teacheth my hands to war; so that a bow of steel is broken by mine arms.
36 Thou hast also given me the shield of thy salvation: and thy gentleness hath made me great.
37 Thou hast enlarged my steps under me; so that my feet did not slip.
38 I have pursued mine enemies, and destroyed them; and turned not again until I had consumed them.
39 And I have consumed them, and wounded them, that they could not arise: yea, they are fallen under my feet.
40 For thou hast girded me with strength to battle: them that rose up against me hast thou subdued under me.
41 Thou hast also given me the necks of mine enemies, that I might destroy them that hate me.
42 They looked, but there was none to save; even unto the Lord, but he answered them not.
43 Then did I beat them as small as the dust of the earth, I did stamp them as the mire of the street, and did spread them abroad.
44 Thou also hast delivered me from the strivings of my people, thou hast kept me to be head of the heathen: a people which I knew not shall serve me.
45 Strangers shall submit themselves unto me: as soon as they hear, they shall be obedient unto me.
46 Strangers shall fade away, and they shall be afraid out of their close places.
47 The Lord liveth; and blessed be my rock; and exalted be the God of the rock of my salvation.
48 It is God that avengeth me, and that bringeth down the people under me.
49 And that bringeth me forth from mine enemies: thou also hast lifted me up on high above them that rose up against me: thou hast delivered me from the violent man.
50 Therefore I will give thanks unto thee, O Lord, among the heathen, and I will sing praises unto thy name.
51 He is the tower of salvation for his king: and sheweth mercy to his anointed, unto David, and to his seed for evermore.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}