Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 30  

1 Men koulye a, moun ki pi jenn pase m’ yo ap pase m’ nan rizib. Papa yo se moun mwen pa t’ pran pou anyen, moun mwen pa ta menm mete ak chen m’ pou gade mouton.
Epitou, yo te twò fèb pou fè anyen pou mwen. Se te yon bann gason san kouraj.
Mizè ak grangou te fini ak yo. Lannwit se grenn bwa yo te konn al souse nan savann kote moun pa rete.
Yo pran fèy raje pou yo manje. Ata rasin bayawonn pase.
Kote yo pase moun mete yo deyò, yo rele bare dèyè yo tankou vòlè.
Yo te blije al rete nan twou wòch, nan twou tè sou bò ravin yo.
Y’ap rele tankou bèt mawon nan raje a. Yo fè pil sou pil nan savann lan.
Se te yon bann sanzave ki pa t’ menm gen non. Yo te mete yo deyò nan peyi a.
Koulye a, y’ap fè chante sou mwen. Y’ap bay istwa sou do m’.
10 Yo pè pwoche bò kote m’ pou m’ pa sal yo. Yo menm krache nan figi m’.
11 Paske Bondye kraze kouraj mwen, li lage m’ atè, kifè, mapou tonbe, kabrit manje fèy li.
12 Bann moun sa yo leve dèyè m’, y’ap fè m’ kouri. Yo lage dèyè m’ pou yo pran m’.
13 Yo sènen m’ toupatou pou yo ka fini avè m’. Pa gen pesonn pou di yo pa fè sa.
14 Yo pase nan fant barikad, yo tonbe sou mwen. Yo pilonnen m’ anba pye yo.
15  Yon sèl latranblad pran mwen. Tankou yon kout van li kraze kouraj mwen. Tankou yon nwaj k’ap pase, tout byen m’ yo disparèt.
16 Koulye a, mwen prèt pou m’ mouri. Lafliksyon ap fini avè m’.
17 Lannwit, tout zo nan kò m’ ap fè m’ mal. Doulè ap manje m’ anndan san rete.
18 Bondye ponyen m’ nan kòlèt, l’ap chifonnen tout rad sou mwen.
19 Li voye m’ jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife.
20 Mwen rele nan pye ou, Bondye! Ou pa reponn mwen. Mwen kanpe devan ou, ou pa okipe m’ menm.
21 Ou pa menm moun lan ankò. W’ap malmennen m’. Ou soti pou pèsekite m’ ak tout fòs ou.
22 Ou fè van pote m’ ale. M’ap vole tankou pay. Ou voye yon van tanpèt boulvèse m’.
23 Wi, mwen konnen byen pwòp w’ap mennen m’ pou m’ al mouri, pou m’ al sibi sò k’ap tann tout moun lan.
24 Poukisa w’ap atake yon moun ki tou fin mouri, yon moun ki pa ka fè anyen ankò pase mande padon?
25 Eske mwen pa t’ nan lapenn ansanm ak moun ki te nan mizè? Eske kè m’ pa t’ fè m’ mal pou moun ki pa t’ gen anyen menm yo?
26 Mwen t’ap tann kontantman, se malè ki vini. Mwen t’ap tann limyè, se fènwa ki kouvri m’.
27 Tout zantray mwen ap bouyi san rete. Chak jou m’ap soufri pi rèd.
28 M’ap mache kagou, san pesonn pou konsole m’. Mwen kanpe nan mitan tout moun, m’ap mande sekou.
29 Vwa mwen tankou vwa koukou. Mwen rele tankou frize.
30 Po m’ vin tou nwa, l’ap dekale. Lafyèb ap manje m’ nan zo.
31 Lontan se mizik gita ak fif ase ki te nan zòrèy mwen. Men, koulye a, se plenn, se kriye ase m’ap tande.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 30

1 Et maintenant!… je suis la risée de plus jeunes que moi, De ceux dont je dédaignais de mettre les pères Parmi les chiens de mon troupeau.
Mais à quoi me servirait la force de leurs mains? Ils sont incapables d’atteindre la vieillesse.
Desséchés par la misère et la faim, Ils fuient dans les lieux arides, Depuis longtemps abandonnés et déserts;
Ils arrachent près des arbrisseaux les herbes sauvages, Et ils n’ont pour pain que la racine des genêts.
On les chasse du milieu des hommes, On crie après eux comme après des voleurs.
Ils habitent dans d’affreuses vallées, Dans les cavernes de la terre et dans les rochers;
Ils hurlent parmi les buissons, Ils se rassemblent sous les ronces.
Etres vils et méprisés, On les repousse du pays.
Et maintenant, je suis l’objet de leurs chansons, Je suis en butte à leurs propos.
10 Ils ont horreur de moi, ils se détournent, Ils me crachent au visage.
11 Ils n’ont plus de retenue et ils m’humilient, Ils rejettent tout frein devant moi.
12 Ces misérables se lèvent à ma droite et me poussent les pieds, Ils se fraient contre moi des sentiers pour ma ruine;
13 Ils détruisent mon propre sentier et travaillent à ma perte, Eux à qui personne ne viendrait en aide;
14 Ils arrivent comme par une large brèche, Ils se précipitent sous les craquements.
15 Les terreurs m’assiègent; Ma gloire est emportée comme par le vent, Mon bonheur a passé comme un nuage.
16 Et maintenant, mon âme s’épanche en mon sein, Les jours de la souffrance m’ont saisi.
17 La nuit me perce et m’arrache les os, La douleur qui me ronge ne se donne aucun repos,
18 Par la violence du mal mon vêtement perd sa forme, Il se colle à mon corps comme ma tunique.
19 Dieu m’a jeté dans la boue, Et je ressemble à la poussière et à la cendre.
20 Je crie vers toi, et tu ne me réponds pas; Je me tiens debout, et tu me lances ton regard.
21 Tu deviens cruel contre moi, Tu me combats avec la force de ta main.
22 Tu mu soulèves, tu mu fais voler au-dessus du vent, Et tu m’anéantis au bruit de la tempête.
23 Car, je le sais, tu me mènes à la mort, Au rendez-vous de tous les vivants.
24 Mais celui qui va périr n’étend-il pas les mains? Celui qui est dans le malheur n’implore-t-il pas du secours?
25 N’avais-je pas des larmes pour l’infortuné? Mon coeur n’avait-il pas pitié de l’indigent?
26 J’attendais le bonheur, et le malheur est arrivé; J’espérais la lumière, et les ténèbres sont venues.
27 Mes entrailles bouillonnent sans relâche, Les jours de la calamité m’ont surpris.
28 Je marche noirci, mais non par le soleil; Je me lève en pleine assemblée, et je crie.
29 Je suis devenu le frère des chacals, Le compagnon des autruches.
30 Ma peau noircit et tombe, Mes os brûlent et se dessèchent.
31 Ma harpe n’est plus qu’un instrument de deuil, Et mon chalumeau ne peut rendre que des sons plaintifs.
Louis Segond {LSG}

Job 30   

1 But now they that are younger than I have me in derision, whose fathers I would have disdained to have set with the dogs of my flock.
Yea, whereto might the strength of their hands profit me, in whom old age was perished?
For want and famine they were solitary; fleeing into the wilderness in former time desolate and waste.
Who cut up mallows by the bushes, and juniper roots for their meat.
They were driven forth from among men, (they cried after them as after a thief;)
To dwell in the cliffs of the valleys, in caves of the earth, and in the rocks.
Among the bushes they brayed; under the nettles they were gathered together.
They were children of fools, yea, children of base men: they were viler than the earth.
And now am I their song, yea, I am their byword.
10 They abhor me, they flee far from me, and spare not to spit in my face.
11 Because he hath loosed my cord, and afflicted me, they have also let loose the bridle before me.
12 Upon my right hand rise the youth; they push away my feet, and they raise up against me the ways of their destruction.
13 They mar my path, they set forward my calamity, they have no helper.
14 They came upon me as a wide breaking in of waters: in the desolation they rolled themselves upon me.
15 Terrors are turned upon me: they pursue my soul as the wind: and my welfare passeth away as a cloud.
16 And now my soul is poured out upon me; the days of affliction have taken hold upon me.
17 My bones are pierced in me in the night season: and my sinews take no rest.
18 By the great force of my disease is my garment changed: it bindeth me about as the collar of my coat.
19 He hath cast me into the mire, and I am become like dust and ashes.
20 I cry unto thee, and thou dost not hear me: I stand up, and thou regardest me not.
21 Thou art become cruel to me: with thy strong hand thou opposest thyself against me.
22 Thou liftest me up to the wind; thou causest me to ride upon it, and dissolvest my substance.
23 For I know that thou wilt bring me to death, and to the house appointed for all living.
24 Howbeit he will not stretch out his hand to the grave, though they cry in his destruction.
25 Did not I weep for him that was in trouble? was not my soul grieved for the poor?
26 When I looked for good, then evil came unto me: and when I waited for light, there came darkness.
27 My bowels boiled, and rested not: the days of affliction prevented me.
28 I went mourning without the sun: I stood up, and I cried in the congregation.
29 I am a brother to dragons, and a companion to owls.
30 My skin is black upon me, and my bones are burned with heat.
31 My harp also is turned to mourning, and my organ into the voice of them that weep.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}