Liv Pwovèb / Proverbes / Proverbs

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Pwovèb 20   

1 Twòp bweson fè ou pase moun nan betiz. Twòp gwòg fè ou pete kabouyay, fè lòbèy. Lè ou sou, ou aji tankou moun fou.
 Lè yon wa ankòlè, se tankou yon lyon k’ap gwonde. Moun ki mete l’ ankòlè a, se pwòp tèt li l’ap fè mal.
 Se bèl bagay lè yon moun evite diskisyon. Moun san konprann toujou ap chache kont.
 Parese pa pare tè li lè pou l’ te pare l’, li di fè twò frèt. Lè rekòt rive, li pa jwenn anyen nan jaden l’.
 Lide yon nonm gen nan tèt li, se tankou dlo nan yon pi byen fon. Men, yon moun lespri ka rale yo mete deyò.
 Anpil moun ap mache di jan yo se moun serye. Men, ou pa fasil jwenn yon moun ou ka fè konfyans.
 Lè yon papa se moun serye, li fè sa ki dwat. Sa bon nèt pou pitit li yo.
 Lè yon wa chita sou fòtèy li, l’ap rann jistis, li wè sa ki mal ak sa ki byen.
 Ki moun ki ka di: mwen lave konsyans mwen, mwen wete tout peche ki te sou li?
10  Seyè a pa ka sipòte moun k’ap sèvi ak de pwa de mezi.
11  Yon timoun moutre ou sa l’ap soti nan sa l’ap fè. Ou ka di si l’ap serye, si l’ap bon.
12  Se Seyè a ki ban nou je pou nou ka wè, se li menm ki ban nou zòrèy pou nou ka tande.
13  Pa renmen dòmi twòp pou ou pa vin pòv. Souke kò ou. W’a jwenn kont manje pou ou manje.
14  Lè moun ap machande, machandiz pa janm bon. Fini yo fin achte, y’ap mache di jan yo fè yon bon zafè.
15  Lè yon moun ki gen konprann ap pale sa gen plis valè pase kantite lò ak pyè ki koute chè.
16  Si yon moun sòt jouk pou li asepte bay pawòl li pou dèt yon etranje, se pou yo pran ata rad ki sou li jouk lòt la peye.
17  Lajan ou fè nan move kondisyon ka dous lè ou fèk genyen l’. Men, apre sa, se tankou ti wòch anba dan.
18  Pran konsèy, tou sa ou gen lide fè ap mache byen. Pa kouri fè lagè san ou pa konnen sa w’ap fè.
19  Bouch alèlè pa kenbe sekrè. Pa mele ak moun ki pale twòp.
20  Moun ki bay manman l’ ak papa l’ madichon p’ap viv lontan.
21  Richès ou ranmase fasil fasil p’ap janm vin yon benediksyon pou ou.
22  Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l’a delivre ou.
23  Seyè a pa ka sipòte moun k’ap sèvi ak de pwa de mezi. Sa pa bon pou ou sèvi ak move balans.
24  Se Seyè a ki louvri chemen devan nou. Ki jan lèzòm ka rive konprann lavi?
25  Pa prese fè Bondye pwomès. Ou ka règrèt sa pita.
26  Yon wa ki gen bon konprann ap rive dekouvri tout mechan yo. L’ap san pitye lè l’ap pini yo.
27  Se Seyè a ki ban nou konsyans nou. Se tankou yon lanp k’ap klere pou fè nou wè tou sa n’ap fè.
28  Yon wa ap rete wa si li se nèg serye, si li toujou kenbe pawòl li. L’ap toujou wa si li pa nan patipri.
29  Se kouraj ki fè valè yon jenn gason. Men, pou granmoun, se cheve blan l’ yo ki fè valè l’.
30  Move esperyans ka fè nou chanje. Malè ka fè nou vin gen bon santiman.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Proverbes 20 

1 Le vin est moqueur, les boissons fortes sont tumultueuses; Quiconque en fait excès n’est pas sage.
La terreur qu’inspire le roi est comme le rugissement d’un lion; Celui qui l’irrite pèche contre lui-même.
C’est une gloire pour l’homme de s’abstenir des querelles, Mais tout insensé se livre à l’emportement.
A cause du froid, le paresseux ne laboure pas; A la moisson, il voudrait récolter, mais il n’y a rien.
Les desseins dans le coeur de l’homme sont des eaux profondes, Mais l’homme intelligent sait y puiser.
Beaucoup de gens proclament leur bonté; Mais un homme fidèle, qui le trouvera?
Le juste marche dans son intégrité; Heureux ses enfants après lui!
Le roi assis sur le trône de la justice Dissipe tout mal par son regard.
Qui dira: J’ai purifié mon coeur, Je suis net de mon péché?
10 Deux sortes de poids, deux sortes d’épha, Sont l’un et l’autre en abomination à l’Éternel.
11 L’enfant laisse déjà voir par ses actions Si sa conduite sera pure et droite.
12 L’oreille qui entend, et l’oeil qui voit, C’est l’Éternel qui les a faits l’un et l’autre.
13 N’aime pas le sommeil, de peur que tu ne deviennes pauvre; Ouvre les yeux, tu seras rassasié de pain.
14 Mauvais! mauvais! dit l’acheteur; Et en s’en allant, il se félicite.
15 Il y a de l’or et beaucoup de perles; Mais les lèvres savantes sont un objet précieux.
16 Prends son vêtement, car il a cautionné autrui; Exige de lui des gages, à cause des étrangers.
17 Le pain du mensonge est doux à l’homme, Et plus tard sa bouche est remplie de gravier.
18 Les projets s’affermissent par le conseil; Fais la guerre avec prudence.
19 Celui qui répand la calomnie dévoile les secrets; Ne te mêle pas avec celui qui ouvre ses lèvres.
20 Si quelqu’un maudit son père et sa mère, Sa lampe s’éteindra au milieu des ténèbres.
21 Un héritage promptement acquis dès l’origine Ne sera pas béni quand viendra la fin.
22 Ne dis pas: Je rendrai le mal. Espère en l’Éternel, et il te délivrera.
23 L’Éternel a en horreur deux sortes de poids, Et la balance fausse n’est pas une chose bonne.
24 C’est l’Éternel qui dirige les pas de l’homme, Mais l’homme peut-il comprendre sa voie?
25 C’est un piège pour l’homme que de prendre à la légère un engagement sacré, Et de ne réfléchir qu’après avoir fait un voeu.
26 Un roi sage dissipe les méchants, Et fait passer sur eux la roue.
27 Le souffle de l’homme est une lampe de l’Éternel; Il pénètre jusqu’au fond des entrailles.
28 La bonté et la fidélité gardent le roi, Et il soutient son trône par la bonté.
29 La force est la gloire des jeunes gens, Et les cheveux blancs sont l’ornement des vieillards.
30 Les plaies d’une blessure sont un remède pour le méchant; De même les coups qui pénètrent jusqu’au fond des entrailles.
Louis Segond {LSG}

Proverbs 20  

1 Wine is a mocker, strong drink is raging: and whosoever is deceived thereby is not wise.
The fear of a king is as the roaring of a lion: whoso provoketh him to anger sinneth against his own soul.
It is an honour for a man to cease from strife: but every fool will be meddling.
The sluggard will not plow by reason of the cold; therefore shall he beg in harvest, and have nothing.
Counsel in the heart of man is like deep water; but a man of understanding will draw it out.
Most men will proclaim every one his own goodness: but a faithful man who can find?
The just man walketh in his integrity: his children are blessed after him.
A king that sitteth in the throne of judgment scattereth away all evil with his eyes.
Who can say, I have made my heart clean, I am pure from my sin?
10 Divers weights, and divers measures, both of them are alike abomination to the Lord.
11 Even a child is known by his doings, whether his work be pure, and whether it be right.
12 The hearing ear, and the seeing eye, the Lord hath made even both of them.
13 Love not sleep, lest thou come to poverty; open thine eyes, and thou shalt be satisfied with bread.
14 It is naught, it is naught, saith the buyer: but when he is gone his way, then he boasteth.
15 There is gold, and a multitude of rubies: but the lips of knowledge are a precious jewel.
16 Take his garment that is surety for a stranger: and take a pledge of him for a strange woman.
17 Bread of deceit is sweet to a man; but afterwards his mouth shall be filled with gravel.
18 Every purpose is established by counsel: and with good advice make war.
19 He that goeth about as a talebearer revealeth secrets: therefore meddle not with him that flattereth with his lips.
20 Whoso curseth his father or his mother, his lamp shall be put out in obscure darkness.
21 An inheritance may be gotten hastily at the beginning; but the end thereof shall not be blessed.
22 Say not thou, I will recompense evil; but wait on the Lord, and he shall save thee.
23 Divers weights are an abomination unto the Lord; and a false balance is not good.
24 Man’s goings are of the Lord; how can a man then understand his own way?
25 It is a snare to the man who devoureth that which is holy, and after vows to make enquiry.
26 A wise king scattereth the wicked, and bringeth the wheel over them.
27 The spirit of man is the candle of the Lord, searching all the inward parts of the belly.
28 Mercy and truth preserve the king: and his throne is upholden by mercy.
29 The glory of young men is their strength: and the beauty of old men is the grey head.
30 The blueness of a wound cleanseth away evil: so do stripes the inward parts of the belly.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}