Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 27

1 Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l’ te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.
Jotam te fè sa ki dwat devan Seyè a, tankou Ozyas, papa l’, te fè. Tansèlman, li pa t’ janm mete pwent pye l’ nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo.
Se Jotam ki te bati Pòtay Nò Tanp Seyè a. Li fè anpil travay nan miray lavil la nan zòn yo rele Ofèl la.
Li bati anpil lavil nan mòn peyi Jida a. Li bati gwo fò ak fò won nan tout rakbwa yo.
Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan (3.300) kilo ajan, senkantmil (50.000) barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne.
Jotam te vin gen anpil pouvwa, paske li te mache dwat devan Seyè a, Bondye li a.
Tout rès istwa Jotam lan, tout lagè li te fè, tou sa li te reyalize, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl ak wa peyi Jida yo.
Li te gen vennsenkan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan.
Lè Jotam mouri, yo antere l’ nan lavil David la. Se Akaz, pitit li, ki moute wa nan plas li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

2 Chroniques 27 

1 Jotham avait vingt-cinq ans lorsqu’il devint roi, et il régna seize ans à Jérusalem. Sa mère s’appelait Jeruscha, fille de Tsadok.
Il fit ce qui est droit aux yeux de l’Éternel, entièrement comme avait fait Ozias, son père. Seulement, il n’entra point dans le temple de l’Éternel. Toutefois, le peuple se corrompait encore.
Jotham bâtit la porte supérieure de la maison de l’Éternel, et il fit beaucoup de constructions sur les murs de la colline.
Il bâtit des villes dans la montagne de Juda, et des châteaux et des tours dans les bois.
Il fut en guerre avec le roi des fils d’Ammon, et il l’emporta sur eux. Les fils d’Ammon lui donnèrent cette année-là cent talents d’argent, dix mille cors de froment, et dix mille d’orge; et ils lui en payèrent autant la seconde année et la troisième.
Jotham devint puissant, parce qu’il affermit ses voies devant l’Éternel, son Dieu.
Le reste des actions de Jotham, toutes ses guerres, et tout ce qu’il a fait, cela est écrit dans le livre des rois d’Israël et de Juda.
Il avait vingt-cinq ans lorsqu’il devint roi, et il régna seize ans à Jérusalem.
Jotham se coucha avec ses pères, et on l’enterra dans la ville de David. Et Achaz, son fils, régna à sa place.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 27

1 Jotham was twenty and five years old when he began to reign, and he reigned sixteen years in Jerusalem. His mother’s name also was Jerushah, the daughter of Zadok.
And he did that which was right in the sight of the Lord, according to all that his father Uzziah did: howbeit he entered not into the temple of the Lord. And the people did yet corruptly.
He built the high gate of the house of the Lord, and on the wall of Ophel he built much.
Moreover he built cities in the mountains of Judah, and in the forests he built castles and towers.
He fought also with the king of the Ammonites, and prevailed against them. And the children of Ammon gave him the same year an hundred talents of silver, and ten thousand measures of wheat, and ten thousand of barley. So much did the children of Ammon pay unto him, both the second year, and the third.
So Jotham became mighty, because he prepared his ways before the Lord his God.
Now the rest of the acts of Jotham, and all his wars, and his ways, lo, they are written in the book of the kings of Israel and Judah.
He was five and twenty years old when he began to reign, and reigned sixteen years in Jerusalem.
And Jotham slept with his fathers, and they buried him in the city of David: and Ahaz his son reigned in his stead.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}