Liv Jòb  / Job / Job

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jòb 29  

1 Jòb tanmen pale ankò, li di:
-Ki moun ki va fè m’ viv tan lontan an, lè Bondye t’ap voye je sou mwen an?
Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t’ap moutre m’ kote pou m’ mete pye m’ nan fènwa a.
Nan tan sa a, tout zafè m’ t’ap mache byen. Bondye te zanmi m’. Li t’ap pwoteje kay mwen.
Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t’ap viv nan mitan tout pitit gason m’ yo.
Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch.
 Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo,
wè yo wè m’, jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen.
Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo.
10 Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo.
11 Tout moun ki te wè m’ t’ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m’ te kontan avè m’.
12 Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou.
13 Moun ki te nan pi gwo mizè t’ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan.
14 Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t’ janm nan patipri.
15 Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo.
16 Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo.
17 Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo.
18  Mwen t’ap di nan kè m’: M’a viv kont viv mwen. M’a mouri sou kabann mwen ak kè poze.
19 Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze.
20 Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t’ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen.
21 Lè m’ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y’ap tann konsa konsèy m’ap bay.
22 Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m’ fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò.
23 Yo t’ap tann mwen pale tankou tè sèk k’ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m’ap di.
24 Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo.
25 Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k’ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Job 29

Job prit de nouveau la parole sous forme sentencieuse et dit:
Oh! que ne puis-je être comme aux mois du passé, Comme aux jours où Dieu me gardait,
Quand sa lampe brillait sur ma tête, Et que sa lumière me guidait dans les ténèbres!
Que ne suis-je comme aux jours de ma vigueur, Où Dieu veillait en ami sur ma tente,
Quand le Tout Puissant était encore avec moi, Et que mes enfants m’entouraient;
Quand mes pieds se baignaient dans la crème Et que le rocher répandait près de moi des ruisseaux d’huile!
Si je sortais pour aller à la porte de la ville, Et si je me faisais préparer un siège dans la place,
Les jeunes gens se retiraient à mon approche, Les vieillards se levaient et se tenaient debout.
Les princes arrêtaient leurs discours, Et mettaient la main sur leur bouche;
10 La voix des chefs se taisait, Et leur langue s’attachait à leur palais.
11 L’oreille qui m’entendait me disait heureux, L’oeil qui me voyait me rendait témoignage;
12 Car je sauvais le pauvre qui implorait du secours, Et l’orphelin qui manquait d’appui.
13 La bénédiction du malheureux venait sur moi; Je remplissais de joie le coeur de la veuve.
14 Je me revêtais de la justice et je lui servais de vêtement, J’avais ma droiture pour manteau et pour turban.
15 J’étais l’oeil de l’aveugle Et le pied du boiteux.
16 J’étais le père des misérables, J’examinais la cause de l’inconnu;
17 Je brisais la mâchoire de l’injuste, Et j’arrachais de ses dents la proie.
18 Alors je disais: Je mourrai dans mon nid, Mes jours seront abondants comme le sable;
19 L’eau pénétrera dans mes racines, La rosée passera la nuit sur mes branches;
20 Ma gloire reverdira sans cesse, Et mon arc rajeunira dans ma main.
21 On m’écoutait et l’on restait dans l’attente, On gardait le silence devant mes conseils.
22 Après mes discours, nul ne répliquait, Et ma parole était pour tous une bienfaisante rosée;
23 Ils comptaient sur moi comme sur la pluie, Ils ouvraient la bouche comme pour une pluie du printemps.
24 Je leur souriais quand ils perdaient courage, Et l’on ne pouvait chasser la sérénité de mon front.
25 J’aimais à aller vers eux, et je m’asseyais à leur tête; J’étais comme un roi au milieu d’une troupe, Comme un consolateur auprès des affligés.
Louis Segond {LSG}

Job 29   

1 Moreover Job continued his parable, and said,
Oh that I were as in months past, as in the days when God preserved me;
When his candle shined upon my head, and when by his light I walked through darkness;
As I was in the days of my youth, when the secret of God was upon my tabernacle;
When the Almighty was yet with me, when my children were about me;
When I washed my steps with butter, and the rock poured me out rivers of oil;
When I went out to the gate through the city, when I prepared my seat in the street!
The young men saw me, and hid themselves: and the aged arose, and stood up.
The princes refrained talking, and laid their hand on their mouth.
10 The nobles held their peace, and their tongue cleaved to the roof of their mouth.
11 When the ear heard me, then it blessed me; and when the eye saw me, it gave witness to me:
12 Because I delivered the poor that cried, and the fatherless, and him that had none to help him.
13 The blessing of him that was ready to perish came upon me: and I caused the widow’s heart to sing for joy.
14 I put on righteousness, and it clothed me: my judgment was as a robe and a diadem.
15 I was eyes to the blind, and feet was I to the lame.
16 I was a father to the poor: and the cause which I knew not I searched out.
17 And I brake the jaws of the wicked, and plucked the spoil out of his teeth.
18 Then I said, I shall die in my nest, and I shall multiply my days as the sand.
19 My root was spread out by the waters, and the dew lay all night upon my branch.
20 My glory was fresh in me, and my bow was renewed in my hand.
21 Unto me men gave ear, and waited, and kept silence at my counsel.
22 After my words they spake not again; and my speech dropped upon them.
23 And they waited for me as for the rain; and they opened their mouth wide as for the latter rain.
24 If I laughed on them, they believed it not; and the light of my countenance they cast not down.
25 I chose out their way, and sat chief, and dwelt as a king in the army, as one that comforteth the mourners.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}