Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 24

1 Joas te gen sètan lè li moute wa. Li pase karantan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l’ te yon moun lavil Bècheba ki te rele Zibya.
Joas te fè sa ki dwat devan Seyè a toutotan Jeojada, prèt la, pa t’ ankò mouri.
Jeojada te marye wa a ak de madanm ki ba li pitit gason ak pitit fi.
Kèk tan apre sa, Joas pran desizyon pou l’ repare Tanp Seyè a.
Li reyini prèt yo ak moun Levi yo, li di yo: -Ale nan tout lavil peyi Jida yo. Ranmase lajan nan men tout pèp la pou repare Tanp lan chak lanne. Souke kò nou, pa mize. Men moun Levi yo pa t’ prese.
Lè sa a, wa a fè rele Jeojada, granprèt la, li di l’ konsa: -Poukisa ou pa rele dèyè moun Levi yo pou yo ranmase nan men moun peyi Jida yo ak moun lavil Jerizalèm yo lajan Moyiz, sèvitè Seyè a, ansanm ak tout pèp Izrayèl la te dakò pou yo egzije pèp la bay pou Tanp Randevou a?
Atali ki te yon fanm vèmen ansanm ak moun pa l’ yo te antre fè dega nan Tanp Seyè a. Yo te pran bagay yo te mete apa pou Bondye nan Tanp lan pou fè sèvis pou Baal li yo.
Lè sa a wa a bay lòd pou yo fè yon gwo bwat pou yo mete bò pòtay Tanp lan, sou deyò.
Apre sa, li voye fè konnen nan tout lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida pou tout moun pote bay Seyè a lajan Moyiz, sèvitè Bondye a, te mande pèp Izrayèl la bay lè yo te nan dezè a.
10 Sa te fè tout chèf yo ak tout pèp la kontan. Yo pote lajan taks la, yo mete l’ nan bwat la jouk li rive plen.
11 Chak jou, moun Levi yo te pote bwat la bay chèf wa a te mete reskonsab pou sa. Lè yo wè bwat la plen, sekretè wa a ak komisè granprèt la te delege pou sa a wete lajan an. Apre sa, yo mete bwat vid la nan plas li ankò. Yo te fè sa chak jou. Konsa yo te ranmase anpil lajan.
12 Wa a ak Jeojada renmèt lajan an bay moun ki te reskonsab repare Tanp Seyè a. Moun sa yo menm te anplwaye mason ak chapant sou kontra pou repare Tanp Seyè a. Yo te anplwaye bòs ki gen ladrès pou travay fè ak kwiv pou repare Tanp lan tou.
13 Tout moun ki te reskonsab travay la mete men. Yo repare Tanp lan, yo mete l’ jan l’ te ye anvan an, yo fè l’ byen solid.
14 Lè yo fini ak travay reparasyon an, yo pote rès lò ak rès ajan an renmèt wa a ak Jeojada ki sèvi avèk yo pou fè bagay pou Tanp Seyè a, tankou bòl ak veso yo bezwen lè y’ap fè sèvis, lè y’ap boule bèt yo touye pou Bondye ak tout kalite veso an lò ak an ajan. Pandan tout tan Jeojada te la a, yo pa te sispann boule bèt nèt nan dife nan Tanp Seyè a jan pou yo fè l’ la.
15  Men, Jeojada te fin vye granmoun. Li te gen santrantan lè li mouri.
16 Yo antere l’ nan tonm wa yo nan lavil David la, paske li te fè anpil pou pèp Izrayèl la, pou Bondye ak pou Tanp li a.
17 Mouri Jeojada mouri, chèf peyi Jida yo vin jwenn wa a, yo bese tèt jouk atè devan li. Wa a koute konsèy yo.
18 Se konsa pèp la sispann sèvi Bondye zansèt yo nan Tanp Seyè a, yo tanmen fè sèvis pou estati Achera yo ak pou lòt zidòl. Poutèt peche sa a, Seyè a fache anpil sou peyi Jida ak sou lavil Jerizalèm.
19 Seyè a voye pwofèt pou fè pèp la tounen vin jwenn li, men pèp la derefize koute sa pwofèt yo t’ap di yo.
20 Lè sa a, lespri Bondye desann sou Zakari, pitit gason Jeojada, prèt la. li al kanpe yon kote pou tout pèp la wè l’, li di yo konsa: -Seyè a, Bondye a mande poukisa nou pa vle swiv kòmandman li yo kifè n’ap rale malè sou nou konsa? Nou vire do ba li, l’ap vire do ban nou tou!
21 Men pèp la fè konplo sou do Zakari. Wa a bay lòd pou yo touye l’ ak kout wòch nan gran lakou Tanp Seyè a.
22 Joas te bliye tout byen Jeojada, papa Zakari, te fè pou li, li fè touye Zakari. Anvan Zakari rann dènye souf li, li di byen fò: -Se pou Seyè a wè sa ou fè la a, se pou l’ pini ou pou sa!
23 Menm lanne sa a, lè sezon prentan rive, lame peyi Siri a atake wa Joas, yo anvayi peyi Jida ak lavil Jerizalèm. Yo touye tout chèf yo, yo piye peyi a, yo voye tou sa yo te pran bay wa lavil Damas la.
24 Lame peyi Siri a pa t’ anpil, men Seyè a te kite l’ kraze yon lame ki te plis pase yo lontan paske pèp Jida a te vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a. Se konsa Joas t’ap soufri nan men moun Siri yo pou sa l’ te fè a.
25 Lè moun Siri yo wete kò yo, yo kite wa a malad grav. De nan chèf ki t’ap sèvi avè l’ yo fè konplo sou do l’ pou yo tire revanj lanmò pitit Jeojada, prèt la. Yo touye wa a sou kabann li. Yo antere l’ nan lavil David la, men yo pa mete l’ nan tonm wa yo.
26 Men non chèf ki te fè konplo a: se te Zabad, pitit gason Chimeya, yon fanm peyi Amon ak Jeozabad, pitit Chimrit, yon fanm peyi Moab.
27 Nan esplikasyon yo bay sou liv wa yo, n’a jwenn istwa pitit gason Joas yo, mesaj pwofèt yo te bay sou li, epi yo rakonte ki jan li te rebati Tanp Bondye a. Se Amasya, pitit Joas la, ki moute wa nan plas li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

2 Chroniques 24 

1 Joas avait sept ans lorsqu’il devint roi, et il régna quarante ans à Jérusalem. Sa mère s’appelait Tsibja, de Beer Schéba.
Joas fit ce qui est droit aux yeux de l’Éternel pendant toute la vie du sacrificateur Jehojada.
Jehojada prit pour Joas deux femmes, et Joas engendra des fils et des filles.
Après cela, Joas eut la pensée de réparer la maison de l’Éternel.
Il assembla les sacrificateurs et les Lévites, et leur dit: Allez par les villes de Juda, et vous recueillerez dans tout Israël de l’argent, chaque année, pour réparer la maison de votre Dieu; et mettez à cette affaire de l’empressement. Mais les Lévites ne se hâtèrent point.
Le roi appela Jehojada, le souverain sacrificateur, et lui dit: Pourquoi n’as-tu pas veillé à ce que les Lévites apportassent de Juda et de Jérusalem l’impôt ordonné par Moïse, serviteur de l’Éternel, et mis sur l’assemblée d’Israël pour la tente du témoignage?
Car l’impie Athalie et ses fils ont ravagé la maison de Dieu et fait servir pour les Baals toutes les choses consacrées à la maison de l’Éternel.
Alors le roi ordonna qu’on fît un coffre, et qu’on le plaçât à la porte de la maison de l’Éternel, en dehors.
Et l’on publia dans Juda et dans Jérusalem qu’on apportât à l’Éternel l’impôt mis par Moïse, serviteur de l’Éternel, sur Israël dans le désert.
10 Tous les chefs et tout le peuple s’en réjouirent, et l’on apporta et jeta dans le coffre tout ce qu’on avait à payer.
11 Quand c’était le moment où les Lévites, voyant qu’il y avait beaucoup d’argent dans le coffre, devaient le livrer aux inspecteurs royaux, le secrétaire du roi et le commissaire du souverain sacrificateur venaient vider le coffre; ils le prenaient et le remettaient à sa place; ils faisaient ainsi journellement, et ils recueillirent de l’argent en abondance.
12 Le roi et Jehojada le donnaient à ceux qui étaient chargés de faire exécuter l’ouvrage dans la maison de l’Éternel, et qui prenaient à gage des tailleurs de pierres et des charpentiers pour réparer la maison de l’Éternel, et aussi des ouvriers en fer ou en airain pour réparer la maison de l’Éternel.
13 Ceux qui étaient chargés de l’ouvrage travaillèrent, et les réparations s’exécutèrent par leurs soins; ils remirent en état la maison de Dieu et la consolidèrent.
14 Lorsqu’ils eurent achevé, ils apportèrent devant le roi et devant Jehojada le reste de l’argent; et l’on en fit des ustensiles pour la maison de l’Éternel, des ustensiles pour le service et pour les holocaustes, des coupes, et d’autres ustensiles d’or et d’argent. Et, pendant toute la vie de Jehojada, on offrit continuellement des holocaustes dans la maison de l’Éternel.
15 Jehojada mourut, âgé et rassasié de jours; il avait à sa mort cent trente ans.
16 On l’enterra dans la ville de David avec les rois, parce qu’il avait fait du bien en Israël, et à l’égard de Dieu et à l’égard de sa maison.
17 Après la mort de Jehojada, les chefs de Juda vinrent se prosterner devant le roi. Alors le roi les écouta.
18 Et ils abandonnèrent la maison de l’Éternel, le Dieu de leurs pères, et ils servirent les Astartés et les idoles. La colère de l’Éternel fut sur Juda et sur Jérusalem, parce qu’ils s’étaient ainsi rendus coupables.
19 L’Éternel envoya parmi eux des prophètes pour les ramener à lui, mais ils n’écoutèrent point les avertissements qu’ils en reçurent.
20 Zacharie, fils du sacrificateur Jehojada, fut revêtu de l’esprit de Dieu; il se présenta devant le peuple et lui dit: Ainsi parle Dieu: Pourquoi transgressez-vous les commandements de l’Éternel? Vous ne prospérerez point; car vous avez abandonné l’Éternel, et il vous abandonnera.
21 Et ils conspirèrent contre lui, et le lapidèrent par ordre du roi, dans le parvis de la maison de l’Éternel.
22 Le roi Joas ne se souvint pas de la bienveillance qu’avait eue pour lui Jehojada, père de Zacharie, et il fit périr son fils. Zacharie dit en mourant: Que l’Éternel voie, et qu’il fasse justice!
23 Quand l’année fut révolue, l’armée des Syriens monta contre Joas, et vint en Juda et à Jérusalem. Ils tuèrent parmi le peuple tous les chefs du peuple, et ils envoyèrent au roi de Damas tout leur butin.
24 L’armée des Syriens arriva avec un petit nombre d’hommes; et cependant l’Éternel livra entre leurs mains une armée très considérable, parce qu’ils avaient abandonné l’Éternel, le Dieu de leurs pères. Et les Syriens firent justice de Joas.
25 Lorsqu’ils se furent éloignés de lui, après l’avoir laissé dans de grandes souffrances, ses serviteurs conspirèrent contre lui à cause du sang des fils du sacrificateur Jehojada; ils le tuèrent sur son lit, et il mourut. On l’enterra dans la ville de David, mais on ne l’enterra pas dans les sépulcres des rois.
26 Voici ceux qui conspirèrent contre lui: Zabad, fils de Schimeath, femme Ammonite, et Jozabad, fils de Schimrith, femme Moabite.
27 Pour ce qui concerne ses fils, le grand nombre de prophéties dont il fut l’objet, et les réparations faites à la maison de Dieu, cela est écrit dans les mémoires sur le livre des rois. Amatsia, son fils, régna à sa place.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 24

1 Joash was seven years old when he began to reign, and he reigned forty years in Jerusalem. His mother’s name also was Zibiah of Beersheba.
And Joash did that which was right in the sight of the Lord all the days of Jehoiada the priest.
And Jehoiada took for him two wives; and he begat sons and daughters.
And it came to pass after this, that Joash was minded to repair the house of the Lord.
And he gathered together the priests and the Levites, and said to them, Go out unto the cities of Judah, and gather of all Israel money to repair the house of your God from year to year, and see that ye hasten the matter. Howbeit the Levites hastened it not.
And the king called for Jehoiada the chief, and said unto him, Why hast thou not required of the Levites to bring in out of Judah and out of Jerusalem the collection, according to the commandment of Moses the servant of the Lord, and of the congregation of Israel, for the tabernacle of witness?
For the sons of Athaliah, that wicked woman, had broken up the house of God; and also all the dedicated things of the house of the Lord did they bestow upon Baalim.
And at the king’s commandment they made a chest, and set it without at the gate of the house of the Lord.
And they made a proclamation through Judah and Jerusalem, to bring in to the Lord the collection that Moses the servant of God laid upon Israel in the wilderness.
10 And all the princes and all the people rejoiced, and brought in, and cast into the chest, until they had made an end.
11 Now it came to pass, that at what time the chest was brought unto the king’s office by the hand of the Levites, and when they saw that there was much money, the king’s scribe and the high priest’s officer came and emptied the chest, and took it, and carried it to his place again. Thus they did day by day, and gathered money in abundance.
12 And the king and Jehoiada gave it to such as did the work of the service of the house of the Lord, and hired masons and carpenters to repair the house of the Lord, and also such as wrought iron and brass to mend the house of the Lord.
13 So the workmen wrought, and the work was perfected by them, and they set the house of God in his state, and strengthened it.
14 And when they had finished it, they brought the rest of the money before the king and Jehoiada, whereof were made vessels for the house of the Lord, even vessels to minister, and to offer withal, and spoons, and vessels of gold and silver. And they offered burnt offerings in the house of the Lord continually all the days of Jehoiada.
15 But Jehoiada waxed old, and was full of days when he died; an hundred and thirty years old was he when he died.
16 And they buried him in the city of David among the kings, because he had done good in Israel, both toward God, and toward his house.
17 Now after the death of Jehoiada came the princes of Judah, and made obeisance to the king. Then the king hearkened unto them.
18 And they left the house of the Lord God of their fathers, and served groves and idols: and wrath came upon Judah and Jerusalem for this their trespass.
19 Yet he sent prophets to them, to bring them again unto the Lord; and they testified against them: but they would not give ear.
20 And the Spirit of God came upon Zechariah the son of Jehoiada the priest, which stood above the people, and said unto them, Thus saith God, Why transgress ye the commandments of the Lord, that ye cannot prosper? because ye have forsaken the Lord, he hath also forsaken you.
21 And they conspired against him, and stoned him with stones at the commandment of the king in the court of the house of the Lord.
22 Thus Joash the king remembered not the kindness which Jehoiada his father had done to him, but slew his son. And when he died, he said, The Lord look upon it, and require it.
23 And it came to pass at the end of the year, that the host of Syria came up against him: and they came to Judah and Jerusalem, and destroyed all the princes of the people from among the people, and sent all the spoil of them unto the king of Damascus.
24 For the army of the Syrians came with a small company of men, and the Lord delivered a very great host into their hand, because they had forsaken the Lord God of their fathers. So they executed judgment against Joash.
25 And when they were departed from him, (for they left him in great diseases,) his own servants conspired against him for the blood of the sons of Jehoiada the priest, and slew him on his bed, and he died: and they buried him in the city of David, but they buried him not in the sepulchres of the kings.
26 And these are they that conspired against him; Zabad the son of Shimeath an Ammonitess, and Jehozabad the son of Shimrith a Moabitess.
27 Now concerning his sons, and the greatness of the burdens laid upon him, and the repairing of the house of God, behold, they are written in the story of the book of the kings. And Amaziah his son reigned in his stead.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}