Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 80  

1 Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante l’ sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se pou yo jwe mizik la sou enstriman akòd. Se yon sòm Asaf. Ou menm ki gadò pèp Izrayèl la, ou menm k’ap mennen pitit pitit Jozèf yo tankou bann mouton ou, panche zòrèy ou pou koute nou. Ou menm ki chita sou fotèy ou anwo zanj cheriben yo, parèt nan mitan gwo limyè ou la.
 Fè pitit Efrayim, pitit Benjamen ansanm ak pitit Manase yo wè jan ou gen pouvwa. vin delivre nou.
 Bondye, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n’a delivre.
 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, jouk kilè w’a rete fache sou pèp ou k’ap lapriyè nan pye ou?
 Ou ba yo dlo k’ap koule sot nan je yo pou sèvi yo manje. Ou ba yo gwo gode plen dlo k’ap soti nan je yo pou yo bwè.
 Ou kite nasyon ki bò kote nou yo ap goumen yonn ak lòt poutèt nou. Ou kite lènmi nou yo ap pase nou nan rizib.
 Bondye ki gen tout pouvwa, mete nou sou pye nou ankò. Fè nou santi ou la avèk nou, epi n’a delivre.
 Ou rache yon pye rezen nan peyi Lejip, ou mete anpil nasyon deyò, ou plante l’ nan plas yo.
 Ou pare yon moso tè kote pou l’ te grandi. Li pouse gwo rasin byen fon, branch li yo kouvri tout peyi a.
10  Lonbraj li te kouvri tout mòn yo, branch li yo kouvri tout gwo pye sèd yo.
11  Branch li yo rive jouk bò lanmè Mediterane, jouk bò larivyè Lefrat.
12  Poukisa ou lage lantouraj li yo atè konsa, kifè koulye a nenpòt moun k’ap pase vin vòlè rezen li yo?
13  Kochon mawon fin raboure rasin li yo, bèt nan bwa ap manje tout fèy li yo.
14  Bondye, ou menm ki gen tout pouvwa, tounen vin jwenn nou non! Kote ou ye nan syèl la, gade sak rive nou! Pran ka pye rezen ou lan non!
15  vin sove pye rezen ou menm ou te plante a, ti pye rezen ou fè tounen yon gwo pyebwa a.
16  Lènmi nou yo mete dife ladan l’, yo koupe tout branch li yo. Fè kòlè! Annik gade yo, y’a peri!
17  Pwoteje peyi ou te fè tounen yon gwo peyi a! Pwoteje pèp ou te chwazi a!
18  Nou p’ap janm vire do ba ou ankò! Ban nou lavi ankò! N’a fè lwanj ou!
19  Bondye ki gen tout pouvwa a, mete nou sou pye nou ankò! Fè nou santi ou la avèk nou, epi n’a delivre!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 80

1 Au chef des chantres. Sur les lis lyriques. D’Asaph. Psaume. Prête l’oreille, berger d’Israël, Toi qui conduis Joseph comme un troupeau! Parais dans ta splendeur, Toi qui es assis sur les chérubins!
 Devant Éphraïm, Benjamin et Manassé, réveille ta force, Et viens à notre secours!
 O Dieu, relève-nous! Fais briller ta face, et nous serons sauvés!
 Éternel, Dieu des armées! Jusques à quand t’irriteras-tu contre la prière de ton peuple?
 Tu les nourris d’un pain de larmes. Tu les abreuves de larmes à pleine mesure.
 Tu fais de nous un objet de discorde pour nos voisins, Et nos ennemis se raillent de nous.
 Dieu des armées, relève-nous! Fais briller ta face, et nous serons sauvés!
 Tu avais arraché de l’Égypte une vigne; Tu as chassé des nations, et tu l’as plantée.
 Tu as fait place devant elle: Elle a jeté des racines et rempli la terre;
10  Les montagnes étaient couvertes de son ombre, Et ses rameaux étaient comme des cèdres de Dieu;
11  Elle étendait ses branches jusqu’à la mer, Et ses rejetons jusqu’au fleuve.
12  Pourquoi as-tu rompu ses clôtures, En sorte que tous les passants la dépouillent?
13  Le sanglier de la forêt la ronge, Et les bêtes des champs en font leur pâture.
14  Dieu des armées, reviens donc! Regarde du haut des cieux, et vois! considère cette vigne!
15  Protège ce que ta droite a planté, Et le fils que tu t’es choisi!…
16  Elle est brûlée par le feu, elle est coupée! Ils périssent devant ta face menaçante.
17  Que ta main soit sur l’homme de ta droite, Sur le fils de l’homme que tu t’es choisi!
18  Et nous ne nous éloignerons plus de toi. Fais-nous revivre, et nous invoquerons ton nom.
19  Éternel, Dieu des armées, relève-nous! Fais briller ta face, et nous serons sauvés!
Louis Segond {LSG}

Psalm 80 

1 Give ear, O Shepherd of Israel, thou that leadest Joseph like a flock; thou that dwellest between the cherubims, shine forth.
Before Ephraim and Benjamin and Manasseh stir up thy strength, and come and save us.
Turn us again, O God, and cause thy face to shine; and we shall be saved.
Lord God of hosts, how long wilt thou be angry against the prayer of thy people?
Thou feedest them with the bread of tears; and givest them tears to drink in great measure.
Thou makest us a strife unto our neighbours: and our enemies laugh among themselves.
Turn us again, O God of hosts, and cause thy face to shine; and we shall be saved.
Thou hast brought a vine out of Egypt: thou hast cast out the heathen, and planted it.
Thou preparedst room before it, and didst cause it to take deep root, and it filled the land.
10 The hills were covered with the shadow of it, and the boughs thereof were like the goodly cedars.
11 She sent out her boughs unto the sea, and her branches unto the river.
12 Why hast thou then broken down her hedges, so that all they which pass by the way do pluck her?
13 The boar out of the wood doth waste it, and the wild beast of the field doth devour it.
14 Return, we beseech thee, O God of hosts: look down from heaven, and behold, and visit this vine;
15 And the vineyard which thy right hand hath planted, and the branch that thou madest strong for thyself.
16 It is burned with fire, it is cut down: they perish at the rebuke of thy countenance.
17 Let thy hand be upon the man of thy right hand, upon the son of man whom thou madest strong for thyself.
18 So will not we go back from thee: quicken us, and we will call upon thy name.
19 Turn us again, O Lord God of hosts, cause thy face to shine; and we shall be saved.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}