Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 40  

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David.  Mwen te mete tout espwa m’ nan Seyè a. Li te panche zòrèy li bò kote m’, li te tande m’ lè m’ t’ap rele.
 Li rale m’ soti nan twou kote m’ t’ap peri a, nan gwo ma labou a. Li mete m’ sou gwo wòch la, li fè m’ kanpe dwat ankò.
 Li mete yon chante tou nèf nan bouch mwen, yon chante pou m’ fè lwanj Bondye nou an. Anpil moun, lè yo wè sa, yo pral pè, y’a mete konfyans yo nan Seyè a.
 Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan Seyè a, pou moun ki p’ap swiv ni moun k’ap fè awogans yo ni moun k’ap bay manti yo!
 Seyè, Bondye mwen, ou te fè anpil bèl mèvèy pou nou, ou te fè anpil lide pou nou. Pa gen tankou ou, Seyè! Mwen ta renmen fè moun konnen yo, mwen ta renmen pale sou yo. Men, yo sitèlman anpil, mwen pa ka rakonte yo.
  Ou pa bezwen yo fè okenn ofrann bèt pou boule pou ou, ni pou yo fè ou kado anyen. Men, ou louvri zòrèy mwen yo. Ou pa mande pou yo boule okenn vyann bèt pou ou, ni pou yo touye bèt pou wete peche.
 Lè sa a mwen di: -Men mwen, mwen vini, jan sa ekri sou mwen nan liv la.
 Bondye mwen, mwen pran plezi m’ nan fè sa ou vle m’ fè. Wi, mwen kenbe lalwa ou nan fon kè m’
 Seyè, lè tout pèp Bondye a te reyini, mwen te fè yo konnen jan ou fè nou gras. Wi, ou konn sa, mwen p’ap rete ak bouch mwen fèmen.
10  Mwen pa t’ manke pa di jan ou fè nou gras, jan ou bay moun sekou. Nan mitan tout pèp Bondye a, lè yo reyini, mwen pa t’ manke pa di jan ou renmen nou, jan ou toujou kenbe pawòl ou.
11  Seyè, ou pa janm sispann gen pitye pou mwen. W’ap toujou pwoteje m’, paske ou renmen m’. Ou p’ap janm lage m’.
12  Kote m’ vire, malè tonbe sou mwen. Mwen pa ka konte yo. Peche m’ yo twòp pou mwen. Mwen pa k’ap sipòte yo. Yo pi plis pase cheve nan tèt mwen. Mwen pèdi tout kouraj mwen.
13  Seyè, tanpri, delivre m’ non! Prese vin pote m’ sekou, Seyè.
14  Moun k’ap chache touye m’ yo, se pou yo tout wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
15  Moun k’ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo tèlman yo wont.
16  Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: -Seyè a gen gwo pouvwa!
17  Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm ki mèt mwen, pa bliye m’. Se ou ki tout sekou mwen,  se ou ki tout delivrans mwen. Bondye mwen, pa mize!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 40

1 Au chef des chantres. De David. Psaume. (40:2) J’avais mis en l’Éternel mon espérance; Et il s’est incliné vers moi, il a écouté mes cris.
 Il m’a retiré de la fosse de destruction, Du fond de la boue; Et il a dressé mes pieds sur le roc, Il a affermi mes pas.
 Il a mis dans ma bouche un cantique nouveau, Une louange à notre Dieu; Beaucoup l’ont vu, et ont eu de la crainte, Et ils se sont confiés en l’Éternel.
 Heureux l’homme qui place en l’Éternel sa confiance, Et qui ne se tourne pas vers les hautains et les menteurs!
 Tu as multiplié, Éternel, mon Dieu! Tes merveilles et tes desseins en notre faveur; Nul n’est comparable à toi; Je voudrais les publier et les proclamer, Mais leur nombre est trop grand pour que je les raconte.
 Tu ne désires ni sacrifice ni offrande, Tu m’as ouvert les oreilles; Tu ne demandes ni holocauste ni victime expiatoire.
 Alors je dis: Voici, je viens Avec le rouleau du livre écrit pour moi.
 Je veux faire ta volonté, mon Dieu! Et ta loi est au fond de mon coeur.
 J’annonce la justice dans la grande assemblée; Voici, je ne ferme pas mes lèvres, Éternel, tu le sais!
10  Je ne retiens pas dans mon coeur ta justice, Je publie ta vérité et ton salut; Je ne cache pas ta bonté et ta fidélité Dans la grande assemblée.
11  Toi, Éternel! tu ne me refuseras pas tes compassions; Ta bonté et ta fidélité me garderont toujours.
12  Car des maux sans nombre m’environnent; Les châtiments de mes iniquités m’atteignent, Et je ne puis en supporter la vue; Ils sont plus nombreux que les cheveux de ma tête, Et mon courage m’abandonne.
13  Veuille me délivrer, ô Éternel! Éternel, viens en hâte à mon secours!
14  Que tous ensemble ils soient honteux et confus, Ceux qui en veulent à ma vie pour l’enlever! Qu’ils reculent et rougissent, Ceux qui désirent ma perte!
15  Qu’ils soient dans la stupeur par l’effet de leur honte, Ceux qui me disent: Ah! ah!
16  Que tous ceux qui te cherchent Soient dans l’allégresse et se réjouissent en toi! Que ceux qui aiment ton salut Disent sans cesse: Exalté soit l’Éternel!
17  Moi, je suis pauvre et indigent; Mais le Seigneur pense à moi. Tu es mon aide et mon libérateur: Mon Dieu, ne tarde pas!
Louis Segond {LSG}

Psalm 40 

1 I waited patiently for the Lord; and he inclined unto me, and heard my cry.
He brought me up also out of an horrible pit, out of the miry clay, and set my feet upon a rock, and established my goings.
And he hath put a new song in my mouth, even praise unto our God: many shall see it, and fear, and shall trust in the Lord.
Blessed is that man that maketh the Lord his trust, and respecteth not the proud, nor such as turn aside to lies.
Many, O Lord my God, are thy wonderful works which thou hast done, and thy thoughts which are to us-ward: they cannot be reckoned up in order unto thee: if I would declare and speak of them, they are more than can be numbered.
Sacrifice and offering thou didst not desire; mine ears hast thou opened: burnt offering and sin offering hast thou not required.
Then said I, Lo, I come: in the volume of the book it is written of me,
I delight to do thy will, O my God: yea, thy law is within my heart.
I have preached righteousness in the great congregation: lo, I have not refrained my lips, O Lord, thou knowest.
10 I have not hid thy righteousness within my heart; I have declared thy faithfulness and thy salvation: I have not concealed thy lovingkindness and thy truth from the great congregation.
11 Withhold not thou thy tender mercies from me, O Lord: let thy lovingkindness and thy truth continually preserve me.
12 For innumerable evils have compassed me about: mine iniquities have taken hold upon me, so that I am not able to look up; they are more than the hairs of mine head: therefore my heart faileth me.
13 Be pleased, O Lord, to deliver me: O Lord, make haste to help me.
14 Let them be ashamed and confounded together that seek after my soul to destroy it; let them be driven backward and put to shame that wish me evil.
15 Let them be desolate for a reward of their shame that say unto me, Aha, aha.
16 Let all those that seek thee rejoice and be glad in thee: let such as love thy salvation say continually, The Lord be magnified.
17 But I am poor and needy; yet the Lord thinketh upon me: thou art my help and my deliverer; make no tarrying, O my God.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}