Liv 1 Korent / 1 Corinthiens / 1 Corinthians

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Korent 15                 

Frè m’ yo, mwen vle fè nou chonje bon nouvèl mwen te anonse nou an, bon nouvèl nou te resevwa a. Se ladan l’ tou nou kanpe byen fèm.
Se li menm k’ap delivre nou tou, depi nou kenbe l’ jan mwen te anonse l’ ban nou an. Si se pa konsa, se ta pou gremesi nou ta mete konfyans nou nan Bondye.
Bagay mwen te moutre nou, se sa mwen menm mwen te resevwa. Se yo menm ki pi konsekan. Men yo: Kris te mouri pou peche nou, dapre sa ki ekri nan Liv la.
Yo te antere l’, li te leve soti vivan sou twa jou apre l’ te fin mouri, jan sa te ekri nan Liv la tou.
Li te fè Pyè wè li. Lèfini li te fè douz apòt yo wè l’ tou.
Apre sa, li te fè pou pi piti senksan (500) frè wè l’ anmenmtan. Gen ladan yo ki mouri deja, men pifò ladan yo ap viv jouk koulye a toujou.
Yon lòt fwa li te parèt ankò, li te fè Jak wè li. Apre sa, li te fè tout lòt apòt yo wè l’ ankò.
Apre tout moun sa yo, li te fè m’ wè l’ tou, mwen menm ki tou sanble yon pitit ki fèt anvan tèm.
Se mwen menm ki pi piti nan apòt yo. Mwen pa menm merite pou yo ta rele m’ apòt, pou jan m’ te pèsekite legliz Bondye a.
10 Se favè Bondye fè m’ lan ki fè m’ sa m’ ye a. Men, li pa t’ gaspiye favè l’ lè li te fè sa pou mwen. Okontrè, mwen travay pase tout lòt apòt yo. Men, pou di vre, se pa mwen menm ki fè travay sa yo, se favè Bondye fè m’ lan ki fè sa konsa.
11 Se sak fè, kit se mwen, kit se lòt apòt yo, sa m’ sot di a, se sa nou tout n’ap fè moun konnen, se pa nan lòt bagay nou te kwè.
12  Men sa n’ap fè nou konnen an: Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Bon. Kouman fè gen lòt moun nan mitan nou k’ap di moun mouri yo p’ap leve ankò?
13 Si moun mouri yo p’ap leve ankò, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmò.
14 Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmò, mwen menm mwen pa ta gen anyen pou m’ anonse nou, epi nou menm, nou pa ta gen anyen pou nou kwè.
15 Sa ki pi rèd ankò, yo ta mèt di n’ap fè manti sou Bondye lè nou di Bondye te fè Kris la leve soti vivan nan lanmò. Paske sa pa ta vre, si moun mouri pa leve.
16 Si moun mouri pa ka leve, Kris la tou pa te leve soti vivan nan lanmò.
17 Si Kris la pa te leve soti vivan nan lanmò, sa nou te kwè a pa ta vo anyen, paske nou ta toujou ap viv nan peche nou yo.
18 Konsa tou, tout moun sa yo ki te kwè nan Kris la epi ki mouri deja, yo tout se moun ki pèdi nèt tou.
19 Si espwa nou gen nan Kris la se sèlman pou lavi sa a li bon, nou se moun ki pi malere ki ta gen sou latè.
20  Men, se pa konsa bagay la ye. Okontrè. Kris la te leve soti vivan nan lanmò. Konsa li bay garanti tout moun ki mouri gen pou leve vivan ankò.
21 Paske menm jan se yon sèl moun ki fè lanmò antre sou latè, menm jan an tou se yon sèl moun ki fè moun ki mouri yo kapab leve vivan ankò.
22 Menm jan tout moun gen pou mouri paske yo fè yonn ak Adan, konsa tou, tout moun ki fè yonn ak Kris la ap gen lavi ankò.
23 Men, chak moun va leve soti nan lanmò nan tan pa yo: Kris la an premye anvan tout moun, apre sa, moun ki pou Kris la, se va tou pa yo pou yo leve soti vivan lè Kris la va tounen ankò.
24 Apre sa, se va lafen. Lè sa a, Kris la menm pral kraze tout chèf, tout otorite ak tout pouvwa. Lè l’ fini, l’ap renmèt gouvènman peyi kote li wa a nan men Bondye Papa a.
25 Paske Kris la gen pou l’ gouvènen tankou yon wa jouk lè Bondye va fin genyen batay la nèt sou tout lènmi l’ yo, pou l’ mete yo anba pye li.
26 Nan tout lènmi l’ yo, se lanmò k’ap kraze an dènye.
27 Se sa ki ekri nan Liv la: Bondye mete tout bagay anba pye li. Men, lè yo di: tout bagay, nou tou konprann Bondye pa ladan l’, paske se li menm k’ap mete tout bagay sou lòd Kris la.
28 Apre tout bagay va vin sou lòd Kris la, li menm, Pitit la, li va soumèt tèt li devan Bondye ki va mete tout bagay anba pye li. Konsa, Bondye li menm va donminen nèt sou tout bagay.
29 Koulye a ann konsidere moun ki resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo: Dèyè kisa yo te ye menm lè yo te fè sa? Si se vre moun mouri pa janm leve jan yo di a, poukisa pou yo te resevwa batèm pou moun ki mouri deja yo?
30 Epi mwen menm atò, poukisa tout tan m’ap riske lavi mwen konsa?
31 Frè m’ yo, se chak jou m’ap manke mouri. Si m’ di nou sa, se paske nou fè mwen kontan anpil jan nou viv ansanm nan Jezikri, Seyè nou an.
32 Si se te pou rezon lèzòm mete nan tèt yo mwen te goumen yon jan tankou ak bèt fewòs isit nan lavil Efèz la, ki avantaj mwen jwenn nan sa? Yon fwa moun ki mouri p’ap janm leve vivan ankò, ann fè tankou pwovèb la di: Ann manje, ann bwè, paske denmen n’ap mouri.
33 Piga nou twonpe tèt nou: move zanmi gate bon levasyon.
34 Reprann bon sans nou. Sispann fè peche. M’ap di nou sa pou m’ fè nou manyè wont, paske gen anpil nan nou ki pa konn Bondye menm.
35  Men, yon moun va mande m’: Ki jan moun ki mouri yo pral leve soti vivan nan lanmò? Ki kalite kò yo va genyen?
36 Ou pa konprann anyen, monchè! Lè ou simen yon grenn nan tè, li pa ka leve si l’ pa mouri anvan.
37 Sa ou simen an, se yon grenn li ye, se ka yon grenn mayi, se ka yon lòt kalite grenn. Ou pa janm plante plant lan menm.
38 Bondye fè chak grenn pouse jan li vle. Li bay chak plant fòm ki ale ak yo.
39 Tout vyann pa menm vyann. Moun gen yon kalite vyann, bèt kat pa t’ gen yon lòt kalite vyann, zwazo gen yon lòt kalite vyann, pwason yo gen yon lòt kalite vyann ankò.
40 Konsa tou, gen kò ki fèt pou syèl la, gen kò ki fèt pou tè a. Men, yo chak bèl nan jan pa yo: Kò ki fèt pou syèl la gen yon bèlte ki pa menm ak bèlte kò ki fèt pou tè a.
41 Limyè solèy la gen bèlte pa l’, lalin lan gen bèlte pa l’, zetwal yo gen bèlte pa yo tou. Menm nan zetwal yo, yo chak gen bèlte pa yo.
42 Se menm jan an sa pral ye lè moun ki mouri yo va leve soti vivan nan lanmò. Lè yo te antere kò a, se te yon kò ki te kapab pouri. Men, lè kò a va leve soti vivan nan lanmò, l’ap yon kò ki p’ap kapab pouri.
43 Lè yo te antere l’, li te yon kò tou lèd, tou fèb. Men, lè li va leve vivan ankò, l’ap bèl, l’ap gen fòs.
44 Lè yo te antere l’, li te yon kò ki fèt ak labou. Men, lè la leve vivan, l’ap tounen yon kò ki sòti nan Lespri. Si gen yon kò ki fèt ak labou, fòk gen yon kò ki soti nan Lespri tou.
45 Se nan sans sa a yo te ekri: Bondye te kreye premye nonm lan, Adan, ak yon kò ki gen lavi. Men, dènye Adan an, se yon lespri ki bay lavi.
46 Se pa kò ki soti nan Lespri a ki te vin an premye. Se kò ki fèt ak labou a ki te la anvan, kò ki soti nan Lespri a vin apre.
47 Premye Adan an, Bondye te fè l’ ak pousyè tè. Men, dezyèm Adan an, li menm se nan syèl li soti.
48 Tout moun ki pou latè, yo sanble ak moun ki te fèt ak tè a. Tout moun ki pou syèl la, yo sanble ak moun ki soti nan syèl la.
49 Menm jan nou te sanble ak moun ki te fèt ak tè a, konsa tou nou gen pou n’ sanble ak moun ki soti nan syèl la.
50 Men sa mwen vle di, frè m’ yo: Tou sa ki fèt ak vyann epi ak san pa gen plas pou yo nan Peyi kote Bondye wa a. Sa ki fèt pou pouri a pa ka resevwa pouvwa pou l’ pa janm pouri.
51  M’ap devwale nou yon sekrè: Se pa nou tout k’ap gen tan mouri. Men, nou tout nou gen pou n’ chanje fòm nan yon ti kadè,
52 anvan nou bat je nou, lè dènye kout klewon an va kònen. Paske, lè klewon an va kònen, moun ki te mouri deja yo va leve soti vivan pou yo pa janm mouri ankò. Apre sa, nou tout nou va chanje fòm.
53 Paske, moun ki gen kò ki fèt pou pouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p’ap ka pouri. Moun ki gen kò k’ap mouri a, yo gen pou yo resevwa yon lòt kò ki p’ap janm mouri.
54 Lè moun ki gen kò ki fèt pou pouri a va resevwa kò ki p’ap ka pouri ankò a, lè moun ki gen kò k’ap mouri a va resevwa kò ki pa ka mouri a, lè sa a, pawòl ki ekri nan Liv la va rive vre: Pa gen lanmò ankò, nou genyen batay la nèt.
55 Lanmò! Kote batay ou genyen an? Lanmò! Kote pouvwa ou te gen pou fè nou lapenn lan?
56 Se peche ki bay lanmò pouvwa pou fè nou lapenn. Se lalwa a ki bay peche a tout fòs li.
57 Men, ann di Bondye mèsi, li menm ki fè nou genyen batay la sou lanmò gremesi Jezikri, Seyè nou an!
58  Konsa, frè m’ yo, kenbe fèm, pa brannen. Se pou n’ toujou pi cho nan travay Seyè a, paske nou konnen travay n’ap fè pandan n’ap viv ansanm ak Seyè a p’ap janm pèdi.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

1 Corinthiens 15          

1 Je vous rappelle, frères, l’Évangile que je vous ai annoncé, que vous avez reçu, dans lequel vous avez persévéré,
et par lequel vous êtes sauvés, si vous le retenez tel que je vous l’ai annoncé; autrement, vous auriez cru en vain.
Je vous ai enseigné avant tout, comme je l’avais aussi reçu, que Christ est mort pour nos péchés, selon les Écritures;
qu’il a été enseveli, et qu’il est ressuscité le troisième jour, selon les Écritures;
et qu’il est apparu à Céphas, puis aux douze.
Ensuite, il est apparu à plus de cinq cents frères à la fois, dont la plupart sont encore vivants, et dont quelques-uns sont morts.
Ensuite, il est apparu à Jacques, puis à tous les apôtres.
Après eux tous, il m’est aussi apparu à moi, comme à l’avorton;
car je suis le moindre des apôtres, je ne suis pas digne d’être appelé apôtre, parce que j’ai persécuté l’Église de Dieu.
10 Par la grâce de Dieu je suis ce que je suis, et sa grâce envers moi n’a pas été vaine; loin de là, j’ai travaillé plus qu’eux tous, non pas moi toutefois, mais la grâce de Dieu qui est avec moi.
11 Ainsi donc, que ce soit moi, que ce soient eux, voilà ce que nous prêchons, et c’est ce que vous avez cru.
12 Or, si l’on prêche que Christ est ressuscité des morts, comment quelques-uns parmi vous disent-ils qu’il n’y a point de résurrection des morts?
13 S’il n’y a point de résurrection des morts, Christ non plus n’est pas ressuscité.
14 Et si Christ n’est pas ressuscité, notre prédication est donc vaine, et votre foi aussi est vaine.
15 Il se trouve même que nous sommes de faux témoins à l’égard de Dieu, puisque nous avons témoigné contre Dieu qu’il a ressuscité Christ, tandis qu’il ne l’aurait pas ressuscité, si les morts ne ressuscitent point.
16 Car si les morts ne ressuscitent point, Christ non plus n’est pas ressuscité.
17 Et si Christ n’est pas ressuscité, votre foi est vaine, vous êtes encore dans vos péchés,
18 et par conséquent aussi ceux qui sont morts en Christ sont perdus.
19 Si c’est dans cette vie seulement que nous espérons en Christ, nous sommes les plus malheureux de tous les hommes.
20 Mais maintenant, Christ est ressuscité des morts, il est les prémices de ceux qui sont morts.
21 Car, puisque la mort est venue par un homme, c’est aussi par un homme qu’est venue la résurrection des morts.
22 Et comme tous meurent en Adam, de même aussi tous revivront en Christ,
23 mais chacun en son rang. Christ comme prémices, puis ceux qui appartiennent à Christ, lors de son avènement.
24 Ensuite viendra la fin, quand il remettra le royaume à celui qui est Dieu et Père, après avoir détruit toute domination, toute autorité et toute puissance.
25 Car il faut qu’il règne jusqu’à ce qu’il ait mis tous les ennemis sous ses pieds.
26 Le dernier ennemi qui sera détruit, c’est la mort.
27 Dieu, en effet, a tout mis sous ses pieds. Mais lorsqu’il dit que tout lui a été soumis, il est évident que celui qui lui a soumis toutes choses est excepté.
28 Et lorsque toutes choses lui auront été soumises, alors le Fils lui-même sera soumis à celui qui lui a soumis toutes choses, afin que Dieu soit tout en tous.
29 Autrement, que feraient ceux qui se font baptiser pour les morts? Si les morts ne ressuscitent absolument pas, pourquoi se font-ils baptiser pour eux?
30 Et nous, pourquoi sommes-nous à toute heure en péril?
31 Chaque jour je suis exposé à la mort, je l’atteste, frères, par la gloire dont vous êtes pour moi le sujet, en Jésus Christ notre Seigneur.
32 Si c’est dans des vues humaines que j’ai combattu contre les bêtes à Éphèse, quel avantage m’en revient-il? Si les morts ne ressuscitent pas, Mangeons et buvons, car demain nous mourrons.
33 Ne vous y trompez pas: les mauvaises compagnies corrompent les bonnes moeurs.
34 Revenez à vous-mêmes, comme il est convenable, et ne péchez point; car quelques-uns ne connaissent pas Dieu, je le dis à votre honte.
35 Mais quelqu’un dira: Comment les morts ressuscitent-ils, et avec quel corps reviennent-ils?
36 Insensé! ce que tu sèmes ne reprend point vie, s’il ne meurt.
37 Et ce que tu sèmes, ce n’est pas le corps qui naîtra; c’est un simple grain, de blé peut-être, ou de quelque autre semence;
38 puis Dieu lui donne un corps comme il lui plaît, et à chaque semence il donne un corps qui lui est propre.
39 Toute chair n’est pas la même chair; mais autre est la chair des hommes, autre celle des quadrupèdes, autre celle des oiseaux, autre celle des poissons.
40 Il y a aussi des corps célestes et des corps terrestres; mais autre est l’éclat des corps célestes, autre celui des corps terrestres.
41 Autre est l’éclat du soleil, autre l’éclat de la lune, et autre l’éclat des étoiles; même une étoile diffère en éclat d’une autre étoile.
42 Ainsi en est-il de la résurrection des morts. Le corps est semé corruptible; il ressuscite incorruptible;
43 il est semé méprisable, il ressuscite glorieux; il est semé infirme, il ressuscite plein de force;
44 il est semé corps animal, il ressuscite corps spirituel. S’il y a un corps animal, il y a aussi un corps spirituel.
45 C’est pourquoi il est écrit: Le premier homme, Adam, devint une âme vivante. Le dernier Adam est devenu un esprit vivifiant.
46 Mais ce qui est spirituel n’est pas le premier, c’est ce qui est animal; ce qui est spirituel vient ensuite.
47 Le premier homme, tiré de la terre, est terrestre; le second homme est du ciel.
48 Tel est le terrestre, tels sont aussi les terrestres; et tel est le céleste, tels sont aussi les célestes.
49 Et de même que nous avons porté l’image du terrestre, nous porterons aussi l’image du céleste.
50 Ce que je dis, frères, c’est que la chair et le sang ne peuvent hériter le royaume de Dieu, et que la corruption n’hérite pas l’incorruptibilité.
51 Voici, je vous dis un mystère: nous ne mourrons pas tous, mais tous nous serons changés,
52 en un instant, en un clin d’oeil, à la dernière trompette. La trompette sonnera, et les morts ressusciteront incorruptibles, et nous, nous serons changés.
53 Car il faut que ce corps corruptible revête l’incorruptibilité, et que ce corps mortel revête l’immortalité.
54 Lorsque ce corps corruptible aura revêtu l’incorruptibilité, et que ce corps mortel aura revêtu l’immortalité, alors s’accomplira la parole qui est écrite: La mort a été engloutie dans la victoire.
55 O mort, où est ta victoire? O mort, où est ton aiguillon?
56 L’aiguillon de la mort, c’est le péché; et la puissance du péché, c’est la loi.
57 Mais grâces soient rendues à Dieu, qui nous donne la victoire par notre Seigneur Jésus Christ!
58 Ainsi, mes frères bien-aimés, soyez fermes, inébranlables, travaillant de mieux en mieux à l’oeuvre du Seigneur, sachant que votre travail ne sera pas vain dans le Seigneur.

Louis Segond {LSG}

1 Corinthians 15        

1 Moreover, brethren, I declare unto you the gospel which I preached unto you, which also ye have received, and wherein ye stand;
By which also ye are saved, if ye keep in memory what I preached unto you, unless ye have believed in vain.
For I delivered unto you first of all that which I also received, how that Christ died for our sins according to the scriptures;
And that he was buried, and that he rose again the third day according to the scriptures:
And that he was seen of Cephas, then of the twelve:
After that, he was seen of above five hundred brethren at once; of whom the greater part remain unto this present, but some are fallen asleep.
After that, he was seen of James; then of all the apostles.
And last of all he was seen of me also, as of one born out of due time.
For I am the least of the apostles, that am not meet to be called an apostle, because I persecuted the church of God.
10 But by the grace of God I am what I am: and his grace which was bestowed upon me was not in vain; but I laboured more abundantly than they all: yet not I, but the grace of God which was with me.
11 Therefore whether it were I or they, so we preach, and so ye believed.
12 Now if Christ be preached that he rose from the dead, how say some among you that there is no resurrection of the dead?
13 But if there be no resurrection of the dead, then is Christ not risen:
14 And if Christ be not risen, then is our preaching vain, and your faith is also vain.
15 Yea, and we are found false witnesses of God; because we have testified of God that he raised up Christ: whom he raised not up, if so be that the dead rise not.
16 For if the dead rise not, then is not Christ raised:
17 And if Christ be not raised, your faith is vain; ye are yet in your sins.
18 Then they also which are fallen asleep in Christ are perished.
19 If in this life only we have hope in Christ, we are of all men most miserable.
20 But now is Christ risen from the dead, and become the firstfruits of them that slept.
21 For since by man came death, by man came also the resurrection of the dead.
22 For as in Adam all die, even so in Christ shall all be made alive.
23 But every man in his own order: Christ the firstfruits; afterward they that are Christ’s at his coming.
24 Then cometh the end, when he shall have delivered up the kingdom to God, even the Father; when he shall have put down all rule and all authority and power.
25 For he must reign, till he hath put all enemies under his feet.
26 The last enemy that shall be destroyed is death.
27 For he hath put all things under his feet. But when he saith all things are put under him, it is manifest that he is excepted, which did put all things under him.
28 And when all things shall be subdued unto him, then shall the Son also himself be subject unto him that put all things under him, that God may be all in all.
29 Else what shall they do which are baptized for the dead, if the dead rise not at all? why are they then baptized for the dead?
30 And why stand we in jeopardy every hour?
31 I protest by your rejoicing which I have in Christ Jesus our Lord, I die daily.
32 If after the manner of men I have fought with beasts at Ephesus, what advantageth it me, if the dead rise not? let us eat and drink; for to morrow we die.
33 Be not deceived: evil communications corrupt good manners.
34 Awake to righteousness, and sin not; for some have not the knowledge of God: I speak this to your shame.
35 But some man will say, How are the dead raised up? and with what body do they come?
36 Thou fool, that which thou sowest is not quickened, except it die:
37 And that which thou sowest, thou sowest not that body that shall be, but bare grain, it may chance of wheat, or of some other grain:
38 But God giveth it a body as it hath pleased him, and to every seed his own body.
39 All flesh is not the same flesh: but there is one kind of flesh of men, another flesh of beasts, another of fishes, and another of birds.
40 There are also celestial bodies, and bodies terrestrial: but the glory of the celestial is one, and the glory of the terrestrial is another.
41 There is one glory of the sun, and another glory of the moon, and another glory of the stars: for one star differeth from another star in glory.
42 So also is the resurrection of the dead. It is sown in corruption; it is raised in incorruption:
43 It is sown in dishonour; it is raised in glory: it is sown in weakness; it is raised in power:
44 It is sown a natural body; it is raised a spiritual body. There is a natural body, and there is a spiritual body.
45 And so it is written, The first man Adam was made a living soul; the last Adam was made a quickening spirit.
46 Howbeit that was not first which is spiritual, but that which is natural; and afterward that which is spiritual.
47 The first man is of the earth, earthy; the second man is the Lord from heaven.
48 As is the earthy, such are they also that are earthy: and as is the heavenly, such are they also that are heavenly.
49 And as we have borne the image of the earthy, we shall also bear the image of the heavenly.
50 Now this I say, brethren, that flesh and blood cannot inherit the kingdom of God; neither doth corruption inherit incorruption.
51 Behold, I shew you a mystery; We shall not all sleep, but we shall all be changed,
52 In a moment, in the twinkling of an eye, at the last trump: for the trumpet shall sound, and the dead shall be raised incorruptible, and we shall be changed.
53 For this corruptible must put on incorruption, and this mortal must put on immortality.
54 So when this corruptible shall have put on incorruption, and this mortal shall have put on immortality, then shall be brought to pass the saying that is written, Death is swallowed up in victory.
55 O death, where is thy sting? O grave, where is thy victory?
56 The sting of death is sin; and the strength of sin is the law.
57 But thanks be to God, which giveth us the victory through our Lord Jesus Christ.
58 Therefore, my beloved brethren, be ye stedfast, unmoveable, always abounding in the work of the Lord, forasmuch as ye know that your labour is not in vain in the Lord.    
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}