Liv Resansman / Nombres / Numbers

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Resansman 16 

1 Kore, pitit gason Iza, moun laras Levi nan fanmi Keyat la, pran tèt Datan ak Abiram, pitit gason Eliyab yo ansanm ak One, pitit gason Pelèt, twa moun laras Woubenn.
Yo revòlte kont Moyiz. Te gen desansenkant (250) lòt moun nan pèp Izrayèl la avèk yo. Mesye sa yo, se te chèf pèp la menm te chwazi, moun ki te fè pati konsèy pèp la, chèf moun yo te konsidere anpil.
Yo tout reyini devan Moyiz ak Arawon, yo di yo konsa: -Koulye a, mesye, n’ al twò lwen tande! Dènye moun nan pèp la se pou Seyè a y’ap viv. Seyè a la nan mitan nou tout, pa vre? Poukisa, nou menm Moyiz ak Arawon, nou pran pòz chèf nou anwo pèp Seyè a konsa?
Lè Moyiz tande sa, li lage kò l’ atè plat, li lapriyè. Lèfini, li di Kore ak bann moun ki te avè l’ yo konsa:
-Denmen maten, Seyè a va fè nou konnen ki moun ki pou li, ki moun li mete apa pou l’ ak ki moun ki gen dwa pwoche bò kote l’. Moun la kite pwoche bò kote l’ la, n’a konnen se moun sa a Bondye chwazi.
Men sa pou n’ fè. Ou menm, Kore, ak chak moun ki nan bann ou an, nou chak n’a pran yon ti recho dife.
Denmen maten chak moun va ranje chabon dife nan recho pa l’ la, epi l’a mete lansan sou dife a devan lotèl Seyè a. Konsa, moun Seyè a va chwazi a, n’a konnen se li menm Bondye mete apa pou l’ a. Se nou menm, pitit Levi yo, ki pral twò lwen koulye a!
Moyiz di Kore konsa: -Koute non, nou menm pitit Levi yo!
Apre tou sa Bondye fè pou nou, nou jwenn li pa fè ase toujou: Nan tout pèp Izrayèl la, se nou li chwazi pou pwoche bò kote l’, pou fè sèvis li nan kay li, pou kanpe devan pèp la pou fè sèvis pou yo.
10 Ou menm Kore ak tout frè ou yo, pitit Levi yo, li ban nou dwa pou nou pwoche bò kote l’. Epi koulye a, n’ap mande pou yo ban nou plas prèt yo!
11 Lè ou menm ak tout bann mesye ou yo n’ap plenyen konsa sou do Arawon, kisa Arawon ye nan sa? Konnen se kont Seyè a menm wi nou pran pozisyon.
12  Apre sa, Moyiz voye rele Datan ak Abiram, de nan pitit gason Eliyab yo. Men yo voye di Moyiz: -Nou p’ap vini.
13 Ou fin fè nou kite yon bon ti peyi kote lèt ak siwo myèl t’ap koule tankou dlo, ou mennen nou vin mouri isit nan dezè a, epi koulye a ou vle pran pòz chèf ou sou nou ankò!
14 Ou mèt di sa ou vle, men se pa nan yon peyi kote lèt ak siwo myèl koule tankou dlo ou mennen nou la a! Ou pa ban nou okenn jaden pou n’ plante grenn ni okenn jaden rezen ou te di ou t’ap ban nou an. Atò, ou kwè ou kapab pete je moun sa yo? Non! Nou p’ap vini.
15 Lè sa a, Moyiz fè yon sèl fache, li di Seyè a konsa: -Pa asepte okenn ofrann moun sa yo ta pote vin ofri ou. Mwen pa janm pran anyen nan zafè yo, pa menm yon bourik. Mwen pa janm fè yonn ladan yo anyen.
16 Apre sa, Moyiz di Kore konsa: -Ou menm ak tout bann moun ou yo, denmen n’a vini devan lotèl Seyè a. Arawon va la tou.
17 Chak moun va pran yon ti recho dife, y’a mete lansan ladan l’, epi y’a pote recho yo devan Seyè a. Sa va fè desansenkant (250) recho. Ou menm ak Arawon, n’a vini ak recho pa nou tou.
18 Se konsa, yo chak pran yon ti recho, yo ranje chabon dife ladan l’, yo mete lansan sou dife a, epi yo vin kanpe devan pòt Tant Randevou a ansanm ak Moyiz ak Arawon.
19 Kore te fè tout pèp la reyini nan pòt Tant Randevou a anfas Moyiz ak Arawon. Yo rete konsa, epi pouvwa Bondye parèt tankou yon gwo limyè devan tout pèp la.
20 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo:
21 -Wete kò nou nan mitan moun sa yo. Mwen pral disparèt yo koulye a.
22 Men Moyiz ak Arawon tonbe fas atè, yo di: -O Bondye, ou menm ki bay tout moun lavi, se pa paske yon sèl moun fè sa l’ pa t’ dwe fè kifè pou ou fache sou tout pèp la.
23  Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
24 -Pale ak tout pèp la. Di yo pou mwen pou yo wete kò yo bò kote Kore, Datan ak Abiram rete a.
25 Moyiz leve, l’ al jwenn Datan ak Abiram. Tout chèf fanmi pèp Izrayèl yo te ale avè l’ tou.
26 Li pale ak pèp la, li di yo: -Wete kò nou bò kote bann mechan sa yo rete a. Pa manyen anyen ki pou yo, si nou pa vle pase tou nan chatiman yo pral ba yo pou peche yo fè a.
27 Se konsa, tout pèp la wete kò yo, yo rete byen lwen kote Kore, Datan ak Abiram te rete a. Datan ak Abiram menm soti, yo vin kanpe devan pòt kay yo ansanm ak madanm yo, pitit yo ak pitit pitit yo.
28 Moyiz di pèp la konsa: -Avèk sa ki pral rive a, nou pral konnen se Seyè a menm ki te voye m’ fè tout travay sa yo. Se pa mwen menm ki rete konsa mwen di mwen pral fè yo.
29 Si moun sa yo mouri jan tout moun fèt pou mouri a, san se pa Bondye ki pini yo, enben, se pa Seyè a ki te voye m’.
30 Men, si Seyè a fè bagay nou poko janm wè, si li fè tè a louvri pou l’ vale moun sa yo ansanm ak tou sa ki pou yo, kifè y’ap desann tou vivan nan peyi kote mò yo ye a, n’a konnen se Seyè a menm yo t’ap derespekte konsa.
31 Fini li fini di pawòl sa yo, tè a fann, li louvri anba pye Datan ak Abiram.
32 Li vale yo, yo menm, tout fanmi yo ansanm ak tout moun ki te pran pozisyon pou Kore, ak tou sa ki te pou yo.
33 Yo desann tou vivan avèk tou sa ki te pou yo nan peyi kote mò yo ye a. Apre sa, tè a fèmen sou yo, yo disparèt nèt nan mitan pèp la.
34 Tout moun nan pèp la ki te la pran kouri lè yo tande jan moun yo t’ap rele. Yo t’ap di: -Ann kouri pou tè a pa vale nou tou.
35  Menm lè a tou, Seyè a voye yon sèl dife ki devore tout desansenkant (250) mesye ki t’ap ofri lansan yo.
36 Seyè a pale ak Moyiz, li di l’ konsa:
37 -Mande Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, pou l’ ale wete recho dife an kwiv yo nan mitan rès moun boule yo. L’a jete chabon dife ki ladan yo yon kote byen lwen, paske recho dife sa yo se bagay ki apa pou mwen.
38 Wi, yo apa pou mwen paske mesye sa yo ki mouri pou peche yo te ofri yo devan lotèl Seyè a. W’a pran recho sa yo, w’a bat yo ak mato fè yo tounen plak fin pou kouvri lotèl la. Sa va sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo.
39 Se konsa, Eleaza, prèt la, te pran recho an kwiv moun boule yo te ofri yo, li bat yo ak mato, li fè yon kouvèti pou lotèl la
40 pou sa sèvi yon avètisman pou moun pèp Izrayèl yo, pou yo konnen moun ki pa fè pati fanmi Arawon an pa gen dwa pwoche devan lotèl Seyè a pou boule lansan. Si yo fè sa, sa ki rive Kore ak moun li yo, se sa k’ap rive moun sa yo tou. Tou sa pase konsa vre dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou Eleaza.
41  Nan denmen, tout moun pèp Izrayèl yo pran bougonnen sou do Moyiz ak Arawon, yo t’ap di: -Se nou menm ki lakòz moun pèp Seyè a ap mouri konsa.
42 Lè pèp la fin sanble pou yo pran pozisyon kont Moyiz ak Arawon, yo vire je yo gade Tant Randevou a, yo wè nwaj la te kouvri tant lan. Menm lè a, pouvwa Bondye-a parèt tankou yon gwo limyè.
43 Moyiz ak Arawon ale, yo kanpe devan Tant Randevou a.
44 Seyè a pale ak Moyiz ansanm ak Arawon, li di yo konsa:
45 -Wete kò nou nan mitan pèp sa a. Mwen pral disparèt yo koulye a menm! De mesye yo tonbe fas atè.
46 Epi Moyiz di Arawon konsa: -Pran ti recho dife ou la, pran chabon dife sou lotèl la, mete ladan l’. Vide ti lansan sou dife a. Epi kouri vit avè l’ al jwenn pèp la. W’a fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo. Fè vit non! Seyè a fache anpil, li gen tan pran desizyon l’. Malè a konmanse deja.
47 Arawon pran ti recho a, li fè sa Moyiz te di l’ fè a. Epi li pran kouri nan mitan pèp la. Men, malè a te deja konmanse ap fè dega nan pèp la. Lè Arawon wè sa, li mete lansan sou dife a, li fè sèvis pou mande Bondye padon pou yo.
48 Se konsa malè a te sispann. Arawon te kanpe nan mitan ak mò yo yon bò, moun vivan yo yon lòt bò.
49 Te gen katòzmil sètsan moun (14.700) antou ki te mouri nan malè sa a, san konte sa ki te mouri akòz Kore yo.
50 Lè malè a sispann nèt, Arawon tounen al jwenn Moyiz, devan papòt Kay Randevou a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Nombres 16

1 Koré, fils de Jitsehar, fils de Kehath, fils de Lévi, se révolta avec Dathan et Abiram, fils d’Éliab, et On, fils de Péleth, tous trois fils de Ruben.
Ils se soulevèrent contre Moïse, avec deux cent cinquante hommes des enfants d’Israël, des principaux de l’assemblée, de ceux que l’on convoquait à l’assemblée, et qui étaient des gens de renom.
Ils s’assemblèrent contre Moïse et Aaron, et leur dirent: C’en est assez! car toute l’assemblée, tous sont saints, et l’Éternel est au milieu d’eux. Pourquoi vous élevez-vous au-dessus de l’assemblée de l’Éternel?
Quand Moïse eut entendu cela, il tomba sur son visage.
Il parla à Koré et à toute sa troupe, en disant: Demain, l’Éternel fera connaître qui est à lui et qui est saint, et il le fera approcher de lui; il fera approcher de lui celui qu’il choisira.
Faites ceci. Prenez des brasiers, Koré et toute sa troupe.
Demain, mettez-y du feu, et posez-y du parfum devant l’Éternel; celui que l’Éternel choisira, c’est celui-là qui sera saint. C’en est assez, enfants de Lévi!
Moïse dit à Koré: Écoutez donc, enfants de Lévi:
Est-ce trop peu pour vous que le Dieu d’Israël vous ait choisis dans l’assemblée d’Israël, en vous faisant approcher de lui, afin que vous soyez employés au service du tabernacle de l’Éternel, et que vous vous présentiez devant l’assemblée pour la servir?
10 Il vous a fait approcher de lui, toi, et tous tes frères, les enfants de Lévi, et vous voulez encore le sacerdoce!
11 C’est à cause de cela que toi et toute ta troupe, vous vous assemblez contre l’Éternel! car qui est Aaron, pour que vous murmuriez contre lui?
12 Moïse envoya appeler Dathan et Abiram, fils d’Éliab. Mais ils dirent: Nous ne monterons pas.
13 N’est-ce pas assez que tu nous aies fait sortir d’un pays où coulent le lait et le miel pour nous faire mourir au désert, sans que tu continues à dominer sur nous?
14 Et ce n’est pas dans un pays où coulent le lait et le miel que tu nous as menés, ce ne sont pas des champs et des vignes que tu nous as donnés en possession. Penses-tu crever les yeux de ces gens? Nous ne monterons pas.
15 Moïse fut très irrité, et il dit à l’Éternel: N’aie point égard à leur offrande. Je ne leur ai pas même pris un âne, et je n’ai fait de mal à aucun d’eux.
16 Moïse dit à Koré: Toi et toute ta troupe, trouvez-vous demain devant l’Éternel, toi et eux, avec Aaron.
17 Prenez chacun votre brasier, mettez-y du parfum, et présentez devant l’Éternel chacun votre brasier: il y aura deux cent cinquante brasiers; toi et Aaron, vous prendrez aussi chacun votre brasier.
18 Ils prirent chacun leur brasier, y mirent du feu et y posèrent du parfum, et ils se tinrent à l’entrée de la tente d’assignation, avec Moïse et Aaron.
19 Et Koré convoqua toute l’assemblée contre Moïse et Aaron, à l’entrée de la tente d’assignation. Alors la gloire de l’Éternel apparut à toute l’assemblée.
20 Et l’Éternel parla à Moïse et à Aaron, et dit:
21 Séparez-vous du milieu de cette assemblée, et je les consumerai en un seul instant.
22 Ils tombèrent sur leur visage, et dirent: O Dieu, Dieu des esprits de toute chair! un seul homme a péché, et tu t’irriterais contre toute l’assemblée?
23 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
24 Parle à l’assemblée, et dis: Retirez-vous de toutes parts loin de la demeure de Koré, de Dathan et d’Abiram.
25 Moïse se leva, et alla vers Dathan et Abiram; et les anciens d’Israël le suivirent.
26 Il parla à l’assemblée, et dit: Éloignez-vous des tentes de ces méchants hommes, et ne touchez à rien de ce qui leur appartient, de peur que vous ne périssiez en même temps qu’ils seront punis pour tous leurs péchés.
27 Ils se retirèrent de toutes parts loin de la demeure de Koré, de Dathan et d’Abiram. Dathan et Abiram sortirent, et se tinrent à l’entrée de leurs tentes, avec leurs femmes, leurs fils et leurs petits-enfants.
28 Moïse dit: A ceci vous connaîtrez que l’Éternel m’a envoyé pour faire toutes ces choses, et que je n’agis pas de moi-même.
29 Si ces gens meurent comme tous les hommes meurent, s’ils subissent le sort commun à tous les hommes, ce n’est pas l’Éternel qui m’a envoyé;
30 mais si l’Éternel fait une chose inouïe, si la terre ouvre sa bouche pour les engloutir avec tout ce qui leur appartient, et qu’ils descendent vivants dans le séjour des morts, vous saurez alors que ces gens ont méprisé l’Éternel.
31 Comme il achevait de prononcer toutes ces paroles, la terre qui était sous eux se fendit.
32 La terre ouvrit sa bouche, et les engloutit, eux et leurs maisons, avec tous les gens de Koré et tous leurs biens.
33 Ils descendirent vivants dans le séjour des morts, eux et tout ce qui leur appartenait; la terre les recouvrit, et ils disparurent au milieu de l’assemblée.
34 Tout Israël, qui était autour d’eux, s’enfuit à leur cri; car ils disaient: Fuyons, de peur que la terre ne nous engloutisse!
35 Un feu sortit d’auprès de l’Éternel, et consuma les deux cent cinquante hommes qui offraient le parfum.
36 L’Éternel parla à Moïse, et dit:
37 Dis à Éléazar, fils du sacrificateur Aaron, de retirer de l’incendie les brasiers et d’en répandre au loin le feu, car ils sont sanctifiés.
38 Avec les brasiers de ces gens qui ont péché au péril de leur vie, que l’on fasse des lames étendues dont on couvrira l’autel. Puisqu’ils ont été présentés devant l’Éternel et qu’ils sont sanctifiés, ils serviront de souvenir aux enfants d’Israël.
39 Le sacrificateur Éléazar prit les brasiers d’airain qu’avaient présentés les victimes de l’incendie, et il en fit des lames pour couvrir l’autel.
40 C’est un souvenir pour les enfants d’Israël, afin qu’aucun étranger à la race d’Aaron ne s’approche pour offrir du parfum devant l’Éternel et ne soit comme Koré et comme sa troupe, selon ce que l’Éternel avait déclaré par Moïse.
41 Dès le lendemain, toute l’assemblée des enfants d’Israël murmura contre Moïse et Aaron, en disant: Vous avez fait mourir le peuple de l’Éternel.
42 Comme l’assemblée se formait contre Moïse et Aaron, et comme ils tournaient les regards vers la tente d’assignation, voici, la nuée la couvrit, et la gloire de l’Éternel apparut.
43 Moïse et Aaron arrivèrent devant la tente d’assignation.
44 Et l’Éternel parla à Moïse, et dit:
45 Retirez-vous du milieu de cette assemblée, et je les consumerai en un instant. Ils tombèrent sur leur visage;
46 et Moïse dit à Aaron: Prends le brasier, mets-y du feu de dessus l’autel, poses-y du parfum, va promptement vers l’assemblée, et fais pour eux l’expiation; car la colère de l’Éternel a éclaté, la plaie a commencé.
47 Aaron prit le brasier, comme Moïse avait dit, et courut au milieu de l’assemblée; et voici, la plaie avait commencé parmi le peuple. Il offrit le parfum, et il fit l’expiation pour le peuple.
48 Il se plaça entre les morts et les vivants, et la plaie fut arrêtée.
49 Il y eut quatorze mille sept cents personnes qui moururent de cette plaie, outre ceux qui étaient morts à cause de Koré.
50 Aaron retourna auprès de Moïse, à l’entrée de la tente d’assignation. La plaie était arrêtée.
Louis Segond {LSG}

Numbers 16

1 Now Korah, the son of Izhar, the son of Kohath, the son of Levi, and Dathan and Abiram, the sons of Eliab, and On, the son of Peleth, sons of Reuben, took men:
And they rose up before Moses, with certain of the children of Israel, two hundred and fifty princes of the assembly, famous in the congregation, men of renown:
And they gathered themselves together against Moses and against Aaron, and said unto them, Ye take too much upon you, seeing all the congregation are holy, every one of them, and the Lord is among them: wherefore then lift ye up yourselves above the congregation of the Lord?
And when Moses heard it, he fell upon his face:
And he spake unto Korah and unto all his company, saying, Even to morrow the Lord will shew who are his, and who is holy; and will cause him to come near unto him: even him whom he hath chosen will he cause to come near unto him.
This do; Take you censers, Korah, and all his company;
And put fire therein, and put incense in them before the Lord to morrow: and it shall be that the man whom the Lord doth choose, he shall be holy: ye take too much upon you, ye sons of Levi.
And Moses said unto Korah, Hear, I pray you, ye sons of Levi:
Seemeth it but a small thing unto you, that the God of Israel hath separated you from the congregation of Israel, to bring you near to himself to do the service of the tabernacle of the Lord, and to stand before the congregation to minister unto them?
10 And he hath brought thee near to him, and all thy brethren the sons of Levi with thee: and seek ye the priesthood also?
11 For which cause both thou and all thy company are gathered together against the Lord: and what is Aaron, that ye murmur against him?
12 And Moses sent to call Dathan and Abiram, the sons of Eliab: which said, We will not come up:
13 Is it a small thing that thou hast brought us up out of a land that floweth with milk and honey, to kill us in the wilderness, except thou make thyself altogether a prince over us?
14 Moreover thou hast not brought us into a land that floweth with milk and honey, or given us inheritance of fields and vineyards: wilt thou put out the eyes of these men? we will not come up.
15 And Moses was very wroth, and said unto the Lord, Respect not thou their offering: I have not taken one ass from them, neither have I hurt one of them.
16 And Moses said unto Korah, Be thou and all thy company before the Lord, thou, and they, and Aaron, to morrow:
17 And take every man his censer, and put incense in them, and bring ye before the Lord every man his censer, two hundred and fifty censers; thou also, and Aaron, each of you his censer.
18 And they took every man his censer, and put fire in them, and laid incense thereon, and stood in the door of the tabernacle of the congregation with Moses and Aaron.
19 And Korah gathered all the congregation against them unto the door of the tabernacle of the congregation: and the glory of the Lord appeared unto all the congregation.
20 And the Lord spake unto Moses and unto Aaron, saying,
21 Separate yourselves from among this congregation, that I may consume them in a moment.
22 And they fell upon their faces, and said, O God, the God of the spirits of all flesh, shall one man sin, and wilt thou be wroth with all the congregation?
23 And the Lord spake unto Moses, saying,
24 Speak unto the congregation, saying, Get you up from about the tabernacle of Korah, Dathan, and Abiram.
25 And Moses rose up and went unto Dathan and Abiram; and the elders of Israel followed him.
26 And he spake unto the congregation, saying, Depart, I pray you, from the tents of these wicked men, and touch nothing of their’s, lest ye be consumed in all their sins.
27 So they gat up from the tabernacle of Korah, Dathan, and Abiram, on every side: and Dathan and Abiram came out, and stood in the door of their tents, and their wives, and their sons, and their little children.
28 And Moses said, Hereby ye shall know that the Lord hath sent me to do all these works; for I have not done them of mine own mind.
29 If these men die the common death of all men, or if they be visited after the visitation of all men; then the Lord hath not sent me.
30 But if the Lord make a new thing, and the earth open her mouth, and swallow them up, with all that appertain unto them, and they go down quick into the pit; then ye shall understand that these men have provoked the Lord.
31 And it came to pass, as he had made an end of speaking all these words, that the ground clave asunder that was under them:
32 And the earth opened her mouth, and swallowed them up, and their houses, and all the men that appertained unto Korah, and all their goods.
33 They, and all that appertained to them, went down alive into the pit, and the earth closed upon them: and they perished from among the congregation.
34 And all Israel that were round about them fled at the cry of them: for they said, Lest the earth swallow us up also.
35 And there came out a fire from the Lord, and consumed the two hundred and fifty men that offered incense.
36 And the Lord spake unto Moses, saying,
37 Speak unto Eleazar the son of Aaron the priest, that he take up the censers out of the burning, and scatter thou the fire yonder; for they are hallowed.
38 The censers of these sinners against their own souls, let them make them broad plates for a covering of the altar: for they offered them before the Lord, therefore they are hallowed: and they shall be a sign unto the children of Israel.
39 And Eleazar the priest took the brasen censers, wherewith they that were burnt had offered; and they were made broad plates for a covering of the altar:
40 To be a memorial unto the children of Israel, that no stranger, which is not of the seed of Aaron, come near to offer incense before the Lord; that he be not as Korah, and as his company: as the Lord said to him by the hand of Moses.
41 But on the morrow all the congregation of the children of Israel murmured against Moses and against Aaron, saying, Ye have killed the people of the Lord.
42 And it came to pass, when the congregation was gathered against Moses and against Aaron, that they looked toward the tabernacle of the congregation: and, behold, the cloud covered it, and the glory of the Lord appeared.
43 And Moses and Aaron came before the tabernacle of the congregation.
44 And the Lord spake unto Moses, saying,
45 Get you up from among this congregation, that I may consume them as in a moment. And they fell upon their faces.
46 And Moses said unto Aaron, Take a censer, and put fire therein from off the altar, and put on incense, and go quickly unto the congregation, and make an atonement for them: for there is wrath gone out from the Lord; the plague is begun.
47 And Aaron took as Moses commanded, and ran into the midst of the congregation; and, behold, the plague was begun among the people: and he put on incense, and made an atonement for the people.
48 And he stood between the dead and the living; and the plague was stayed.
49 Now they that died in the plague were fourteen thousand and seven hundred, beside them that died about the matter of Korah.
50 And Aaron returned unto Moses unto the door of the tabernacle of the congregation: and the plague was stayed.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}