Liv SÒM

SÒM  1  |  3  10  11  12  13  14  15  16  17  18  19  20  21  22  23  24 25  26  27  28  |   29  |  30   |  31  32  33 34  35  36  37  38  39  |  40  41  42  43  44  45 46  47  48  |  49  50  |  51 52  53  54  55  56  57  58  |  59 60  61  62  63  64 65  66  |  67  68  69  70 71  72  73  74  75  76  77  78  79  80  81  82  83 84  85  86  |  87  88  89 90  91  |  92  93  94  95 96  97  98  99   |  100  101 102  |  103  |  104  |  105  |  106  |  107  |  108  |  109  |  110  |  111  |  112 113 114  |  115  |  116 117  118  |  119  |  120  |  121  |  122 123  |  124  |  125  |  126  |  127  |  128 129  |  130  |  131  |  132  |  133  |  134  |  135  |  136  |  137  |  138  |  139  |  140  |  141  |  142  |  143  |  144  |  145  |  146  |  147  |  148 149  |  150  |   

Sòm 14            Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}  

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

Pou chèf sanba yo. Se yon sòm David. Moun fou yo di nan kè yo:
1 Pa gen Bondye. Yo tout fin pouri. Y’ap fè yon bann vye bagay sal. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.
Seyè a rete nan syèl la, l’ap gade lèzòm anba, pou l’ wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k’ap chache l’.
Men yo tout pèdi chemen yo. Yo tout lage kò yo nan vis. Pa gen yonn ladan yo ki fè sa ki byen, non, pa menm yon sèl ladan yo.
 Seyè a di: Moun sa yo k’ap fè mechanste yo, se konnen yo pa konnen? Y’ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen!
Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble paske Bondye la avèk moun ki mache dwat yo.
Y’ap pase sa malere yo gen lide fè a nan betiz, men se nan Seyè a malere yo mete konfyans yo.
Oo! Kilè Bondye va soti sou mòn Siyon an pou l’ vin delivre pèp Izrayèl la? Lè Seyè a va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}