Liv Eklezyas / Ecclésiaste / Ecclesiastes

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Eklezyas 6     

1 Mwen wè yon lòt malè sou latè ankò, se bagay ki rive fasil.
Bondye bay yon moun richès, pozisyon, byen, lwanj. Wi, Bondye ba li tou sa li bezwen san manke yonn. Men Bondye pa kite l’ jwi yo. Se yon etranje k’ap jwi yo pito. Tou sa pa vo anyen. Se bagay ki rèd anpil.
Yon nonm te mèt gen san (100) pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l’.
Paske ti pitit la fèt, men sa pa sèvi l’ anyen. Li disparèt lamenm. Ata non l’ yo pa gen tan konnen.
Li pa janm wè limyè solèy, li pa janm konnen sa lavi ye. Men, ti pitit la jwenn pi bon repo pase nonm sa a
ki viv depase demilan men ki pa janm jwi anyen nan lavi, paske, lè ou gade byen, tou de al menm kote a.
 Tou sa yon nonm fè pase nan bouch, men l’ap toujou grangou.
Kisa yon nonm ki gen lespri gen pase yon nonm sòt? Kisa sa rapòte yon pòv malere lè li konnen jan pou l’ debat ak lavi a?
Anyen. Pito ou kontan ak sa ou genyen pase pou ou toujou anvi sa ou pa genyen. Sa pa vo anyen, sa pa rapòte anyen.
10 Tou sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l’.
11  Plis ou nan pale anpil, plis se tan ou w’ap pèdi. Kisa sa ap rapòte ou?
12 Ki moun ki konnen sa ki bon pou yon moun k’ap mennen yon lavi ki pa vo anyen, yon lavi k’ap pase tankou yon nwaj, pandan de twa jou l’ap pase sou tè a? Ki moun ki ka fè lèzòm konnen sa ki gen pou rive sou latè apre y’a fin mouri?

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ecclésiaste 6

1 Il est un mal que j’ai vu sous le soleil, et qui est fréquent parmi les hommes.
Il y a tel homme à qui Dieu a donné des richesses, des biens, et de la gloire, et qui ne manque pour son âme de rien de ce qu’il désire, mais que Dieu ne laisse pas maître d’en jouir, car c’est un étranger qui en jouira. C’est là une vanité et un mal grave.
Quand un homme aurait cent fils, vivrait un grand nombre d’années, et que les jours de ses années se multiplieraient, si son âme ne s’est point rassasiée de bonheur, et si de plus il n’a point de sépulture, je dis qu’un avorton est plus heureux que lui.
Car il est venu en vain, il s’en va dans les ténèbres, et son nom reste couvert de ténèbres;
il n’a point vu, il n’a point connu le soleil; il a plus de repos que cet homme.
Et quand celui-ci vivrait deux fois mille ans, sans jouir du bonheur, tout ne va-t-il pas dans un même lieu?
Tout le travail de l’homme est pour sa bouche, et cependant ses désirs ne sont jamais satisfaits.
Car quel avantage le sage a-t-il sur l’insensé? quel avantage a le malheureux qui sait se conduire en présence des vivants?
Ce que les yeux voient est préférable à l’agitation des désirs: c’est encore là une vanité et la poursuite du vent.
10 Ce qui existe a déjà été appelé par son nom; et l’on sait que celui qui est homme ne peut contester avec un plus fort que lui.
11 S’il y a beaucoup de choses, il y a beaucoup de vanités: quel avantage en revient-il à l’homme?
12 Car qui sait ce qui est bon pour l’homme dans la vie, pendant le nombre des jours de sa vie de vanité, qu’il passe comme une ombre? Et qui peut dire à l’homme ce qui sera après lui sous le soleil?
Louis Segond {LSG}

Ecclesiastes 6   

1 There is an evil which I have seen under the sun, and it is common among men:
A man to whom God hath given riches, wealth, and honour, so that he wanteth nothing for his soul of all that he desireth, yet God giveth him not power to eat thereof, but a stranger eateth it: this is vanity, and it is an evil disease.
If a man beget an hundred children, and live many years, so that the days of his years be many, and his soul be not filled with good, and also that he have no burial; I say, that an untimely birth is better than he.
For he cometh in with vanity, and departeth in darkness, and his name shall be covered with darkness.
Moreover he hath not seen the sun, nor known any thing: this hath more rest than the other.
Yea, though he live a thousand years twice told, yet hath he seen no good: do not all go to one place?
All the labour of man is for his mouth, and yet the appetite is not filled.
For what hath the wise more than the fool? what hath the poor, that knoweth to walk before the living?
Better is the sight of the eyes than the wandering of the desire: this is also vanity and vexation of spirit.
10 That which hath been is named already, and it is known that it is man: neither may he contend with him that is mightier than he.
11 Seeing there be many things that increase vanity, what is man the better?
12 For who knoweth what is good for man in this life, all the days of his vain life which he spendeth as a shadow? for who can tell a man what shall be after him under the sun?
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}