Liv 2 Samyèl / 2 Samuel / 2 Samuel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Samyèl 08

1 Apre sa, David atake moun Filisti yo ankò. Li bat yo byen bat. Se konsa li kraze pouvwa yo te gen nan peyi a, li pran peyi a nan men yo.
Lèfini li bat moun peyi Moab yo. Li fè prizonye yo kouche plat atè. Pou chak twa ladan yo, li touye de, li kite yonn vivan. Depi lè sa a moun peyi Moab yo soumèt devan David nèt. Li fè yo peye taks ba li chak lè.
Apre sa, li bat Adadezè, pitit gason Reyòb, wa peyi Zoba a, ki t’ap mache pran zòn ki sou anwo larivyè Lefrat la.
David pran mil sètsan (1700) kavalye nan lame wa Adadezè a, li fè yo prizonye ansanm ak venmil (20.000) sòlda ki t’ap mache apye. Lè li fin wete kont chwal pou san cha lagè, li fè koupe jarèt tout rès chwal yo.
Moun peyi Siri ki te rete lavil Damas yo voye yon lame pou pote Adadezè, wa peyi Zoba a, konkou. David atake yo, li bat yo tou. Li touye venndemil (22.000) sòlda.
Apre sa, David mete kèk ganizon sòlda pa l’ nan teritwa Damas la. Moun peyi Siri yo soumèt devan li. Li fè yo peye l’ taks chak lè. Se konsa, Seyè a te fè David genyen tout batay kote l’ pase.
David sezi tout gwo plak pwotèj an fè chèf lame wa Adadezè yo, li pote yo lavil Jerizalèm.
Li pran yon gwo kantite kwiv li te jwenn lavil Beta ak lavil Bewotayi, ki te pou Adadezè.
 Lè Tòy, wa lavil Amat la, tande jan David te kraze tout lame Adadezè a,
10 li voye pitit li, Joram, al wè David pou di l’ bonjou epi pou fè l’ konpliman dèske li te bat Adadezè, paske Tòy te toutan ap fè lagè ak Adadezè. Joram te pote kado fèt an lò, an ajan ak an kwiv bay David.
11 Wa David pran tout bagay sa yo, li mete yo apa pou sèvis Seyè a ansanm ak tout lò ak ajan li te pran lakay moun lòt nasyon li te fè soumèt devan li,
12 ki vle di moun peyi Edon, moun peyi Moab, moun peyi Amon, moun peyi Filisti ak moun peyi Amalèk. Li fè menm bagay la tou ak tou sa li te pran apre lagè ak Adadezè, pitit Reyòb, wa Zoba a.
13 Non David te nan bouch tout moun pi rèd toujou, lè li te fin touye dizwitmil (18.000) moun peyi Edon nan fon Sèl la.
14 Li mete kèk ganizon sòlda pa l’ nan teritwa Edon an. Moun Edon yo soumèt devan li. Li fè yo peye l’ taks chak lè. Se konsa Seyè a te fè David genyen tout batay kote l’ pase.
15  David t’ap gouvènen tout pèp Izrayèl la. Li te fè tout moun jistis san patipri. Li te fè tout zafè l’ dwat.
16 Joab, pitit gason Sewouya a, te kòmandan lame a. Jozafa, pitit gason Akiloud la, te reskonsab achiv yo.
17 Zadòk, pitit gason Akitoub la, ak Akimelèk, pitit gason Abyata a, te prèt. Seraja te sekretè.
18 Benaja, pitit gason Jeojada a, te chèf keretyen ak peletyen yo ki te gad pèsonèl wa a. Pitit gason David yo menm te prèt.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Samuel 08

1 Après cela, David battit les Philistins et les humilia, et il enleva de la main des Philistins les rênes de leur capitale.
Il battit les Moabites, et il les mesura avec un cordeau, en les faisant coucher par terre; il en mesura deux cordeaux pour les livrer à la mort, et un plein cordeau pour leur laisser la vie. Et les Moabites furent assujettis à David, et lui payèrent un tribut.
David battit Hadadézer, fils de Rehob, roi de Tsoba, lorsqu’il alla rétablir sa domination sur le fleuve de l’Euphrate.
David lui prit mille sept cents cavaliers et vingt mille hommes de pied; il coupa les jarrets à tous les chevaux de trait, et ne conserva que cent attelages.
Les Syriens de Damas vinrent au secours d’Hadadézer, roi de Tsoba, et David battit vingt-deux mille Syriens.
David mit des garnisons dans la Syrie de Damas. Et les Syriens furent assujettis à David, et lui payèrent un tribut. L’Éternel protégeait David partout où il allait.
Et David prit les boucliers d’or qu’avaient les serviteurs d’Hadadézer, et les apporta à Jérusalem.
Le roi David prit encore une grande quantité d’airain à Béthach et à Bérothaï, villes d’Hadadézer.
Thoï, roi de Hamath, apprit que David avait battu toute l’armée d’Hadadézer,
10 et il envoya Joram, son fils, vers le roi David, pour le saluer, et pour le féliciter d’avoir attaqué Hadadézer et de l’avoir battu. Car Thoï était en guerre avec Hadadézer. Joram apporta des vases d’argent, des vases d’or, et des vases d’airain.
11 Le roi David les consacra à l’Éternel, comme il avait déjà consacré l’argent et l’or pris sur toutes les nations qu’il avait vaincues,
12 sur la Syrie, sur Moab, sur les fils d’Ammon, sur les Philistins, sur Amalek, et sur le butin d’Hadadézer, fils de Rehob, roi de Tsoba.
13 Au retour de sa victoire sur les Syriens, David se fit encore un nom, en battant dans la vallée du sel dix-huit mille Édomites.
14 Il mit des garnisons dans Édom, il mit des garnisons dans tout Édom. Et tout Édom fut assujetti à David. L’Éternel protégeait David partout où il allait.
15 David régna sur Israël, et il faisait droit et justice à tout son peuple.
16 Joab, fils de Tseruja, commandait l’armée; Josaphat, fils d’Achilud, était archiviste;
17 Tsadok, fils d’Achithub, et Achimélec, fils d’Abiathar, étaient sacrificateurs; Seraja était secrétaire;
18 Benaja, fils de Jehojada, était chef des Kéréthiens et des Péléthiens; et les fils de David étaient ministres d’état.
Louis Segond {LSG}

2 Samuel 08

1 And after this it came to pass that David smote the Philistines, and subdued them: and David took Methegammah out of the hand of the Philistines.
And he smote Moab, and measured them with a line, casting them down to the ground; even with two lines measured he to put to death, and with one full line to keep alive. And so the Moabites became David’s servants, and brought gifts.
David smote also Hadadezer, the son of Rehob, king of Zobah, as he went to recover his border at the river Euphrates.
And David took from him a thousand chariots, and seven hundred horsemen, and twenty thousand footmen: and David houghed all the chariot horses, but reserved of them for an hundred chariots.
And when the Syrians of Damascus came to succour Hadadezer king of Zobah, David slew of the Syrians two and twenty thousand men.
Then David put garrisons in Syria of Damascus: and the Syrians became servants to David, and brought gifts. And the Lord preserved David whithersoever he went.
And David took the shields of gold that were on the servants of Hadadezer, and brought them to Jerusalem.
And from Betah, and from Berothai, cities of Hadadezer, king David took exceeding much brass.
When Toi king of Hamath heard that David had smitten all the host of Hadadezer,
10 Then Toi sent Joram his son unto king David, to salute him, and to bless him, because he had fought against Hadadezer, and smitten him: for Hadadezer had wars with Toi. And Joram brought with him vessels of silver, and vessels of gold, and vessels of brass:
11 Which also king David did dedicate unto the Lord, with the silver and gold that he had dedicated of all nations which he subdued;
12 Of Syria, and of Moab, and of the children of Ammon, and of the Philistines, and of Amalek, and of the spoil of Hadadezer, son of Rehob, king of Zobah.
13 And David gat him a name when he returned from smiting of the Syrians in the valley of salt, being eighteen thousand men.
14 And he put garrisons in Edom; throughout all Edom put he garrisons, and all they of Edom became David’s servants. And the Lord preserved David whithersoever he went.
15 And David reigned over all Israel; and David executed judgment and justice unto all his people.
16 And Joab the son of Zeruiah was over the host; and Jehoshaphat the son of Ahilud was recorder;
17 And Zadok the son of Ahitub, and Ahimelech the son of Abiathar, were the priests; and Seraiah was the scribe;
18 And Benaiah the son of Jehoiada was over both the Cherethites and the Pelethites; and David’s sons were chief rulers.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}