Liv Deteronòm / Deuteronome / Deuteronomy

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Deteronòm 30

1 Mwen mete benediksyon ak madichon dèvan nou pou n’ chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n’ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Seyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m’ te di nou,
si nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, si nou koute l’ ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m’ap ban nou lòd jòdi a,
enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L’a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L’a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l’a sanble nou ankò.
Yo mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, Seyè a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l’ sanble nou ankò.
Seyè a va fè nou tounen nan peyi kote zansèt nou yo te rete a, n’a tounen pran l’ pou nou ankò. L’a fè nou plis byen pase sa l’ te fè pou zansèt nou yo, l’a fè nou vin pi plis pase zansèt nou yo.
Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l’ ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
Seyè a, Bondye nou an, va fè tout madichon sa yo tonbe sou lènmi nou yo, sou moun ki pa t’ vle wè nou yo, sou moun ki t’ap maltrete nou yo.
Men, nou menm, n’a tounen vin jwenn Seyè a, n’a koute l’, n’a fè tou sa li ban nou lòd fè a, jan mwen mande nou li jòdi a.
Seyè a, Bondye nou an, va kouvri nou anba benediksyon. Li va fè tout zafè nou mache byen, l’a ban nou anpil pitit, l’a ban nou anpil bèt, l’a fè jaden nou yo bay bèl rekòt. Paske, Seyè a va pran plezi ankò pou l’ fè nou viv ak kè kontan, menm jan li te pran plezi fè sa pou zansèt nou yo.
10 Men, n’a gen pou nou koute Seyè a, Bondye nou an, n’a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou.
11  Kòmandman m’ap ban nou jòdi a, se pa bagay nou pa kapab fè, bagay nou pa ka rive fè.
12 Se pa nan syèl la li ye pou n’ ta di: Kilès ki pral moute al chache l’ nan syèl la pou fè nou tande l’, pou n’ ka fè sa l’ mande nou fè a?
13 Se pa lòt bò lanmè li ye non plis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l’ pou nou ka tande sa l’ di, pou nou ka fè sa l’ mande nou fè a?
14 Non. Li la toupre nou. Li nan bouch nou, li nan tèt nou pou nou ka fè sa l’ mande nou fè a.
15  Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi.
16 Sa m’ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l’ la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n’a gen lavi, n’a gen anpil pitit. Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an.
17 Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l’, si nou kite yo pran tèt nou pou n’ al mete ajenou devan lòt bondye, pou n’ al fè sèvis pou yo,
18 m’ap avèti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p’ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.
19 Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m’ temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo.
20 renmen Seyè a, Bondye nou an. Koute l’. Pa lage l’ menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k’ap fè nou viv lontan nan peyi Seyè a te fè pwomès li t’ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Deuteronome 30

1 Lorsque toutes ces choses t’arriveront, la bénédiction et la malédiction que je mets devant toi, si tu les prends à coeur au milieu de toutes les nations chez lesquelles l’Éternel, ton Dieu, t’aura chassé,
si tu reviens à l’Éternel, ton Dieu, et si tu obéis à sa voix de tout ton coeur et de toute ton âme, toi et tes enfants, selon tout ce que je te prescris aujourd’hui,
alors l’Éternel, ton Dieu, ramènera tes captifs et aura compassion de toi, il te rassemblera encore du milieu de tous les peuples chez lesquels l’Éternel, ton Dieu, t’aura dispersé.
Quand tu serais exilé à l’autre extrémité du ciel, l’Éternel, ton Dieu, te rassemblera de là, et c’est là qu’il t’ira chercher.
L’Éternel, ton Dieu, te ramènera dans le pays que possédaient tes pères, et tu le posséderas; il te fera du bien, et te rendra plus nombreux que tes pères.
L’Éternel, ton Dieu, circoncira ton coeur et le coeur de ta postérité, et tu aimeras l’Éternel, ton Dieu, de tout ton coeur et de toute ton âme, afin que tu vives.
L’Éternel, ton Dieu, fera tomber toutes ces malédictions sur tes ennemis, sur ceux qui t’auront haï et persécuté.
Et toi, tu reviendras à l’Éternel, tu obéiras à sa voix, et tu mettras en pratique tous ces commandements que je te prescris aujourd’hui.
L’Éternel, ton Dieu, te comblera de biens en faisant prospérer tout le travail de tes mains, le fruit de tes entrailles, le fruit de tes troupeaux et le fruit de ton sol; car l’Éternel prendra de nouveau plaisir à ton bonheur, comme il prenait plaisir à celui de tes pères,
10 lorsque tu obéiras à la voix de l’Éternel, ton Dieu, en observant ses commandements et ses ordres écrits dans ce livre de la loi, lorsque tu reviendras à l’Éternel, ton Dieu, de tout ton coeur et de toute ton âme.
11 Ce commandement que je te prescris aujourd’hui n’est certainement point au-dessus de tes forces et hors de ta portée.
12 Il n’est pas dans le ciel, pour que tu dises: Qui montera pour nous au ciel et nous l’ira chercher, qui nous le fera entendre, afin que nous le mettions en pratique?
13 Il n’est pas de l’autre côté de la mer, pour que tu dises: Qui passera pour nous de l’autre côté de la mer et nous l’ira chercher, qui nous le fera entendre, afin que nous le mettions en pratique?
14 C’est une chose, au contraire, qui est tout près de toi, dans ta bouche et dans ton coeur, afin que tu la mettes en pratique.
15 Vois, je mets aujourd’hui devant toi la vie et le bien, la mort et le mal.
16 Car je te prescris aujourd’hui d’aimer l’Éternel, ton Dieu, de marcher dans ses voies, et d’observer ses commandements, ses lois et ses ordonnances, afin que tu vives et que tu multiplies, et que l’Éternel, ton Dieu, te bénisse dans le pays dont tu vas entrer en possession.
17 Mais si ton coeur se détourne, si tu n’obéis point, et si tu te laisses entraîner à te prosterner devant d’autres dieux et à les servir,
18 je vous déclare aujourd’hui que vous périrez, que vous ne prolongerez point vos jours dans le pays dont vous allez entrer en possession, après avoir passé le Jourdain.
19 J’en prends aujourd’hui à témoin contre vous le ciel et la terre: j’ai mis devant toi la vie et la mort, la bénédiction et la malédiction. Choisis la vie, afin que tu vives, toi et ta postérité,
20 pour aimer l’Éternel, ton Dieu, pour obéir à sa voix, et pour t’attacher à lui: car de cela dépendent ta vie et la prolongation de tes jours, et c’est ainsi que tu pourras demeurer dans le pays que l’Éternel a juré de donner à tes pères, Abraham, Isaac et Jacob.
Louis Segond {LSG}

Deuteronomy 30

1 And it shall come to pass, when all these things are come upon thee, the blessing and the curse, which I have set before thee, and thou shalt call them to mind among all the nations, whither the Lord thy God hath driven thee,
And shalt return unto the Lord thy God, and shalt obey his voice according to all that I command thee this day, thou and thy children, with all thine heart, and with all thy soul;
That then the Lord thy God will turn thy captivity, and have compassion upon thee, and will return and gather thee from all the nations, whither the Lord thy God hath scattered thee.
If any of thine be driven out unto the outmost parts of heaven, from thence will the Lord thy God gather thee, and from thence will he fetch thee:
And the Lord thy God will bring thee into the land which thy fathers possessed, and thou shalt possess it; and he will do thee good, and multiply thee above thy fathers.
And the Lord thy God will circumcise thine heart, and the heart of thy seed, to love the Lord thy God with all thine heart, and with all thy soul, that thou mayest live.
And the Lord thy God will put all these curses upon thine enemies, and on them that hate thee, which persecuted thee.
And thou shalt return and obey the voice of the Lord, and do all his commandments which I command thee this day.
And the Lord thy God will make thee plenteous in every work of thine hand, in the fruit of thy body, and in the fruit of thy cattle, and in the fruit of thy land, for good: for the Lord will again rejoice over thee for good, as he rejoiced over thy fathers:
10 If thou shalt hearken unto the voice of the Lord thy God, to keep his commandments and his statutes which are written in this book of the law, and if thou turn unto the Lord thy God with all thine heart, and with all thy soul.
11 For this commandment which I command thee this day, it is not hidden from thee, neither is it far off.
12 It is not in heaven, that thou shouldest say, Who shall go up for us to heaven, and bring it unto us, that we may hear it, and do it?
13 Neither is it beyond the sea, that thou shouldest say, Who shall go over the sea for us, and bring it unto us, that we may hear it, and do it?
14 But the word is very nigh unto thee, in thy mouth, and in thy heart, that thou mayest do it.
15 See, I have set before thee this day life and good, and death and evil;
16 In that I command thee this day to love the Lord thy God, to walk in his ways, and to keep his commandments and his statutes and his judgments, that thou mayest live and multiply: and the Lord thy God shall bless thee in the land whither thou goest to possess it.
17 But if thine heart turn away, so that thou wilt not hear, but shalt be drawn away, and worship other gods, and serve them;
18 I denounce unto you this day, that ye shall surely perish, and that ye shall not prolong your days upon the land, whither thou passest over Jordan to go to possess it.
19 I call heaven and earth to record this day against you, that I have set before you life and death, blessing and cursing: therefore choose life, that both thou and thy seed may live:
20 That thou mayest love the Lord thy God, and that thou mayest obey his voice, and that thou mayest cleave unto him: for he is thy life, and the length of thy days: that thou mayest dwell in the land which the Lord sware unto thy fathers, to Abraham, to Isaac, and to Jacob, to give them.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}