Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 10 

1 Poukisa ou rete lwen konsa, Seyè? Poukisa ou kache kò ou konsa lè nou nan ka?
Mechan an ap gonfle lestonmak li, l’ap pèsekite malere yo. Se pou pye l’ pran nan pèlen limenm li tann lan.
Mechan an ap vante tèt li pou move lanvi li gen nan kè l’. Lanbisyon fè l’ pale mal, li vire do bay Bondye.
Mechan an tèlman gen lògèy, l’ap plede di: -Bondye p’ap pini m’. Pa gen Bondye. Se sa ase mechan an mete nan tèt li.
Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L’ap meprize lènmi l’ yo.
L’ap di nan kè l’: Anyen pa ka brannen m’. Mwen p’ap janm nan pwoblèm.
Tout pawòl li se madichon, se manti, se twonpe moun. Li cho konsa pou l’ pale moun mal, pou l’ di gwo mo.
Li kache kò l’ nan ti bouk yo, l’ap pare tann inonsan yo pou l’ touye yo an kachèt. L’ap veye moun ki san defans.
Li anbiske kò l’ tankou yon lyon nan kachèt li. Li kouche, l’ap tann malere yo. Li pran yo nan pèlen li, li trennen yo pote ale.
10 Li bese, li kwoupi kò l’, malere yo tonbe nan men l’.
11 Mechan an di nan kè l’: -Bondye p’ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l’, li p’ap janm wè m’.
12  Leve non, Seyè! vin sove mwen! Bondye, pa bliye moun y’ap peze yo!
13 Ki jan mechan an fè ap meprize Bondye jouk pou li di nan kè l’: Li p’ap pini mwen?
14 Men, ou make tout bagay. Ou konnen soufrans ak lapenn lèzòm. Ou toujou pare pou ede yo. Moun ki san defans yo, se nan men ou yo lage kòz yo, paske ou toujou ede moun ki san papa.
15 Kraze pouvwa mechan yo, pouvwa moun k’ap fè mal yo. Fè yo rann kont pou sa yo fè, jouk yo disparèt nèt devan je ou.
16 Seyè a, se wa li ye depi tout tan ak pou tout tan. Moun lòt nasyon yo gen pou disparèt nan peyi li a.
17 Seyè, w’a koute moun ki soumèt devan ou lè y’ap lapriyè. W’a ba yo kouraj.
18 W’a tande rèl moun y’ap peze yo, rèl timoun ki san papa yo. W’a fè yo jistis. Konsa, lèzòm ki fèt ak pousyè tè p’ap kapab fè moun pè ankò.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 10

1 Pourquoi, ô Éternel! te tiens-tu éloigné? Pourquoi te caches-tu au temps de la détresse?
Le méchant dans son orgueil poursuit les malheureux, Ils sont victimes des trames qu’il a conçues.
Car le méchant se glorifie de sa convoitise, Et le ravisseur outrage, méprise l’Éternel.
Le méchant dit avec arrogance: Il ne punit pas! Il n’y a point de Dieu! -Voilà toutes ses pensées.
Ses voies réussissent en tout temps; Tes jugements sont trop élevés pour l’atteindre, Il souffle contre tous ses adversaires.
Il dit en son coeur: Je ne chancelle pas, Je suis pour toujours à l’abri du malheur!
Sa bouche est pleine de malédictions, de tromperies et de fraudes; Il y a sous sa langue de la malice et de l’iniquité.
Il se tient en embuscade près des villages, Il assassine l’innocent dans des lieux écartés; Ses yeux épient le malheureux.
Il est aux aguets dans sa retraite, comme le lion dans sa tanière, Il est aux aguets pour surprendre le malheureux; Il le surprend et l’attire dans son filet.
10 Il se courbe, il se baisse, Et les misérables tombent dans ses griffes.
11 Il dit en son coeur: Dieu oublie! Il cache sa face, il ne regarde jamais!
12 Lève-toi, Éternel! ô Dieu, lève ta main! N’oublie pas les malheureux!
13 Pourquoi le méchant méprise-t-il Dieu? Pourquoi dit-il en son coeur: Tu ne punis pas?
14 Tu regardes cependant, car tu vois la peine et la souffrance, Pour prendre en main leur cause; C’est à toi que s’abandonne le malheureux, C’est toi qui viens en aide à l’orphelin.
15 Brise le bras du méchant, Punis ses iniquités, et qu’il disparaisse à tes yeux!
16 L’Éternel est roi à toujours et à perpétuité; Les nations sont exterminées de son pays.
17 Tu entends les voeux de ceux qui souffrent, ô Éternel! Tu affermis leur coeur; tu prêtes l’oreille
18 Pour rendre justice à l’orphelin et à l’opprimé, Afin que l’homme tiré de la terre cesse d’inspirer l’effroi.
Louis Segond {LSG}

Psalm 10 

1 Why standest thou afar off, O Lord? why hidest thou thyself in times of trouble?
The wicked in his pride doth persecute the poor: let them be taken in the devices that they have imagined.
For the wicked boasteth of his heart’s desire, and blesseth the covetous, whom the Lord abhorreth.
The wicked, through the pride of his countenance, will not seek after God: God is not in all his thoughts.
His ways are always grievous; thy judgments are far above out of his sight: as for all his enemies, he puffeth at them.
He hath said in his heart, I shall not be moved: for I shall never be in adversity.
His mouth is full of cursing and deceit and fraud: under his tongue is mischief and vanity.
He sitteth in the lurking places of the villages: in the secret places doth he murder the innocent: his eyes are privily set against the poor.
He lieth in wait secretly as a lion in his den: he lieth in wait to catch the poor: he doth catch the poor, when he draweth him into his net.
10 He croucheth, and humbleth himself, that the poor may fall by his strong ones.
11 He hath said in his heart, God hath forgotten: he hideth his face; he will never see it.
12 Arise, O Lord; O God, lift up thine hand: forget not the humble.
13 Wherefore doth the wicked contemn God? he hath said in his heart, Thou wilt not require it.
14 Thou hast seen it; for thou beholdest mischief and spite, to requite it with thy hand: the poor committeth himself unto thee; thou art the helper of the fatherless.
15 Break thou the arm of the wicked and the evil man: seek out his wickedness till thou find none.
16 The Lord is King for ever and ever: the heathen are perished out of his land.
17 Lord, thou hast heard the desire of the humble: thou wilt prepare their heart, thou wilt cause thine ear to hear:
18 To judge the fatherless and the oppressed, that the man of the earth may no more oppress.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}