Liv Ebre / Hébreux / Hebrews

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ebre 7 

Mèlkisedèk sa a, se te wa peyi Salèm, yon prèt ki t’ap sèvi Bondye ki anwo nan syèl la. Lè Abraram t’ap tounen lakay li, apre li te fin kraze kèk wa nan yon batay, Mèlkisedèk vin kontre l’, li ba l’ benediksyon.
Lè sa a, Abraram separe ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Non Mèlkisedèk la gen de sans. Nan yon premye sans, li vle di Wa ki bay jistis la. Men, akòz li te wa peyi Salèm, li gen yon dezyèm sans. Li vle di tou Wa ki bay kè poze a.
Mèlkisedèk sa a, nou pa konn ni papa l’, ni manman l’, ni okenn nan zansèt li yo. Yo pa di ki bò l’ te fèt, ni ki bò l’ mouri. Li tankou Pitit Bondye a, li rete prèt pou tout tan.
Nou tou wè ki kalite grannèg nonm sa a te ye, pou granpapa nou, Abraram, te ba li yon dizyèm nan tou sa l’ te pran nan batay la.
Dapre lalwa Moyiz, se nan ras Levi ase yo chwazi moun ki pou sèvi prèt. Prèt sa yo resevwa lòd pou yo mande pèp la yon dizyèm sou tout bagay, sa vle di, yo mande moun ki sitwayen menm peyi ak yo pou bay yon dizyèm nan tou sa yo genyen. Men, yo tout se pitit pitit Abraram yo ye.
Mèlkisedèk menm pa t’ moun ras Levi. Men malgre sa, Abraram te ba li yon dizyèm nan tou sa li te pran. Sa ki pi rèd ankò, Mèlkisedèk bay moun ki te resevwa pwomès Bondye a benediksyon.
Moun ki bay benediksyon pi gran pase moun ki resevwa benediksyon. Sa se vre.
Nan ka prèt ras Levi yo, ofrann yon dizyèm lan se pou moun ki gen pou mouri. Men, nan ka Mèlkisedèk la, ladim lan se pou yon moun ki vivan, jan sa ekri nan Liv la.
Gen plis ankò: nou ka di lè Abraram te bay ofrann dizyèm lan, Levi te peye l’ tou, li menm Levi ki gen pitit pitit li yo k’ap resevwa ofrann dizyèm lan koulye a.
10 Paske, nan yon sans, Levi ki pa t’ ankò fèt te nan ren granpapa l’, Abraram, lè Mèlkisedèk te vin kontre l’ la.
11  Se sou baz travay prèt ras Levi yo Bondye te bay pèp Izrayèl la lalwa Moyiz la. Si travay prèt ras Levi yo te yon travay ki te bon nèt, pa ta gen nesesite menm pou yon lòt prèt ki menm jan ak Mèlkisedèk men ki pa menm jan ak Arawon ta vini.
12 Lè yo chanje travay prèt la, se pou yo chanje lalwa a tou.
13 Men, nan tout pawòl sa yo, se sou Seyè a y’ap pale. Men li menm, li soti nan yon lòt branch fanmi, ki pa janm gen pesonn ladan l’ ki te konn fè sèvis prèt yo devan lòtèl la.
14 Sa se bagay tout moun konnen, Jezi te fèt nan branch fanmi Jida. Moyiz pa t’ janm bay non sa a lè li t’ap pale sou prèt yo.
15 Bon, men yon lòt pwen k’ap eklèsi keksyon an plis toujou. Nou wè se yon lòt prèt ki tankou Mèlkisedèk ki vin la a.
16 Yo pa t’ fè l’ prèt dapre regleman lèzòm: men, se akòz pouvwa lavi ki p’ap janm fini an kifè yo fè l’ prèt.
17 Men sa ki ekri nan Liv la: Ou prèt pou tout tan menm jan ak Mèlkisedèk.
18 Konsa, yo mete ansyen regleman an sou kote, paske li fèb, li pa t’ kapab sèvi anyen ankò.
19 Lalwa Moyiz la pa t’ kapab rann anyen bon nèt sou tout pwen. Men, koulye a, yo ban nou yon pi bèl espwa, kifè nou ka pwoche bò kot Bondye.
20 Gen yon lòt bagay ankò: Se sèman Bondye te fè a. Bondye te fè lòt yo prèt san l’ pa t’ fè sèman.
21 Men pou Jezi, Bondye te fè sèman lè li t’ap mete l’ prèt, paske li te di: Bondye fè sèman. L’ap toujou kenbe pawòl li: Ou prèt pou tout tan.
22 Konsa, avèk Jezi sa ban nou yon garanti, nou gen yon lòt kontra ak Bondye ki pi bon lontan pase premye a.
23 Gen yon lòt diferans ankò: Te gen anpil prèt nan lòt kategori a, paske se tout tan yo t’ap mouri. Yon sèl pa t’ ka kenbe travay la nèt ale.
24 Men, Jezi li menm toujou vivan, li pa janm bezwen renmèt travay prèt la bay okenn lòt moun pou fè l’ nan plas li.
25 Se poutèt sa, depi koulye a, epi pou tout tan, li ka delivre tout moun, l’ap fè yo pwoche bò kot Bondye paske li menm li toujou vivan, l’ap lapriyè Bondye pou yo.
26 Konsa, Jezi se granprèt nou te bezwen an. Li bon nèt, li pa janm fè okenn bagay ki mal, ni okenn peche. Yo mete l’ apa, yo wete l’ nan mitan moun k’ap fè peche yo. Bondye leve l’, li mete l’ pi wo pase syèl la.
27 Li pa tankou lòt granprèt yo. Li pa bezwen ap ofri chak jou yon bann bèt pou yo touye pou peche pa l’ yo anvan, epi pou peche pèp la apre sa. Li pa nan sa li menm. Li fè yon sèl ofrann fini ak sa lè li te ofri tèt li a.
28 Dapre lalwa Moyiz la, se moun ki poko bon nèt yo te mete sèvi granprèt. Men, dapre pawòl sèman Bondye a, pawòl ki vin lontan apre lalwa a, moun Bondye mete granprèt la, se Pitit li a ki te vin bon nèt sou tout pwen pou tout tan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Hébreux 7                    

1 En effet, ce Melchisédek, roi de Salem, sacrificateur du Dieu Très Haut, -qui alla au-devant d’Abraham lorsqu’il revenait de la défaite des rois, qui le bénit,
et à qui Abraham donna la dîme de tout, -qui est d’abord roi de justice, d’après la signification de son nom, ensuite roi de Salem, c’est-à-dire roi de paix, –
qui est sans père, sans mère, sans généalogie, qui n’a ni commencement de jours ni fin de vie, -mais qui est rendu semblable au Fils de Dieu, -ce Melchisédek demeure sacrificateur à perpétuité.
Considérez combien est grand celui auquel le patriarche Abraham donna la dîme du butin.
Ceux des fils de Lévi qui exercent le sacerdoce ont, d’après la loi, l’ordre de lever la dîme sur le peuple, c’est-à-dire, sur leurs frères, qui cependant sont issus des reins d’Abraham;
et lui, qui ne tirait pas d’eux son origine, il leva la dîme sur Abraham, et il bénit celui qui avait les promesses.
Or c’est sans contredit l’inférieur qui est béni par le supérieur.
Et ici, ceux qui perçoivent la dîme sont des hommes mortels; mais là, c’est celui dont il est attesté qu’il est vivant.
De plus, Lévi, qui perçoit la dîme, l’a payée, pour ainsi dire, par Abraham;
10 car il était encore dans les reins de son père, lorsque Melchisédek alla au-devant d’Abraham.
11 Si donc la perfection avait été possible par le sacerdoce Lévitique, -car c’est sur ce sacerdoce que repose la loi donnée au peuple, -qu’était-il encore besoin qu’il parût un autre sacrificateur selon l’ordre de Melchisédek, et non selon l’ordre d’Aaron?
12 Car, le sacerdoce étant changé, nécessairement aussi il y a un changement de loi.
13 En effet, celui de qui ces choses sont dites appartient à une autre tribu, dont aucun membre n’a fait le service de l’autel;
14 car il est notoire que notre Seigneur est sorti de Juda, tribu dont Moïse n’a rien dit pour ce qui concerne le sacerdoce.
15 Cela devient plus évident encore, quand il paraît un autre sacrificateur à la ressemblance de Melchisédek,
16 institué, non d’après la loi d’une ordonnance charnelle, mais selon la puissance d’une vie impérissable;
17 car ce témoignage lui est rendu: Tu es sacrificateur pour toujours Selon l’ordre de Melchisédek.
18 Il y a ainsi abolition d’une ordonnance antérieure, à cause de son impuissance et de son inutilité,
19 -car la loi n’a rien amené à la perfection, -et introduction d’une meilleure espérance, par laquelle nous nous approchons de Dieu.
20 Et, comme cela n’a pas eu lieu sans serment,
21 -car, tandis que les Lévites sont devenus sacrificateurs sans serment, Jésus l’est devenu avec serment par celui qui lui a dit: Le Seigneur a juré, et il ne se repentira pas: Tu es sacrificateur pour toujours, Selon l’ordre de Melchisédek. –
22 Jésus est par cela même le garant d’une alliance plus excellente.
23 De plus, il y a eu des sacrificateurs en grand nombre, parce que la mort les empêchait d’être permanents.
24 Mais lui, parce qu’il demeure éternellement, possède un sacerdoce qui n’est pas transmissible.
25 C’est aussi pour cela qu’il peut sauver parfaitement ceux qui s’approchent de Dieu par lui, étant toujours vivant pour intercéder en leur faveur.
26 Il nous convenait, en effet, d’avoir un souverain sacrificateur comme lui, saint, innocent, sans tache, séparé des pécheurs, et plus élevé que les cieux,
27 qui n’a pas besoin, comme les souverains sacrificateurs, d’offrir chaque jour des sacrifices, d’abord pour ses propres péchés, ensuite pour ceux du peuple, -car ceci, il l’a fait une fois pour toutes en s’offrant lui-même.
28 En effet, la loi établit souverains sacrificateurs des hommes sujets à la faiblesse; mais la parole du serment qui a été fait après la loi établit le Fils, qui est parfait pour l’éternité.

Louis Segond {LSG}

Hebrews 7          

King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}