Liv Lik / Luc / Luke

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Lik 11             

Apre sa, Seyè a chwazi swasanndis lòt disip; li voye yo devan l’ de pa de nan tout lavil ak tout kote li menm li te gen pou l’ ale.
Li di yo: Rekòt la anpil, men pa gen ase travayè pou ranmase li. Mande mèt jaden an pou l’ voye travayè nan jaden l’ lan.
Ale: m’ap voye nou tankou ti mouton nan mitan chen mawon.
Pa pote ni lajan, ni manje, ni soulye. Pa rete nan di pesonn bonjou nan chemen an.
Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la.
Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou.
Rete nan kay sa a; manje, bwè tou sa y’a ban nou, paske moun ki travay merite pou yo peye l’ lajan travay li. Pa soti nan yon kay pou al rete nan yon lòt.
Lè nou antre man yon lavil, si yo resevwa nou, manje sa y’a mete devan nou.
Geri moun malad ki nan lavil la, di tout moun yo: Gouvènman Bondye a rive toupre nou.
10 Men, lè nou antre nan yon lavil, si yo pa resevwa nou, mache nan tout lari, di yo konsa:
11 Men n’ap souke pousyè lavil nou an ki te kole anba pye nou, nou fini ak nou. Tansèlman, konnen byen: Gouvènman Bondye a te rive toupre nou.
12 M’ap di nou sa: Jou jijman an, y’ap peni lavil sa a pi rèd pase lavil Sodòm.
13 Malè pou nou, moun lavil Korazen! Malè pou nou tou, moun lavil Betsayda! Paske, si mirak ki fèt nan mitan nou yo, se te nan mitan lavil Tir ak lavil Sidon yo te fèt, gen lontan moun sa yo ta chita atè, yo ta mete rad sak sou yo, yo ta kouvri kò yo ak sann dife pou fè wè yo vle tounen vin jwenn Bondye.
14 Se poutèt sa, jou jijman an, y’a peni nou pi rèd pase moun lavil Tir ak moun lavil Sidon.
15 Nou menm, moun lavil Kapènawòm: nou ta vle yo leve nou jouk nan syèl la; enben y’ap bese nou desann jouk anba kote mò yo ye a.
16 Li di disip li yo ankò: Moun ki koute nou, se mwen menm yo koute. Moun ki repouse nou, se mwen menm yo repouse. Moun ki repouse m’, se moun ki voye m’ lan yo repouse.
17  Swasanndis disip yo tounen ak kè kontan, yo di li: Mèt, ata move lespri yo soumèt devan nou, lè nou pran non ou pou chase yo.
18 Jezi di yo: Mwen te wè Satan ap tonbe sot nan syèl la tankou yon zèklè.
19 Koute: Mwen ban nou pouvwa pou nou mache sou sèpan ak eskòpyon, pou nou kraze tout pouvwa Satan anba pye nou, pou anyen pa kapab fè nou mal.
20 Men, nou pa bezwen kontan dapre move lespri yo soumèt devan nou. Fè kè n’ kontan pito dapre non nou ekri nan syèl la.
21 Lè sa a, Sentespri a te fè kè Jezi kontan anpil. Jezi di konsa: O Papa, ou menm ki mèt syèl la ak tè a, mwen di ou mèsi anpil dapre ou pran bagay ou te kache nan je gwo save ak moun lespri yo ou devwale yo bay ti piti yo. Wi, Papa mwen, sa pase konsa paske se konsa ou te vle li.
22 Papa m’ renmèt tout bagay nan men mwen. Pesonn pa konn kilès moun Pitit la ye, esepte Papa a; pesonn pa konn kilès moun Papa a ye, eseptè Pitit la, ak moun Pitit la vle fè konnen li.
23 Apre sa, Jezi vire bò disip li yo, li rele yo apa, li di yo: benediksyon pou nou k’ap wè sa n’ap wè a.
24 Paske, m’ap di nou sa: anpil pwofèt ak anpil wa te anvi wè sa n’ap wè la a, men yo pa t’ wè li, yo te anvi tande sa n’ap tande la a, men yo pa t’ tande li.
25  Yon dirèktè lalwa vin rive. Pou l’ pran Jezi nan pèlen li di l’ konsa: Mèt, kisa pou m’ fè pou m’ resevwa lavi ki p’ap janm fini an?
26 Jezi di li: Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li?
27 Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.
28 Jezi di li: Ou byen reponn. Si ou fè sa, wa gen lavi.
29 Men, dirèktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, kifè li mande Jezi: Ki moun ki frè parèy mwen?
30 Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t’ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l’, yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (3/4) mò.
31 Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li.
32 Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li.
33 Men, yon moun peyi Samari ki t’ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l’ fè l’ mal lè li wè nonm lan.
34 Li pwoche kote l’, li vide lwil ak diven sou blese l’ yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l’ nan yon lotèl kote li pran swen li.
35 Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m’ tounen isit la ankò m’a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li.
36 Apre sa, Jezi di nonm lan: Dapre ou, nan twa moun sa yo, kilès ki te moutre li se frè parèy nonm ki te tonbe nan men ansasen yo?
37 Dirèktè lalwa a reponn: Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: Ale, fè menm bagay la tou.
38  Jezi al fè wout li ansanm ak disip li yo. Li antre nan yon ti bouk kote yon fanm yo rele Mat resevwa l’ lakay li.
39 Mat sa a te gen yon sè yo rele Mari. Mari te chita nan pye mèt la, li t’ap koute pawòl li yo.
40 Mat menm t’ap fatige kò l’ ak tout travay ki te pou fèt nan kay la. Lè sa a, li vini, li di: Mèt, sa pa fè ou anyen pou ou wè sè m’ lan kite m’ ap fè tout travay la pou kont mwen? Manyè di l’ ede m’ non.
41 Jezi reponn li: Mat, Mat. W’ap trakase tèt ou, w’ap bat kò ou pou yon bann bagay.
42 Men, se yon sèl bagay ki nesesè. Se li Mari chwazi, yo p’ap janm wete l’ nan men li.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Luc 11            

1 Après cela, le Seigneur désigna encore soixante-dix autres disciples, et il les envoya deux à deux devant lui dans toutes les villes et dans tous les lieux où lui-même devait aller.
Il leur dit: La moisson est grande, mais il y a peu d’ouvriers. Priez donc le maître de la moisson d’envoyer des ouvriers dans sa moisson.
Partez; voici, je vous envoie comme des agneaux au milieu des loups.
Ne portez ni bourse, ni sac, ni souliers, et ne saluez personne en chemin.
Dans quelque maison que vous entriez, dites d’abord: Que la paix soit sur cette maison!
Et s’il se trouve là un enfant de paix, votre paix reposera sur lui; sinon, elle reviendra à vous.
Demeurez dans cette maison-là, mangeant et buvant ce qu’on vous donnera; car l’ouvrier mérite son salaire. N’allez pas de maison en maison.
Dans quelque ville que vous entriez, et où l’on vous recevra, mangez ce qui vous sera présenté,
guérissez les malades qui s’y trouveront, et dites-leur: Le royaume de Dieu s’est approché de vous.
10 Mais dans quelque ville que vous entriez, et où l’on ne vous recevra pas, allez dans ses rues, et dites:
11 Nous secouons contre vous la poussière même de votre ville qui s’est attachée à nos pieds; sachez cependant que le royaume de Dieu s’est approché.
12 Je vous dis qu’en ce jour Sodome sera traitée moins rigoureusement que cette ville-là.
13 Malheur à toi, Chorazin! malheur à toi, Bethsaïda! car, si les miracles qui ont été faits au milieu de vous avaient été faits dans Tyr et dans Sidon, il y a longtemps qu’elles se seraient repenties, en prenant le sac et la cendre.
14 C’est pourquoi, au jour du jugement, Tyr et Sidon seront traitées moins rigoureusement que vous.
15 Et toi, Capernaüm, qui as été élevée jusqu’au ciel, tu seras abaissée jusqu’au séjour des morts.
16 Celui qui vous écoute m’écoute, et celui qui vous rejette me rejette; et celui qui me rejette rejette celui qui m’a envoyé.
17 Les soixante-dix revinrent avec joie, disant: Seigneur, les démons mêmes nous sont soumis en ton nom.
18 Jésus leur dit: Je voyais Satan tomber du ciel comme un éclair.
19 Voici, je vous ai donné le pouvoir de marcher sur les serpents et les scorpions, et sur toute la puissance de l’ennemi; et rien ne pourra vous nuire.
20 Cependant, ne vous réjouissez pas de ce que les esprits vous sont soumis; mais réjouissez-vous de ce que vos noms sont écrits dans les cieux.
21 En ce moment même, Jésus tressaillit de joie par le Saint Esprit, et il dit: Je te loue, Père, Seigneur du ciel et de la terre, de ce que tu as caché ces choses aux sages et aux intelligents, et de ce que tu les as révélées aux enfants. Oui, Père, je te loue de ce que tu l’as voulu ainsi.
22 Toutes choses m’ont été données par mon Père, et personne ne connaît qui est le Fils, si ce n’est le Père, ni qui est le Père, si ce n’est le Fils et celui à qui le Fils veut le révéler.
23 Et, se tournant vers les disciples, il leur dit en particulier: Heureux les yeux qui voient ce que vous voyez!
24 Car je vous dis que beaucoup de prophètes et de rois ont désiré voir ce que vous voyez, et ne l’ont pas vu, entendre ce que vous entendez, et ne l’ont pas entendu.
25 Un docteur de la loi se leva, et dit à Jésus, pour l’éprouver: Maître, que dois-je faire pour hériter la vie éternelle?
26 Jésus lui dit: Qu’est-il écrit dans la loi? Qu’y lis-tu?
27 Il répondit: Tu aimeras le Seigneur, ton Dieu, de tout ton coeur, de toute ton âme, de toute ta force, et de toute ta pensée; et ton prochain comme toi-même.
28 Tu as bien répondu, lui dit Jésus; fais cela, et tu vivras.
29 Mais lui, voulant se justifier, dit à Jésus: Et qui est mon prochain?
30 Jésus reprit la parole, et dit: Un homme descendait de Jérusalem à Jéricho. Il tomba au milieu des brigands, qui le dépouillèrent, le chargèrent de coups, et s’en allèrent, le laissant à demi mort.
31 Un sacrificateur, qui par hasard descendait par le même chemin, ayant vu cet homme, passa outre.
32 Un Lévite, qui arriva aussi dans ce lieu, l’ayant vu, passa outre.
33 Mais un Samaritain, qui voyageait, étant venu là, fut ému de compassion lorsqu’il le vit.
34 Il s’approcha, et banda ses plaies, en y versant de l’huile et du vin; puis il le mit sur sa propre monture, le conduisit à une hôtellerie, et prit soin de lui.
35 Le lendemain, il tira deux deniers, les donna à l’hôte, et dit: Aie soin de lui, et ce que tu dépenseras de plus, je te le rendrai à mon retour.
36 Lequel de ces trois te semble avoir été le prochain de celui qui était tombé au milieu des brigands?
37 C’est celui qui a exercé la miséricorde envers lui, répondit le docteur de la loi. Et Jésus lui dit: Va, et toi, fais de même.
38 Comme Jésus était en chemin avec ses disciples, il entra dans un village, et une femme, nommée Marthe, le reçut dans sa maison.
39 Elle avait une soeur, nommée Marie, qui, s’étant assise aux pieds du Seigneur, écoutait sa parole.
40 Marthe, occupée à divers soins domestiques, survint et dit: Seigneur, cela ne te fait-il rien que ma soeur me laisse seule pour servir? Dis-lui donc de m’aider.
41 Le Seigneur lui répondit: Marthe, Marthe, tu t’inquiètes et tu t’agites pour beaucoup de choses.
42 Une seule chose est nécessaire. Marie a choisi la bonne part, qui ne lui sera point ôtée.

Louis Segond {LSG}1

Luke 11     

1 After these things the Lord appointed other seventy also, and sent them two and two before his face into every city and place, whither he himself would come.
Therefore said he unto them, The harvest truly is great, but the labourers are few: pray ye therefore the Lord of the harvest, that he would send forth labourers into his harvest.
Go your ways: behold, I send you forth as lambs among wolves.
Carry neither purse, nor scrip, nor shoes: and salute no man by the way.
And into whatsoever house ye enter, first say, Peace be to this house.
And if the son of peace be there, your peace shall rest upon it: if not, it shall turn to you again.
And in the same house remain, eating and drinking such things as they give: for the labourer is worthy of his hire. Go not from house to house.
And into whatsoever city ye enter, and they receive you, eat such things as are set before you:
And heal the sick that are therein, and say unto them, The kingdom of God is come nigh unto you.
10 But into whatsoever city ye enter, and they receive you not, go your ways out into the streets of the same, and say,
11 Even the very dust of your city, which cleaveth on us, we do wipe off against you: notwithstanding be ye sure of this, that the kingdom of God is come nigh unto you.
12 But I say unto you, that it shall be more tolerable in that day for Sodom, than for that city.
13 Woe unto thee, Chorazin! woe unto thee, Bethsaida! for if the mighty works had been done in Tyre and Sidon, which have been done in you, they had a great while ago repented, sitting in sackcloth and ashes.
14 But it shall be more tolerable for Tyre and Sidon at the judgment, than for you.
15 And thou, Capernaum, which art exalted to heaven, shalt be thrust down to hell.
16 He that heareth you heareth me; and he that despiseth you despiseth me; and he that despiseth me despiseth him that sent me.
17 And the seventy returned again with joy, saying, Lord, even the devils are subject unto us through thy name.
18 And he said unto them, I beheld Satan as lightning fall from heaven.
19 Behold, I give unto you power to tread on serpents and scorpions, and over all the power of the enemy: and nothing shall by any means hurt you.
20 Notwithstanding in this rejoice not, that the spirits are subject unto you; but rather rejoice, because your names are written in heaven.
21 In that hour Jesus rejoiced in spirit, and said, I thank thee, O Father, Lord of heaven and earth, that thou hast hid these things from the wise and prudent, and hast revealed them unto babes: even so, Father; for so it seemed good in thy sight.
22 All things are delivered to me of my Father: and no man knoweth who the Son is, but the Father; and who the Father is, but the Son, and he to whom the Son will reveal him.
23 And he turned him unto his disciples, and said privately, Blessed are the eyes which see the things that ye see:
24 For I tell you, that many prophets and kings have desired to see those things which ye see, and have not seen them; and to hear those things which ye hear, and have not heard them.
25 And, behold, a certain lawyer stood up, and tempted him, saying, Master, what shall I do to inherit eternal life?
26 He said unto him, What is written in the law? how readest thou?
27 And he answering said, Thou shalt love the Lord thy God with all thy heart, and with all thy soul, and with all thy strength, and with all thy mind; and thy neighbour as thyself.
28 And he said unto him, Thou hast answered right: this do, and thou shalt live.
29 But he, willing to justify himself, said unto Jesus, And who is my neighbour?
30 And Jesus answering said, A certain man went down from Jerusalem to Jericho, and fell among thieves, which stripped him of his raiment, and wounded him, and departed, leaving him half dead.
31 And by chance there came down a certain priest that way: and when he saw him, he passed by on the other side.
32 And likewise a Levite, when he was at the place, came and looked on him, and passed by on the other side.
33 But a certain Samaritan, as he journeyed, came where he was: and when he saw him, he had compassion on him,
34 And went to him, and bound up his wounds, pouring in oil and wine, and set him on his own beast, and brought him to an inn, and took care of him.
35 And on the morrow when he departed, he took out two pence, and gave them to the host, and said unto him, Take care of him; and whatsoever thou spendest more, when I come again, I will repay thee.
36 Which now of these three, thinkest thou, was neighbour unto him that fell among the thieves?
37 And he said, He that shewed mercy on him. Then said Jesus unto him, Go, and do thou likewise.
38 Now it came to pass, as they went, that he entered into a certain village: and a certain woman named Martha received him into her house.
39 And she had a sister called Mary, which also sat at Jesus’ feet, and heard his word.
40 But Martha was cumbered about much serving, and came to him, and said, Lord, dost thou not care that my sister hath left me to serve alone? bid her therefore that she help me.
41 And Jesus answered and said unto her, Martha, Martha, thou art careful and troubled about many things:
42 But one thing is needful: and Mary hath chosen that good part, which shall not be taken away from her.     
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}