Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 47

1 Pou chèf sanba yo. Se yon sòm pitit Kore yo. Nou tout pèp yo, bat bravo! Fè lwanj Seyè a! Rele ak kè kontan!
 Paske, Seyè ki anwo nan syèl la, se moun ki pa nan jwèt, se moun pou nou pè. Se yon gwo wa k’ap gouvènen sou tout latè.
 Li fè nou dominen sou anpil pèp, li mete anpil nasyon sou zòd nou.
 Se li ki chwazi peyi kote n’ap viv la pou nou. Peyi sa a se yon lwanj pou pitit Jakòb li renmen anpil yo.
 Bondye ap mache moute, tout pèp la ap rele, y’ap kònen klewon sitèlman yo kontan.
6  Chante pou Bondye, fè lwanj li! Wi, chante pou wa nou an, fè lwanj li!
 Paske, se Bondye ki wa sou tout latè. Chante yon chante espesyal pou li!
 Bondye dominen sou tout nasyon yo. Bondye chita sou fotèy ki apa pou li a.
 Chèf lòt peyi yo mete tèt yo ansanm ak pèp Bondye Abraram lan, paske se Bondye ki gen tout zam pou defann pèp yo. L’ap dominen sou tout bagay. 

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 47

1 Au chef des chantres. Des fils de Koré. Psaume.  Vous tous, peuples, battez des mains! Poussez vers Dieu des cris de joie!
 Car l’Éternel, le Très Haut, est redoutable, Il est un grand roi sur toute la terre.
 Il nous assujettit des peuples, Il met des nations sous nos pieds;
 Il nous choisit notre héritage, La gloire de Jacob qu’il aime. -Pause.
 Dieu monte au milieu des cris de triomphe, L’Éternel s’avance au son de la trompette.
 Chantez à Dieu, chantez! Chantez à notre roi, chantez!
 Car Dieu est roi de toute la terre: Chantez un cantique!
 Dieu règne sur les nations, Dieu a pour siège son saint trône.
 Les princes des peuples se réunissent Au peuple du Dieu d’Abraham; Car à Dieu sont les boucliers de la terre: Il est souverainement élevé.
Louis Segond {LSG}

Psalm 47 

1 O clap your hands, all ye people; shout unto God with the voice of triumph.
For the Lord most high is terrible; he is a great King over all the earth.
He shall subdue the people under us, and the nations under our feet.
He shall choose our inheritance for us, the excellency of Jacob whom he loved. Selah.
God is gone up with a shout, the Lord with the sound of a trumpet.
Sing praises to God, sing praises: sing praises unto our King, sing praises.
For God is the King of all the earth: sing ye praises with understanding.
God reigneth over the heathen: God sitteth upon the throne of his holiness.
The princes of the people are gathered together, even the people of the God of Abraham: for the shields of the earth belong unto God: he is greatly exalted.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}