Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 23

1 Sou setyèm lanne a, Jeojada, prèt la, pran kouraj li ak de men, li deside lè a rive pou l’ fè sa pou l’ fè a. Li fè rele senk kaptenn nan lame a: Azarya, pitit Jewokam, Ismayèl, pitit Jokanan, Azaryawou, pitit gason Obèd, Maseja, pitit gason Adaja ak Elichafat, pitit Zikri. Li pran yon dizon ak yo.
Mesye sa yo vwayaje ale nan tout lavil peyi Jida yo, yo al chache moun Levi yo ak tout chèf fanmi yo, fè yo moute lavil Jerizalèm.
Yo tout reyini nan Tanp lan. Yo pase yon kontra ak wa Joas, lèfini Jeojada di yo: -Men pitit gason defen wa nou an. Se li menm ki pral gouvènen koulye a jan Seyè a te pwomèt fanmi David la.
Men sa nou pral fè: Lè prèt yo ak moun Levi yo va vin pran pòs jou repo a, y’a separe fè twa gwoup menm fòs. Yon gwoup va fè pòs nan pòtay Tanp lan.
Yon lòt gwoup va pran pòs bò palè wa a. Rès yo va moute lagad bò pòtay fondasyon an. Tout pèp la va sanble nan gwo lakou Tanp Seyè a.
Pa kite pesonn antre anndan Tanp lan, esepte prèt ak moun Levi ki nan sèvis yo. Yo menm yo gen dwa antre, paske yo mete yo apa pou Bondye. Tout rès pèp la va rete deyò pou moute lagad pou Seyè a.
Moun Levi yo va fè yon wonn ak wa a nan mitan yo. Y’a kenbe zam yo nan men yo. Kote wa a va fè, y’a mache avè l’ nan pozisyon sa a. Si yon moun ta vle seye antre nan Tanp lan, touye l’.
Moun Levi yo ak tout moun peyi Jida yo fè tou sa Jeojada te ba yo lòd fè a. Jeojada, prèt la, pa t’ kite gwoup ki te fin fè sèvis yo jou repo a ale. Konsa, kaptenn lame yo te gen avèk yo ni sa ki t’ap vin pran sèvis, ni sa ki te fin fè sèvis yo.
Jeojada bay kaptenn lame yo frenn ak divès plak pwotèj wa David yo ki te sere nan Tanp Bondye a.
10 Li mete moun ak nepe nan men yo sou tout devan Tanp lan ak devan lotèl la, depi sou bò gòch rive sou bò dwat Tanp lan pou pwoteje wa a.
11 Lèfini, li fè Joas, pitit wa a, soti. Li mete kouwòn lan sou tèt li, li pase ti chenn yo nan ponyèt li ak nan janm li. Yo fè l’ wa. Jeojada, prèt la, ak pitit li yo vide lwil sou tèt Joas pou mete l’ apa pou travay la. Tout pèp la pran rele: -Viv wa a!
12  Lè Atali tande bri pye pèp la ki t’ap kouri epi ki t’ap bat bravo pou wa a, li prese al nan Tanp kote pèp la te ye a.
13 Li wè wa a te kanpe bò gwo poto a, bò pòtay pou antre nan Tanp lan, chèf yo ak tout mizisyen yo bò kote l’. Tout pèp la te kontan, yo t’ap kònen twonpèt. Sanba yo ak enstriman mizik yo t’ap voye chante. Kè Atali kase, li chire rad sou li, li pran rele: -Men yo moute yon konplo sou do m’.
14 Lamenm Jeojada, prèt la, bay kaptenn ki t’ap kòmande lame a lòd, li di yo: -Pase nan mitan de ran sòlda yo avè l’, mennen l’ deyò. Touye nenpòt moun nou wè ki ta vle swiv li. Prèt la te bay lòd pou yo pa touye Atali anndan Tanp Seyè a.
15 Yo pran Atali, yo mennen l’ nan palè wa a, bò Pòtay Chwal yo. Se la yo touye l’.
16 Lè sa a, Jeojada pase yon kontra ak wa a ansanm ak tout pèp la. Dapre kontra a, yo rekonèt se pèp Seyè a yo ye.
17 Lè yo fini, tout pèp la ale nan tanp Baal la, yo demoli l’. Yo kraze tout lotèl yo ak tout estati li yo. Yo touye Matan, prèt Baal la, devan lotèl yo.
18 Jeojada mete gad pou fè faksyon devan Tanp Seyè a, anba otorite prèt yo ak moun Levi yo ki te reskonsab travay nan Tanp lan. Chak prèt ak chak moun Levi te gen jou pa yo David te ba yo pou yo te pran sèvis pou boule nèt ofrann pou Seyè a, dapre lalwa Moyiz la. Se yo menm tou ki te reskonsab voye chante kè kontan jan David te moutre l’ la.
19 Jeojada mete gad an faksyon devan pòtay Tanp lan pou enpoze moun ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye a antre.
20 Apre sa, li pran kaptenn yo, notab yo, otorite yo ak tout rès pèp la, yo soti nan Tanp lan ansanm ak wa a, yo mennen l’ ale nan palè a. Yo pase antre nan pòtay Wa a. Lèfini, yo fè wa a chita sou fotèy li.
21 Tout pèp la te kontan anpil. Pat gen yon ti bri nan lavil la depi yo te fin touye Atali ak kout nepe a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Chroniques 23 

1 La septième année, Jehojada s’anima de courage, et traita alliance avec les chefs de centaines, Azaria, fils de Jerocham, Ismaël, fils de Jochanan, Azaria, fils d’Obed, Maaséja, fils d’Adaja, et Élischaphath, fils de Zicri.
Ils parcoururent Juda, et ils rassemblèrent les Lévites de toutes les villes de Juda et les chefs de famille d’Israël; et ils vinrent à Jérusalem.
Toute l’assemblée traita alliance avec le roi dans la maison de Dieu. Et Jehojada leur dit: Voici, le fils du roi régnera, comme l’Éternel l’a déclaré à l’égard des fils de David.
Voici ce que vous ferez. Le tiers qui parmi vous entre en service le jour du sabbat, sacrificateurs et Lévites, fera la garde des seuils,
un autre tiers se tiendra dans la maison du roi, et un tiers à la porte de Jesod. Tout le peuple sera dans les parvis de la maison de l’Éternel.
Que personne n’entre dans la maison de l’Éternel, excepté les sacrificateurs et les Lévites de service: ils entreront, car ils sont saints. Et tout le peuple fera la garde de l’Éternel.
Les Lévites entoureront le roi de toutes parts, chacun les armes à la main, et l’on donnera la mort à quiconque entrera dans la maison: vous serez près du roi quand il entrera et quand il sortira.
Les Lévites et tout Juda exécutèrent tous les ordres qu’avait donnés le sacrificateur Jehojada. Ils prirent chacun leurs gens, ceux qui entraient en service et ceux qui sortaient de service le jour du sabbat; car le sacrificateur Jehojada n’avait exempté aucune des divisions.
Le sacrificateur Jehojada remit aux chefs de centaines les lances et les boucliers, grands et petits, qui provenaient du roi David, et qui se trouvaient dans la maison de Dieu.
10 Il fit entourer le roi en plaçant tout le peuple, chacun les armes à la main, depuis le côté droit jusqu’au côté gauche de la maison, près de l’autel et près de la maison.
11 On fit avancer le fils du roi, on mit sur lui le diadème et le témoignage, et on l’établit roi. Et Jehojada et ses fils l’oignirent, et ils dirent: Vive le roi!
12 Athalie entendit le bruit du peuple accourant et célébrant le roi, et elle vint vers le peuple à la maison de l’Éternel.
13 Elle regarda. Et voici, le roi se tenait sur son estrade à l’entrée; les chefs et les trompettes étaient près du roi; tout le peuple du pays était dans la joie, et l’on sonnait des trompettes, et les chantres avec les instruments de musique dirigeaient les chants de louanges. Athalie déchira ses vêtements, et dit: Conspiration! conspiration!
14 Alors le sacrificateur Jehojada, faisant approcher les chefs de centaines qui étaient à la tête de l’armée, leur dit: Faites-la sortir en dehors des rangs, et que l’on tue par l’épée quiconque la suivra. Car le sacrificateur avait dit: Ne la mettez pas à mort dans la maison de l’Éternel.
15 On lui fit place, et elle se rendit à la maison du roi par l’entrée de la porte des chevaux: c’est là qu’ils lui donnèrent la mort.
16 Jehojada traita entre lui, tout le peuple et le roi, une alliance par laquelle ils devaient être le peuple de l’Éternel.
17 Tout le peuple entra dans la maison de Baal, et ils la démolirent; ils brisèrent ses autels et ses images, et ils tuèrent devant les autels Matthan, prêtre de Baal.
18 Jehojada remit les fonctions de la maison de l’Éternel entre les mains des sacrificateurs, des Lévites, que David avait distribués dans la maison de l’Éternel pour qu’ils offrissent des holocaustes à l’Éternel, comme il est écrit dans la loi de Moïse, au milieu des réjouissances et des chants, d’après les ordonnances de David.
19 Il plaça les portiers aux portes de la maison de l’Éternel, afin qu’il n’entrât aucune personne souillée de quelque manière que ce fût.
20 Il prit les chefs de centaines, les hommes considérés, ceux qui avaient autorité parmi le peuple, et tout le peuple du pays, et il fit descendre le roi de la maison de l’Éternel. Ils entrèrent dans la maison du roi par la porte supérieure, et ils firent asseoir le roi sur le trône royal.
21 Tout le peuple du pays se réjouissait, et la ville était tranquille. On avait fait mourir Athalie par l’épée.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 23

1 And in the seventh year Jehoiada strengthened himself, and took the captains of hundreds, Azariah the son of Jeroham, and Ishmael the son of Jehohanan, and Azariah the son of Obed, and Maaseiah the son of Adaiah, and Elishaphat the son of Zichri, into covenant with him.
And they went about in Judah, and gathered the Levites out of all the cities of Judah, and the chief of the fathers of Israel, and they came to Jerusalem.
And all the congregation made a covenant with the king in the house of God. And he said unto them, Behold, the king’s son shall reign, as the Lord hath said of the sons of David.
This is the thing that ye shall do; A third part of you entering on the sabbath, of the priests and of the Levites, shall be porters of the doors;
And a third part shall be at the king’s house; and a third part at the gate of the foundation: and all the people shall be in the courts of the house of the Lord.
But let none come into the house of the Lord, save the priests, and they that minister of the Levites; they shall go in, for they are holy: but all the people shall keep the watch of the Lord.
And the Levites shall compass the king round about, every man with his weapons in his hand; and whosoever else cometh into the house, he shall be put to death: but be ye with the king when he cometh in, and when he goeth out.
So the Levites and all Judah did according to all things that Jehoiada the priest had commanded, and took every man his men that were to come in on the sabbath, with them that were to go out on the sabbath: for Jehoiada the priest dismissed not the courses.
Moreover Jehoiada the priest delivered to the captains of hundreds spears, and bucklers, and shields, that had been king David’s, which were in the house of God.
10 And he set all the people, every man having his weapon in his hand, from the right side of the temple to the left side of the temple, along by the altar and the temple, by the king round about.
11 Then they brought out the king’s son, and put upon him the crown, and gave him the testimony, and made him king. And Jehoiada and his sons anointed him, and said, God save the king.
12 Now when Athaliah heard the noise of the people running and praising the king, she came to the people into the house of the Lord:
13 And she looked, and, behold, the king stood at his pillar at the entering in, and the princes and the trumpets by the king: and all the people of the land rejoiced, and sounded with trumpets, also the singers with instruments of musick, and such as taught to sing praise. Then Athaliah rent her clothes, and said, Treason, Treason.
14 Then Jehoiada the priest brought out the captains of hundreds that were set over the host, and said unto them, Have her forth of the ranges: and whoso followeth her, let him be slain with the sword. For the priest said, Slay her not in the house of the Lord.
15 So they laid hands on her; and when she was come to the entering of the horse gate by the king’s house, they slew her there.
16 And Jehoiada made a covenant between him, and between all the people, and between the king, that they should be the Lord‘s people.
17 Then all the people went to the house of Baal, and brake it down, and brake his altars and his images in pieces, and slew Mattan the priest of Baal before the altars.
18 Also Jehoiada appointed the offices of the house of the Lord by the hand of the priests the Levites, whom David had distributed in the house of the Lord, to offer the burnt offerings of the Lord, as it is written in the law of Moses, with rejoicing and with singing, as it was ordained by David.
19 And he set the porters at the gates of the house of the Lord, that none which was unclean in any thing should enter in.
20 And he took the captains of hundreds, and the nobles, and the governors of the people, and all the people of the land, and brought down the king from the house of the Lord: and they came through the high gate into the king’s house, and set the king upon the throne of the kingdom.
21 And all the people of the land rejoiced: and the city was quiet, after that they had slain Athaliah with the sword.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}