Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 73  

1 Se yon sòm Asaf. Wi, Bondye bon pou pèp Izrayèl la, pou moun ki pa gen move bagay sou konsyans yo.
Men, pye m’ glise, li manke chape, ti kras mwen tonbe,
paske mwen te anvye sò moun k’ap fè grandizè yo lè mwen te wè jan mechan yo alèz.
Yo pa gen pwoblèm, yo pa malad, yo byen gra.
Yo pa soufri sa lòt moun ap soufri. Yo pa gen pwoblèm lòt yo genyen.
Yo pran pòz pa kanmarad pesonn, y’ap plede bat moun.
Kè yo plen mechanste. Yo plen move plan nan tèt yo.
Y’ap pase lòt moun nan rizib, y’ap pale move pawòl. Yo awogan, y’ap plede mache di jan y’ap kraponnen moun.
Yo pale Bondye ki anwo nan syèl la mal, y’ap bay tout lòt moun lòd avèk awogans.
10 Se konsa, menm pèp Bondye a fè bann ak yo, yo vale tou sa yo di yo san di yon mo.
11 Epi yo di: -Ki jan pou Bondye fè konnen? Moun ki anwo nan syèl la, ki bò l’ ta pase pou li konnen?
12 Wi, men ki jan mechan yo ye: Yo toujou alèz, y’ap anpile richès sou riches.
13 Nan kondisyon sa a, gen lè se pou gremesi mwen kenbe kò m’ pou m’ pa fè move bagay? Se pou gremesi mwen refize mete men m’ nan move zafè?
14 Se tout lajounen, Bondye, w’ap fè m’ soufri. Chak maten, ou la pou pini mwen.
15  Si m’ di nan kè m’: Bon, m’ap pale tankou mechan yo! Si m’ fè sa, se trayi mwen ta trayi moun k’ap sèvi ou yo.
16 Se konsa mwen kalkile anpil pou m’ konprann bagay sa a. Men, se pa t’ bagay fasil menm pou mwen,
17 jouk lè mwen te al antre lakay ou, pou m’ wè jan mechan yo gen pou yo fini.
18 Wi, ou mete yo sou yon chemen glise, ou fè yo tonbe, epi yo fini.
19 Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.
20 Seyè, yo tankou yon rèv pou ou. Leve ou leve, ou bliye sa.
21  Lè sa a, mwen santi m’ dekouraje; sa te fè m’ mal anpil.
22 Mwen te sòt, mwen pa t’ konprann anyen. Mwen te tankou yon bèt devan ou.
23 Mwen menm, mwen toujou la avèk ou, ou kenbe men m’ pou m’ pa tonbe.
24 Ou ban m’ konsèy pou m’ pa pèdi chemen m’. Lèfini, ou resevwa m’ lakay ou.
25 Se ou menm sèl mwen gen nan syèl la. Mwen pa gen lòt. Se ou ki tout plezi m’ sou latè.
26 Kò m’ te mèt ap deperi, lespri m’ te mèt ap gaga, se ou menm menm, Bondye, ki tout fòs mwen, se ou menm ki tout mwen.
27 Se vre wi, moun ki vire do ba ou pral mouri, w’ap fini nèt ak moun ki pa kenbe pawòl yo gen avè ou.
28 Mwen menm, sa bon nèt pou m’ rete bò kot Bondye: Se nan Seyè a mwen jwenn pwoteksyon. M’a fè konnen tou sa li fè.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 73

1 Psaume d’Asaph. Oui, Dieu est bon pour Israël, Pour ceux qui ont le coeur pur.
Toutefois, mon pied allait fléchir, Mes pas étaient sur le point de glisser;
Car je portais envie aux insensés, En voyant le bonheur des méchants.
Rien ne les tourmente jusqu’à leur mort, Et leur corps est chargé d’embonpoint;
Ils n’ont aucune part aux souffrances humaines, Ils ne sont point frappés comme le reste des hommes.
Aussi l’orgueil leur sert de collier, La violence est le vêtement qui les enveloppe;
L’iniquité sort de leurs entrailles, Les pensées de leur coeur se font jour.
Ils raillent, et parlent méchamment d’opprimer; Ils profèrent des discours hautains,
Ils élèvent leur bouche jusqu’aux cieux, Et leur langue se promène sur la terre.
10 Voilà pourquoi son peuple se tourne de leur côté, Il avale l’eau abondamment,
11 Et il dit: Comment Dieu saurait-il, Comment le Très haut connaîtrait-il?
12 Ainsi sont les méchants: Toujours heureux, ils accroissent leurs richesses.
13 C’est donc en vain que j’ai purifié mon coeur, Et que j’ai lavé mes mains dans l’innocence:
14 Chaque jour je suis frappé, Tous les matins mon châtiment est là.
15 Si je disais: Je veux parler comme eux, Voici, je trahirais la race de tes enfants.
16 Quand j’ai réfléchi là-dessus pour m’éclairer, La difficulté fut grande à mes yeux,
17 Jusqu’à ce que j’eusse pénétré dans les sanctuaires de Dieu, Et que j’eusse pris garde au sort final des méchants.
18 Oui, tu les places sur des voies glissantes, Tu les fais tomber et les mets en ruines.
19 Eh quoi! en un instant les voilà détruits! Ils sont enlevés, anéantis par une fin soudaine!
20 Comme un songe au réveil, Seigneur, à ton réveil, tu repousses leur image.
21 Lorsque mon coeur s’aigrissait, Et que je me sentais percé dans les entrailles,
22 J’étais stupide et sans intelligence, J’étais à ton égard comme les bêtes.
23 Cependant je suis toujours avec toi, Tu m’as saisi la main droite;
24 Tu me conduiras par ton conseil, Puis tu me recevras dans la gloire.
25 Quel autre ai-je au ciel que toi! Et sur la terre je ne prends plaisir qu’en toi.
26 Ma chair et mon coeur peuvent se consumer: Dieu sera toujours le rocher de mon coeur et mon partage.
27 Car voici, ceux qui s’éloignent de toi périssent; Tu anéantis tous ceux qui te sont infidèles.
28 Pour moi, m’approcher de Dieu, c’est mon bien: Je place mon refuge dans le Seigneur, l’Éternel, Afin de raconter toutes tes oeuvres.
Louis Segond {LSG}

Psalm 73 

1 Truly God is good to Israel, even to such as are of a clean heart.
But as for me, my feet were almost gone; my steps had well nigh slipped.
For I was envious at the foolish, when I saw the prosperity of the wicked.
For there are no bands in their death: but their strength is firm.
They are not in trouble as other men; neither are they plagued like other men.
Therefore pride compasseth them about as a chain; violence covereth them as a garment.
Their eyes stand out with fatness: they have more than heart could wish.
They are corrupt, and speak wickedly concerning oppression: they speak loftily.
They set their mouth against the heavens, and their tongue walketh through the earth.
10 Therefore his people return hither: and waters of a full cup are wrung out to them.
11 And they say, How doth God know? and is there knowledge in the most High?
12 Behold, these are the ungodly, who prosper in the world; they increase in riches.
13 Verily I have cleansed my heart in vain, and washed my hands in innocency.
14 For all the day long have I been plagued, and chastened every morning.
15 If I say, I will speak thus; behold, I should offend against the generation of thy children.
16 When I thought to know this, it was too painful for me;
17 Until I went into the sanctuary of God; then understood I their end.
18 Surely thou didst set them in slippery places: thou castedst them down into destruction.
19 How are they brought into desolation, as in a moment! they are utterly consumed with terrors.
20 As a dream when one awaketh; so, O Lord, when thou awakest, thou shalt despise their image.
21 Thus my heart was grieved, and I was pricked in my reins.
22 So foolish was I, and ignorant: I was as a beast before thee.
23 Nevertheless I am continually with thee: thou hast holden me by my right hand.
24 Thou shalt guide me with thy counsel, and afterward receive me to glory.
25 Whom have I in heaven but thee? and there is none upon earth that I desire beside thee.
26 My flesh and my heart faileth: but God is the strength of my heart, and my portion for ever.
27 For, lo, they that are far from thee shall perish: thou hast destroyed all them that go a whoring from thee.
28 But it is good for me to draw near to God: I have put my trust in the Lord God, that I may declare all thy works.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}