Liv Egzòd / Exode / Exodus

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Egzòd 26

1 N’a fè tant kote pou Bondye rete a ak dis lèz twal fen blan tise byen sere, aAnsanm ak lenn koulè ble, violèt ak wouj. W’a fè yo bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout twal la.
Chak lèz twal va gen katòz mèt longè, de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè.
N’a koud lèz yo ansanm, senk yon bò, senk yon lòt bò.
Lè w’a fin koud senk premye lèz yo ansanm, w’a fè pasan ak kòdon ble sou tout bòdi senk premye lèz yo. W’a fè menm jan an tou ak senk lòt lèz yo.
W’a fè senkant pasan nan premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan nan dènye lèz dezyèm gwoup la. W’a fè yo koresponn de pa de.
W’a fè senkant ti kwòk an lò ki va sèvi pou kole de gwoup lèz yo yonn ak lòt pou yo fè yon sèl tant.
 W’a fè onz lèz twal ak pwal kabrit pou fè yon gwo tant pou kouvri kay Bondye a.
Chak lèz va gen kenz mèt longè ak de mèt lajè. Yo tout va menm gwosè.
W’a pran senk ladan yo, w’a koud yo ansanm. Apre sa, w’a pran lòt sis yo, w’a koud yo ansanm tou. W’a pliye sizyèm lèz la an de sou devan tant lan.
10 W’a mete senkant pasan sou bòdi premye lèz premye gwoup la, ak senkant pasan sou bòdi dènye lèz dezyèm gwoup la.
11 W’a fè senkant ti kwòk an kwiv, w’a pase yo nan pasan yo pou kole de gwoup lèz yo ansanm pou fè yon sèl tant.
12 Mwatye lèz ki an plis la va bat sou dèyè kay Bondye a pou kouvri l’.
13 Menm jan an tou, lèz ki sou kote yo pral gen yon pye edmi k’ap depase. Sa ki an plis la pral desann sou bò kay Bondye a pou kouvri l’.
14 W’a fè yon kouvèti ak po belye pou tant lan. W’a tenn li wouj. Apre sa, w’a fè yon lòt kouvèti ak po bazann pou kouvri tant Bondye a.
15  W’a pran bwa zakasya pou fè planch ankadreman pou soutni tant Bondye a.
16 Chak ankadreman va gen kenz pye longè sou vensèt pous lajè.
17 Yo chak va gen de bout depase ki va penmèt yo kole yonn ak lòt.
18 Lè w’ap fè ankadreman yo, w’a fè ven pou bò sid la.
19 W’a fè karant sipò an ajan pou ale anba ankadreman yo, de sipò anba chak ankadreman. Se ladan yo bout ki depase yo va chita.
20 Konsa tou, w’a fè ven ankadreman pou bò nò a
21 ak karant sipò an ajan, de pou chak ankadreman.
22 W’a fè sis ankadreman pou dèyè tant Bondye a, sou bò lwès la,
23 ak de ankadreman pou chak kwen ki sou dèyè tant Bondye a.
24 Ankadreman kwen yo va mare yonn ak lòt pa anba. y’a bout-a-bout depi anba jouk anwo kote gwo bag la. Se konsa w’a moute de ankadreman k’ap fè kwen yo.
25 Konsa, va gen wit ankadreman avèk sèz sipò an ajan, de sipò anba chak ankadreman.
26 W’a fè travès ak bwa zakasya, senk pou ankadreman sou bò sid tant Bondye a,
27 senk pou ankadreman sou bò nò a, senk pou ankadreman ki sou bò lwès la, pa dèyè.
28 Travès mitan an, k’ap pase nan ren ankadreman yo, va soti nan yon bout pou ale nan yon lòt bout.
29 W’a kouvri tout kò ankadreman yo ak lò. W’a moute gwo bag an lò sou yo pou kenbe travès yo. W’a kouvri travès yo ak lò tou.
30 W’a fè tant lan dapre modèl mwen te moutre ou sou mòn lan.
31  W’a fè yon rido ak bon twal koulè ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. y’a bwode bèl pòtre zanj cheriben byen fèt sou tout rido a.
32 W’a pann rido a sou kat poto an bwa zakasya. Poto yo va kouvri ak lò. y’a gen kwòk an lò moute sou yo. y’a chita sou kat sipò an ajan.
33 Mete rido a anba kwòk ki nan twati tant lan. W’a mete Bwat Kontra a dèyè rido a. Rido a va separe kote ki apa apa nèt pou Bondye sèlman an ak rès tant Bondye a.
34 W’a mete kouvèti a sou Bwat Kontra ki nan kote ki apa apa nèt pou Bondye a.
35 W’a mete tab la pa deyò rido a. Mete gwo lanp sèt branch lan sou bò sid tant lan, an fas tab la. Tab la menm va sou bò nò a.
36 Konsa tou, w’a fè yon rido an bon twal ble, violèt ak wouj ansanm ak twal fen blan tise byen sere. Rido a va sèvi pou fèmen kote yo pase pou antre nan tant lan. y’a fè bèl bodri sou tout rido a.
37 Pou kenbe rido a, w’a fè senk poto an bwa zakasya, w’a kouvri yo ak lò, w’a moute ti kwòk an lò sou yo. y’a chita sou senk sipò an kwiv.
Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Exode 26

Tu feras le tabernacle de dix tapis de fin lin retors, et d’étoffes teintes en bleu, en pourpre et en cramoisi; tu y représenteras des chérubins artistement travaillés.
La longueur d’un tapis sera de vingt-huit coudées, et la largeur d’un tapis sera de quatre coudées; la mesure sera la même pour tous les tapis.
Cinq de ces tapis seront joints ensemble; les cinq autres seront aussi joints ensemble.
Tu feras des lacets bleus au bord du tapis terminant le premier assemblage; et tu feras de même au bord du tapis terminant le second assemblage.
Tu mettras cinquante lacets au premier tapis, et tu mettras cinquante lacets au bord du tapis terminant le second assemblage; ces lacets se correspondront les uns aux autres.
Tu feras cinquante agrafes d’or, et tu joindras les tapis l’un à l’autre avec les agrafes. Et le tabernacle formera un tout.
Tu feras des tapis de poil de chèvre, pour servir de tente sur le tabernacle; tu feras onze de ces tapis.
La longueur d’un tapis sera de trente coudées, et la largeur d’un tapis sera de quatre coudées; la mesure sera la même pour les onze tapis.
Tu joindras séparément cinq de ces tapis, et les six autres séparément, et tu redoubleras le sixième tapis sur le devant de la tente.
10 Tu mettras cinquante lacets au bord du tapis terminant le premier assemblage, et cinquante lacets au bord du tapis du second assemblage.
11 Tu feras cinquante agrafes d’airain, et tu feras entrer les agrafes dans les lacets. Tu assembleras ainsi la tente, qui fera un tout.
12 Comme il y aura du surplus dans les tapis de la tente, la moitié du tapis de reste retombera sur le derrière du tabernacle;
13 la coudée d’une part, et la coudée d’autre part, qui seront de reste sur la longueur des tapis de la tente, retomberont sur les deux côtés du tabernacle, pour le couvrir.
14 Tu feras pour la tente une couverture de peaux de béliers teintes en rouge, et une couverture de peaux de dauphins par-dessus.
15 Tu feras des planches pour le tabernacle; elles seront de bois d’acacia, placées debout.
16 La longueur d’une planche sera de dix coudées, et la largeur d’une planche sera d’une coudée et demie.
17 Il y aura à chaque planche deux tenons joints l’un à l’autre; tu feras de même pour toutes les planches du tabernacle.
18 Tu feras vingt planches pour le tabernacle, du côté du midi.
19 Tu mettras quarante bases d’argent sous les vingt planches, deux bases sous chaque planche pour ses deux tenons.
20 Tu feras vingt planches pour le second côté du tabernacle, le côté du nord,
21 et leurs quarante bases d’argent, deux bases sous chaque planche.
22 Tu feras six planches pour le fond du tabernacle, du côté de l’occident.
23 Tu feras deux planches pour les angles du tabernacle, dans le fond;
24 elles seront doubles depuis le bas, et bien liées à leur sommet par un anneau; il en sera de même pour toutes les deux, placées aux deux angles.
25 Il y aura ainsi huit planches, avec leurs bases d’argent, soit seize bases, deux bases sous chaque planche.
26 Tu feras cinq barres de bois d’acacia pour les planches de l’un des côtés du tabernacle,
27 cinq barres pour les planches du second côté du tabernacle, et cinq barres pour les planches du côté du tabernacle formant le fond vers l’occident.
28 La barre du milieu traversera les planches d’une extrémité à l’autre.
29 Tu couvriras d’or les planches, et tu feras d’or leurs anneaux qui recevront les barres, et tu couvriras d’or les barres.
30 Tu dresseras le tabernacle d’après le modèle qui t’est montré sur la montagne.
31 Tu feras un voile bleu, pourpre et cramoisi, et de fin lin retors; il sera artistement travaillé, et l’on y représentera des chérubins.
32 Tu le mettras sur quatre colonnes d’acacia, couvertes d’or; ces colonnes auront des crochets d’or, et poseront sur quatre bases d’argent.
33 Tu mettras le voile au-dessous des agrafes, et c’est là, en dedans du voile, que tu feras entrer l’arche du témoignage; le voile vous servira de séparation entre le lieu saint et le lieu très saint.
34 Tu mettras le propitiatoire sur l’arche du témoignage dans le lieu très saint.
35 Tu mettras la table en dehors du voile, et le chandelier en face de la table, au côté méridional du tabernacle; et tu mettras la table au côté septentrional.
36 Tu feras pour l’entrée de la tente un rideau bleu, pourpre et cramoisi, et de fin lin retors; ce sera un ouvrage de broderie.
37 Tu feras pour le rideau cinq colonnes d’acacia, et tu les couvriras d’or; elles auront des crochets d’or, et tu fondras pour elles cinq bases d’airain.

Louis Segond {LSG}

Exodus 26

1 Moreover thou shalt make the tabernacle with ten curtains of fine twined linen, and blue, and purple, and scarlet: with cherubims of cunning work shalt thou make them.
The length of one curtain shall be eight and twenty cubits, and the breadth of one curtain four cubits: and every one of the curtains shall have one measure.
The five curtains shall be coupled together one to another; and other five curtains shall be coupled one to another.
And thou shalt make loops of blue upon the edge of the one curtain from the selvedge in the coupling; and likewise shalt thou make in the uttermost edge of another curtain, in the coupling of the second.
Fifty loops shalt thou make in the one curtain, and fifty loops shalt thou make in the edge of the curtain that is in the coupling of the second; that the loops may take hold one of another.
And thou shalt make fifty taches of gold, and couple the curtains together with the taches: and it shall be one tabernacle.
And thou shalt make curtains of goats’ hair to be a covering upon the tabernacle: eleven curtains shalt thou make.
The length of one curtain shall be thirty cubits, and the breadth of one curtain four cubits: and the eleven curtains shall be all of one measure.
And thou shalt couple five curtains by themselves, and six curtains by themselves, and shalt double the sixth curtain in the forefront of the tabernacle.
10 And thou shalt make fifty loops on the edge of the one curtain that is outmost in the coupling, and fifty loops in the edge of the curtain which coupleth the second.
11 And thou shalt make fifty taches of brass, and put the taches into the loops, and couple the tent together, that it may be one.
12 And the remnant that remaineth of the curtains of the tent, the half curtain that remaineth, shall hang over the backside of the tabernacle.
13 And a cubit on the one side, and a cubit on the other side of that which remaineth in the length of the curtains of the tent, it shall hang over the sides of the tabernacle on this side and on that side, to cover it.
14 And thou shalt make a covering for the tent of rams’ skins dyed red, and a covering above of badgers’ skins.
15 And thou shalt make boards for the tabernacle of shittim wood standing up.
16 Ten cubits shall be the length of a board, and a cubit and a half shall be the breadth of one board.
17 Two tenons shall there be in one board, set in order one against another: thus shalt thou make for all the boards of the tabernacle.
18 And thou shalt make the boards for the tabernacle, twenty boards on the south side southward.
19 And thou shalt make forty sockets of silver under the twenty boards; two sockets under one board for his two tenons, and two sockets under another board for his two tenons.
20 And for the second side of the tabernacle on the north side there shall be twenty boards:
21 And their forty sockets of silver; two sockets under one board, and two sockets under another board.
22 And for the sides of the tabernacle westward thou shalt make six boards.
23 And two boards shalt thou make for the corners of the tabernacle in the two sides.
24 And they shall be coupled together beneath, and they shall be coupled together above the head of it unto one ring: thus shall it be for them both; they shall be for the two corners.
25 And they shall be eight boards, and their sockets of silver, sixteen sockets; two sockets under one board, and two sockets under another board.
26 And thou shalt make bars of shittim wood; five for the boards of the one side of the tabernacle,
27 And five bars for the boards of the other side of the tabernacle, and five bars for the boards of the side of the tabernacle, for the two sides westward.
28 And the middle bar in the midst of the boards shall reach from end to end.
29 And thou shalt overlay the boards with gold, and make their rings of gold for places for the bars: and thou shalt overlay the bars with gold.
30 And thou shalt rear up the tabernacle according to the fashion thereof which was shewed thee in the mount.
31 And thou shalt make a vail of blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen of cunning work: with cherubims shall it be made:
32 And thou shalt hang it upon four pillars of shittim wood overlaid with gold: their hooks shall be of gold, upon the four sockets of silver.
33 And thou shalt hang up the vail under the taches, that thou mayest bring in thither within the vail the ark of the testimony: and the vail shall divide unto you between the holy place and the most holy.
34 And thou shalt put the mercy seat upon the ark of the testimony in the most holy place.
35 And thou shalt set the table without the vail, and the candlestick over against the table on the side of the tabernacle toward the south: and thou shalt put the table on the north side.
36 And thou shalt make an hanging for the door of the tent, of blue, and purple, and scarlet, and fine twined linen, wrought with needlework.
37 And thou shalt make for the hanging five pillars of shittim wood, and overlay them with gold, and their hooks shall be of gold: and thou shalt cast five sockets of brass for them.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}