Liv 2 Wa / 2 Rois / 2Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Wa 3

1 Lè sa a, wa Jozafa t’ap mache sou dizwitan depi li t’ap gouvènen nan peyi Jida lè Joram, pitit Akab la, moute sou fotèy wa peyi Izrayèl la. Li pase douzan ap gouvènen nan lavil Samari.
Li fè sa ki mal nan je Seyè a, men pa tankou papa l’ ak manman l’ Jezabèl. Li wete gwo wòch papa l’ te mete kanpe pou sèvis Baal la.
Men, li fè menm peche ak Jewoboram, pitit gason Nebat la, li lakòz pèp Izrayèl la fè peche. Li pa t’ soti pou l’ te kite vye chemen sa a.
Mesa, wa peyi Moab la, te fè gadinaj mouton. Se konsa li te pran angajman pou li te bay wa peyi Izrayèl la sanmil (100.000) ti mouton ak sanmil (100.000) belye ak tout lenn yo sou yo.
Men, lè Akab, wa peyi Izrayèl la, mouri, wa peyi Moab la revòlte kont otorite wa peyi Izrayèl la.
 Lamenm, wa Joram kite lavil Samari, li sanble tout lame pèp Izrayèl la.
Epi li pati, li voye di Jozafa, wa peyi Jida a: –Wa peyi Moab la revòlte kont otorite mwen. Ou pa ta vle vin avè m’ pou nou atake moun Moab yo? Jozafa reponn: –Men wi! Mwen menm ak tout sòlda mwen yo ak kavalye mwen yo, nou avè ou ansanm ak pèp ou a. Se yonn nou ye!
Ki wout n’ap pran pou n’ al atake? Joram reponn li: –N’ap pran chemen ki pase nan dezè Edon an.
Se konsa Joram, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak wa peyi Jida a ak wa peyi Edon an pati. Yo pase sèt jou ap mache. Lè sa a dlo yo fini, pa t’ gen yon ti gout dlo ni pou sòlda yo ni pou bèt chay ki te avè yo.
10 Joram, wa peyi Izrayèl la, di: –Woy! Nou fini! Seyè a fè nou tou twa vin isit la ansanm pou l’ lage nou nan men wa Moab la.
11 Jozafa mande: –Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Seyè a pou nou? Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di: –Bò isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t’ap sèvi ak Eli.
12 Jozafa di: –Sèten l’ap gen kichòy pou l’ di nou nan non Seyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y’ al wè Elize.
13 Elize di wa Izrayèl la konsa: –Ki rapò m’ gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: –Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l’ lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la.
14 Elize reponn: –Mwen pran Seyè vivan m’ap sèvi a pou temwen! Si mwen pa t’ gen respè pou Jozafa, wa peyi Jida a, m’ pa ta menm gade ou, m’ pa ta okipe ou.
15 Koulye a, al chache yon mizisyen pou mwen. Pandan mizisyen an t’ap jwe mizik, pouvwa Seyè a desann sou Elize.
16 Elize di: –Men sa Seyè a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a.
17 Paske, men sa li di ankò: Nou p’ap wè van, nou p’ap wè lapli, men ravin sa a pral plen dlo. Konsa n’a jwenn kont dlo pou nou bwè ansanm ak bèf, kabrit nou yo ak bèt chay nou yo.
18 Men tou sa pa anyen bò kote sa Seyè a ka fè. Li pral lage moun peyi Moab yo nan men nou.
19 Nou pral pran tout bèl lavil ak ranpa yo, nou pral koupe tout bèl pyebwa yo, nou pral bouche tout sous dlo yo. Nou pral gate tout pi bèl jaden yo, nou pral kouvri yo ak wòch.
20  Nan denmen maten, lè lè pou yo fè ofrann lan rive, yon dlo soti nan direksyon Edon, li kouvri tout tè a.
21 Lè moun Moab yo pran nouvèl twa wa yo te moute vin atake yo, tout gason ki te gen laj pou pote zam, gran kou piti, yo sanble, y’ al mase kò yo sou fwontyè a.
22 Nan denmen maten, lè yo leve, limyè solèy la t’ap bat sou dlo a. Li bay dlo a yon koulè wouj, moun Moab yo te kwè se san.
23 Yo di: –Gade san! Lame wa yo gen lè goumen yonn ak lòt, yonn touye lòt. Ann al piye kan yo!
24 Men lè moun Moab yo rive nan kan moun Izrayèl yo, moun Izrayèl yo tonbe sou yo, yo kòmanse bat yo. Moun Moab yo pran kouri. Moun Izrayèl yo antre dèyè yo nan peyi Moab, yo touye tout moun Moab ki tonbe anba men yo.
25 Yo detwi lavil yo. Chak fwa yo rive bò yon bèl jaden, chak moun pran wòch, yo voye ladan l’ jouk jaden an kouvri nèt ak wòch. Yo bouche tout sous dlo yo, yo koupe tout bèl pyebwa yo. Sèl kote ki te rete kanpe se te lavil Kiraresèt, kapital la. Sòlda yo sènen l’, yo atake l’ ak kout wòch.
26 Lè wa peyi Moab la wè li t’ap pèdi batay la, li pran sètsan (700) sòlda avè l’. Avèk nepe yo, yo chache mwayen pou yo pase nan mitan sòlda Izrayèl yo al fè wout yo nan direksyon peyi Edon, men yo pa t’ kapab.
27 Lè sa a, wa peyi Moab la pran premye pitit gason l’ lan, sa ki te pou pran plas li sou fotèy la, li ofri l’ bay bondye peyi Moab la, li touye l’ sou tèt miray lavil la. Lè moun Izrayèl yo wè sa, yo pè pou malè pa rive yo. Yo rale kò yo dèyè, yo tounen nan peyi yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

2 Rois 3 

1 Joram, fils d’Achab, régna sur Israël à Samarie, la dix-huitième année de Josaphat, roi de Juda. Il régna douze ans.
Il fit ce qui est mal aux yeux de l’Éternel, non pas toutefois comme son père et sa mère. Il renversa les statues de Baal que son père avait faites;
mais il se livra aux péchés de Jéroboam, fils de Nebath, qui avait fait pécher Israël, et il ne s’en détourna point.
Méscha, roi de Moab, possédait des troupeaux, et il payait au roi d’Israël un tribut de cent mille agneaux et de cent mille béliers avec leur laine.
A la mort d’Achab, le roi de Moab se révolta contre le roi d’Israël.
Le roi Joram sortit alors de Samarie, et passa en revue tout Israël.
Il se mit en marche, et il fit dire à Josaphat, roi de Juda: Le roi de Moab s’est révolté contre moi; veux-tu venir avec moi attaquer Moab? Josaphat répondit: J’irai, moi comme toi, mon peuple comme ton peuple, mes chevaux comme tes chevaux.
Et il dit: Par quel chemin monterons-nous? Joram dit: Par le chemin du désert d’Édom.
Le roi d’Israël, le roi de Juda et le roi d’Édom, partirent; et après une marche de sept jours, ils manquèrent d’eau pour l’armée et pour les bêtes qui la suivaient.
10 Alors le roi d’Israël dit: Hélas! l’Éternel a appelé ces trois rois pour les livrer entre les mains de Moab.
11 Mais Josaphat dit: N’y a-t-il ici aucun prophète de l’Éternel, par qui nous puissions consulter l’Éternel? L’un des serviteurs du roi d’Israël répondit: Il y a ici Élisée, fils de Schaphath, qui versait l’eau sur les mains d’Élie.
12 Et Josaphat dit: La parole de l’Éternel est avec lui. Le roi d’Israël, Josaphat et le roi d’Édom, descendirent auprès de lui.
13 Élisée dit au roi d’Israël: Qu’y a-t-il entre moi et toi? Va vers les prophètes de ton père et vers les prophètes de ta mère. Et le roi d’Israël lui dit: Non! car l’Éternel a appelé ces trois rois pour les livrer entre les mains de Moab.
14 Élisée dit: L’Éternel des armées, dont je suis le serviteur, est vivant! si je n’avais égard à Josaphat, roi de Juda, je ne ferais aucune attention à toi et je ne te regarderais pas.
15 Maintenant, amenez-moi un joueur de harpe. Et comme le joueur de harpe jouait, la main de l’Éternel fut sur Élisée.
16 Et il dit: Ainsi parle l’Éternel: Faites dans cette vallée des fosses, des fosses!
17 Car ainsi parle l’Éternel: Vous n’apercevrez point de vent et vous ne verrez point de pluie, et cette vallée se remplira d’eau, et vous boirez, vous, vos troupeaux et votre bétail.
18 Mais cela est peu de chose aux yeux de l’Éternel. Il livrera Moab entre vos mains;
19 vous frapperez toutes les villes fortes et toutes les villes d’élite, vous abattrez tous les bons arbres, vous boucherez toutes les sources d’eau, et vous ruinerez avec des pierres tous les meilleurs champs.
20 Or le matin, au moment de la présentation de l’offrande, voici, l’eau arriva du chemin d’Édom, et le pays fut rempli d’eau.
21 Cependant, tous les Moabites ayant appris que les rois montaient pour les attaquer, on convoqua tous ceux en âge de porter les armes et même au-dessus, et ils se tinrent sur la frontière.
22 Ils se levèrent de bon matin, et quand le soleil brilla sur les eaux, les Moabites virent en face d’eux les eaux rouges comme du sang.
23 Ils dirent: C’est du sang! les rois ont tiré l’épée entre eux, ils se sont frappés les uns les autres; maintenant, Moabites, au pillage!
24 Et ils marchèrent contre le camp d’Israël. Mais Israël se leva, et frappa Moab, qui prit la fuite devant eux. Ils pénétrèrent dans le pays, et frappèrent Moab.
25 Ils renversèrent les villes, ils jetèrent chacun des pierres dans tous les meilleurs champs et les en remplirent, ils bouchèrent toutes les sources d’eau, et ils abattirent tous les bons arbres; et les frondeurs enveloppèrent et battirent Kir Haréseth, dont on ne laissa que les pierres.
26 Le roi de Moab, voyant qu’il avait le dessous dans le combat, prit avec lui sept cents hommes tirant l’épée pour se frayer un passage jusqu’au roi d’Édom; mais ils ne purent pas.
27 Il prit alors son fils premier-né, qui devait régner à sa place, et il l’offrit en holocauste sur la muraille. Et une grande indignation s’empara d’Israël, qui s’éloigna du roi de Moab et retourna dans son pays.
Louis Segond {LSG}

2 Kings 3

1 Now Jehoram the son of Ahab began to reign over Israel in Samaria the eighteenth year of Jehoshaphat king of Judah, and reigned twelve years.
And he wrought evil in the sight of the Lord; but not like his father, and like his mother: for he put away the image of Baal that his father had made.
Nevertheless he cleaved unto the sins of Jeroboam the son of Nebat, which made Israel to sin; he departed not therefrom.
And Mesha king of Moab was a sheepmaster, and rendered unto the king of Israel an hundred thousand lambs, and an hundred thousand rams, with the wool.
But it came to pass, when Ahab was dead, that the king of Moab rebelled against the king of Israel.
And king Jehoram went out of Samaria the same time, and numbered all Israel.
And he went and sent to Jehoshaphat the king of Judah, saying, The king of Moab hath rebelled against me: wilt thou go with me against Moab to battle? And he said, I will go up: I am as thou art, my people as thy people, and my horses as thy horses.
And he said, Which way shall we go up? And he answered, The way through the wilderness of Edom.
So the king of Israel went, and the king of Judah, and the king of Edom: and they fetched a compass of seven days’ journey: and there was no water for the host, and for the cattle that followed them.
10 And the king of Israel said, Alas! that the Lord hath called these three kings together, to deliver them into the hand of Moab!
11 But Jehoshaphat said, Is there not here a prophet of the Lord, that we may enquire of the Lord by him? And one of the king of Israel’s servants answered and said, Here is Elisha the son of Shaphat, which poured water on the hands of Elijah.
12 And Jehoshaphat said, The word of the Lord is with him. So the king of Israel and Jehoshaphat and the king of Edom went down to him.
13 And Elisha said unto the king of Israel, What have I to do with thee? get thee to the prophets of thy father, and to the prophets of thy mother. And the king of Israel said unto him, Nay: for the Lord hath called these three kings together, to deliver them into the hand of Moab.
14 And Elisha said, As the Lord of hosts liveth, before whom I stand, surely, were it not that I regard the presence of Jehoshaphat the king of Judah, I would not look toward thee, nor see thee.
15 But now bring me a minstrel. And it came to pass, when the minstrel played, that the hand of the Lord came upon him.
16 And he said, Thus saith the Lord, Make this valley full of ditches.
17 For thus saith the Lord, Ye shall not see wind, neither shall ye see rain; yet that valley shall be filled with water, that ye may drink, both ye, and your cattle, and your beasts.
18 And this is but a light thing in the sight of the Lord: he will deliver the Moabites also into your hand.
19 And ye shall smite every fenced city, and every choice city, and shall fell every good tree, and stop all wells of water, and mar every good piece of land with stones.
20 And it came to pass in the morning, when the meat offering was offered, that, behold, there came water by the way of Edom, and the country was filled with water.
21 And when all the Moabites heard that the kings were come up to fight against them, they gathered all that were able to put on armour, and upward, and stood in the border.
22 And they rose up early in the morning, and the sun shone upon the water, and the Moabites saw the water on the other side as red as blood:
23 And they said, This is blood: the kings are surely slain, and they have smitten one another: now therefore, Moab, to the spoil.
24 And when they came to the camp of Israel, the Israelites rose up and smote the Moabites, so that they fled before them: but they went forward smiting the Moabites, even in their country.
25 And they beat down the cities, and on every good piece of land cast every man his stone, and filled it; and they stopped all the wells of water, and felled all the good trees: only in Kirharaseth left they the stones thereof; howbeit the slingers went about it, and smote it.
26 And when the king of Moab saw that the battle was too sore for him, he took with him seven hundred men that drew swords, to break through even unto the king of Edom: but they could not.
27 Then he took his eldest son that should have reigned in his stead, and offered him for a burnt offering upon the wall. And there was great indignation against Israel: and they departed from him, and returned to their own land.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}