Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 145  

1  Se yon chante David te ekri pou fè lwanj Bondye. Bondye mwen, wa mwen, m’a fè konnen jan ou gen pouvwa. M’ap di ou mèsi tout tan tout tan.
Chak jou m’ap di ou mèsi. M’ap fè lwanj ou tout tan tout tan.
Seyè a gen gwo pouvwa, li merite pou yo fè lwanj li vre. Moun p’ap janm fin konprann jan li gen pouvwa!
Papa va fè lwanj ou devan pitit yo pou tou sa ou te fè. Y’a rakonte tout bèl bagay ou fè yo.
M’a rakonte jan ou gen pouvwa, jan ou gen fòs. M’a fè konnen bèl mèvèy ou yo.
Y’a di jan ou gen pouvwa kifè moun respekte ou. M’a rakonte jan ou gen fòs.
Y’a fè tout moun chonje jan ou gen bon kè. Y’a chante pou ou, paske ou pa nan patipri.
Seyè a gen pitye pou nou. Li gen bon kè. Li pa fasil fè kòlè. Li p’ap janm sispann renmen nou!
Seyè a bon pou tout moun san patipri. Li gen pitye pou tou sa li fè.
10  Seyè, tou sa ou fè ap fè lwanj ou! Tout moun pa ou yo ap di ou mèsi!
11 Y’a di jan ou gouvènen avèk otorite. Y’a fè konnen jan ou gen pouvwa,
12 pou tout moun ka konnen jan ou gen fòs, jan ou gouvènen avèk otorite.
13 Gouvènman ou lan la pou tout tan. W’ap dominen pou tout tan. Seyè a ap toujou kenbe pawòl li yo, Li bon nan tou sa li fè.
14 L’ap soutni tout moun k’ap tonbe. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouraj.
15 Seyè, se sou ou tout moun ap gade. Ou ba yo manje lè yo bezwen manje.
16 Ou louvri men ou, ou bay ni moun, ni bèt, ni plant tou sa yo bezwen.
17 Seyè a san patipri nan tou sa l’ap fè. Li gen kè sansib nan tou sa l’ap fè.
18 Seyè a kanpe toupre moun k’ap rele l’, toupre tout moun k’ap rele l’ ak tout kè yo.
19 L’ap bay tout moun ki gen krentif pou li sa yo ta renmen. Li tande lè y’ap rele l’, l’ap delivre yo.
20 L’ap pwoteje tout moun ki renmen l’. Men, l’ap detwi tout mechan yo.
21 M’a fè lwanj Seyè a ak bouch mwen. Se pou tout moun fè lwanj Bondye ki yon Bondye apa. Se pou yo fè l’ tout tan tout tan.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 145

1 Louange. De David. Je t’exalterai, ô mon Dieu, mon roi! Et je bénirai ton nom à toujours et à perpétuité.
Chaque jour je te bénirai, Et je célébrerai ton nom à toujours et à perpétuité.
L’Éternel est grand et très digne de louange, Et sa grandeur est insondable.
Que chaque génération célèbre tes oeuvres, Et publie tes hauts faits!
Je dirai la splendeur glorieuse de ta majesté; Je chanterai tes merveilles.
On parlera de ta puissance redoutable, Et je raconterai ta grandeur.
Qu’on proclame le souvenir de ton immense bonté, Et qu’on célèbre ta justice!
L’Éternel est miséricordieux et compatissant, Lent à la colère et plein de bonté.
L’Éternel est bon envers tous, Et ses compassions s’étendent sur toutes ses oeuvres.
10 Toutes tes oeuvres te loueront, ô Éternel! Et tes fidèles te béniront.
11 Ils diront la gloire de ton règne, Et ils proclameront ta puissance,
12 Pour faire connaître aux fils de l’homme ta puissance Et la splendeur glorieuse de ton règne.
13 Ton règne est un règne de tous les siècles, Et ta domination subsiste dans tous les âges.
14 L’Éternel soutient tous ceux qui tombent, Et il redresse tous ceux qui sont courbés.
15 Les yeux de tous espèrent en toi, Et tu leur donnes la nourriture en son temps.
16 Tu ouvres ta main, Et tu rassasies à souhait tout ce qui a vie.
17 L’Éternel est juste dans toutes ses voies, Et miséricordieux dans toutes ses oeuvres.
18 L’Éternel est près de tous ceux qui l’invoquent, De tous ceux qui l’invoquent avec sincérité;
19 Il accomplit les désirs de ceux qui le craignent, Il entend leur cri et il les sauve.
20 L’Éternel garde tous ceux qui l’aiment, Et il détruit tous les méchants.
21 Que ma bouche publie la louange de l’Éternel, Et que toute chair bénisse son saint nom, A toujours et à perpétuité!
Louis Segond {LSG}

Psalm 145 

1 I will extol thee, my God, O king; and I will bless thy name for ever and ever.
Every day will I bless thee; and I will praise thy name for ever and ever.
Great is the Lord, and greatly to be praised; and his greatness is unsearchable.
One generation shall praise thy works to another, and shall declare thy mighty acts.
I will speak of the glorious honour of thy majesty, and of thy wondrous works.
And men shall speak of the might of thy terrible acts: and I will declare thy greatness.
They shall abundantly utter the memory of thy great goodness, and shall sing of thy righteousness.
The Lord is gracious, and full of compassion; slow to anger, and of great mercy.
The Lord is good to all: and his tender mercies are over all his works.
10 All thy works shall praise thee, O Lord; and thy saints shall bless thee.
11 They shall speak of the glory of thy kingdom, and talk of thy power;
12 To make known to the sons of men his mighty acts, and the glorious majesty of his kingdom.
13 Thy kingdom is an everlasting kingdom, and thy dominion endureth throughout all generations.
14 The Lord upholdeth all that fall, and raiseth up all those that be bowed down.
15 The eyes of all wait upon thee; and thou givest them their meat in due season.
16 Thou openest thine hand, and satisfiest the desire of every living thing.
17 The Lord is righteous in all his ways, and holy in all his works.
18 The Lord is nigh unto all them that call upon him, to all that call upon him in truth.
19 He will fulfil the desire of them that fear him: he also will hear their cry, and will save them.
20 The Lord preserveth all them that love him: but all the wicked will he destroy.
21 My mouth shall speak the praise of the Lord: and let all flesh bless his holy name for ever and ever.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}