Liv Jij / Juges / Judges

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jij 2

1 Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p’ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an.
Nou menm, bò pa nou, piga nou fè ankenn kontra ak moun k’ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m’ te di nou fè a. Gade sa nou pito fè!
Se poutèt sa m’ap di nou: Mwen p’ap mete yo deyò devan nou. Y’ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou.
Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.
Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nankriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Seyè a la.
 Jozye voye pèp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pèp la pati al pran pòsyon tè yo te ba yo nan peyi a.
Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l’ pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.
Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan (110 an).
Yo antere l’ sou tè ki te vin pou li a nan zòn Timnat-Erès, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach.
10 Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Seyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la.
11 Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y’ al sèvi Baal yo.
12 Yo vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a, Bondye ki te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo tonbe mache dèyè lòt bondye ki te fè pati bann bondye pèp ki te la toupatou bò kote yo. Y’ al adore yo. Sa te fè Seyè a an kolè sou yo.
13 Yo vire do bay Seyè a, y’ al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo.
14 Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t’ ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò.
15 Chak fwa y’ al nan lagè, Seyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t’ap fè l’ la. Se konsa yo t’ap bat yon sèl mizè!
16 Se lè sa a Seyè a voye bay pèp Izrayèl la kèk chèf, vanyan gason ki te delivre yo anba men ansasen yo.
17 Men, menm chèf sa yo, yo pa t’ koute yo. Yo vire do bay Seyè a, y’ al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t’ap mache lè yo t’ap swiv lòd Seyè a. Yo pa t’ koute lòd Seyè a.
18 Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t’ap soufri anpil anba moun ki t’ap pèsekite yo ak anba moun ki t’ap peze yo.
19 Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y’ al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t’ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo.
20 Seyè a te fache anpil sou pèp Izrayèl la. Li di konsa: -Nasyon an kase kontra mwen te mande zansèt yo kenbe a. Yo pa vle koute m’.
21 Bon, mwen menm tou, mwen p’ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò.
22 Se konsa m’a wè kote m’ ye ak pèp Izrayèl la. M’a konnen si wi ou non yo soti pou fè sa m’ mande yo fè a jan zansèt yo te fè l’ la.
23 Se konsa Seyè a te kite lòt nasyon li pa t’ lage anba men Jozye yo rete nan peyi a. Li pa prese mete yo deyò.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Juges 2

1 Un envoyé de l’Éternel monta de Guilgal à Bokim, et dit: Je vous ai fait monter hors d’Égypte, et je vous ai amenés dans le pays que j’ai juré à vos pères de vous donner. J’ai dit: Jamais je ne romprai mon alliance avec vous;
et vous, vous ne traiterez point alliance avec les habitants de ce pays, vous renverserez leurs autels. Mais vous n’avez point obéi à ma voix. Pourquoi avez-vous fait cela?
J’ai dit alors: Je ne les chasserai point devant vous; mais ils seront à vos côtés, et leurs dieux vous seront un piège.
Lorsque l’envoyé de l’Éternel eut dit ces paroles à tous les enfants d’Israël, le peuple éleva la voix et pleura.
Ils donnèrent à ce lieu le nom de Bokim, et ils y offrirent des sacrifices à l’Éternel.
Josué renvoya le peuple, et les enfants d’Israël allèrent chacun dans son héritage pour prendre possession du pays.
Le peuple servit l’Éternel pendant toute la vie de Josué, et pendant toute la vie des anciens qui survécurent à Josué et qui avaient vu toutes les grandes choses que l’Éternel avait faites en faveur d’Israël.
Josué, fils de Nun, serviteur de l’Éternel, mourut âgé de cent dix ans.
On l’ensevelit dans le territoire qu’il avait eu en partage, à Thimnath Hérès, dans la montagne d’Éphraïm, au nord de la montagne de Gaasch.
10 Toute cette génération fut recueillie auprès de ses pères, et il s’éleva après elle une autre génération, qui ne connaissait point l’Éternel, ni ce qu’il avait fait en faveur d’Israël.
11 Les enfants d’Israël firent alors ce qui déplaît à l’Éternel, et ils servirent les Baals.
12 Ils abandonnèrent l’Éternel, le Dieu de leurs pères, qui les avait fait sortir du pays d’Égypte, et ils allèrent après d’autres dieux d’entre les dieux des peuples qui les entouraient; ils se prosternèrent devant eux, et ils irritèrent l’Éternel.
13 Ils abandonnèrent l’Éternel, et ils servirent Baal et les Astartés.
14 La colère de l’Éternel s’enflamma contre Israël. Il les livra entre les mains de pillards qui les pillèrent, il les vendit entre les mains de leurs ennemis d’alentour, et ils ne purent plus résister à leurs ennemis.
15 Partout où ils allaient, la main de l’Éternel était contre eux pour leur faire du mal, comme l’Éternel l’avait dit, comme l’Éternel le leur avait juré. Ils furent ainsi dans une grande détresse.
16 L’Éternel suscita des juges, afin qu’ils les délivrassent de la main de ceux qui les pillaient.
17 Mais ils n’écoutèrent pas même leurs juges, car ils se prostituèrent à d’autres dieux, se prosternèrent devant eux. Ils se détournèrent promptement de la voie qu’avaient suivie leurs pères, et ils n’obéirent point comme eux aux commandements de l’Éternel.
18 Lorsque l’Éternel leur suscitait des juges, l’Éternel était avec le juge, et il les délivrait de la main de leurs ennemis pendant toute la vie du juge; car l’Éternel avait pitié de leurs gémissements contre ceux qui les opprimaient et les tourmentaient.
19 Mais, à la mort du juge, ils se corrompaient de nouveau plus que leurs pères, en allant après d’autres dieux pour les servir et se prosterner devant eux, et ils persévéraient dans la même conduite et le même endurcissement.
20 Alors la colère de l’Éternel s’enflamma contre Israël, et il dit: Puisque cette nation a transgressé mon alliance que j’avais prescrite à ses pères, et puisqu’ils n’ont point obéi à ma voix,
21 je ne chasserai plus devant eux aucune des nations que Josué laissa quand il mourut.
22 C’est ainsi que je mettrai par elles Israël à l’épreuve, pour savoir s’ils prendront garde ou non de suivre la voie de l’Éternel, comme leurs pères y ont pris garde.
23 Et l’Éternel laissa en repos ces nations qu’il n’avait pas livrées entre les mains de Josué, et il ne se hâta point de les chasser.
Louis Segond {LSG}

Judges 2

1 Zanj Seyè a kite Gilgal, li moute nan Kriye. Li di pèp Izrayèl la konsa: -Mwen fè nou soti kite peyi Lejip. Mwen fè nou antre nan peyi mwen te pwomèt zansèt nou yo. Mwen te di mwen p’ap janm kase kontra mwen te pase ak nou pou tout tan an.
Nou menm, bò pa nou, piga nou fè ankenn kontra ak moun k’ap viv nan peyi a. Se pou nou kraze tout lotèl yo. Men, nou pa fè sa m’ te di nou fè a. Gade sa nou pito fè!
Se poutèt sa m’ap di nou: Mwen p’ap mete yo deyò devan nou. Y’ap rete la bò kote nou, bondye yo ap tounen yon pèlen pou nou.
Lè zanj Seyè a fin di yo sa, tout pèp la pran kriye.
Se poutèt sa yo rele kote yo te ye a Nankriye. Epi yo ofri bèt pou touye pou Seyè a la.
 Jozye voye pèp la ale lakay yo. Se konsa, chak branch fanmi pèp la pati al pran pòsyon tè yo te ba yo nan peyi a.
Pèp Izrayèl la te sèvi Seyè a pandan tout tan Jozye te vivan. Apre sa, yo sèvi l’ pandan tout tan chèf ki te konnen sa Seyè a te fè pou pèp Izrayèl la te vivan toujou.
Jozye, pitit gason Noun lan, sèvitè Seyè a, mouri. Li te gen sandizan (110 an).
Yo antere l’ sou tè ki te vin pou li a nan zòn Timnat-Erès, nan mòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, sou bò nò mòn Gach.
10 Tout jenerasyon moun Jozye yo te fin mouri tou, yo te al jwenn zansèt yo anba tè. Apre yo, te vin gen yon lòt jenerasyon moun ki te bliye ni Seyè a ni sa li te fè pou pèp Izrayèl la.
11 Moun pèp Izrayèl yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a. Y’ al sèvi Baal yo.
12 Yo vire do bay Seyè a, Bondye zansèt yo a, Bondye ki te fè yo soti kite peyi Lejip la. Yo tonbe mache dèyè lòt bondye ki te fè pati bann bondye pèp ki te la toupatou bò kote yo. Y’ al adore yo. Sa te fè Seyè a an kolè sou yo.
13 Yo vire do bay Seyè a, y’ al fè sèvis pou Baal yo ak Astate yo.
14 Seyè a vin an kòlè sou pèp Izrayèl la, li kite ansasen atake yo pou pran tou sa yo te genyen. Li kite lènmi ki toupatou bò kote yo mete pye sou kou yo. Yo pa t’ ka kenbe tèt devan lènmi yo ankò.
15 Chak fwa y’ al nan lagè, Seyè a te pran pozisyon kont yo pou malè yo, jan li te di li t’ap fè l’ la. Se konsa yo t’ap bat yon sèl mizè!
16 Se lè sa a Seyè a voye bay pèp Izrayèl la kèk chèf, vanyan gason ki te delivre yo anba men ansasen yo.
17 Men, menm chèf sa yo, yo pa t’ koute yo. Yo vire do bay Seyè a, y’ al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo. Yo te toujou prese kite chemen dwat kote zansèt yo t’ap mache lè yo t’ap swiv lòd Seyè a. Yo pa t’ koute lòd Seyè a.
18 Chak fwa Seyè a voye yon chèf konsa ba yo, li te kanpe la avèk chèf la, li te delivre yo anba men lènmi yo toutotan chèf la te vivan. Seyè a te gen pitye pou yo paske yo t’ap soufri anpil anba moun ki t’ap pèsekite yo ak anba moun ki t’ap peze yo.
19 Men, mouri chèf la mouri, pitit yo te rekonmanse lage kò yo nan menm vye bagay yo ankò pi mal pase papa yo. Y’ al dèyè lòt bondye, yo fè sèvis pou yo, yo adore yo. Yo t’ap fè tèt di, yo derefize sispann fè bagay sa yo.
20 Seyè a te fache anpil sou pèp Izrayèl la. Li di konsa: -Nasyon an kase kontra mwen te mande zansèt yo kenbe a. Yo pa vle koute m’.
21 Bon, mwen menm tou, mwen p’ap mete lòt nasyon Jozye te mouri kite nan peyi a deyò ankò.
22 Se konsa m’a wè kote m’ ye ak pèp Izrayèl la. M’a konnen si wi ou non yo soti pou fè sa m’ mande yo fè a jan zansèt yo te fè l’ la.
23 Se konsa Seyè a te kite lòt nasyon li pa t’ lage anba men Jozye yo rete nan peyi a. Li pa prese mete yo deyò.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}