Liv Ezekyel / Ézéchiel / Ezekiel

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Ezekyel 10    

1 Mwen gade gwo bòl kristal ki te sou tèt kat bèt vivan yo. Anwo yo, mwen wè yon bagay ou ta di yon gwo fotèy fèt an pyè safi.
Bondye pale ak nonm ki te gen rad twal fin tou blan an. Li di l’ konsa: -Antre nan fant ki nan mitan wou yo, anba bèt vivan yo. Pran yon ponyen chabon dife tou limen. Lèfini, gaye yo sou tout lavil la. Mwen wè l’ ale vre.
Gwo bèt vivan yo te kanpe sou bò sid tanp lan lè li antre a. Yon gwo nwaj anvayi tout lakou anndan tanp lan.
Bèl limyè prezans Seyè a leve anwo tèt bèt vivan yo, li al kanpe nan papòt tanp lan. Nwaj la anvayi tout tanp lan. Lakou a menm te klere ak gwo limyè prezans Seyè a.
Yo te ka tande bri zèl bèt vivan yo jouk nan lakou deyò a. Se te tankou vwa Bondye ki gen tout pouvwa a lè l’ap pale.
Lè Seyè a te bay nonm ak rad twal fin blan an lòd pou l’ te al pran chabon dife nan mitan wou yo ki anba bèt vivan yo, nonm lan ale, li kanpe toupre yonn nan wou yo.
Yonn nan bèt vivan yo lonje men l’ nan dife ki te nan mitan yo a, li pran kèk chabon dife, li mete yo nan men nonm ak rad twal fin blan an. Nonm lan pran chabon dife yo, li soti.
 Lè sa a, mwen wè bèt vivan yo te gen yon bagay ki te sanble ak men moun anba zèl yo.
Mwen gade, mwen wè te gen kat wou, yonn bò kote chak bèt vivan yo. Wou yo te klere tankou pyè krizolit.
10 Chak wou te gen yon lòt wou antravè nan mitan yo. Kat wou yo te gen menm fòm.
11 Lè bèt vivan yo ap mache, yo te gen dwa pran nenpòt ki direksyon san yo pa bezwen vire. Yo te mache ansanm nan direksyon yo te vle ale, san yo pa t’ bezwen vire.
12 Yo te gen je sou tout kò yo, nan do yo, sou tout men yo, nan zèl yo. Te gen je sou tout kat wou yo tou.
13 Wou yo te tankou wou mwen te wè nan premye vizyon mwen an. Mwen tande yo te rele wou yo Toubouyon.
14 Chak gwo bèt vivan yo te gen kat figi. Premye figi gwo bèt vivan yo te tankou tèt yon towo bèf, dezyèm lan tankou tèt yon moun, twazyèm lan tankou tèt yon lyon, katriyèm lan tankou tèt yon malfini.
15 Se te menm bèt mwen te wè bò larivyè Keba a. Lè yo vole anlè,
16 y’ap deplase, wou yo deplase ansanm avèk yo tou. Lè yo louvri zèl yo pou yo vole, wou yo vole ansanm ak yo tou.
17 Lè bèt vivan yo rete an plas, wou yo rete an plas tou. Lè bèt vivan yo vole, wou yo vole ak yo tou, paske se gwo bèt vivan yo ki t’ap kontwole wou yo.
18 Lè sa a, bèl limyè prezans Seyè a soti bò papòt tanp lan, li al kanpe anwo bèt vivan yo.
19 Bèt vivan yo louvri zèl yo. Yo vole soti sou tè a devan je m’. Epi wou yo vole ale ak yo tou. Y’ al poze sou papòt pòtay tanp Seyè a ki bay sou bò solèy leve. Bèl limyè prezans Bondye pèp Izrayèl la te anlè yo.
20 Mwen rekonèt se te menm bèt vivan mwen te wè anba Bondye pèp Izrayèl la bò larivyè Keba.
21 Yo chak te gen kat figi, kat zèl ak yon fòm men moun anba chak zèl.
22 Figi yo se te menm figi mwen te wè bò larivyè Keba a. Chak bèt vivan t’ap mache dwat devan yo.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Ézéchiel 10

1 Je regardai, et voici, sur le ciel qui était au-dessus de la tête des chérubins, il y avait comme une pierre de saphir; on voyait au-dessus d’eux quelque chose de semblable à une forme de trône.
Et l’Éternel dit à l’homme vêtu de lin: Va entre les roues sous les chérubins, remplis tes mains de charbons ardents que tu prendras entre les chérubins, et répands-les sur la ville! Et il y alla devant mes yeux.
Les chérubins étaient à la droite de la maison, quand l’homme alla, et la nuée remplit le parvis intérieur.
La gloire de l’Éternel s’éleva de dessus les chérubins, et se dirigea vers le seuil de la maison; la maison fut remplie de la nuée, et le parvis fut rempli de la splendeur de la gloire de l’Éternel.
Le bruit des ailes des chérubins se fit entendre jusqu’au parvis extérieur, pareil à la voix du Dieu tout puissant lorsqu’il parle.
Ainsi l’Éternel donna cet ordre à l’homme vêtu de lin: Prends du feu entre les roues, entre les chérubins! Et cet homme alla se placer près des roues.
Alors un chérubin étendit la main entre les chérubins vers le feu qui était entre les chérubins; il en prit, et le mit dans les mains de l’homme vêtu de lin. Et cet homme le prit, et sortit.
On voyait aux chérubins une forme de main d’homme sous leurs ailes.
Je regardai, et voici, il y avait quatre roues près des chérubins, une roue près de chaque chérubin; et ces roues avaient l’aspect d’une pierre de chrysolithe.
10 A leur aspect, toutes les quatre avaient la même forme; chaque roue paraissait être au milieu d’une autre roue.
11 En cheminant, elles allaient de leurs quatre côtés, et elles ne se tournaient point dans leur marche; mais elles allaient dans la direction de la tête, sans se tourner dans leur marche.
12 Tout le corps des chérubins, leur dos, leurs mains, et leurs ailes, étaient remplis d’yeux, aussi bien que les roues tout autour, les quatre roues.
13 J’entendis qu’on appelait les roues tourbillon.
14 Chacun avait quatre faces; la face du premier était une face de chérubin, la face du second une face d’homme, celle du troisième une face de lion, et celle du quatrième une face d’aigle.
15 Et les chérubins s’élevèrent. C’étaient les animaux que j’avais vus près du fleuve du Kebar.
16 Quand les chérubins marchaient, les roues cheminaient à côté d’eux; et quand les chérubins déployaient leurs ailes pour s’élever de terre, les roues aussi ne se détournaient point d’eux.
17 Quand ils s’arrêtaient, elles s’arrêtaient, et quand ils s’élevaient, elles s’élevaient avec eux, car l’esprit des animaux était en elles.
18 La gloire de l’Éternel se retira du seuil de la maison, et se plaça sur les chérubins.
19 Les chérubins déployèrent leurs ailes, et s’élevèrent de terre sous mes yeux quand ils partirent, accompagnés des roues. Ils s’arrêtèrent à l’entrée de la porte de la maison de l’Éternel vers l’orient; et la gloire du Dieu d’Israël était sur eux, en haut.
20 C’étaient les animaux que j’avais vus sous le Dieu d’Israël près du fleuve du Kebar, et je reconnus que c’étaient des chérubins.
21 Chacun avait quatre faces, chacun avait quatre ailes, et une forme de main d’homme était sous leurs ailes.
22 Leurs faces étaient semblables à celles que j’avais vues près du fleuve du Kebar; c’était le même aspect, c’était eux-mêmes. Chacun marchait droit devant soi.

Louis Segond {LSG}

Ezekiel 10

1 Then I looked, and, behold, in the firmament that was above the head of the cherubims there appeared over them as it were a sapphire stone, as the appearance of the likeness of a throne.
And he spake unto the man clothed with linen, and said, Go in between the wheels, even under the cherub, and fill thine hand with coals of fire from between the cherubims, and scatter them over the city. And he went in in my sight.
Now the cherubims stood on the right side of the house, when the man went in; and the cloud filled the inner court.
Then the glory of the Lord went up from the cherub, and stood over the threshold of the house; and the house was filled with the cloud, and the court was full of the brightness of the Lord‘s glory.
And the sound of the cherubims’ wings was heard even to the outer court, as the voice of the Almighty God when he speaketh.
And it came to pass, that when he had commanded the man clothed with linen, saying, Take fire from between the wheels, from between the cherubims; then he went in, and stood beside the wheels.
And one cherub stretched forth his hand from between the cherubims unto the fire that was between the cherubims, and took thereof, and put it into the hands of him that was clothed with linen: who took it, and went out.
And there appeared in the cherubims the form of a man’s hand under their wings.
And when I looked, behold the four wheels by the cherubims, one wheel by one cherub, and another wheel by another cherub: and the appearance of the wheels was as the colour of a beryl stone.
10 And as for their appearances, they four had one likeness, as if a wheel had been in the midst of a wheel.
11 When they went, they went upon their four sides; they turned not as they went, but to the place whither the head looked they followed it; they turned not as they went.
12 And their whole body, and their backs, and their hands, and their wings, and the wheels, were full of eyes round about, even the wheels that they four had.
13 As for the wheels, it was cried unto them in my hearing, O wheel.
14 And every one had four faces: the first face was the face of a cherub, and the second face was the face of a man, and the third the face of a lion, and the fourth the face of an eagle.
15 And the cherubims were lifted up. This is the living creature that I saw by the river of Chebar.
16 And when the cherubims went, the wheels went by them: and when the cherubims lifted up their wings to mount up from the earth, the same wheels also turned not from beside them.
17 When they stood, these stood; and when they were lifted up, these lifted up themselves also: for the spirit of the living creature was in them.
18 Then the glory of the Lord departed from off the threshold of the house, and stood over the cherubims.
19 And the cherubims lifted up their wings, and mounted up from the earth in my sight: when they went out, the wheels also were beside them, and every one stood at the door of the east gate of the Lord‘s house; and the glory of the God of Israel was over them above.
20 This is the living creature that I saw under the God of Israel by the river of Chebar; and I knew that they were the cherubims.
21 Every one had four faces apiece, and every one four wings; and the likeness of the hands of a man was under their wings.
22 And the likeness of their faces was the same faces which I saw by the river of Chebar, their appearances and themselves: they went every one straight forward.    
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}