Liv 2 Istwa /2 Chroniques /2 Chronicles

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

2 Istwa 10

1 Woboram moute lavil Sichèm, paske se la tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa.
Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen lakay li.
Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l’. Yo tout ansanm, yo al jwenn Woboram, yo di l’ konsa:
-Papa ou te di anpil ak nou. Li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n’a sèvi ou nèt ale.
Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m’a ban nou repons. Epi moun yo al fè wout yo.
Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l’, lè li t’ap viv la, li mande yo: -Kisa pou m’ reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen?
Yo reponn li: -Si ou aji byen ak pèp la, si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y’ap toujou sèvi ou,
Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, li al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l’ yo, lèfini ki te toujou la pou ba l’ konsèy tou.
Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m’ reponn pèp la k’ap mande m’ pou m’ fè yon leve men pou yo?
10 Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w’a di moun sa yo k’ap plenyen pou papa ou ki t’ap peze yo, epi k’ap mande ou fè yon leve men pou yo a. W’a di yo: Si papa m’ te di ak nou, mwen menm m’ap pi di pase l’.
11 Wi, w’a di yo: Papa m’ t’ap peze nou anba chay lou, mwen menm se mete m’ap mete sou chay la anko. Papa m’ te bat nou ak fwèt, mwen menm m’ap pase fwèt la anba sann pou m’ bat nou.
12  Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout moun Izrayèl yo vin jwenn wa Woboram, jan li te di yo a.
13 Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la.
14 Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l’ konsèy la. Li di yo: -Papa m’ te peze nou anba chay lou, mwen menm, m’ap mete sou chay n’ap pote deja a. Papa m’ te bat nou ak fwèt, mwen menm, m’ap pase fwèt la anba sann pou nou.
15 Se konsa wa a pa t’ asepte fè sa pèp la te mande l’ la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.
16 Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t’ soti pou li fè sa yo te mande l’ la, yo reponn wa a, yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa gen anyen pou n’ separe ak pitit Izayi a. Nou menm pèp Izrayèl la, ann al lakay nou! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl la vire do al lakay yo.
17 Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a.
18 Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo al bò kote moun Izrayèl yo. Men, moun Izrayèl yo kalonnen li koutwòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm.
19 Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

2 Chroniques 10  

1 Roboam se rendit à Sichem, car tout Israël était venu à Sichem pour le faire roi.
Lorsque Jéroboam, fils de Nebath, eut des nouvelles, il était en Égypte, où il s’était enfui loin du roi Salomon, et il revint d’Égypte.
On l’envoya appeler. Alors Jéroboam et tout Israël vinrent vers Roboam et lui parlèrent ainsi:
Ton père a rendu notre joug dur; maintenant allège cette rude servitude et le joug pesant que nous a imposé ton père. Et nous te servirons.
Il leur dit: Revenez vers moi dans trois jours. Et le peuple s’en alla.
Le roi Roboam consulta les vieillards qui avaient été auprès de Salomon, son père, pendant sa vie, et il dit: Que conseillez-vous de répondre à ce peuple?
Et voici ce qu’ils lui dirent: Si tu es bon envers ce peuple, si tu les reçois favorablement, et si tu leur parles avec bienveillance, ils seront pour toujours tes serviteurs.
Mais Roboam laissa le conseil que lui donnaient les vieillards, et il consulta les jeunes gens qui avaient grandi avec lui et qui l’entouraient.
Il leur dit: Que conseillez-vous de répondre à ce peuple qui me tient ce langage: Allège le joug que nous a imposé ton père?
10 Et voici ce que lui dirent les jeunes gens qui avaient grandi avec lui: Tu parleras ainsi à ce peuple qui t’a tenu ce langage: Ton père a rendu notre joug pesant, et toi, allège-le-nous! tu leur parleras ainsi: Mon petit doigt est plus gros que les reins de mon père.
11 Maintenant, mon père vous a chargés d’un joug pesant, et moi je vous le rendrai plus pesant; mon père vous a châtiés avec des fouets, et moi je vous châtierai avec des scorpions.
12 Jéroboam et tout le peuple vinrent à Roboam le troisième jour, suivant ce qu’avait dit le roi: Revenez vers moi dans trois jours.
13 Le roi leur répondit durement. Le roi Roboam laissa le conseil des vieillards,
14 et leur parla ainsi d’après le conseil des jeunes gens: Mon père a rendu votre joug pesant, et moi je le rendrai plus pesant; mon père vous a châtiés avec des fouets, et moi je vous châtierai avec des scorpions.
15 Ainsi le roi n’écouta point le peuple; car cela fut dirigé par Dieu, en vue de l’accomplissement de la parole que l’Éternel avait dite par Achija de Silo à Jéroboam, fils de Nebath.
16 Lorsque tout Israël vit que le roi ne l’écoutait pas, le peuple répondit au roi: Quelle part avons-nous avec David? Nous n’avons point d’héritage avec le fils d’Isaï! A tes tentes, Israël! Maintenant, pourvois à ta maison, David! Et tout Israël s’en alla dans ses tentes.
17 Les enfants d’Israël qui habitaient les villes de Juda furent les seuls sur qui régna Roboam.
18 Alors le roi Roboam envoya Hadoram, qui était préposé aux impôts. Mais Hadoram fut lapidé par les enfants d’Israël, et il mourut. Et le roi Roboam se hâta de monter sur un char, pour s’enfuir à Jérusalem.
19 C’est ainsi qu’Israël s’est détaché de la maison de David jusqu’à ce jour.
Louis Segond {LSG}

2 Chronicles 10

1 And Rehoboam went to Shechem: for to Shechem were all Israel come to make him king.
And it came to pass, when Jeroboam the son of Nebat, who was in Egypt, whither he fled from the presence of Solomon the king, heard it, that Jeroboam returned out of Egypt.
And they sent and called him. So Jeroboam and all Israel came and spake to Rehoboam, saying,
Thy father made our yoke grievous: now therefore ease thou somewhat the grievous servitude of thy father, and his heavy yoke that he put upon us, and we will serve thee.
And he said unto them, Come again unto me after three days. And the people departed.
And king Rehoboam took counsel with the old men that had stood before Solomon his father while he yet lived, saying, What counsel give ye me to return answer to this people?
And they spake unto him, saying, If thou be kind to this people, and please them, and speak good words to them, they will be thy servants for ever.
But he forsook the counsel which the old men gave him, and took counsel with the young men that were brought up with him, that stood before him.
And he said unto them, What advice give ye that we may return answer to this people, which have spoken to me, saying, Ease somewhat the yoke that thy father did put upon us?
10 And the young men that were brought up with him spake unto him, saying, Thus shalt thou answer the people that spake unto thee, saying, Thy father made our yoke heavy, but make thou it somewhat lighter for us; thus shalt thou say unto them, My little finger shall be thicker than my father’s loins.
11 For whereas my father put a heavy yoke upon you, I will put more to your yoke: my father chastised you with whips, but I will chastise you with scorpions.
12 So Jeroboam and all the people came to Rehoboam on the third day, as the king bade, saying, Come again to me on the third day.
13 And the king answered them roughly; and king Rehoboam forsook the counsel of the old men,
14 And answered them after the advice of the young men, saying, My father made your yoke heavy, but I will add thereto: my father chastised you with whips, but I will chastise you with scorpions.
15 So the king hearkened not unto the people: for the cause was of God, that the Lord might perform his word, which he spake by the hand of Ahijah the Shilonite to Jeroboam the son of Nebat.
16 And when all Israel saw that the king would not hearken unto them, the people answered the king, saying, What portion have we in David? and we have none inheritance in the son of Jesse: every man to your tents, O Israel: and now, David, see to thine own house. So all Israel went to their tents.
17 But as for the children of Israel that dwelt in the cities of Judah, Rehoboam reigned over them.
18 Then king Rehoboam sent Hadoram that was over the tribute; and the children of Israel stoned him with stones, that he died. But king Rehoboam made speed to get him up to his chariot, to flee to Jerusalem.
19 And Israel rebelled against the house of David unto this day.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}