Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 129  

1 Se yon chante pou yo chante lè y’ap moute lavil Jerizalèm. Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.
Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pa t’ janm rive mete pye sou kou nou.
Yo tonbe sou do nou, ou ta di moun k’ap bat tè pou plante.
Men, Seyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
 Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.
Se pou yo tankou plant k’ap pouse arebò glasi: y’ap cheche anvan menm yo donnen.
Moun k’ap ranmase rekòt p’ap okipe yo menm, moun k’ap antre rekòt la p’ap mete yo nan pakèt li.
Moun k’ap pase bò la yo p’ap di: -Se pou Seyè a beni nou! N’ap beni ou nan non Seyè a!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 129

1 Cantique des degrés. Ils m’ont assez opprimé dès ma jeunesse, Qu’Israël le dise!
Ils m’ont assez opprimé dès ma jeunesse, Mais ils ne m’ont pas vaincu.
Des laboureurs ont labouré mon dos, Ils y ont tracé de longs sillons.
L’Éternel est juste: Il a coupé les cordes des méchants.
Qu’ils soient confondus et qu’ils reculent, Tous ceux qui haïssent Sion!
Qu’ils soient comme l’herbe des toits, Qui sèche avant qu’on l’arrache!
Le moissonneur n’en remplit point sa main, Celui qui lie les gerbes n’en charge point son bras,
Et les passants ne disent point: Que la bénédiction de l’Éternel soit sur vous! Nous vous bénissons au nom de l’Éternel!
Louis Segond {LSG}

Psalm 129 

 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}