Liv Jozye / Josué / Joshua

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jozye 23

1 Depi lontan Seyè a te fin bay moun pèp Izrayèl yo lapè nan mitan tout lènmi l’ yo. Jozye bò pa l’ te fin granmoun. Li te gen anpil laj sou tèt li.
Li fè rele tout pèp Izrayèl la, tout chèf fanmi yo, tout lòt chèf yo, tout jij yo, tout notab nan peyi a, li di yo: -Koulye a mwen fin granmoun!
Nou te wè tou sa Seyè a, Bondye nou an, te fè tout pèp sa yo ki t’ap kenbe tèt ak nou. Se Seyè a, Bondye nou an, ki t’ap goumen pou nou.
Koute! Mwen separe tout peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo. Mwen separe ni peyi nou deja pran nan men nasyon nou disparèt yo, ni peyi ki rete pou nou pran nan men kèk lòt nasyon, depi larivyè Jouden bò solèy leve jouk lanmè Mediterane a bò solèy kouche.
Seyè a, Bondye nou an, pral pran peyi a nan men moun ki rete la yo, l’ap mete yo deyò pou nou ka pran tè a pou nou, jan Seyè a, Bondye nou an, te di l’ la.
Se pou nou fè sa nou kapab pou nou toujou swiv tou sa ki ekri nan liv lalwa Moyiz la, san neglije anyen ladan l’.
Pa mele avèk moun lòt nasyon k’ap viv nan mitan nou yo. Pa nonmen non bondye yo. Pa pran non bondye yo pou fè sèman. Pa mete ajenou devan bondye yo. Pa fè sèvis pou yo.
Se Seyè a, Bondye nou an, ase pou nou toujou kenbe fèm, jan nou te toujou fè l’ jouk jounen jòdi a.
Seyè a te mete yon bann gwo nasyon ki te fò anpil deyò devan nou. Pesonn pa t’ kapab kenbe tèt ak nou jouk jòdi a.
10 Yon sèl gason nan mitan nou kont pou fè mil gason nan lènmi nou yo kouri met deyò, paske Seyè a, Bondye nou an, ap goumen pou nou, jan li te di l’ la.
11  Atansyon wi! Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an.
12 Si nou vire do bay Bondye, si n’ al mete tèt nou ansanm ak rès moun lòt nasyon sa yo k’ap viv nan mitan nou, si nou marye ak yo, si nou nan antre soti avèk yo,
13 nou mèt sèten, Seyè a, Bondye nou an, p’ap mete pèp sa yo deyò devan nou ankò. Okontrè, l’ap fè yo tounen yon pèlen, yon senn pou fèmen nou, yon fwèt nan dèyè nou, yon pikan nan je nou jouk l’a fè nou disparèt nan bon peyi sa a Seyè a, Bondye nou an, te ban nou.
14 Mwen menm, mwen pa lwen kite tè a. Nou tout nou konnen nan kè nou ak nan lespri nou Seyè a, Bondye nou an, te ban nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo. Li kenbe tou sa li te pwomèt, yo tout rive vre.
15 Wi, menm jan Seyè a, Bondye nou an, te fè pou nou tout bèl bagay li te pwomèt nou yo, konsa tou, si nou vire do ba li, l’a voye sou nou tout kalite malè, jouk l’a disparèt nou nèt nan bon peyi Seyè a, Bondye nou an, ban nou an.
16 Si nou pa respekte kontra Seyè a, Bondye nou an, te pase ak nou an, si n’ al adore lòt bondye, si n’ al fè sèvis pou yo, Seyè a pral move sou nou, epi lapoula, n’ap disparèt nan bon peyi sa a li te ban nou an.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

 

Josué 23

1 Depuis longtemps l’Éternel avait donné du repos à Israël, en le délivrant de tous les ennemis qui l’entouraient. Josué était vieux, avancé en âge.
Alors Josué convoqua tout Israël, ses anciens, ses chefs, ses juges et ses officiers. Il leur dit: Je suis vieux, je suis avancé en âge.
Vous avez vu tout ce que l’Éternel, votre Dieu, a fait à toutes ces nations devant vous; car c’est l’Éternel, votre Dieu, qui a combattu pour vous.
Voyez, je vous ai donné en héritage par le sort, selon vos tribus, ces nations qui sont restées, à partir du Jourdain, et toutes les nations que j’ai exterminées, jusqu’à la grande mer vers le soleil couchant.
L’Éternel, votre Dieu, les repoussera devant vous et les chassera devant vous; et vous posséderez leur pays, comme l’Éternel, votre Dieu, vous l’a dit.
Appliquez-vous avec force à observer et à mettre en pratique tout ce qui est écrit dans le livre de la loi de Moïse, sans vous en détourner ni à droite ni à gauche.
Ne vous mêlez point avec ces nations qui sont restées parmi vous; ne prononcez point le nom de leurs dieux, et ne l’employez point en jurant; ne les servez point, et ne vous prosternez point devant eux.
Mais attachez-vous à l’Éternel, votre Dieu, comme vous l’avez fait jusqu’à ce jour.
L’Éternel a chassé devant vous des nations grandes et puissantes; et personne, jusqu’à ce jour, n’a pu vous résister.
10 Un seul d’entre vous en poursuivait mille; car l’Éternel, votre Dieu, combattait pour vous, comme il vous l’a dit.
11 Veillez donc attentivement sur vos âmes, afin d’aimer l’Éternel, votre Dieu.
12 Si vous vous détournez et que vous vous attachez au reste de ces nations qui sont demeurées parmi vous, si vous vous unissez avec elles par des mariages, et si vous formez ensemble des relations,
13 soyez certains que l’Éternel, votre Dieu, ne continuera pas à chasser ces nations devant vous; mais elles seront pour vous un filet et un piège, un fouet dans vos côtés et des épines dans vos yeux, jusqu’à ce que vous ayez péri de dessus ce bon pays que l’Éternel, votre Dieu, vous a donné.
14 Voici, je m’en vais maintenant par le chemin de toute la terre. Reconnaissez de tout votre coeur et de toute votre âme qu’aucune de toutes les bonnes paroles prononcées sur vous par l’Éternel, votre Dieu, n’est restée sans effet; toutes se sont accomplies pour vous, aucune n’est restée sans effet.
15 Et comme toutes les bonnes paroles que l’Éternel, votre Dieu, vous avait dites se sont accomplies pour vous, de même l’Éternel accomplira sur vous toutes les paroles mauvaises, jusqu’à ce qu’il vous ait détruits de dessus ce bon pays que l’Éternel, votre Dieu, vous a donné.
16 Si vous transgressez l’alliance que l’Éternel, votre Dieu, vous a prescrite, et si vous allez servir d’autres dieux et vous prosterner devant eux, la colère de l’Éternel s’enflammera contre vous, et vous périrez promptement dans le bon pays qu’il vous a donné.
Louis Segond {LSG}

Joshua 23

1 And it came to pass a long time after that the Lord had given rest unto Israel from all their enemies round about, that Joshua waxed old and stricken in age.
And Joshua called for all Israel, and for their elders, and for their heads, and for their judges, and for their officers, and said unto them, I am old and stricken in age:
And ye have seen all that the Lord your God hath done unto all these nations because of you; for the Lord your God is he that hath fought for you.
Behold, I have divided unto you by lot these nations that remain, to be an inheritance for your tribes, from Jordan, with all the nations that I have cut off, even unto the great sea westward.
And the Lord your God, he shall expel them from before you, and drive them from out of your sight; and ye shall possess their land, as the Lord your God hath promised unto you.
Be ye therefore very courageous to keep and to do all that is written in the book of the law of Moses, that ye turn not aside therefrom to the right hand or to the left;
That ye come not among these nations, these that remain among you; neither make mention of the name of their gods, nor cause to swear by them, neither serve them, nor bow yourselves unto them:
But cleave unto the Lord your God, as ye have done unto this day.
For the Lord hath driven out from before you great nations and strong: but as for you, no man hath been able to stand before you unto this day.
10 One man of you shall chase a thousand: for the Lord your God, he it is that fighteth for you, as he hath promised you.
11 Take good heed therefore unto yourselves, that ye love the Lord your God.
12 Else if ye do in any wise go back, and cleave unto the remnant of these nations, even these that remain among you, and shall make marriages with them, and go in unto them, and they to you:
13 Know for a certainty that the Lord your God will no more drive out any of these nations from before you; but they shall be snares and traps unto you, and scourges in your sides, and thorns in your eyes, until ye perish from off this good land which the Lord your God hath given you.
14 And, behold, this day I am going the way of all the earth: and ye know in all your hearts and in all your souls, that not one thing hath failed of all the good things which the Lord your God spake concerning you; all are come to pass unto you, and not one thing hath failed thereof.
15 Therefore it shall come to pass, that as all good things are come upon you, which the Lord your God promised you; so shall the Lord bring upon you all evil things, until he have destroyed you from off this good land which the Lord your God hath given you.
16 When ye have transgressed the covenant of the Lord your God, which he commanded you, and have gone and served other gods, and bowed yourselves to them; then shall the anger of the Lord be kindled against you, and ye shall perish quickly from off the good land which he hath given unto you.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}