Liv Jenèz  / Genèse / Genesis

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Jenèz 43

1 Grangou t’ap bat pi rèd nan peyi Kanaran an.
Lè fanmi Jakòb yo te fin manje ble yo te pote soti nan peyi Lejip la, Jakòb di pitit li yo: -Tounen al chache manje pou nou ankò non.
Jida reponn li: -Nonm lan te byen avèti nou pou nou pa parèt devan l’ si nou pa vin ak ti frè nou an.
Si ou vle kite ti frè nou an vin ak nou, nou v al achte manje pou ou.
Si ou pa vle kite l’ ale, n’ap rete, paske msye a te tout di nou: piga nou parèt devan l’ ankò si nou pa vin ak ti frè nou an.
Izrayèl di: -Sa nou te bezwen di l’ nou te gen yon ti frè fè? Poukisa nou fè m’ sa?
Yo reponn li: -Msye a t’ap poze nou keksyon sou nou ak sou fanmi nou. Li mande nou si papa nou la toujou, si nou gen lòt frè, se pou n’ te reponn li. Kouman pou n’ ta fè konnen li tapral mande nou pou nou mennen ti frè nou an ba li?
Jida di Izrayèl, papa l’, konsa: -Kite tibway la ale ak nou. Konsa n’a leve, n’a pati. Konsa ni ou menm, ni nou menm, ni timoun nou yo p’ap mouri grangou.
Se nan men m’ li ye, se mwen menm ki pou rann ou kont pou li. Si m’ pa mennen l’ tounen ba ou, si m’ pa tounen avè l’ la devan ou, se mwen menm k’ap pote fòt la devan ou jouk mwen mouri.
10 Si nou pa t’ pran tout reta sa a, koulye a nou ta gen tan ale nou tounen de fwa deja.
11  Lè sa a, Izrayèl, papa yo, di: -Bon. Si se konsa sa ye, men sa pou n’ fè: n’ap pran pi bon danre ki gen nan peyi a, n’ap mete nan sak nou, n’ap pote fè nonm lan kado: gonm santi bon, siwo myèl, lansan, lami, pistach ak nwa.
12 Lèfini, n’a pran de fwa valè lajan nou bezwen, paske fòk nou renmèt lajan yo te mete nan bouch sak ble yo tou. Ou pa janm konnen, yo ka pa t’ wè sa.
13 Pran frè nou an, tounen kote msye a.
14 M’ap mande Bondye ki gen tout pouvwa a pou l’ fè nonm lan aji byen ak nou, pou l’ ka renmèt nou ni lòt frè nou an, ni Benjamen. Pou mwen menm, si se pou m’ pèdi pitit mwen yo, mwen mèt pèdi yo.
15  Se konsa mesye yo pran kado yo, de fwa valè lajan yo te bezwen ansanm ak Benjamen, yo leve, yo desann peyi Lejip kote yo parèt devan Jozèf.
16 Lè Jozèf wè Benjamen ak yo, li rele chèf domestik li a, li di l’: -Mennen mesye sa yo lakay mwen. Touye yon bèt, kwit li, paske mesye sa yo ap manje avè m’ midi a.
17 Chèf domestik la fè sa Jozèf te di l’ fè a, li mennen mesye yo lakay li.
18 Men, lè mesye yo wè yo t’ap mennen yo lakay Jozèf, yo te pè anpil. Yo t’ap di: -Se poutèt lajan nou te jwenn nan sak nou yo dènye fwa a kifè y’ap mennen nou bò isit la. Yo pral kenbe nou, yo pral bat nou, y’ap fè nou tounen esklav. Lèfini y’ap pran bourik nou yo.
19 Se konsa, antan yo rive nan papòt kay la, yo pwoche bò chèf domestik la,
20 yo di l’: -Eskize nou wi, mèt. Nou te vin isit la yon fwa deja pou n’ te achte manje.
21 Lè n’ap tounen lakay nou, nou rive yon kote nou t’ap poze pou pase nwit, nou louvri sak nou yo, nou jwenn tout lajan an nan bouch sak yo, byen konte. Nou pote l’ tounen wi.
22 Nou pote lòt lajan tout pou n’ ka achte manje. Nou pa konnen ki moun ki te mete lajan an nan sak nou yo ankò.
23 Domestik anchèf la di yo: -Pa okipe bagay konsa. Nou pa bezwen pè. Se Bondye nou an, Bondye papa nou an, ki mete richès sa a pou nou nan sak yo. Mwen te resevwa premye lajan an. Lèfini, li mennen Simeyon vin jwenn yo.
24 Chèf domestik la mennen mesye yo lakay Jozèf. Li ba yo dlo pou yo lave pye yo, li bay bourik yo manje.
25 Mesye yo menm pare kado yo pou lè Jozèf va vin jwenn yo midi, paske yo te vin konnen yo tapral manje avè l’.
26  Lè Jozèf antre lakay li, yo pote kado yo ba li, yo bese tèt yo jouk atè devan li.
27 Jozèf mande yo kouman yo ye. Apre sa, li di yo: -Granmoun nou te pale m’ lan, papa nou an, ban m’ nouvèl li non? Li la toujou? Li byen?
28 Yo reponn li: -Granmoun lan la wi, l’ap debat. Li byen mèsi. Yo tonbe ajenou, yo bese tèt yo jouk atè devan li.
29 Lè Jozèf fè sa li wè Benjamen, frè menm manman menm papa avè l’ la, li di: -Eske se ti frè nou an sa, ti frè nou t’ap pale m’ lan? Bondye beni ou, pitit mwen.
30 Lè sa a, Jozèf kouri soti byen vit, paske kè l’ t’ap fè l’ mal pou frè l’ yo. Dlo vin nan je l’, li antre nan chanm li, li kriye kont li.
31 Apre sa, li lave figi l’, li soti, li kenbe pou li pa kriye ankò, epi li bay lòd sèvi manje a.
32 Yo te sèvi yon tab apa pou Jozèf, yon tab apa pou frè l’ yo ak yon lòt tab apa pou moun peyi Lejip ki t’ap manje ansanm ak yo tou, paske pou moun peyi Lejip yo, se ta yon wont pou yo chita manje sou menm tab ak ebre yo.
33 Frè Jozèf yo te chita anfas li. Yo te mete yo chita dapre laj yo, depi pi gran an jouk pi piti. Lè yo wè sa, yo te sezi, yonn gade lòt.
34 Jozèf te fè yo pran manje sou tab li pote ba yo. Benjamen te resevwa senk fwa plis pase lòt yo. Yo manje, yo bwè, yo fete ansanm avè l’.

Genèse 43

1 La famine s’appesantissait sur le pays.
Quand ils eurent fini de manger le blé qu’ils avaient apporté d’Égypte, Jacob dit à ses fils: Retournez, achetez-nous un peu de vivres.
Juda lui répondit: Cet homme nous a fait cette déclaration formelle: Vous ne verrez pas ma face, à moins que votre frère ne soit avec vous.
Si donc tu veux envoyer notre frère avec nous, nous descendrons, et nous t’achèterons des vivres.
Mais si tu ne veux pas l’envoyer, nous ne descendrons point, car cet homme nous a dit: Vous ne verrez pas ma face, à moins que votre frère ne soit avec vous.
Israël dit alors: Pourquoi avez-vous mal agi à mon égard, en disant à cet homme que vous aviez encore un frère?
Ils répondirent: Cet homme nous a interrogés sur nous et sur notre famille, en disant: Votre père vit-il encore? avez-vous un frère? Et nous avons répondu à ces questions. Pouvions-nous savoir qu’il dirait: Faites descendre votre frère?
Juda dit à Israël, son père: Laisse venir l’enfant avec moi, afin que nous nous levions et que nous partions; et nous vivrons et ne mourrons pas, nous, toi, et nos enfants.
Je réponds de lui; tu le redemanderas de ma main. Si je ne le ramène pas auprès de toi et si je ne le remets pas devant ta face, je serai pour toujours coupable envers toi.
10 Car si nous n’eussions pas tardé, nous serions maintenant deux fois de retour.
11 Israël, leur père, leur dit: Puisqu’il le faut, faites ceci. Prenez dans vos sacs des meilleures productions du pays, pour en porter un présent à cet homme, un peu de baume et un peu de miel, des aromates, de la myrrhe, des pistaches et des amandes.
12 Prenez avec vous de l’argent au double, et remportez l’argent qu’on avait mis à l’entrée de vos sacs: peut-être était-ce une erreur.
13 Prenez votre frère, et levez-vous; retournez vers cet homme.
14 Que le Dieu tout puissant vous fasse trouver grâce devant cet homme, et qu’il laisse revenir avec vous votre autre frère et Benjamin! Et moi, si je dois être privé de mes enfants, que j’en sois privé!
15 Ils prirent le présent; ils prirent avec eux de l’argent au double, ainsi que Benjamin; ils se levèrent, descendirent en Égypte, et se présentèrent devant Joseph.
16 Dès que Joseph vit avec eux Benjamin, il dit à son intendant: Fais entrer ces gens dans la maison, tue et apprête; car ces gens mangeront avec moi à midi.
17 Cet homme fit ce que Joseph avait ordonné, et il conduisit ces gens dans la maison de Joseph.
18 Ils eurent peur lorsqu’ils furent conduits à la maison de Joseph, et ils dirent: C’est à cause de l’argent remis l’autre fois dans nos sacs qu’on nous emmène; c’est pour se jeter sur nous, se précipiter sur nous; c’est pour nous prendre comme esclaves, et s’emparer de nos ânes.
19 Ils s’approchèrent de l’intendant de la maison de Joseph, et lui adressèrent la parole, à l’entrée de la maison.
20 Ils dirent: Pardon! mon seigneur, nous sommes déjà descendus une fois pour acheter des vivres.
21 Puis, quand nous arrivâmes, au lieu où nous devions passer la nuit, nous avons ouvert nos sacs; et voici, l’argent de chacun était à l’entrée de son sac, notre argent selon son poids: nous le rapportons avec nous.
22 Nous avons aussi apporté d’autre argent, pour acheter des vivres. Nous ne savons pas qui avait mis notre argent dans nos sacs.
23 L’intendant répondit: Que la paix soit avec vous! Ne craignez rien. C’est votre Dieu, le Dieu de votre père, qui vous a donné un trésor dans vos sacs. Votre argent m’est parvenu. Et il leur amena Siméon.
24 Cet homme les fit entrer dans la maison de Joseph; il leur donna de l’eau et ils se lavèrent les pieds; il donna aussi du fourrage à leurs ânes.
25 Ils préparèrent leur présent, en attendant que Joseph vienne à midi; car on les avait informés qu’ils mangeraient chez lui.
26 Quand Joseph fut arrivé à la maison, ils lui offrirent le présent qu’ils avaient apporté, et ils se prosternèrent en terre devant lui.
27 Il leur demanda comment ils se portaient; et il dit: Votre vieux père, dont vous avez parlé, est-il en bonne santé? vit-il encore?
28 Ils répondirent: Ton serviteur, notre père, est en bonne santé; il vit encore. Et ils s’inclinèrent et se prosternèrent.
29 Joseph leva les yeux; et, jetant un regard sur Benjamin, son frère, fils de sa mère, il dit: Est-ce là votre jeune frère, dont vous m’avez parlé? Et il ajouta: Dieu te fasse miséricorde, mon fils!
30 Ses entrailles étaient émues pour son frère, et il avait besoin de pleurer; il entra précipitamment dans une chambre, et il y pleura.
31 Après s’être lavé le visage, il en sortit; et, faisant des efforts pour se contenir, il dit: Servez à manger.
32 On servit Joseph à part, et ses frères à part; les Égyptiens qui mangeaient avec lui furent aussi servis à part, car les Égyptiens ne pouvaient pas manger avec les Hébreux, parce que c’est à leurs yeux une abomination.
33 Les frères de Joseph s’assirent en sa présence, le premier-né selon son droit d’aînesse, et le plus jeune selon son âge; et ils se regardaient les uns les autres avec étonnement.
34 Joseph leur fit porter des mets qui étaient devant lui, et Benjamin en eut cinq fois plus que les autres. Ils burent, et s’égayèrent avec lui.

Genesis 43

1 And the famine was sore in the land.
And it came to pass, when they had eaten up the corn which they had brought out of Egypt, their father said unto them, Go again, buy us a little food.
And Judah spake unto him, saying, The man did solemnly protest unto us, saying, Ye shall not see my face, except your brother be with you.
If thou wilt send our brother with us, we will go down and buy thee food:
But if thou wilt not send him, we will not go down: for the man said unto us, Ye shall not see my face, except your brother be with you.
And Israel said, Wherefore dealt ye so ill with me, as to tell the man whether ye had yet a brother?
And they said, The man asked us straitly of our state, and of our kindred, saying, Is your father yet alive? have ye another brother? and we told him according to the tenor of these words: could we certainly know that he would say, Bring your brother down?
And Judah said unto Israel his father, Send the lad with me, and we will arise and go; that we may live, and not die, both we, and thou, and also our little ones.
I will be surety for him; of my hand shalt thou require him: if I bring him not unto thee, and set him before thee, then let me bear the blame for ever:
10 For except we had lingered, surely now we had returned this second time.
11 And their father Israel said unto them, If it must be so now, do this; take of the best fruits in the land in your vessels, and carry down the man a present, a little balm, and a little honey, spices, and myrrh, nuts, and almonds:
12 And take double money in your hand; and the money that was brought again in the mouth of your sacks, carry it again in your hand; peradventure it was an oversight:
13 Take also your brother, and arise, go again unto the man:
14 And God Almighty give you mercy before the man, that he may send away your other brother, and Benjamin. If I be bereaved of my children, I am bereaved.
15 And the men took that present, and they took double money in their hand and Benjamin; and rose up, and went down to Egypt, and stood before Joseph.
16 And when Joseph saw Benjamin with them, he said to the ruler of his house, Bring these men home, and slay, and make ready; for these men shall dine with me at noon.
17 And the man did as Joseph bade; and the man brought the men into Joseph’s house.
18 And the men were afraid, because they were brought into Joseph’s house; and they said, Because of the money that was returned in our sacks at the first time are we brought in; that he may seek occasion against us, and fall upon us, and take us for bondmen, and our asses.
19 And they came near to the steward of Joseph’s house, and they communed with him at the door of the house,
20 And said, O sir, we came indeed down at the first time to buy food:
21 And it came to pass, when we came to the inn, that we opened our sacks, and, behold, every man’s money was in the mouth of his sack, our money in full weight: and we have brought it again in our hand.
22 And other money have we brought down in our hands to buy food: we cannot tell who put our money in our sacks.
23 And he said, Peace be to you, fear not: your God, and the God of your father, hath given you treasure in your sacks: I had your money. And he brought Simeon out unto them.
24 And the man brought the men into Joseph’s house, and gave them water, and they washed their feet; and he gave their asses provender.
25 And they made ready the present against Joseph came at noon: for they heard that they should eat bread there.
26 And when Joseph came home, they brought him the present which was in their hand into the house, and bowed themselves to him to the earth.
27 And he asked them of their welfare, and said, Is your father well, the old man of whom ye spake? Is he yet alive?
28 And they answered, Thy servant our father is in good health, he is yet alive. And they bowed down their heads, and made obeisance.
29 And he lifted up his eyes, and saw his brother Benjamin, his mother’s son, and said, Is this your younger brother, of whom ye spake unto me? And he said, God be gracious unto thee, my son.
30 And Joseph made haste; for his bowels did yearn upon his brother: and he sought where to weep; and he entered into his chamber, and wept there.
31 And he washed his face, and went out, and refrained himself, and said, Set on bread.
32 And they set on for him by himself, and for them by themselves, and for the Egyptians, which did eat with him, by themselves: because the Egyptians might not eat bread with the Hebrews; for that is an abomination unto the Egyptians.
33 And they sat before him, the firstborn according to his birthright, and the youngest according to his youth: and the men marvelled one at another.
34 And he took and sent messes unto them from before him: but Benjamin’s mess was five times so much as any of their’s. And they drank, and were merry with him.
King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}