Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 89  

1 Chante Etan, moun peyi Ezra.  Seyè, mwen p’ap janm sispann chante pou fè konnen jan ou renmen nou. Se tout tan m’a fè konnen jan ou se moun ki kenbe pawòl ou.
 Ou di konsa: -Pa gen anyen ki pou fè ou sispann renmen nou. Menm jan syèl la ap toujou la, se konsa tou w’ap toujou kenbe pawòl ou.
 Ou di konsa: -Mwen pase yon kontra avèk moun mwen te chwazi a. Men sa mwen te pwomèt David, sèvitè mwen an:
 W’ap toujou gen yon wa nan pitit pitit ou yo. M’ap fè gouvènman ou lan kanpe fèm pou tout tan.
 Seyè, moun ki nan syèl yo ap chante pou bèl mèvèy ou fè yo. Y’ap chante nan mitan moun k’ap viv pou ou yo, pou fè konnen jan ou toujou kenbe pawòl ou.
 Seyè, pa gen tankou ou nan syèl la! Pa gen bondye ki ka wè avè ou!
 Tout moun k’ap sèvi ou yo respekte ou. Tout moun ki bò kote ou yo pè ou.
 Seyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, pa gen moun ki gen pouvwa pase ou! Ou kenbe pawòl ou nan tout sikonstans, Seyè!
 Ou dominen sou gwo lanmè yo. Lè yo move, ou fè yo ret dousman.
10  Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo.
11  Syèl la se pou ou ansanm ak latè a. Se ou ki kreye lemonn antye ak tou sa ki ladan l’.
12  Se ou ki kreye nò ak sid. Mòn Tabò ak mòn Emon ap chante pou ou sitèlman yo kontan.
13  Ou pa manke fòs nan ponyèt ou! Ou p’ap bese tèt devan pesonn.
14  W’ap gouvènen tout bagay avèk jistis san patipri. Nan tout sa w’ap fè ou pa janm bliye jan ou renmen nou. W’ap toujou kenbe pwomès ou te fè nou yo.
15  Ala bon sa bon lè yon pèp gen kè kontan, lè l’ap viv yon jan ki fè ou plezi!
16  Tout lajounen y’ap fè fèt pou ou. Y’ap fè lwanj ou paske ou gen bon kè.
17  Se ou menm ki fè nou pa pè pesonn. Se paske ou renmen nou kifè nou genyen batay yo.
18  Paske, Seyè a se pwoteksyon nou, se ou menm, Bondye Izrayèl la, ki wa nou.
19  Nan tan lontan, moun k’ap sèvi ou yo te wè ou nan yon vizyon. Ou te pale ak yo, ou te di yo: -Mwen te bay yon vanyan gason yon koudmen. Mwen te pran yon jenn gason nan pèp la, mwen mete l’ chèf.
20  Mwen te jwenn David, sèvitè mwen an, mwen te mete l’ apa pou l’ vin wa sou nou.
21  M’ap toujou soutni l’ avèk fòs mwen. M’a fòtifye l’ avèk pouvwa mwen.
22  Lènmi l’ yo p’ap ka mete men sou li, mechan yo p’ap ka mete pye sou kou li.
23 M’ap kraze tout moun ki pa vle wè l’ yo, m’ap touye moun ki rayi l’ yo.
24  M’ap toujou renmen l’, m’ap toujou kenbe pawòl mwen ak li, mwen p’ap janm kite l’ pèdi okenn batay.
25  M’ap fè l’ gouvènen depi lanmè Mediterane jouk larivyè Lefrat.
26  L’a rele m’, l’a di m’: Se ou ki papa m’, se ou menm ki Bondye m’. Se ou ki pwoteksyon m’, se ou menm ki delivrans mwen.
27  Mwen menm, m’ap fè l’ pase pou premye pitit gason mwen. Se li k’ap pi gran nan tout wa sou latè.
28  M’a toujou fè l’ wè jan m’ renmen l’, m’ap toujou kenbe kontra mwen te fè ak li a.
29  M’ap toujou chwazi yonn nan pitit pitit li yo pou wa. Gouvènman li a ap rete tout tan tout tan.
30  Men, si pitit pitit li yo pa obeyi lalwa mwen ba yo, si yo pa mache dapre lòd mwen ba yo.
31 Si yo pa swiv prensip mwen ba yo, si yo pa fè tout sa mwen mande yo fè.
32 M’ap pini yo pou peche yo fè, m’ap bat yo. M’ap ba yo kout fwèt pou tout sa yo fè ki mal.
33  Men, se pa sa k’ap fè m’ sispann renmen David, ni k’ap fè m’ pa kenbe pwomès mwen te fè l’ la.
34  Non. Mwen p’ap kase kontra mwen pase ak li a, ni mwen p’ap janm manke l’ pawòl.
35  Depi mwen fè sèman sou non mwen yon sèl fwa, se fini: Mwen p’ap bay David manti.
36  Pitit pitit li yo va toujou wa. Y’a gouvènen devan mwen toutotan solèy la va la.
37  Gouvènman li an ap la pou tout tan, tankou lalin ki toujou klere nan syèl la.
38  Men, malgre sa, ou fache sou wa ou te chwazi a, ou vire do ba li, ou voye l’ jete.
39  Ou pa menm okipe kontra ou te fè avèk sèvitè ou la. Ou pran kouwòn ki te sou tèt li a, ou voye l’ jete nan labou.
40  Ou kraze tout miray li yo, ou lage yo atè. Ou kite tout fò li yo fin kraze nèt.
41  Tout moun k’ap pase nan lari ap piye kay li, tout vwazinaj li yo ap pase l’ nan rizib.
42  Ou kite lènmi l’ yo kraze l’ anba pye yo. Ou fè yo tout kontan.
43  Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l’ nan lagè.
44  Ou te wete baton kòmandman an nan men l’, ou pran fotèy li a, ou jete l’ atè.
45  Ou fè l’ vin vye anvan lè li, ou fè l’ wont nèt.
46  Seyè, jouk kilè w’ap rete kache pou nou pa wè ou? Gen lè se pou tout tan! W’ap kite kòlè ou boule nou tankou dife?
47  Seyè, chonje moun pa anyen, lavi yo kout. Chonje se ou ki kreye tout moun pou yo tounen pousyè.
48  Eske gen moun ki ka viv san l’ pa janm mouri? Kisa yon moun ka fè pou l’ pa janm al anba tè?
49  Seyè, kote sa ou te fè nan tan lontan pou fè nou wè jan ou renmen nou an? Kote tout bèl pwomès ou te fè David yo?
50  Seyè, pa bliye jan y’ap pase sèvitè ou yo nan betiz! Pa bliye jan moun lòt nasyon yo ap joure mwen!
51  Seyè, pa bliye jan lènmi ou yo ap joure, jan y’ap joure wa ou te chwazi a kote l’ pase.
52  Ann toujou fè lwanj Seyè a! Wi, se vre! Amèn!

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 89

1 Cantique d’Éthan, l’Ézrachite. (89:2) Je chanterai toujours les bontés de l’Éternel; Ma bouche fera connaître à jamais ta fidélité.
 Car je dis: La bonté a des fondements éternels; Tu établis ta fidélité dans les cieux.
 J’ai fait alliance avec mon élu; Voici ce que j’ai juré à David, mon serviteur:
 J’affermirai ta postérité pour toujours, Et j’établirai ton trône à perpétuité. Pause.
 Les cieux célèbrent tes merveilles, ô Éternel! Et ta fidélité dans l’assemblée des saints.
 Car qui, dans le ciel, peut se comparer à l’Éternel? Qui est semblable à toi parmi les fils de Dieu?
 Dieu est terrible dans la grande assemblée des saints, Il est redoutable pour tous ceux qui l’entourent.
 Éternel, Dieu des armées! qui est comme toi puissant, ô Éternel? Ta fidélité t’environne.
 Tu domptes l’orgueil de la mer; Quand ses flots se soulèvent, tu les apaises.
10  Tu écrasas l’Égypte comme un cadavre, Tu dispersas tes ennemis par la puissance de ton bras.
11  C’est à toi qu’appartiennent les cieux et la terre, C’est toi qui as fondé le monde et ce qu’il renferme.
12  Tu as créé le nord et le midi; Le Thabor et l’Hermon se réjouissent à ton nom.
13  Ton bras est puissant, Ta main forte, ta droite élevée.
14  La justice et l’équité sont la base de ton trône. La bonté et la fidélité sont devant ta face.
15  Heureux le peuple qui connaît le son de la trompette; Il marche à la clarté de ta face, ô Éternel!
16  Il se réjouit sans cesse de ton nom, Et il se glorifie de ta justice.
17  Car tu es la gloire de sa puissance; C’est ta faveur qui relève notre force.
18  Car l’Éternel est notre bouclier, Le Saint d’Israël est notre roi.
19  Alors tu parlas dans une vision à ton bien-aimé, Et tu dis: J’ai prêté mon secours à un héros, J’ai élevé du milieu du peuple un jeune homme;
20  J’ai trouvé David, mon serviteur, Je l’ai oint de mon huile sainte.
21  Ma main le soutiendra, Et mon bras le fortifiera.
22  L’ennemi ne le surprendra pas, Et le méchant ne l’opprimera point;
23  J’écraserai devant lui ses adversaires, Et je frapperai ceux qui le haïssent.
24  Ma fidélité et ma bonté seront avec lui, Et sa force s’élèvera par mon nom.
25  Je mettrai sa main sur la mer, Et sa droite sur les fleuves.
26  Lui, il m’invoquera: Tu es mon père, Mon Dieu et le rocher de mon salut!
27  Et moi, je ferai de lui le premier-né, Le plus élevé des rois de la terre.
28  Je lui conserverai toujours ma bonté, Et mon alliance lui sera fidèle;
29  Je rendrai sa postérité éternelle, Et son trône comme les jours des cieux.
30  Si ses fils abandonnent ma loi Et ne marchent pas selon ses ordonnances,
31  S’ils violent mes préceptes Et n’observent pas mes commandements,
32  Je punirai de la verge leurs transgressions, Et par des coups leurs iniquités;
33  Mais je ne lui retirerai point ma bonté Et je ne trahirai pas ma fidélité,
34  Je ne violerai point mon alliance Et je ne changerai pas ce qui est sorti de mes lèvres.
35  J’ai juré une fois par ma sainteté: Mentirai-je à David?
36  Sa postérité subsistera toujours; Son trône sera devant moi comme le soleil,
37  Comme la lune il aura une éternelle durée. Le témoin qui est dans le ciel est fidèle. Pause.
38  Et pourtant, tu as rejeté, tu as repoussé! Tu t’es irrité contre ton oint!
39  Tu as dédaigné l’alliance avec ton serviteur; Tu as abattu, profané sa couronne.
40 Tu as détruit toutes ses murailles, Tu as mis en ruines ses forteresses.
41 Tous les passants le dépouillent; Il est un objet d’opprobre pour ses voisins.
42 Tu as élevé la droite de ses adversaires, Tu as réjoui tous ses ennemis;
43 Tu as fait reculer le tranchant de son glaive, Et tu ne l’as pas soutenu dans le combat.
44 Tu as mis un terme à sa splendeur, Et tu as jeté son trône à terre;
45 Tu as abrégé les jours de sa jeunesse, Tu l’as couvert de honte. Pause.
46 Jusques à quand, Éternel! te cacheras-tu sans cesse, Et ta fureur s’embrasera-t-elle comme le feu?
47  Rappelle-toi ce qu’est la durée de ma vie, Et pour quel néant tu as créé tous les fils de l’homme.
48  Y a-t-il un homme qui puisse vivre et ne pas voir la mort, Qui puisse sauver son âme du séjour des morts? Pause.
49  Où sont, Seigneur! tes bontés premières, Que tu juras à David dans ta fidélité?
50  Souviens-toi, Seigneur! de l’opprobre de tes serviteurs, Souviens-toi que je porte en mon sein tous les peuples nombreux;
51  Souviens-toi des outrages de tes ennemis, ô Éternel! De leurs outrages contre les pas de ton oint.
52  Béni soit à jamais l’Éternel! Amen! Amen!
Louis Segond {LSG}

Psalm 89 

1 I will sing of the mercies of the Lord for ever: with my mouth will I make known thy faithfulness to all generations.
For I have said, Mercy shall be built up for ever: thy faithfulness shalt thou establish in the very heavens.
I have made a covenant with my chosen, I have sworn unto David my servant,
Thy seed will I establish for ever, and build up thy throne to all generations. Selah.
And the heavens shall praise thy wonders, O Lord: thy faithfulness also in the congregation of the saints.
For who in the heaven can be compared unto the Lord? who among the sons of the mighty can be likened unto the Lord?
God is greatly to be feared in the assembly of the saints, and to be had in reverence of all them that are about him.
Lord God of hosts, who is a strong Lord like unto thee? or to thy faithfulness round about thee?
Thou rulest the raging of the sea: when the waves thereof arise, thou stillest them.
10 Thou hast broken Rahab in pieces, as one that is slain; thou hast scattered thine enemies with thy strong arm.
11 The heavens are thine, the earth also is thine: as for the world and the fulness thereof, thou hast founded them.
12 The north and the south thou hast created them: Tabor and Hermon shall rejoice in thy name.
13 Thou hast a mighty arm: strong is thy hand, and high is thy right hand.
14 Justice and judgment are the habitation of thy throne: mercy and truth shall go before thy face.
15 Blessed is the people that know the joyful sound: they shall walk, O Lord, in the light of thy countenance.
16 In thy name shall they rejoice all the day: and in thy righteousness shall they be exalted.
17 For thou art the glory of their strength: and in thy favour our horn shall be exalted.
18 For the Lord is our defence; and the Holy One of Israel is our king.
19 Then thou spakest in vision to thy holy one, and saidst, I have laid help upon one that is mighty; I have exalted one chosen out of the people.
20 I have found David my servant; with my holy oil have I anointed him:
21 With whom my hand shall be established: mine arm also shall strengthen him.
22 The enemy shall not exact upon him; nor the son of wickedness afflict him.
23 And I will beat down his foes before his face, and plague them that hate him.
24 But my faithfulness and my mercy shall be with him: and in my name shall his horn be exalted.
25 I will set his hand also in the sea, and his right hand in the rivers.
26 He shall cry unto me, Thou art my father, my God, and the rock of my salvation.
27 Also I will make him my firstborn, higher than the kings of the earth.
28 My mercy will I keep for him for evermore, and my covenant shall stand fast with him.
29 His seed also will I make to endure for ever, and his throne as the days of heaven.
30 If his children forsake my law, and walk not in my judgments;
31 If they break my statutes, and keep not my commandments;
32 Then will I visit their transgression with the rod, and their iniquity with stripes.
33 Nevertheless my lovingkindness will I not utterly take from him, nor suffer my faithfulness to fail.
34 My covenant will I not break, nor alter the thing that is gone out of my lips.
35 Once have I sworn by my holiness that I will not lie unto David.
36 His seed shall endure for ever, and his throne as the sun before me.
37 It shall be established for ever as the moon, and as a faithful witness in heaven. Selah.
38 But thou hast cast off and abhorred, thou hast been wroth with thine anointed.
39 Thou hast made void the covenant of thy servant: thou hast profaned his crown by casting it to the ground.
40 Thou hast broken down all his hedges; thou hast brought his strong holds to ruin.
41 All that pass by the way spoil him: he is a reproach to his neighbours.
42 Thou hast set up the right hand of his adversaries; thou hast made all his enemies to rejoice.
43 Thou hast also turned the edge of his sword, and hast not made him to stand in the battle.
44 Thou hast made his glory to cease, and cast his throne down to the ground.
45 The days of his youth hast thou shortened: thou hast covered him with shame. Selah.
46 How long, Lord? wilt thou hide thyself for ever? shall thy wrath burn like fire?
47 Remember how short my time is: wherefore hast thou made all men in vain?
48 What man is he that liveth, and shall not see death? shall he deliver his soul from the hand of the grave? Selah.
49 Lord, where are thy former lovingkindnesses, which thou swarest unto David in thy truth?
50 Remember, Lord, the reproach of thy servants; how I do bear in my bosom the reproach of all the mighty people;
51 Wherewith thine enemies have reproached, O Lord; wherewith they have reproached the footsteps of thine anointed.
52 Blessed be the Lord for evermore. Amen, and Amen.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}