Liv 1 Wa / 1 Rois / 1Kings

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

1 Wa 12

1 Woboram moute lavil Sichèm kote tout pèp Izrayèl la nèt te sanble pou fè li wa.
Lè Jewoboram, pitit gason Nebat la, ki te nan peyi Lejip kote li te al kache pou Salomon an, pran nouvèl la, li kite peyi Lejip, li tounen nan peyi l’.
Moun branch fanmi ki nan nò peyi a voye chache l’. Yo tout ansanm, y’ al jwenn Woboram, yo di l’ konsa:
-Salomon, papa ou, te di anpil ak nou, li te peze nou anpil. Koulye a, fè yon leve men pou nou. Kite nou viv yon ti jan pi alèz, n’a sèvi ou nèt ale.
Woboram di yo: -Tounen nan twa jou. Lè sa a, m’a ban nou repons. Epi pèp la al fè wout li.
Woboram menm al jwenn chèf fanmi ki te sèvi konseye pou Salomon, papa l’, lè l’ t’ap viv, li mande yo: -Kisa pou m’ reponn pèp la? Ki konsèy nou ban mwen?
Yo reponn li: -Si jòdi a ou fè pèp la wè se sèvi ou vle sèvi l’, si ou asepte fè sa yo mande ou la, si ou pale byen ak yo, y’ap toujou sèvi ou.
Men, Woboram pa koute konsèy granmoun yo te ba li a, l’ al jwenn jenn gason ki te leve ansanm avè l’ yo, lèfini ki te toujou la avè l’, li mande yo konsèy.
Li di yo: -Ki konsèy nou ta ban mwen? Kisa pou m’ reponn pèp la k’ap mande m’ pou m’ fè yon leve men pou yo?
10 Jenn gason kanmarad li yo reponn li: -Men sa w’a di moun sa yo k’ap plenyen ba ou pou papa ou ki t’ap peze yo, epi k’ap mande ou fè yon leve men pou yo. W’a di yo: Si papa m’ te di ak nou, mwen menm m’ap pi di pase l’.
11 Wi, w’a di yo: Papa m’ t’ap peze nou anba chay lou, mwen menm m’ap mete sou chay la ankò. Papa m’ te bat nou ak fwèt, mwen menm m’ap pase fwèt la anba sann pou m’ bat nou.
12 Twa jou apre vre, Jewoboram tounen ansanm ak tout pèp Izrayèl la vin jwenn wa Woboram jan li te di yo a.
13 Wa a pa koute konsèy granmoun yo, li pale di ak pèp la.
14 Li reponn yo jan jenn gason yo te ba l’ konsèy fè a. Li di yo: -Papa m’ t’ap peze nou anba chay lou, mwen menm m’ap mete sou chay n’ap pote deja a. Papa m’ te bat nou ak fwèt, mwen menm m’ap pase fwèt la anba sann pou m’ bat nou.
15 Se konsa wa a pa t’ asepte fè sa pèp la te mande l’ la. Sa se travay Seyè a menm ki te vle pou sa li te voye Akija, pwofèt Silo a, al di Jewoboram, pitit Nebat la, rive vre.
16  Lè pèp Izrayèl la wè wa a pa t’ soti pou li fè sa yo te mande l’ la, yo reponn wa a. Yo di li: -Nou pa gen anyen pou nou wè ak David. Nou pa bezwen anyen nan zafè pitit Izayi a. Ann al lakay nou, nou menm moun peyi Izrayèl yo! Ann kite pitit David yo degaje yo pou kont yo ak fanmi yo! Se konsa moun pèp Izrayèl yo vire do al lakay yo.
17 Yo kite Woboram pou li gouvènen sèlman sou moun ki rete nan pòsyon tè branch fanmi Jida a.
18 Apre sa, wa Woboram voye Adoram ki te reskonsab travay kòve yo bò kote moun Izrayèl yo. Men moun Izrayèl yo kalonnen li wòch jouk li mouri. Lè sa a, wa Woboram prese moute sou cha li, li kouri ale lavil Jerizalèm.
19 Depi lè sa a, moun pèp Izrayèl yo vire do bay moun fanmi David yo jouk jounen jòdi a.
20 Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l’ pou l’ vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.
21 Lè Woboram rive lavil Jerizalèm, li sanble sankatrevenmil (180.000) sòlda nan pi bon sòlda ki te nan branch fanmi Jida ak nan branch fanmi Benjamen pou l’ al goumen ak moun peyi Izrayèl yo, pou l’ mete yo anba lòd li ankò.
22 Men, Bondye pale ak Chemaya, pwofèt li a, li di l’ konsa:
23 -Pale ak Woboram, pitit Salomon an, wa peyi Jida a, ansanm ak tout moun ki fè pati branch fanmi Jida ak branch fanmi Benjamen. Di yo:
24 Men mesaj mwen menm Seyè a, mwen voye ba yo: Pa konprann pou n’ al atake moun peyi Izrayèl yo. Se fanmi nou yo ye. Tounen lakay nou. Sa ki rive a se travay mwen, se mwen ki vle l’ konsa. Moun yo koute lòd Seyè a vre, yo tout al lakay yo jan Seyè a te di yo a.
25  Jewoboram ranfòse miray ranpa lavil Sichèm nan mòn peyi Efrayim. Se la l’ al rete pou yon tan. Apre sa, li kite Sichèm, l’ al ranfòse miray ranpa lavil Penwèl.
26 Lèfini, Jewoboram di nan kè li: -Jan sa ye koulye a, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò.
27 Paske, si pèp la gen pou moute lavil Jerizalèm chak lè pou touye bèt pou Seyè a nan Tanp lan, rive yon lè, y’ap tounen al jwenn Woboram, wa peyi Jida a. Lè sa a, y’a touye m’ pou y’ al jwenn li ankò.
28 Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip.
29 Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann.
30 Se konsa pèp la rive fè sa ki mal. Y’ al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann.
31 Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t’ nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt.
32 Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo.
33 Se konsa, sou kenzyèm jou wityèm mwa a, jou li menm li te chwazi a, li moute lavil Betèl, l’ al touye bèt sou lotèl la pou fete fèt li menm li te fè lide fete pou pèp Izrayèl la.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} 

1 Rois 12 

1 Roboam se rendit à Sichem, car tout Israël était venu à Sichem pour le faire roi.
Lorsque Jéroboam, fils de Nebath, eut des nouvelles, il était encore en Égypte, où il s’était enfui loin du roi Salomon, et c’était en Égypte qu’il demeurait.
On l’envoya appeler. Alors Jéroboam et toute l’assemblée d’Israël vinrent à Roboam et lui parlèrent ainsi:
Ton père a rendu notre joug dur; toi maintenant, allège cette rude servitude et le joug pesant que nous a imposé ton père. Et nous te servirons.
Il leur dit: Allez, et revenez vers moi dans trois jours. Et le peuple s’en alla.
Le roi Roboam consulta les vieillards qui avaient été auprès de Salomon, son père, pendant sa vie, et il dit: Que conseillez-vous de répondre à ce peuple?
Et voici ce qu’ils lui dirent: Si aujourd’hui tu rends service à ce peuple, si tu leur cèdes, et si tu leur réponds par des paroles bienveillantes, ils seront pour toujours tes serviteurs.
Mais Roboam laissa le conseil que lui donnaient les vieillards, et il consulta les jeunes gens qui avaient grandi avec lui et qui l’entouraient.
Il leur dit: Que conseillez-vous de répondre à ce peuple qui me tient ce langage: Allège le joug que nous a imposé ton père?
10 Et voici ce que lui dirent les jeunes gens qui avaient grandi avec lui: Tu parleras ainsi à ce peuple qui t’a tenu ce langage: Ton père a rendu notre joug pesant, et toi, allège-le-nous! tu leur parleras ainsi: Mon petit doigt est plus gros que les reins de mon père.
11 Maintenant, mon père vous a chargés d’un joug pesant, et moi je vous le rendrai plus pesant; mon père vous a châtiés avec des fouets, et moi je vous châtierai avec des scorpions.
12 Jéroboam et tout le peuple vinrent à Roboam le troisième jour, suivant ce qu’avait dit le roi: Revenez vers moi dans trois jours.
13 Le roi répondit durement au peuple. Il laissa le conseil que lui avaient donné les vieillards,
14 et il leur parla ainsi d’après le conseil des jeunes gens: Mon père a rendu votre joug pesant, et moi je vous le rendrai plus pesant; mon père vous a châtiés avec des fouets, et moi je vous châtierai avec des scorpions.
15 Ainsi le roi n’écouta point le peuple; car cela fut dirigé par l’Éternel, en vue de l’accomplissement de la parole que l’Éternel avait dite par Achija de Silo à Jéroboam, fils de Nebath.
16 Lorsque tout Israël vit que le roi ne l’écoutait pas, le peuple répondit au roi: Quelle part avons-nous avec David? Nous n’avons point d’héritage avec le fils d’Isaï! A tes tentes, Israël! Maintenant, pourvois à ta maison, David! Et Israël s’en alla dans ses tentes.
17 Les enfants d’Israël qui habitaient les villes de Juda furent les seuls sur qui régna Roboam.
18 Alors le roi Roboam envoya Adoram, qui était préposé aux impôts. Mais Adoram fut lapidé par tout Israël, et il mourut. Et le roi Roboam se hâta de monter sur un char, pour s’enfuir à Jérusalem.
19 C’est ainsi qu’Israël s’est détaché de la maison de David jusqu’à ce jour.
20 Tout Israël ayant appris que Jéroboam était de retour, ils l’envoyèrent appeler dans l’assemblée, et ils le firent roi sur tout Israël. La tribu de Juda fut la seule qui suivit la maison de David.
21 Roboam, arrivé à Jérusalem, rassembla toute la maison de Juda et la tribu de Benjamin, cent quatre-vingt mille hommes d’élite propres à la guerre, pour qu’ils combattissent contre la maison d’Israël afin de la ramener sous la domination de Roboam, fils de Salomon.
22 Mais la parole de Dieu fut ainsi adressée à Schemaeja, homme de Dieu:
23 Parle à Roboam, fils de Salomon, roi de Juda, et à toute la maison de Juda et de Benjamin, et au reste du peuple.
24 Et dis-leur: Ainsi parle l’Éternel: Ne montez point, et ne faites pas la guerre à vos frères, les enfants d’Israël! Que chacun de vous retourne dans sa maison, car c’est de par moi que cette chose est arrivée. Ils obéirent à la parole de l’Éternel, et ils s’en retournèrent, selon la parole de l’Éternel.
25 Jéroboam bâtit Sichem sur la montagne d’Éphraïm, et il y demeura; puis il en sortit, et bâtit Penuel.
26 Jéroboam dit en son coeur: Le royaume pourrait bien maintenant retourner à la maison de David.
27 Si ce peuple monte à Jérusalem pour faire des sacrifices dans la maison de l’Éternel, le coeur de ce peuple retournera à son seigneur, à Roboam, roi de Juda, et ils me tueront et retourneront à Roboam, roi de Juda.
28 Après s’être consulté, le roi fit deux veaux d’or, et il dit au peuple: Assez longtemps vous êtes montés à Jérusalem; Israël! voici ton Dieu, qui t’a fait sortir du pays d’Égypte.
29 Il plaça l’un de ces veaux à Béthel, et il mit l’autre à Dan.
30 Ce fut là une occasion de péché. Le peuple alla devant l’un des veaux jusqu’à Dan.
31 Jéroboam fit une maison de hauts lieux, et il créa des sacrificateurs pris parmi tout le peuple et n’appartenant point aux fils de Lévi.
32 Il établit une fête au huitième mois, le quinzième jour du mois, comme la fête qui se célébrait en Juda, et il offrit des sacrifices sur l’autel. Voici ce qu’il fit à Béthel afin que l’on sacrifiât aux veaux qu’il avait faits. Il plaça à Béthel les prêtres des hauts lieux qu’il avait élevés.
33 Et il monta sur l’autel qu’il avait fait à Béthel, le quinzième jour du huitième mois, mois qu’il avait choisi de son gré. Il fit une fête pour les enfants d’Israël, et il monta sur l’autel pour brûler des parfums.
Louis Segond {LSG}

1 Kings 12

 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}