Liv Sòm / Psaumes / Psalm

Bib La Nan 3 Lang 

Kreyol / Français / English

 Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA} ©2020 Audio Track Brother Willy.

Sòm 9  

1 Pou chèf sanba yo. Sou menm lè ak chante ki di: Lanmò pitit gason an. Se yon sòm David. M’a fè lwanj ou ak tout kè m’, Seyè. M’a rakonte tout bèl mèvèy ou yo.
 Se ou menm k’ap fè m’ chante, se ou menm k’ap fè kè m’ kontan. Bondye ki anwo nan syèl la, m’a chante lwanj ou.
 Parèt ou parèt, lènmi m’ yo fè bak. Yo pran tranble, yo tonbe, yo mouri.
 Tankou yon jij ki san patipri, ou chita sou fotèy ou. ou fè m’ jistis, ou defann kòz mwen.
 Ou regle moun lòt nasyon yo, ou detwi mechan yo. Ou efase non yo nèt pou tout tan.
 Pa gen lènmi ankò, yo fini nèt. Ata lavil yo ou vide atè. Pa gen anyen pou fè moun chonje yo ankò.
 Men Seyè a, se wa li ye pou tout tan. Li mete fotèy li la pou l’ fè jistis.
 Li gouvènen tout bagay avèk jistis. Li jije tout moun san patipri.
 Moun y’ap peze yo, se bò kote Seyè a yo jwenn pwoteksyon. Se la yo jwenn yon kote pou yo kache, lè yo nan tray.
10  Moun ki konnen ou, Seyè, y’ap mete konfyans yo nan ou. Paske, ou pa lage moun k’ap chache ou.
11  Ann fè lwanj Seyè a k’ap gouvènen sou mòn Siyon an. Ann fè tout nasyon yo konnen sa li te fè.
12  Bondye chonje moun k’ap soufri yo, li pa bliye rèl malere yo, li pini moun ki fè yo mal.
13  Gen pitye pou mwen, Seyè! Gade nan ki mizè moun ki rayi m’ yo mete m’. vin sove m’! Pa kite m’ mouri, Seyè,
14  pou m’ ka kanpe devan moun lavil Jerizalèm yo, pou m’ di yo poukisa m’ap fè lwanj ou. M’ap kontan nèt, paske ou te delivre m’.
15  Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.
16  Seyè a fè yo konnen ki moun li ye, li jije yo san patipri. Sa mechan yo fè a tounen kont yo.
17  Tout mechan yo gen pou mouri. Tout moun ki bliye gen Bondye gen pou mouri tou.
18  Se pa tout tan yo ka bliye moun ki nan mizè. Se pa tout tan yo ka wete espwa moun ki nan lafliksyon.
19  Leve non, Seyè! Pa kite lèzòm genyen batay la! Mennen moun lòt nasyon yo vin jije devan ou.
20  Fè kè yo kase, Seyè! Fè yo konnen se moun ase yo ye.

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Psaumes 9

1  Au chef des chantres. Sur «Meurs pour le fils». Psaume de David. Je louerai l’Éternel de tout mon coeur, Je raconterai toutes tes merveilles.
 Je ferai de toi le sujet de ma joie et de mon allégresse, Je chanterai ton nom, Dieu Très Haut!
 Mes ennemis reculent, Ils chancellent, ils périssent devant ta face.
 Car tu soutiens mon droit et ma cause, Tu sièges sur ton trône en juste juge.
 Tu châties les nations, tu détruis le méchant, Tu effaces leur nom pour toujours et à perpétuité.
 Plus d’ennemis! Des ruines éternelles! Des villes que tu as renversées! Leur souvenir est anéanti.
 L’Éternel règne à jamais, Il a dressé son trône pour le jugement;
 Il juge le monde avec justice, Il juge les peuples avec droiture.
 L’Éternel est un refuge pour l’opprimé, Un refuge au temps de la détresse.
10  Ceux qui connaissent ton nom se confient en toi. Car tu n’abandonnes pas ceux qui te cherchent, ô Éternel!
11  Chantez à l’Éternel, qui réside en Sion, Publiez parmi les peuples ses hauts faits!
12  Car il venge le sang et se souvient des malheureux, Il n’oublie pas leurs cris.
13  Aie pitié de moi, Éternel! Vois la misère où me réduisent mes ennemis, Enlève-moi des portes de la mort,
14  Afin que je publie toutes tes louanges, Dans les portes de la fille de Sion, Et que je me réjouisse de ton salut.
15  Les nations tombent dans la fosse qu’elles ont faite, Leur pied se prend au filet qu’elles ont caché.
16  L’Éternel se montre, il fait justice, Il enlace le méchant dans l’oeuvre de ses mains. -Jeu d’instruments. Pause.
17  Les méchants se tournent vers le séjour des morts, Toutes les nations qui oublient Dieu.
18  Car le malheureux n’est point oublié à jamais, L’espérance des misérables ne périt pas à toujours.
19  Lève-toi, ô Éternel! Que l’homme ne triomphe pas! Que les nations soient jugées devant ta face!
20  Frappe-les d’épouvante, ô Éternel! Que les peuples sachent qu’ils sont des hommes! -Pause.
Louis Segond {LSG}

Psalm 9 

1 I will praise thee, O Lord, with my whole heart; I will shew forth all thy marvellous works.
I will be glad and rejoice in thee: I will sing praise to thy name, O thou most High.
When mine enemies are turned back, they shall fall and perish at thy presence.
For thou hast maintained my right and my cause; thou satest in the throne judging right.
Thou hast rebuked the heathen, thou hast destroyed the wicked, thou hast put out their name for ever and ever.
O thou enemy, destructions are come to a perpetual end: and thou hast destroyed cities; their memorial is perished with them.
But the Lord shall endure for ever: he hath prepared his throne for judgment.
And he shall judge the world in righteousness, he shall minister judgment to the people in uprightness.
The Lord also will be a refuge for the oppressed, a refuge in times of trouble.
10 And they that know thy name will put their trust in thee: for thou, Lord, hast not forsaken them that seek thee.
11 Sing praises to the Lord, which dwelleth in Zion: declare among the people his doings.
12 When he maketh inquisition for blood, he remembereth them: he forgetteth not the cry of the humble.
13 Have mercy upon me, O Lord; consider my trouble which I suffer of them that hate me, thou that liftest me up from the gates of death:
14 That I may shew forth all thy praise in the gates of the daughter of Zion: I will rejoice in thy salvation.
15 The heathen are sunk down in the pit that they made: in the net which they hid is their own foot taken.
16 The Lord is known by the judgment which he executeth: the wicked is snared in the work of his own hands. Higgaion. Selah.
17 The wicked shall be turned into hell, and all the nations that forget God.
18 For the needy shall not always be forgotten: the expectation of the poor shall not perish for ever.
19 Arise, O Lord; let not man prevail: let the heathen be judged in thy sight.
20 Put them in fear, O Lord: that the nations may know themselves to be but men. Selah.
 King James Version {KJV} 
Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}