Liv JENÈZ

JENEZ   1  |  5  6  |  10  11  12 13 14  |  15  |  16  | 17 18  |  19  20  |  21  |  22  |  23  |  24  |  25  |  26  |  27  28 29  30   |  31  |  32 33  34  |  35  36  |  37  38  |  39  |  40  |  41 42  43  44 45  46  |  47  |  48  |  49  50  |

Jenèz 4        Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}   

© 2020 Audio Track Brother Willy.                          

1 Lè sa a, Adan kouche ak Ev, madanm li. Madanm li vin ansent. Li fè yon pitit gason, li rele l’ Kayen, epi li di. Avèk konkou Bondye, mwen gen yon gason.
Apre sa, li fè Abèl, frè Kayen. Abèl te gadò mouton, Kayen menm te travay latè.
 Kèk tan apre sa, Kayen pran nan rekòt li, li ofri bay Seye a.
Abèl menm, bò pa l’, pran sa ki pi gra nan premye pitit mouton l’ yo, li ofri bay Seyè a. Seyè a te kontan ofrann Abèl la.
Men, li pa t’ asepte ofrann Kayen an. Lè Kayen wè sa, li te move anpil. Li move, li mare figi l’ byen mare.
 Lè sa a, Seyè a di Kayen. Poukisa ou move konsa? Poukisa ou mare figi ou konsa?
Si sa ou te fè a te byen, ou pa ta rive nan sitiyasyon sa a. Men, paske ou fè sa ki mal, peche kouche nan papòt ou. L’ap tann konsa lè pou l’ pran tèt ou. Men, ou menm, se pou ou kenbe tèt ak li.
 Yon jou, Kayen di Abèl, frè li. Ann al nan jaden. Vwala, antan yo nan jaden an, Kayen vire sou frè li, li touye li.
 Seyè a mande Kayen. Kote Abèl, frè ou la? Kayen reponn. Mwen pa konnen. Eske ou te mete m’ veye l’?
10 Bondye di l’ konsa. Kisa ou fè konsa? San Abèl, frè ou, ki koule atè a, ap rele tankou yon vwa moun. Li rive jouk nan zòrèy mwen. L’ap mande revanj.
11 Koulye a, tè ki te louvri bouch li pou l’ te bwè san frè ou ou te fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou.
12 Lè w’a travay latè, li p’ap ba ou sa l’ te dwe ba ou. W’ap tounen yon vakabon k’ap plede mache toupatou sou latè san rete.
13  Kayen di Seyè a: Chatiman an twòp pou mwen. Mwen p’ap ka sipòte l’.
14 Men ou mete m’ deyò sou tè sa a koulye a, se kache pou m’ al kache pou ou pa wè m’. M’ap tounen yon vakabon k’ap plede mache toupatou sou latè san rete. Nenpòt moun ki jwenn mwen va touye m’.
15 Seyè a di: Non. Paske, si yon moun touye Kayen, y’ap fè l’ peye sa sèt fwa. Se konsa, li mete yon siy sou Kayen pou moun pa touye l’ si yo jwenn li.
16  Apre sa, Kayen wete kò l’ devan Seyè a, li al rete nan yon peyi yo rele Nòd, lòt bò jaden Edenn lan, sou kote solèy leve a.
17 Kayen kouche avèk madanm li. Madanm li vin ansent, li fè yon ti gason yo rele Enòk. Apre sa, Kayen bati yon vil, li rele l’ Enòk. Li ba l’ menm non ak pitit gason l’ lan.
18 Enòk te fè yon pitit gason yo rele Irad. Se Irad sa a ki te papa Meoujaèl. Meoujaèl te papa Metouchaèl. Se Metouchaèl ki te papa Lemèk.
19  Lemèk te gen de madanm. Yonn te rele Ada, lòt la te rele Zila.
20 Se Ada ki manman Jabal. Jabal sa a, se li menm ki zansèt tout moun sa yo ki rete anba tant epi ki gade bèt.
21 Frè menm manman ak li a te rele Joubal. Se li menm ki zansèt tout moun sa yo k’ap jwe gita ak fif.
22 Zila menm bò pa l’ te manman Toubal Kayen, yon bòs fòjon ki te konn travay kwiv ak fè. Toubal Kayen te gen yon sè menm manman ak li ki te rele Naama.
23  Yon jou Lemèk di madanm li yo: Ada ak Zila, koute sa m’ap di nou! Madanm mwen yo, tande byen sa m’ap di nou! Mwen touye yon moun paske li leve men li sou mwen. Mwen touye yon jenn gason paske li mete san m’ deyò.
24 Si yon moun touye Kayen y’ap fè l’ peye sa sèt fwa. Men, si yon moun touye m’, mwen menm Lemèk, y’ap fè l’ peye sa swasanndisèt fwa.
25  Adan te kouche ak madanm li ankò. Madanm li fè yon ti gason. Madanm lan di: Bondye ban m’ yon lòt gason pou ranplase Abèl Kayen te touye a. Li rele l’ Sèt.
26 Sèt, pou tèt pa l’, vin gen yon pitit gason, li rele l’ Enòk. Se lè sa a moun konmanse fè sèvis pou Seyè a.
1 Men lis non pitit pitit Adan yo: Lè Bondye kreye moun, li te fè yo pòtre avè l’.
2  Li kreye yo gason ak fi. Li beni yo. Jou li kreye yo a, li rele yo moun.
3  Adan te gen santrantan (130 an) lè li vin gen yon pitit gason ki te sanble avè l’ tèt koupe, li rele l’ Sèt.
4  Apre nesans Sèt, Adan viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
5  Lè Adan mouri li te gen nèfsantrantan (930 an).
 Sèt te gen sansenkan (105 an) lè li vin gen yon pitit gason yo te rele Enòk.
Apre nesans Enòk, Sèt viv witsansetan (807 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
Lè Sèt mouri, li te gen nèfsandouzan (912 an).
Enòk te gen katrevendizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Kenan.
10 Apre nesans Kenan, Enòk viv witsankenzan (815 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
11 Lè Enòk mouri, li te gen nèfsansenkan (905 an).
12 Kenan te gen swasanndizan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Malaleyèl.
13 Apre nesans Malaleyèl, Kenan viv witsankarantan (840 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
14 Lè Kenan mouri, li te gen nèfsandizan (910 an).
15 Malaleyèl te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Jerèd.
16 Apre nesans Jerèd, Malaleyèl viv witsantrantan (830 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
17 Lè Malaleyèl mouri, li te gen witsankatrevenkenzan (895 an).
18 Jerèd te gen sanswanndezan (162 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Enòk.
19 Apre nesans Enòk, Jerèd viv witsanzan (800 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
20 Lè Jerèd mouri, li te gen nèfsanswasanndezan (962 an).
21  Enòk te gen swasannsenkan lè li vin gen yon pitit gason yo rele Metouchela.
22 Apre nesans Metouchela, Enòk te mache byen ak Bondye pandan twasanzan (300 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
23 
24 Enòk te pase tout vi l’ ap mache byen ak Bondye. Li te gen twasanswasannsenkan (365 an) lè l’ disparèt, paske Bondye te pran l’ avè l’.
25  Metouchela te gen sankatrevensètan (187 an) lè li vin gen yon pitit gason yo rele Lemèk.
26 Apre nesans Lemèk, Metouchela viv sètsankatrevendezan (782 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
27 Lè Metouchela mouri, li te gen nèfsanswantnevan (969 an).
28  Lemèk te gen sankatrevendezan (182 an) lè li vin gen yon pitit gason.
29 Li rele l’ Noe. Li di konsa: Pitit sa a va soulaje nou anba tout travay di n’ap fè, anba gwo travay nou blije fè avèk men nou paske Seyè a te madichonnen tè a.
30 Apre nesans Noe, Lemèk viv senksankatrevenkenzan (595 an). Li te vin gen anpil lòt pitit gason ak pitit fi.
31 Lè Lemèk mouri, li te gen sètsanswasanndisetan (777 an).
32 Noe te gen senksanzan (500 an) lè li vin gen twa pitit gason: Sèm, Kam ak Jafè.  

Vèsyon Orijinal Kreyol Ayisyen {VOKA}

Bwat Pou Voye Yon Mesaj
© 2020 Audio Track Brother Willy.
© 2020 Bible Creole Ministries {BCM} & Brother Willy {FWF}